Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Sechrès e aksè a dlo an Ayiti
Sequía y acceso al agua en Haití

Emmanuel W. Védrine

Photo: E. W. Védrine Creole Project

Jen 2023 : Junio 2023

Mizajou : Actualizado
23 jen 2023 : 23 de junio, 2023

VOCAL

Kreyòl-EnglishKreyòl-EspañolKreyòl-Français

Biyografi Biography Biografía Biographie

MODÈL PLAN LESON BILENG : MODELO DE PLAN DE LECCIÓN BILINGÜE
EDIKASYON NIMERIK : EDUCACIÓN DIGITAL
(Materyèl Didaktik / Pedagojik pou Pwogram Bileng Ayisyen)
Teaching Materials for Haitian Bilingual Programs

Materyèl didaktik pou moun k ap aprann kreyòl ayisyen Materiales didácticos para estudiantes de criollo haitiano
Teaching materials for learners of Haitian Creole Matériel pédagogique pour les apprenants du créole haïtien
Unterrichtsmaterialien für haitianische Kreol-Lernende

() Imaj rivyè an Ayiti : Imágenes de rios en Haití
() Lis rivyè an Ayiti : Lista de rios en Haití
() 8 Uit sodo fame an Ayiti : Ocho cascadas famosas en Haití
(1) Bassin Bleu (2) Bassin Waka (3) Bassin Zim (4) Kaskad Boukan
(5) Kaskad Pichon (6) Saut Mathurin (7) Saut-d’eau
(8) Casdada So Goudèt en L’Asile

() Sezon sechrès Ayiti
(Woman ayisyen : Haitian novel)
Temporada de sequía en Haití
Dürresaison in Haiti

Nou vini ak yon sijè ki trè enpòtan, e nou pèdi tan pou fè ti rechèch sou entènèt la pou wè ki valè dlo, rivyè ki egziste an Ayiti. Nou bay tout yon lis nan atik sa a. Li trè enpòtan nan kad seyans fòmasyon n ap fè nan diferan domèn, espesyalman nan domèn agrikilti.   Hemos llegado a un tema muy importante, y hemos pasado un poco de tiempo investigando en línea para ver cuántos ríos existen en Haití. Proporcionamos una  lista completa de este artículo. Es muy importante en el marco de las sesiones de capacitación que estamos llevando a cabo en diferentes áreas, especialmente en el área de la agricultura.
Nou pa kapab pale de agrikilti epi pou n ta kite irigasyon dèyè tandike lè nou gade Ayiti, nou wè se yon peyi ki chaje avèk resous natirèl  (tankou dlo, rivyè n ap jwenn nan diferan kote nan peyi a). Nou gen sous dlo, sodo pa egzanp, diferan andwa Ayiti.   No podemos hablar de agricultura y dejar atrás el riego  mientras que cuando miramos a Haití, lo vemos como un país lleno de recursos naturales  (como agua, ríos ubicados en diferentes partes del país). Tenemos manantiales y cascadas, por ejemplo en diferentes lugares en Haití.
Pou kèk nan sodo yo, nou kapab mansyone uit (8) gran sodo n ap jwenn nan diferan andwa. Pami yo: Basen Ble, Basen Waka, Basen Zim, Kaskad Pichon, So Matiren, Sodo (nan zòn Plato Santral), e gran So Goudèt ki nan komin Lazil (L’Asile) nan sid.   Para algunas de las cascadas, podemos mencionar ocho famosas que encontraremos en diferentes lugares de Haití. Entre ellas: Basen Ble, Basen Waka, Basen Zim, Kaskad Pichon, So Matiren, Sodo (en la Meseta Central) y la Gran Cascada So Goudèt de Lazil (L’Asile) en el sur.
Lè w ap gade imaj tout dlo sa yo, oubyen si w gen chans vizite kèk nan yo, ebyen yo pa fè anyen avèk yo paske pifò lidè o pouvwa pa enterese nan devlopman Ayiti. Gouvènman ak enstitisyon leta mouri; yo pa fonksonèl. Pa gen anyen ki fèt an tèm devlopman. Finalman, tout dlo sa yo abouti nan lamè.  

Al mirar las imágenes de todas estas aguas, o si tiene la oportunidad de visitar algunas de ellas, pues no hacen nada con ellas porque a los gobiernos no les interesa el desarrollo de Haití. El gobierno y las instituciones administradas por el gobierno están muertos; no son funcionales. No se está haciendo nada. Finalmente, todas estas aguas terminan en el mar.

Sa ba ou yon ide de resous natirèl k ap gaspiye Ayiti. Yo ta fè Ayiti rich an tèm pwodiksyon agrikòl, tout sa ke nou ta bezwen, epi pesonn pa t ap pale de «lavichè» chak jou, oubyen pri tout bagay ki monte.   Esto le da una idea de los recursos naturales que se desperdician en Haití. Harían rico a ese país en términos de producción agrícola, y nadie hablaría diariamente de «lavichè» o del alto costo de las cosas.
Malerezman, pa gen oken pwojè irigasyon avan e aprè «Barrage Marion». Pa gen oken seyans fòmasyon k ap fèt pou ta montre moun kòman yo kapab fè yon seri ti pwojè irigasyon ki pa t ap koute milyonven, e kòman yo kapab itilize dlo nan zòn kote y ap viv Ayiti.   Desafortunadamente, no hay proyectos de riego antes y después de «Barrage Marion». No se están llevando a cabo sesiones de capacitación para enseñar a las personas cómo hacer algunos proyectos de riego de bajo costo y cómo se puede usar el agua en su área de Haití.
Nou pale de tout pwoblèm sa yo nan woman Sezon sechrès Ayiti. Premye edisyon an soti an 1994. Dezyèm edisyon an (224 p.), ki pi bèl toujou avèk narasyon, soti an 2014.   Hablamos de todos estos problemas en la novela, Sezon sechrès Ayiti. La primera edición salió en 1994. La segunda edición, más bella con la narración, salió en 2014.
Nou mete l gratis an liy pou eseye konsyantize tout Ayisyen sou pwoblèm sa yo, pou ede tout lekòl, elèv, anseyan Ayiti, e tout sa yo k ap fè rechèch… Konsa, y ap gen yon ide de pwoblèm peyizan yo, pwoblèm dlo e pou kisa an majorite y ap kite Ayiti akoz pwoblèm sa yo ke y ap fè fas ak yo.   Lo ponemos gratis en línea tratando de hacer una concientización entre todos los Haitianos, para ayudar a todas las escuelas, estudiantes y maestros en Haití, y a todos aquellos que están haciendo investigación ... Por lo tanto, tendrán una idea de los problemas de los campesinos, los problemas del agua y por qué la mayoría de ellos están abandonando Haití debido a estos problemas que han estado enfrentando.
N ap fè tout yon sòt de seyans fòmasyon seyans fòmasyon sou fason pou konsève dlo lapli, pa egzanp. Majorite moun Ayiti gen kay (an) tòl kounyeya men kesyon an se: Lè gen lapli kòman nou konsève l?   Estamos haciendo una sesión de entrenamiento completa sobre cómo ahorrar agua de lluvia, por ejemplo. La mayoría de las personas en Haití ahora tienen casas con techo de hojalata, pero la pregunta es: ¿Cuando llueve, cómo la preservan?
Yon fwa ou gen yon kay an tòl pa egzanp, ou kapab fouye yon rezèvwa souteren oubyen pisin, basen nan lakou w, espesyalman si w rete an pwovens. Ou kapab simante l (lè sa posib). Dlo ki soti nan goutyè kay la oubyen lòt kote pral tonbe dirèkteman ladan. Apati de la, w ap kapab wouze jaden w, oubyen lòt jaden ki tou pre. Ou kapab itilize konduit banbou pou kondi dlo a pou ale lwen.   Una vez que tenga una casa con techo de hojalata, puede cavar una piscina subterránea o una piscina en su patio, especialmente si vive en el campo. Puedes cementarlo (cuando sea posible). El agua de las canaletas de la casa o de cualquier otro lugar caerá directamente en ella. Desde allí, podrá regar su jardín u otros campos cercanos. Se puede utilizar el bambú para canalizar el agua lejos.
Anpil nan nou Ayiti pa gen aksè a kawotchou pou wouze. Se achte pou n achte l, men banbou p ap koute nou chè pou itilize l. Banbou gen plizyè ne tankou kann. Depi w pèse ne sa yo ak yon bagay pwenti, y ap pèmèt pasaj dlo a.   Muchos de nosotros en Haití no tenemos acceso a mangueras de agua. Tenemos que comprarlos, pero el bambú no nos costará mucho usarlo. El bambú tiene varios nudos como la caña de azúcar. Una vez que estos nudos se perforan con algo agudo, permitirán el paso del agua.
Ou kapab menm fè biznis avèk dlo ou kapte a. Ou fè dil avèk vwazen ki gen tè pre ak rezèvwa ou kreye a, epi diskite ak yo kòman y ap peye w. Yo kapab ba ou yon pati nan rekòt la lè mwason.   Puede hacer negocios con el agua que canalizas. Usted hace tratos con vecinos que tienen tierras cerca del embalse que ha creado y discute con ellos cómo le van a pagar. Pueden darle una parte del producto agricol durante la cosecha.
Kesyon yo se: (a) Kòman nou mete tout resous natirèl Ayiti an aplikasyon? (b) Kòman nou itilize yo? (c) Èske n ap ret tann enstitisyon e sa yo ki o pouvwa pou vin fè tout bagay pou nou? Wi, nou konnen ke gen yon seri pwojè majè se gouvènman ki dwe angaje nan fè yo paske yo gen lajan pou sa. Men, annatandan, kisa nou kapab fè akoutèm, si n òganize nou?   Las preguntas son: (a) ¿Cómo utilizamos todos los recursos naturales de Haití? (b) ¿Cómo los utilizamos? (c) ¿Estamos esperando que las instituciones estatales de vida y los que están en el poder vengan y hagan todo por nosotros? Sí, sabemos que hay algunos proyectos importantes en los que el gobierno debería participar porque tienen acceso al dinero para eso. Pero mientras tanto, ¿Qué podemos hacer a corto plazo si estamos organizados?
Ki teknik nou kapab itilize pou kapte dlo ki prè lakay nou (tankou sous, rivyè e dlo lapli)? Lapli tonbe tout kote, kèlkeswa kote kay nou ta sitiye; nou kapab kapte l fasilman.
  ¿Qué técnicas podemos usar para atrapar agua (de manantiales, ríos y agua de lluvia cerca de nuestra casa)? Llueve por todas partes, donde sea que se encuentre nuestra casa, podemos atraparlo fácilmente.
Nou kapab kreye yon pisin souteren, kèlkeswa jan nou kapab fè li pou dlo a pa evapore, epi nou simante l. Donk, konsa nou kapab konsève dlo a pou bèt bwè, pou wouze jaden ak plant. Nou kapab plen awozwa pou wouze plant nan lakou nou. Pafwa yo pa bezwen anpil dlo chak jou.   Podemos crear una piscina subterránea piscina, no importa cómo podamos hacerlo para que el agua no se evapore, y luego la cementamos. Por lo tanto, podemos conservar el agua para que beban los animales, para regar jardines y plantas. Podemos llenar nuestras latas de aspersión para regar las plantas en nuestro patio. A veces no necesitan mucha agua todos los días.

Photo: E. W. Védrine Creole Project.
Tournade (Tounad) & Mathias (Matyas), L’Asile (Lazil)  Haiti.
Rivers: Mahot, Des Pins, Serpent (merged into in L’Asile (by Tournade)

FOTO «A»

Egzanp dlo nou kapab jwenn diferen kote Ayiti, men malerezman gouvènman pa ede ak oken pwojè irigasyon. Dlo sa yo abouti nan lamè : Ejemplo de agua que se puede encontrar en diferentes lugares de Haití, pero desafortunadamente no hay ningún proyecto de riego por parte de ningún gobierno para ayudar. Estas aguas terminan en el mar.

Photo: E. W. Védrine Creole Project.
(Picture #3, Ref. Survival Builder @ SurvivalBuilder)

FOTO «B» : PHOTO «B»
#1 #2 #3 #4

(#1).Rasanbleman dlo lapli nan diferan ravin (betonnen) ki reyini yon sèl kote (nan yon baz laj oswa basen) an fòm trapèz ki kapab plen diferan basen pou fè irigasyon : Recolección de agua de lluvia de diferentes arroyos (pavimentados) que se ensamblan en un solo lugar (en una base grande o piscina) en forma de trapecio que puede llenar diferentes piscinas para riego.

(#2).Yon konduit dlo atravè yon AKEDIK (ki ka konekte 2, 3 vale ki kannale dlo a (pou l pase) anlè : Un conducto de agua a través de un acueducto (que puede conectar 2, 3 valles canalizando el agua hacia arriba).

(#3).Plizyè konduit dlo ka kreye ak (gòl) banbou oubyen kawotchou pou al wouze jaden dirèkteman (yon fwa fant konduit la ouvè pou pasaj dlo) : Se pueden crear varios conductos de agua con estaca de bambú o manguera para regar jardines directamente (una vez que el conductor está abierto para el paso del agua).

(#4)Plizyè basen dlo kapab plen, epi prè pou kannale dlo pou al wouze tè, jaden : Varias presas o embalses se pueden llenar y lista para regar jardínes.

() FOTO «C»

Sezon sechrès Ayiti, woman ayisyen ki santre sou pwoblèm peyizan ayisyen : Sezon sechrès Ayiti, novela haitiana centrada en los problemas de los campesinos haitianos. vocal Kesyon sou dis (10) chapit yo : Preguntas sobre los diez capítulos. Rezime an espayòl : Resumen en español.

Photo: E. W. Védrine Creole Project.

() FOTO «D»

Rezèvwa an plastik : Depósito de plástico

Nan foto «D», n ap gade kèk tip rezèvwa pou konsève dlo, dlo lapli. Yo kapab achte yo kèk kote. Anpil moun ki gen kay (ki kouvri) an tòl oubyen ki an beton kapab kapte dlo lapli pou konsève l. Dlo lapli a pase nan yon goutyè, epi l ka ranpli plizyè rezèvwa. Lè youn fin plen, li ka plen lòt la (depan konbyen ki konekte youn ak lòt). Menm teknik sa a kapab itilize Ayiti pou konsève dlo lapli.

 

En la foto «D», estamos viendo algunos tipos de embalses para conservar el agua, el agua de lluvia. Se pueden comprar en cierto lugar. Muchas personas que tienen una casa con techo de hojalata o un techo de concreto, puede atrapar agua de lluvia para conservarla. El agua de lluvia corre a través de las canaletas y luego llena muchos embalses. Cuando uno se llena, llena el otro (dependiendo de cuántos estén conectados entre sí). Esta misma técnica se puede utilizar en Haití para conservar el agua de lluvia.

Photo: E. W. Védrine Creole Project.

() FOTO «E»

() Modèl kanal yo ka fouye Ayiti pou ede ak irigasyon. Pasaj dlo (kanal, kanalizasyon) dwe netwaye avan irigasyon : Modelo de canales que se puede excavar en Haití para ayudar con el riego. Las vías fluviales deben limpiarse antes del riego.

Photo: E. W. Védrine Creole Project.

() FOTO «F»
Rezèvwa, pasaj dlo, e ma dlo (marekaj) ki ka itilize pou pisikilti (elvay pwason) :
Presa, paso de agua y humedal que pueden ser utilizados para la piscicultura.

() (Modèl) Baraj dlo pou kannale e distribiye dlo pou wouze tè ak jaden :
Presa de agua (modelo) para canalizar y distribuir agua para regar tierras y jardines.

Photo: E. W. Védrine Creole Project.

() FOTO «G»

Jaden pwa, e depo pou estoke pwodui agrikòl 
Campos de frijoles y almacenes para almacenar productos agrícolas

Kesyon & Konpreyansyon : Preguntas & Comprehensión

  1. Kisa ki koze sechrès Ayiti? :¿Cuáles son las causas de la sequía en Haití?
     
  2. Ki enpòtans dlo genyen? : ¿Qué importancia tiene el agua?
     
  3. (a) Èske gen sous, rivyè, letan, lak, ravin ki pre ou? (b) Kijan yo itilize dlo sa yo? : (a) ¿Tienes manantiales, ríos, estanques, lagos, arroyos cerca de ti?  b) ¿Cómo se utilizan estas aguas?
     
  4. Ki enpòtans dlo genyen pou bèt (zannimo), ak plant? : ¿Qué importancia tiene el agua para los animales y las plantas?
     
  5. (a) Kisa k koze anpil dlo seche Ayiti? (b) Èske se yon pwoblèm ki ka chanje? (c) Esplike : (a) ¿Qué causa que se seque mucha agua en Haití? (b) ¿Es un problema que pueda resolverse? (c) Explicar.
     
  6. Pou kisa l enpòtan pou ta gen seyans fòmasyon sou ab fritye, agrikilti, debwazman (koupe pyebwa), dlo (pwoteje / konsève l, itilizasyon l), elvay, plantil, rebwazman (plante pyebwa), sechrès? : ¿Por qué sería importante tener sesiones de capacitación sobre árboles frutales, agricultura, deforestación (corte de árboles), agua (protegerla / conservarla, usarla), reproducción, plántulas, reforestación (plantación de árboles), sequía?
     
  7. Ki enpòtans agrikilti genyen? : ¿Qué importancia tiene la agricultura?
     
  8. Ki pwoblèm agrikilti ap konfwonte Ayiti? : ¿Qué problemas ha estado enfrentando la agricultura a Haití?
     
  9. Site senk (5) pwoblèm ou panse peyizan ayisyen genyen : Citez cinq problèmes que vous pensez que les paysans haïtiens ont.
     
  10. Site senk (5) pwoblèm ou panse peyizan ayisyen genyen : Cita cinco problemas que cree que tienen los campesinos haitianos.
     
  11. (a) Èske w benyen yon lak, letan, rivyè, sous deja? (b) Ou konn naje? : (a) ¿Ya te has bañado en lago, río, agua de manantial? (b) ¿Se puede nadar?
     
  12. (a) Kisa resous natirèl vle di? (b) Pami yo, site kat n ap jwenn Ayiti : (a) ¿Qué significa recursos naturales? (b) Entre ellos, citar cuatro que tiene Haití.
     
  13. Pou kisa l enpòtan pou kreye baraj dlo? : ¿Por qué es importante crear presas de agua?
     
  14. Ki kote «Baraj Marion» sitiye? : ¿Dónde se encuentra la presa «Baraj Marion»?
     
  15. Site kat fason yo kapab pwoteje anviwonnman an : Citar cuatro formas de proteger el medio ambiente.
     
  16. Site kat pwoblèm debwazman koze : Citez quatre problèmes causés par la déforestation.
     
  17. Site kat avantay rebwazman genyen : Cita cuatro ventajas que tiene la reforestación.
     
  18. (a) Ou li woman Sezon sechrès Ayitideja? (b) Si ou li l deja, site senk nan pwoblèm peyizan yo genyen : ¿Ha leído la novela, Sezon sechrès Ayiti? (b) Si ya lo ha leído, enumere cinco de los problemas que tienen los campesinos.
     
  19. (a) Kijan yo kapab kapte dlo lapli? (b) Kisa yo kapab fè ak li? : (a) ¿Cómo se puede atrapar el agua de lluvia? (b) ¿Qué pueden hacer con él?
     
  20. Ki avantay kay (an) tòl genyen? : ¿Cuáles son las ventajas de una casa con techo de hojalata?
     
  21. Esplike kijan yo kapab itilize kay (an) tòl pou kapte dlo lapli : Explique cómo se pueden usar las casas con techo de hojalata para atrapar el agua de lluvia.
     
  22. Pou kisa l enpòtan pou kreye basen, pisin, rezèvwa pou konsève dlo lapli? : ¿Por qué es importante crear piscinas, embalses para conservar el agua de lluvia?
     
  23. Kòman yo kapab itilize banbou pou kannale dlo pou wouze tè, jaden? : ¿Cómo se puede usar el bambú para canalizar el agua para regar el suelo y los jardines?
     
  24. Kòman yo kapab fè biznis ak dlo (an tèm irigasyon)? : ¿Cómo pueden hacer negocios con el agua (en términos de riego)?
     
  25. Esplike kòman yo kapab itilize richès natirèl Ayiti genyen nan benefis tout Ayisyen : Explique cómo la riqueza natural de Haití puede ser utilizada para beneficiar a todos los Haitianos.
     
  26. Ki enpòtans kòve (konbit) genyen pou peyizan? : ¿Qué importancia tiene kòve* (konbit) para los campesinos?
     
  27. Ki enpòtans kanal genyen nan awoze tè, jaden? : ¿Qué importancia tienen los canales en el riego del suelo, el jardín?
     
  28. Pou kisa yo dwe netwaye kanal yo avan irigasyon? : ¿Por qué deberían limpiar los canales antes del riego?
     
  29. Nan ki tip tè yo kiltive diri? : Dans quel type de sol cultivent-on le riz?
     
  30. (a) Pou kisa l enpòtan pou n ta plante ab fritye bò tout chemen? (b) Pou kisa l enpòtan pou gouvènman an ta kreye forè nan kèk andwa, epi pwoteje yo? : (a) ¿Por qué sería importante plantar las plantas que dan frutos a lo largo de los caminos? (b) ¿Por qué sería importante para el gobierno crear bosques en ciertos lugares y protegerlos?

*Nota: kòve (konbit): (1) Trabajo colectivo en los campos. (2) Trabajo colectivo donde nos ayudamos mutuamente con reciprocidad.

TÈKS ANEKSE : TEXTOS ANEXOS

DEGRAFF, Michel (director). MIT- Haiti Initiative: • About (Sa l ye) • Events (Aktivite) • Funding • News (Nouvèl) • Organizations (Òganizasyon) • Questions about the Platform (Kesyon sou Platfòm lan) • Resources (Resous) • STEM  (Science : Syans, Technology : Teknoloji, Engineering : Jeni, Mathematics: Matematik) • Team (Ekip).

GEORGES, Joseph Marcel. A look at Haitian Creole documentation, lexicography and morphology : Koutje sou dokimantasyon kreyòl, leksikografi ak mòfoloji.

LOUIS, Martine. Védrine committed to bridging language gapBoston Haitian Reporter.

OXINÉ, BonelInvitation to a conference series centered on Haitian Diaspora experience and careers : Envitasyon nan yon seri konferans ki santre sou Esperyans ak Karyè Ayisyen nan Dyaspora (EDA).

PALLI, Francesca. Arbres de la Martinique.

RENÉ, Jean ErichKijan yon plant fèt. (How a plant is made : Formation d'une plante).
---. Rasin yon plant (Roots of a plant : Les racines d’une plante).

VALDMAN, AlbertAnn pale kreyòl: an introductory course in Haitian Creole. (revised ed.)
---. English – Haitian Creole Bilingual Dictionary. 1148 p. iUniverse. Bloomington, IN. 2017. Albert Valdman (editor). The “DICO Project”, Vol. II.
---. Haitian Creole-English Bilingual Dictionary (the “DICO Project”, Vol. I).2007. 781 +xxxiv p. Indiana University–Creole Institute. (Emmanuel W. VédrineFrenand LégerJacques PierreNicolas André: native speakers editing team).

VEDRINE, Emmanuel W. A look at Higher Education in Haiti : another step after secondary level.
---. Agriculture and irrigation in Haiti : Agrikilti e irigasyon an Ayiti.
---. Agriculture the first Target for Haiti's Development : Agrikilti ta dwe premye sib nan devlopman Ayiti.
---. Ann pale de bwa ak fri Ayiti!. (Let's talk about trees and fruits in Haiti! : Parlons de bois et fruits en Haïti).
---. Agrikilti ta dwe premye sib nan devlopman Ayiti”.  (pdf, 54 KB).  Agriculture the first Target for Haiti's Development (pdf, 57 KB). Boston Haitian Reporter, July 2004.
---. Ayiti va bèl lè n va antere negativite yo : Haiti Will be beautiful when we bury the negativities.
---. Ayiti, 37 ane san pwogrè.
---. Bilingual Education in Haiti: Theory and Practice | Edikasyon Bileng Ayiti: Teyori e Pratik.
---. Chanje mantalite pou ranvèse kondisyon povrete Ayiti : Changing mentality to curb poverty condition in Haiti.
---. Chatting on Bibliographies related to Haitian Creole. [Conference].
---. Civic Duty should be mandatory for all young people in Haiti : Travay sivik ta dwe obligatwa pou tout jèn an Ayiti
---. Consciousness raising, Motivation, Change : Konsyantize  • Motive • Chanje.
---. Dictionary of Haitian Creole Verbs with Phrases and Idioms by Emmanuel W. Védrine and research on Haitian creole lexicology.
---. Does Haiti need more mediocre universities after January 12, 2010? : Èske Ayiti bezwen plis inivèsite bòlèt apre 12 janvye 2010?
---. Dyalòg sou rebwazman an Ayiti (Dialog on reforestation in Haiti. (Dialogue sur le reboisement en Haïti).
---. Enfòmatize Ayiti, e estrateji pou sa fèt.
---. Enpòtans pou dekwoche yon diplòm fen etid segondè : L’importance d’acquérir un diplôme de fins d’études secondaires.
---.Educating Haitian Youth and the Haitian Community in Diaspora : Edike Jèn Ayisyen e Kominote Ayisyen nan Dyaspora.
---.Educational Resources and Orientation Training for Haitian Teachers.
 [Summary • Rezime • Sommaire •  Resumen • Zusammenfassung].
---.English – Haitian Creole Computer Terms : Tèm Konpwoutè: anglè – kreyòl
---.Èskè kreyòl se yon bon zouti pou ta prann nan lekòl Ayiti? (Haïti en Marche, Vol. XXIV, #36, sept. 2010) : Est-ce le créole un bon outil pour apprendre à l’école en Haïti? : Is Creole a good tool to learn in schools in Haiti?
---.Essays’ models to help Haitian Students (high school and university level).
---.Estrateji pou devlope wout Ayiti : Strategies to develop roads in Haiti.
---.Estrateji pou devlope wout Ayiti : Strategies to develop roads in Haiti.
---.E. W. Védrine: E.S.L Lessons. (Anglè kòm Dezyèm Lang).
---. Geography, Enivironment, Flora & Fauna : Jewografi, Anviwonnman, Flòr & Fòn. [Teaching materials.
---. Gramè Kreyòl VEDRINE Grammar of Haitian Creole. Boston: E. W. Védrine Creole Project. 354 pages. in Haitian Creole, English & for Haitian Bilingual Programs].
---. Haiti and the destruction of nature : Ayiti, yon peyi ravaje nou dwe sispann detwi. (Haïti et la destruction de l'environnement).
---. Haiti: for a practical education on Fridays : Ayiti : Pou yon edikasyon pratik lè vandredi.
---. Haitian Creole (Kreyol) from colonial times to 2022 : Kreyòl ayisyen, de epòk kolonyal a 2022.
---. Haitian Lexicology: databases and references for research.
---. Ide pou kreye yon 'High School Ayisyen' prive nan Boston (deba) : Idea to found a Haitian Private High School in Boston (debate). 1994. 109 p.
---. In Kreyol and English : An Kreyòl e an Anglè.
---. INSMINOGEC (Institution Mixte de la Nouvelle Génération des Cayes) – Teaching Materials for Haitian Bilingual Programs in Haiti (courtesy E. W. Védrine Creole Project).
---. Jojo’s Guesthouse in Curacao : an interview with the owner (Josias Joseph).
---. Kreyòl, de epòk kolonyal a 2022.
---. Kèk pwen enpòtan pou oryante moun sou maryaj, yon enstitisyon Bondye kreye : Some important points to orient people on ‘mariage’, an institution founded by God).
---. Kèk tèm nan Sezon sechrès Ayiti pou disètasyon : Some themes in Sezon sechrès Ayiti for essays. [Woman ayisyen : Haitian novel].
---. Ki lang k ap gen batay la Ayiti : kreyòl, fransè ou anglè?.
---. Koudèy sou Edikasyon Siperyè Ayiti: yon lòt etap apre nivo segondè.
---. Kreyol Without Toil : an introductory course to Haitian Creole.
---. Leson KLE : Kreyòl Lang Etranje (Kreyol as Foreign Language /KFL).
---. Materyèl pedagojik pou lekòl Ayiti : Teaching materials for schools in Haiti.
---. My country is Haiti : Peyi m rele Ayiti.
---. Network of Haitian Students: Haiti–Diaspora | Rezo Etidyan Ayisyen: Ayiti–Dyaspora.
---. New words and idioms entering Haitian Creole : Mo nouvo ak espresyon ki antre nan kreyòl.
---. Online Educational Resources for Haitian Teachers, Students, Schools in Haiti and in Diaspora [Resous Edikasyonèl an Liy pou Anseyan Ayisyen, Elèv, Lekòl an Ayiti e nan Dyaspora]. Summary in : Rezime an: Deutsch • Español • Français • Kreyòl • Papiamento.
---. Open your eyes, Haitians ! : Ouvè je w, Ayisyen! 
---. Orientation Training for Haitian students coming to the United States.
---. Orientation training for Students and Teachers : Seyans fòmasyon pou etidyanpwofesè.
nòt nan inivèsite an Ayiti.
---. Orientation training for students and teachers : Seyans fòmasyon pou etidyanpwofesè.
nòt nan inivèsite an Ayiti.
---. Orientation Training on Library and its importance for youth to do educational and community activities : Seyans oryantasyon sou Bibliyotèk, e enpòtans li pou lajenès fè yon seri aktive edikatif e kominotè.
---. Orientation training to help young Haitians see better : Seyans oryantasyon pou ede jèn ayisyen Ayiti wè klè.
---. Pasaj Yves Estenvil Boston nan kad yon misyon edikatif e kiltirèl | Yves Estenvil’s visit in Boston: an educative and cultural mission.
---. Premye etap avèk yon òdinatè. (First step with computers, manual). Eastern Digital Resources.
---. Quelques plantes créoles et leurs noms en latin. (Kèk plant kreyòl ak non yo an laten : Some Creole plants and their names in Latin).
---. Questioning Haitian Culture to learn more about it : Kesyonnen kilti ayisyen pou aprann plis de li.
---. Rasanble • Konsyantize • Chanje.
---. Reflection on February 7, 2019 : 33 years after the fall of the Duvalier’s Regime | Refleksyon sou 7 Fevriye 2019 : 33 ane apre Rejim Duvalier a tonbe.
---. Research & Publications (summary).
---. Retard dans l'enseignement des langues étrangères en Haïti : Ritardo dell’insegnamento delle lingue straniere nelle scuole di Haïti.
---. Retorik an kreyòl Ayisyen, tèks: Rat konnen, chat konnen, barik mantèg la sou siveyans.
---. Sa nou ka fè pou Ayiti jodi, pa ranvwaye l pou demen : What you can do for Haiti today, don’t put off for tomorrow).
---. Selfishness, a virus destroying the Haitian Community : Egoyis, yon viris k ap detwi kominote ayisyen.
---. Seminar on biography, autobiography, and memoir : Seyans oryantasyon sou Biyografi, Otobiyografi, Memwa.
---. Seminar on marriage : Seminè sou maryajLecture on Marriage.
---. Seminar on translation to help Haitian students in Haiti and Diaspora : Seminè sou tradiksyon pou ede etidyan ayisyen Ayiti e diaspora.
---. Seyans oryantasyon pou motive Ayisyen (Formation Training to motivate Haitians).
---. Sezon sechrès Ayiti (novel, woman, novela) • Questions on the 10 (ten) chapters : Kesyon sou 10 chapit yo : Preguntes sobre los 10 (diez) capítulos.
---. Sezon sechrès Ayiti. (2nd. ed.). JEBCA Editions.  224 p. [English summary : Resumé en anglais]. [© The author’s copyright : © Dwa otè a] . [© Lexical data (for hyper base software for dictionaries) : © Done leksikal (pou lojisyèl ipèbaz pou diksyonè)]. [In Papiamentu language, Temporada di sekura na Haiti. [First original Creole version was published in 1994: Soup to Nuts Publishers, Cambridge, MA. 1994. 128 p. [The novel has been translated to English by the author (Emmanuel W. Védrine). [Text in pdf format : Tèks an fòma pdf]. VEDCREP: Boston (edition, 2013, 163 p. [“In Sezon sechrès Ayiti, the author presents a Haiti the way it exists through the eyes of characters. Sezon sechrès Ayiti is a historical novel written in the Haitian language and one that is written in a simple language, presented in a historical, political and economic context: what happened in Haiti, what happened recently, and what continues to happen. The philosophy and psychology of the people are about the same: they all would like to see a beautiful Haiti, one where everyone can work together. They are victims of the drought, of the crimes going on in the country and or abuses done to them. They are leaving Haiti for same causes though they like the country but the situation forces them to leave. Despite of all the crimes and abuses committed to them, they don't ask for anything wrong to happen to the criminals, but they would like them give up all that is evil, they would like them to change so that there can be a real change in the country” • NOTE: 10 chapters -- A textbook prepared for high school level, for native speakers who want to master writing in standard Haitian Creole (H.C), and for learners of H.C (intermediate & advance level) with questions on each chapter, and a Creole – English glossary • Kèk tèm nan Sezon sechrès Ayiti pou disètasyon : Some themes in (the novel) Sezon sechrès Ayiti for essays] • Kesyon sou dis (10) chapit yo : Questions on the ten (10 chapters.
---. Teaching materials for schools in Haiti: Materyèl pedagojik pou lekòl Ayiti.
---. Ten gifts for all Haitians : Dis kado pou tout Ayisyen.
---. The cultural richness s of Haiti,  an unexploited mine : Richès kiltirèl Ayiti, yon min ki poko esplwate.
---. The situation of deaf and mute people in Haiti, an interview with Marky Norde : Sitiyasyon moun soud e myè an Ayiti, yon entèvyou ak Marky Norde. [with versions in • English • Français • Español • Deutsch].
---. Trades, Professions, Careers: orientation training for Haitian students in Haiti | Metye, Pwofesyon, Karyè: seyans oryantasyon pou etidyan ayisyen Ayiti
---. Twenty key Creole phrases : 20  (Ven) fraz kreyòl potomitan.
---. Twenty points in our resolution for 2023 : Ven pwen nan rezolisyon nou pou 2023.
---. Welcome to L’Asile (Lazil), a commune in Haiti: Byenveni nan Lazil, yon komin Ayiti.
---. What’s really needed to be done to reforest Haiti? : Kisa k dwe fèt reyèlman pou rebwaze Ayiti?)
Le reboisement d’Haïti, un défi politique et environmental.
---. Working harder to bridge the generation gapBoston Haitian Reporter.

RESEARCH NOTE : NÒT POU RECHÈCH

(•) Bilingual education in Haitian Creole-French, Creole–English : Edikasyon bileng an kreyòl ayisyen fransèanglè (•) Bilingual Lesson Pan Model : Modèl Plan Leson Bileng (•) Creole linguistics : Lengwistik kreyòl (•) Creole Literacy Projects : Pwojè Alfabetizasyon Kreyòl (•) Creole Philology : Filoloji Kreyòl (•) Database in Haitian Creole : Bank Done an Kreyòl Ayisyen (•) Developing teaching Materials for Haitian Bilingual Programs: Devlopman Materyèl Pedagojik pou Pwogram Bileng Ayisyen (•) Dictionaries on Haitian Creole : Diksyonè sou Kreyòl Ayisyen (•) Dictionary and Glossary Projects : Pwojè Diksyonè e Leksik (•) Documents for Training Sessions for Haitian Lexicographers : Dokiman pou fè Seyans Fòmasyon pou Leksikograf Ayisyen (•) Educational Material in English and Haitian Creole for schools in Haiti : Materyèl Edikatif an Anglè e an Kreyòl Ayisyen pou Lekòl Ayiti (•) Educational Materials for Haitian Teachers’ Training : Materyèl Edikatif an anglè pou Fòmasyon Anseyan Ayisyen (•) Educational Resources, Training and Orientation Sessions for Haitian Teachers : Resous Edikatif, Trening e Seyans Oryantasyon pou Anseyan Ayisyen (•) French based Creoles : Kreyòl a baz fransè (•) Haitian Creole Lexicon : Leksik Kreyòl Ayisyen (•) Haiti, Linguistic Planning (Amenagement Linguistique) : Ayiti, amenajman lengwistik  (•) Materials for Long distance tutoring for learners of Haitian Creole : Materyèl pou bay leson patikilye long distans pou moun k ap aprann kreyòl ayisyen (•) Orientating Haitian Teachers : Oryante pou Anseyan Ayisyen (•) Seminars for Haitian Teachers on Teaching Materials : Seminè sou Materyèl Didaktik / Pedagojik pou Anseyan Ayisyen (•) Stragies to develop Teaching Material Models in Haitian Creole (Kreyòl) : Estrateji pou devlope modèl materyèl didaktik / pedagojik an Kreyòl Ayisyen (•) Teaching Materials for Haitian Bilingual Programs : Materyèl Didaktik /Pedagojik pou Pwogram Bileng Ayisyen (•) Teaching Materials in Haitian Creole (Kreyòl) for learners of the language (beginning, intermediate and advance level) :  Materyèl Pedagojik an kreyòl pou moun k ap aprann lang nan (nivo debitan, entèmedyè e avanse).

* * *

Koutwazi : Courtesy
E. W. Védrine Creole Project, Inc. (1992)
Boston, Massachusetts. USA

*

 Viré monté