Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Sechrès e aksè a dlo an Ayiti
Sécheresse et accès à l’eau en Haïti

Emmanuel W. Védrine

Photo: E. W. Védrine Creole Project

Jen 2023 : Juin 2023

Mizajou : Mise à jour
23 jen 2023 : 23 juin 2023

VOCAL
Kreyòl-EnglishKreyòl-EspañolKreyòl-Français

BiyografiBiographyBiografíaBiographie

MODÈL PLAN LESON BILENG : MODÈL DE PLAN DE LEÇON BILINGUE
EDIKASYON NIMERIK : ÉDUCATION NUMÉRIQUE
(Materyèl Didaktik / Pedagojik pou Pwogram Bileng Ayisyen)
Matérials Pédagogique pour les Programmes Bilingues Haïtiens

Teaching materials for learners of Haitian Creole • Materyèl didaktik pou moun k ap aprann kreyòl ayisyen • Materiales didácticos para estudiantes de criollo haitiano • Matériel pédagogique pour les apprenants du créole haïtien • Unterrichtsmaterialien für haitianische Kreol-Lernende

(•) Imaj rivyè an Ayiti : Images de rivières en Haïti
(•) Lis rivyè an Ayiti : Liste de rivières en Haïti
(•) 8 Uit sodo fame an Ayiti : Huit cascades célèbres en Haïti
(1) Bassin Bleu (2) Bassin Waka (3) Bassin Zim (4) Kaskad Boukan
(5) Kaskad Pichon (6) Saut Mathurin (7) Saut-d’eau
(8) So Goudèt nan Lazil (L’Asile)

(•) Sezon sechrès Ayiti
(Woman ayisyen : Roman haïtien)
Temporada de sequía en Haití
Dürresaison in Haiti

Nou vini ak yon sijè ki trè enpòtan, e nou pèdi tan pou fè ti rechèch sou entènèt la pou wè ki valè dlo, rivyè ki egziste an Ayiti. Nou bay tout yon lis nan atik sa a. Li trè enpòtan nan kad seyans fòmasyon n ap fè nan diferan domèn, espesyalman nan domèn agrikilti.   Nous avons trouvé un sujet très important, et nous avons passé un peu de temps à faire des recherches en ligne pour voir combien de rivières existent en Haïti. Nous venons avec une liste  complète dans cet article. C’est très important dans le cadre des sessions de formation que nous menons dans différents domaines, en particulier dans le domaine de l’agriculture.
Nou pa kapab pale de agrikilti epi pou n ta kite irigasyon dèyè tandike lè nou gade Ayiti, nou wè se yon peyi ki chaje avèk resous natirèl  (tankou dlo, rivyè n ap jwenn nan diferan kote nan peyi a). Nou gen sous dlo, sodo pa egzanp, diferan andwa Ayiti.   Nous ne pouvons pas parler de l’agriculture et laisser l’irrigation de côté; lorsque nous jetons un coup d’œil sur Haïti, nous le voyons comme un pays plein ressources naturelles  (comme l’eau, les rivières situées dans différentes parties du pays). Nous avons des sources, et des cascades par exemple dans différents endroits en Haïti.
Pou kèk nan sodo yo, nou kapab mansyone uit (8) gran sodo n ap jwenn nan diferan andwa. Pami yo: Basen Ble, Basen Waka, Basen Zim, Kaskad Pichon, So Matiren, Sodo (nan zòn Plato Santral), e gran So Goudèt ki nan komin Lazil (L’Asile) nan sid.   Pour certaines des cascades, nous pouvons mentionner huit grandes que nous trouverons dans différents endroits. Parmi eux: Bassin Bleu, Bassin Waka, Bassin Zim, Cascade Pichon, Saut Marthurin, Saut D’eau (dans le Plateau Central), et la grande cascade Saut Goudèt de Lazil (L’Asile) dans le sud.
Lè w ap gade imaj tout dlo sa yo, oubyen si w gen chans vizite kèk nan yo, ebyen yo pa fè anyen avèk yo paske pifò lidè o pouvwa pa enterese nan devlopman Ayiti. Gouvènman ak enstitisyon leta mouri; yo pa fonksonèl. Pa gen anyen ki fèt an tèm devlopman. Finalman, tout dlo sa yo abouti nan lamè.   Quand on regarde les images de toutes ces eaux, ou si vous avez la chance d’en visiter quelques-unes, eh bien ils n’en font rien parce que la plupart des dirigeants au pouvoir ne s’intéressent pas au développement d’Haïti. Le gouvernement et les institutions gouvernementales sont morts; ils ne sont pas fonctionnels. Rien n’est fait en termes de développement. Enfin, toutes ces eaux finissent dans la mer.
Sa ba ou yon ide de resous natirèl k ap gaspiye Ayiti. Yo ta fè Ayiti rich an tèm pwodiksyon agrikòl, tout sa ke nou ta bezwen, epi pesonn pa t ap pale de «lavichè» chak jou, oubyen pri tout bagay ki monte.   Cela vous donne une idée des ressources naturelles gaspillées en Haïti. Ils rendraient ce pays riche en termes de production agricole, et personne ne parlerait quotidiennement de «lavichè» ou du coût élevé des choses.
Malerezman, pa gen oken pwojè irigasyon avan e aprè «Barrage Marion». Pa gen oken seyans fòmasyon k ap fèt pou ta montre moun kòman yo kapab fè yon seri ti pwojè irigasyon ki pa t ap koute milyonven, e kòman yo kapab itilize dlo nan zòn kote y ap viv Ayiti.   Malheureusement, il n’y a pas de projets d’irrigation avant et après «Barrage Marion». Il n’y a pas de sessions de formation pour enseigner aux gens comment faire des projets d’ irrigation à faible coût, et comment l’eau peut être utilisée dans la région où ils vivent en Haïti.
Nou pale de tout pwoblèm sa yo nan woman Sezon sechrès Ayiti. Premye edisyon an soti an 1994. Dezyèm edisyon an (224 p.), ki pi bèl toujou avèk narasyon, soti an 2014.   Nous parlons de tous ces problèmes dans le roman Sezon sechrès Ayiti. La première édition est sortie en 1994. La deuxième édition, plus belle encore avec la narration, est sortie en 2014.
Nou mete l gratis an liy pou eseye konsyantize tout Ayisyen sou pwoblèm sa yo, pou ede tout lekòl, elèv, anseyan Ayiti, e tout sa yo k ap fè rechèch… Konsa, y ap gen yon ide de pwoblèm peyizan yo, pwoblèm dlo e pou kisa an majorite y ap kite Ayiti akoz pwoblèm sa yo ke y ap fè fas ak yo.   Nous l’avons mis gratuitement en ligne essayant de sensibiliser tous les Haïtiens, d’aider toutes les écoles, tous les élèves et les enseignants en Haïti, et tous ceux qui font de la recherche... Ainsi, ils auront une idée des problèmes que confrontent les paysans, des problèmes d’eau et pourquoi la plupart d’entre eux quittent Haïti à cause de ces problèmes auxquels ils ont été confrontés.
N ap fè tout yon sòt de seyans fòmasyon seyans fòmasyon sou fason pou konsève dlo lapli, pa egzanp. Majorite moun Ayiti gen kay (an) tòl kounyeya men kesyon an se: Lè gen lapli kòman nou konsève l?   Nous faisons une session de formation complète sur la façon d’économiser l’eau de pluie, par exemple. La plupart des Haïtiens ont maintenant des maisons au toit de tôle, mais la question est la suivante: Quand il pleut, comment la préservent-ils?
Yon fwa ou gen yon kay an tòl pa egzanp, ou kapab fouye yon rezèvwa souteren oubyen pisin, basen nan lakou w, espesyalman si w rete an pwovens. Ou kapab simante l (lè sa posib). Dlo ki soti nan goutyè kay la oubyen lòt kote pral tonbe dirèkteman ladan. Apati de la, w ap kapab wouze jaden w, oubyen lòt jaden ki tou pre. Ou kapab itilize konduit banbou pou kondi dlo a pou ale lwen.   Une fois que vous avez une maison au toit de tôle, vous pouvez creuser un réservoir souterrain ou une piscine dans votre cour, surtout si vous vivez à la campagne. Vous pouvez le cimenter (quand vous pouvez). L’eau des gouttières de la maison ou d’ailleurs y tombera directement. De là, vous pouvez arroser votre jardin ou d’autres champs. Le bambou peut être utilisé pour canaliser l’eau d’une distance lointaine.
Anpil nan nou Ayiti pa gen aksè a kawotchou pou wouze. Se achte pou n achte l, men banbou p ap koute nou chè pou itilize l. Banbou gen plizyè ne tankou kann. Depi w pèse ne sa yo ak yon bagay pwenti, y ap pèmèt pasaj dlo a.   Beaucoup d’entre nous en Haïti n’ont pas accès à des tuyaux d’eau. Nous devons les acheter, mais le bambou ne nous coûtera pas cher de l’utiliser. Le bambou a plusieurs nœuds comme la canne à sucre. Une fois ces nœuds percés avec quelque chose d’aigu, ils permettront le passage de l’eau.
Ou kapab menm fè biznis avèk dlo ou kapte a. Ou fè dil avèk vwazen ki gen tè pre ak rezèvwa ou kreye a, epi diskite ak yo kòman y ap peye w. Yo kapab ba ou yon pati nan rekòt la lè mwason.   Vous pouvez même faire du business avec l’eau que vous canalisez. Vous concluez des accords avec des voisins qui ont des terres près du réservoir que vous avez créé et discutez avec eux la façon dont ils vont vous payer. Ils peuvent vous donner une partie de la récolte pendant la moisson.
Kesyon yo se: (a) Kòman nou mete tout resous natirèl Ayiti an aplikasyon? (b) Kòman nou itilize yo? (c) Èske n ap ret tann enstitisyon e sa yo ki o pouvwa pou vin fè tout bagay pou nou? Wi, nou konnen ke gen yon seri pwojè majè se gouvènman ki dwe angaje nan fè yo paske yo gen lajan pou sa. Men, annatandan, kisa nou kapab fè akoutèm, si n òganize nou?   Les questions sont les suivantes: (a) Comment utilisons-nous toutes les ressources naturelles d’Haïti? (b) Comment les utilisons-nous? (c) Attendons-nous que les institutions publiques à vie et ceux qui sont au pouvoir viennent tout faire pour nous? Oui, nous savons qu’il y a de grands projets dans lesquels le gouvernement devrait participer parce qu’il a accès à l’argent pour cela. Mais en attendant, que pouvons-nous faire à court terme si nous sommes organisés?
Ki teknik nou kapab itilize pou kapte dlo ki prè lakay nou (tankou sous, rivyè e dlo lapli)? Lapli tonbe tout kote, kèlkeswa kote kay nou ta sitiye; nou kapab kapte l fasilman.
  Quelles techniques pouvons-nous utiliser pour capter l’eau (des sources, rivières et l’eau de pluie près de chez nous)? Il pleut partout, où que se trouverait notre maison; nous pouvons facilement l’attraper.
Nou kapab kreye yon pisin souteren, kèlkeswa jan nou kapab fè li pou dlo a pa evapore, epi nou simante l. Donk, konsa nou kapab konsève dlo a pou bèt bwè, pou wouze jaden ak plant. Nou kapab plen awozwa pou wouze plant nan lakou nou. Pafwa yo pa bezwen anpil dlo chak jou.   Nous pouvons créer une piscine souterraine, peu importe comment nous pouvons le faire pour que l’eau ne s’évapore pas, puis nous la cimentons. Ainsi, nous pouvons conserver l’eau pour que les animaux puissent boire, pour arroser les jardins et les plantes. Nous pouvons remplir nos poudrettes pour arroser les plantes de notre cour. Parfois, elles n’ont pas besoin beaucoup d’eau tous les jours.

Photo: E. W. Védrine Creole Project.
Tournade (Tounad) & Mathias (Matyas), L’Asile (Lazil)  Haiti.
Rivers: Mahot, Des Pins, Serpent (merged into in L’Asile (by Tournade)

FOTO «A» : PHOTO «A»

Egzanp dlo nou kapab jwenn diferen kote Ayiti, men malerezman gouvènman pa ede ak oken pwojè irigasyon. Dlo sa yo abouti nan lamè  : Exemple d’eau que l’on peut trouver dans différents endroits en Haïti, mais malheureusement il n’y a pas de projet d’irrigation par aucun gouvernement pour aider. Ces eaux aboutissent dans la mer.

Photo: E. W. Védrine Creole Project.
(Picture #3, Ref. Survival Builder @ SurvivalBuilder)

FOTO «B» : PHOTO «B»
#1 #2 #3 #4

(#1). Rasanbleman dlo lapli nan diferan ravin (betonnen) ki reyini yon sèl kote (nan yon baz laj, oswa basen) an fòm trapèz ki kapab plen diferen basen pou fè irigasyon  : Collecte d’eau de pluie de différents ruisseaux (pavés) qui sont assemblés en un seul endroit (dans une grande base ou une piscine) sous la forme d’un trapèze qui peut remplir différentes piscines pour l’irrigation.

(#2). Yon konduit dlo atravè yon AKEDIK (ki ka konekte 2, 3 vale ki kannale dlo a (pou l pase) anlè :  Un conduit d’eau via un aqueduc (qui peut relier 2, 3 vallées canalisant l’eau vers le haut)

(#3). Plizyè konduit dlo ka kreye ak (gòl) banbou oubyen kawotchou pou al wouze jaden dirèkteman (yon fwa fant konduit la ouvè pou pasaj dlo)  : Plusieurs conduits d’eau peuvent être créés avec piquets de bambou ou un tuyau pour arroser les jardins directement (une fois que le conducteur est ouvert pour le passage de l’eau).

(#4) Plizyè basen dlo kapab plen, epi prè pou kannale dlo pou al wouze tè, jaden  : Plusieurs barrages ou réservoirs peuvent être remplis et prêts à arroser les jardins

() FOTO «C» : PHOTO «C»

(Novel) Sezon sechrès Ayiti (Season of drought in Haiti). Haitian novel focusing on the problems of Haitian peasants : Woman ayisyen ki santre sou pwoblèm peyizan ayisyen. vocalQuestions on the ten (10 chapters : Kesyon sou dis (10) chapit yo Résumé en espagñol : Résumé en anglais.

Photo: E. W. Védrine Creole Project.

() PICTURE «D» : PHOTO «D»

Rezèvwa an plastik : Réservoir en plastique

Nan foto «D», n ap gade kèk tip rezèvwa pou konsève dlo, dlo lapli. Yo kapab achte yo kèk kote. Anpil moun ki gen kay (ki kouvri) an tòl oubyen ki an beton kapab kapte dlo lapli pou konsève l. Dlo lapli a pase nan yon goutyè, epi l ka ranpli plizyè rezèvwa. Lè youn fin plen, li ka plen lòt la (depan konbyen ki konekte youn ak lòt). Menm teknik sa a kapab itilize Ayiti pou konsève dlo lapli.

 

Dans la photo «D», nous examinons certains types de réservoirs pour conserver l’eau, l’eau de pluie. Ils peuvent être achetés à un certain endroit. Beaucoup de gens qui ont une maison au toit de tôle ou toit en béton peuvent capter l’eau de pluie pour la conserver. L’eau de pluie coule à travers les gouttières et remplit ensuite de nombreux réservoirs. Lorsque l’un est rempli, il remplit l’autre (en fonction du nombre connecté l’un à l’autre). Cette même technique peut être utilisée en Haïti pour la conservation de l’eau de pluie.

Photo: E. W. Védrine Creole Project.

() FOTO «E» : PHOTO «E»

() Modèl kanal yo ka fouye Ayiti pou ede ak irigasyon. Pasaj dlo (kanal, kanalizasyon) dwe netwaye avan irigasyon : Modèle des canaux qui peut être creusé en Haïti pour aider à l’irrigation. Les canaux doivent être nettoyés avant l’irrigation.

 

Photo: E. W. Védrine Creole Project.

() FOTO «F» : PHOTO «F»
Rezèvwa, pasaj dlo, e ma dlo (marekaj) ki ka itilize pou pisikilti (elvay pwason) :
Barrage, passage d’eau et zone humide pouvant être utilisés pour la pisciculture

() (Modèl) baraj dlo pou kannale e distribiye dlo pou wouze tè ak jaden :
Barrage d’eau (modèle) pour canaliser et distribuer l’eau pour irriguer des terres et des jardins

Photo: E. W. Védrine Creole Project.

() FOTO «G»: PHOTO «G»
Jaden pwa, e depo pou estoke pwodui agrikòl 
Champs de haricots et entrepôt pour le stockage des produits agricoles

Kesyon & Konpreyansyon : Questions & Compréhension

  1. Kisa ki koze sechrès Ayiti? : Quelles sont les causes de la sécheresse en Haïti?
     
  2. Ki enpòtans dlo genyen? : Quelle est l’importance de l’eau?
     
  3. (a) Èske gen sous, rivyè, letan, lak, ravin ki pre ou? (b) Kijan yo itilize dlo sa yo? : (a) Avez-vous des sources, des rivières, des étangs, des lacs, des ruisseaux près de chez vous? (b) Comment ces eaux sont-elles utilisées?
     
  4. Ki enpòtans dlo genyen pou bèt (zannimo), ak plant? : Quelle est l’importance de l’eau pour les animaux et les plantes?
     
  5. (a) Kisa k koze anpil dlo seche Ayiti? (b) Èske se yon pwoblèm ki ka chanje? (c) Esplike : (a) Qu’est-ce qui cause l’assèchement d’une grande quantité d’eau en Haïti? (b) S’agit-il d’un problème qui peut être résolu? (c) Expliquez.
     
  6. Pou kisa l enpòtan pou ta gen seyans fòmasyon sou ab fritye, agrikilti, debwazman (koupe pyebwa), dlo (pwoteje / konsève l, itilizasyon l), elvay, plantil, rebwazman (plante pyebwa), sechrès? : Pourquoi il est important d’avoir des sessions de formation sur les arbres fruitiers, l’agriculture, la déforestation (coupe d’arbres), l’eau (la protéger/conserver, l’utiliser), l’élevage, les semis, le reboisement (plantation d’arbres), la sécheresse?
     
  7. Ki enpòtans agrikilti genyen? : Quelle est l’importance de l’agriculture?
     
  8. Ki pwoblèm agrikilti ap konfwonte Ayiti? : Quels problèmes l’agriculture a été confrontée en Haïti?
     
  9. Site senk (5) pwoblèm ou panse peyizan ayisyen genyen : Citez cinq problèmes que vous pensez que les paysans haïtiens ont.
     
  10. Site senk (5) sodo Ayiti, e si posib, kote yo sitiye (lokalize) : Citez cinq chutes d’eau en Haïti et, si possible, où elles se trouvent.
     
  11. (a) Èske w benyen yon lak, letan, rivyè, sous deja? (b) Ou konn naje? : Vous êtes-vous déjà baigné dans l’eau du lac, de la rivière ou de la source? (b) Pouvez-vous nager?
     
  12. (a) Kisa resous natirèl vle di? (b) Pami yo, site kat n ap jwenn Ayiti : (a) Que signifient «ressources naturelles»? (b) Parmi eux, citez quatre qu’Haïti a.
     
  13. Pou kisa l enpòtan pou kreye baraj dlo? : Pourquoi est-il important de créer des barrages d’eau?
     
  14. Ki kote Baraj Maryon sitiye? : Où se trouve le Barrage Marion?
     
  15. Site kat fason yo kapab pwoteje anviwonnman an : Citez quatre façons de protéger l’environnement.
     
  16. Site kat pwoblèm debwazman koze : Citez quatre problèmes causés par la déforestation.
     
  17. Site kat avantay rebwazman genyen : Citez quatre avantages du reboisement.
     
  18. (a) Ou li woman Sezon sechrès Ayitideja? (b) Si ou li l deja, site senk nan pwoblèm peyizan yo genyen : (a) Avez-vous lu, Sezon sechrès Ayiti? (b) Si vous l’avez déjà lu, énumérez cinq des problèmes que les paysans ont.
     
  19. (a) Kijan yo kapab kapte dlo lapli? (b) Kisa yo kapab fè ak li? : (a) Comment capter l’eau de pluie? (b) Que peuvent-ils en faire?
     
  20. Ki avantay kay (an) tòl genyen? : Quels sont les avantages d’une maison au toit de tôle?
     
  21. Esplike kijan yo kapab itilize kay (an) tòl pou kapte dlo lapli : Expliquez comment les maisons au toit de tôle peuvent être utilisées pour capter l’eau de pluie.
     
  22. Pou kisa l enpòtan pou kreye basen, pisin, rezèvwa pou konsève dlo lapli? : Pourquoi est-il important de créer des piscines, des réservoirs pour conserver l’eau de pluie?
     
  23. Kòman yo kapab itilize banbou pou kannale dlo pou wouze tè, jaden? : Comment le bambou peut-il être utilisé pour canaliser l’eau afin d’irriguer le sol et les jardins?
     
  24. Kòman yo kapab fè biznis ak dlo (an tèm irigasyon)? : Comment peuvent-ils faire du business avec l’eau (en termes d’irrigation)?
     
  25. Esplike kòman yo kapab itilize richès natirèl Ayiti genyen nan benefis tout Ayisyen : Expliquez comment les richesses naturelles d’Haïti peuvent être utilisés au profit de tous les Haïtiens.
     
  26. Ki enpòtans kòve (konbit) genyen pou peyizan? : Quelle est l’importance de la corvée * (le konbit / combite) pour les paysans?
     
  27. Ki enpòtans kanal genyen nan awoze tè, jaden? : Quelle est l’importance des canaux dans l’arrosage du sol, des jardins?
     
  28. Pou kisa yo dwe netwaye kanal yo avan irigasyon? : Pourquoi devraient-ils nettoyer les canaux avant l’irrigation?
     
  29. Nan ki tip tè yo kiltive diri? : Dans quel type de sol cultivent-on le riz?
     
  30. (a) Pou kisa l enpòtan pou n ta plante ab fritye bò tout chemen? (b) Pou kisa l enpòtan pou gouvènman an ta kreye forè nan kèk andwa, epi pwoteje yo? : (a) Pourquoi serait-il important de planter les plantes qui portent des fruits le long des chemins? (b) Pourquoi serait-il important que le gouvernement crée des forêts à certains endroits et les protège?

*Note: kòve (corvée) / konbit (combite): (1) Travail collectif dans les champss. (2) Travail collectif où l’on s’entraide avec la réciprocité.

TÈKS ANEKSE : TEXTES ANNEXÉS

DEGRAFF, Michel (director). MIT- Haiti Initiative: • About (Sa l ye) • Events (Aktivite) • Funding • News (Nouvèl) • Organizations (Òganizasyon) • Questions about the Platform (Kesyon sou Platfòm lan) • Resources (Resous) • STEM  (Science : Syans, Technology : Teknoloji, Engineering : Jeni, Mathematics: Matematik) • Team (Ekip).

GEORGES, Joseph Marcel. A look at Haitian Creole documentation, lexicography and morphology : Koutje sou dokimantasyon kreyòl, leksikografi ak mòfoloji.

LOUIS, Martine. Védrine committed to bridging language gapBoston Haitian Reporter.

OXINÉ, BonelInvitation to a conference series centered on Haitian Diaspora experience and careers : Envitasyon nan yon seri konferans ki santre sou Esperyans ak Karyè Ayisyen nan Dyaspora (EDA).

PALLI, Francesca. Arbres de la Martinique.

RENÉ, Jean ErichKijan yon plant fèt. (How a plant is made : Formation d'une plante).
---. Rasin yon plant (Roots of a plant : Les racines d’une plante).

VALDMAN, AlbertAnn pale kreyòl: an introductory course in Haitian Creole. (revised ed.)
---. English – Haitian Creole Bilingual Dictionary. 1148 p. iUniverse. Bloomington, IN. 2017. Albert Valdman (editor). The “DICO Project”, Vol. II.
---. Haitian Creole-English Bilingual Dictionary (the “DICO Project”, Vol. I).2007. 781 +xxxiv p. Indiana University–Creole Institute. (Emmanuel W. VédrineFrenand LégerJacques PierreNicolas André: native speakers editing team).

VEDRINE, Emmanuel W. A look at Higher Education in Haiti : another step after secondary level.
---. Agriculture and irrigation in Haiti : Agrikilti e irigasyon an Ayiti.
---. Agriculture the first Target for Haiti's Development : Agrikilti ta dwe premye sib nan devlopman Ayiti.
---. Ann pale de bwa ak fri Ayiti!. (Let's talk about trees and fruits in Haiti! : Parlons de bois et fruits en Haïti).
---. Agrikilti ta dwe premye sib nan devlopman Ayiti”.  (pdf, 54 KB).  Agriculture the first Target for Haiti's Development (pdf, 57 KB). Boston Haitian Reporter, July 2004.
---. Ayiti va bèl lè n va antere negativite yo : Haiti Will be beautiful when we bury the negativities.
---. Ayiti, 37 ane san pwogrè.
---. Bilingual Education in Haiti: Theory and Practice | Edikasyon Bileng Ayiti: Teyori e Pratik.
---. Chanje mantalite pou ranvèse kondisyon povrete Ayiti : Changing mentality to curb poverty condition in Haiti.
---. Chatting on Bibliographies related to Haitian Creole. [Conference].
---. Civic Duty should be mandatory for all young people in Haiti : Travay sivik ta dwe obligatwa pou tout jèn an Ayiti
---. Consciousness raising, Motivation, Change : Konsyantize  • Motive • Chanje.
---. Dictionary of Haitian Creole Verbs with Phrases and Idioms by Emmanuel W. Védrine and research on Haitian creole lexicology.
---. Does Haiti need more mediocre universities after January 12, 2010? : Èske Ayiti bezwen plis inivèsite bòlèt apre 12 janvye 2010?
---. Dyalòg sou rebwazman an Ayiti (Dialog on reforestation in Haiti. (Dialogue sur le reboisement en Haïti).
---. Enfòmatize Ayiti, e estrateji pou sa fèt.
---. Enpòtans pou dekwoche yon diplòm fen etid segondè : L’importance d’acquérir un diplôme de fins d’études secondaires.
---.Educating Haitian Youth and the Haitian Community in Diaspora : Edike Jèn Ayisyen e Kominote Ayisyen nan Dyaspora.
---.Educational Resources and Orientation Training for Haitian Teachers.
 [Summary • Rezime • Sommaire •  Resumen • Zusammenfassung].
---.English – Haitian Creole Computer Terms : Tèm Konpwoutè: anglè – kreyòl
---.Èskè kreyòl se yon bon zouti pou ta prann nan lekòl Ayiti? (Haïti en Marche, Vol. XXIV, #36, sept. 2010) : Est-ce le créole un bon outil pour apprendre à l’école en Haïti? : Is Creole a good tool to learn in schools in Haiti?
---.Essays’ models to help Haitian Students (high school and university level).
---.Estrateji pou devlope wout Ayiti : Strategies to develop roads in Haiti.
---.Estrateji pou devlope wout Ayiti : Strategies to develop roads in Haiti.
---.E. W. Védrine: E.S.L Lessons. (Anglè kòm Dezyèm Lang).
---. Geography, Enivironment, Flora & Fauna : Jewografi, Anviwonnman, Flòr & Fòn. [Teaching materials.
---. Gramè Kreyòl VEDRINE Grammar of Haitian Creole. Boston: E. W. Védrine Creole Project. 354 pages. in Haitian Creole, English & for Haitian Bilingual Programs].
---. Haiti and the destruction of nature : Ayiti, yon peyi ravaje nou dwe sispann detwi. (Haïti et la destruction de l'environnement).
---. Haiti: for a practical education on Fridays : Ayiti : Pou yon edikasyon pratik lè vandredi.
---. Haitian Creole (Kreyol) from colonial times to 2022 : Kreyòl ayisyen, de epòk kolonyal a 2022.
---. Haitian Lexicology: databases and references for research.
---. Ide pou kreye yon 'High School Ayisyen' prive nan Boston (deba) : Idea to found a Haitian Private High School in Boston (debate). 1994. 109 p.
---. In Kreyol and English : An Kreyòl e an Anglè.
---. INSMINOGEC (Institution Mixte de la Nouvelle Génération des Cayes) – Teaching Materials for Haitian Bilingual Programs in Haiti (courtesy E. W. Védrine Creole Project).
---. Jojo’s Guesthouse in Curacao : an interview with the owner (Josias Joseph).
---. Kreyòl, de epòk kolonyal a 2022.
---. Kèk pwen enpòtan pou oryante moun sou maryaj, yon enstitisyon Bondye kreye : Some important points to orient people on ‘mariage’, an institution founded by God).
---. Kèk tèm nan Sezon sechrès Ayiti pou disètasyon : Some themes in Sezon sechrès Ayiti for essays. [Woman ayisyen : Haitian novel].
---. Ki lang k ap gen batay la Ayiti : kreyòl, fransè ou anglè?.
---. Koudèy sou Edikasyon Siperyè Ayiti: yon lòt etap apre nivo segondè.
---. Kreyol Without Toil : an introductory course to Haitian Creole.
---. Leson KLE : Kreyòl Lang Etranje (Kreyol as Foreign Language /KFL).
---. Materyèl pedagojik pou lekòl Ayiti : Teaching materials for schools in Haiti.
---. My country is Haiti : Peyi m rele Ayiti.
---. Network of Haitian Students: Haiti–Diaspora | Rezo Etidyan Ayisyen: Ayiti–Dyaspora.
---. New words and idioms entering Haitian Creole : Mo nouvo ak espresyon ki antre nan kreyòl.
---. Online Educational Resources for Haitian Teachers, Students, Schools in Haiti and in Diaspora [Resous Edikasyonèl an Liy pou Anseyan Ayisyen, Elèv, Lekòl an Ayiti e nan Dyaspora]. Summary in : Rezime an: Deutsch • Español • Français • Kreyòl • Papiamento.
---. Open your eyes, Haitians ! : Ouvè je w, Ayisyen! 
---. Orientation Training for Haitian students coming to the United States.
---. Orientation training for Students and Teachers : Seyans fòmasyon pou etidyanpwofesè.
nòt nan inivèsite an Ayiti.
---. Orientation training for students and teachers : Seyans fòmasyon pou etidyanpwofesè.
nòt nan inivèsite an Ayiti.
---. Orientation Training on Library and its importance for youth to do educational and community activities : Seyans oryantasyon sou Bibliyotèk, e enpòtans li pou lajenès fè yon seri aktive edikatif e kominotè.
---. Orientation training to help young Haitians see better : Seyans oryantasyon pou ede jèn ayisyen Ayiti wè klè.
---. Pasaj Yves Estenvil Boston nan kad yon misyon edikatif e kiltirèl | Yves Estenvil’s visit in Boston: an educative and cultural mission.
---. Premye etap avèk yon òdinatè. (First step with computers, manual). Eastern Digital Resources.
---. Quelques plantes créoles et leurs noms en latin. (Kèk plant kreyòl ak non yo an laten : Some Creole plants and their names in Latin).
---. Questioning Haitian Culture to learn more about it : Kesyonnen kilti ayisyen pou aprann plis de li.
---. Rasanble • Konsyantize • Chanje.
---. Reflection on February 7, 2019 : 33 years after the fall of the Duvalier’s Regime | Refleksyon sou 7 Fevriye 2019 : 33 ane apre Rejim Duvalier a tonbe.
---. Research & Publications (summary).
---. Retard dans l'enseignement des langues étrangères en Haïti : Ritardo dell’insegnamento delle lingue straniere nelle scuole di Haïti.
---. Retorik an kreyòl Ayisyen, tèks: Rat konnen, chat konnen, barik mantèg la sou siveyans.
---. Sa nou ka fè pou Ayiti jodi, pa ranvwaye l pou demen : What you can do for Haiti today, don’t put off for tomorrow).
---. Selfishness, a virus destroying the Haitian Community : Egoyis, yon viris k ap detwi kominote ayisyen.
---. Seminar on biography, autobiography, and memoir : Seyans oryantasyon sou Biyografi, Otobiyografi, Memwa.
---. Seminar on marriage : Seminè sou maryajLecture on Marriage.
---. Seminar on translation to help Haitian students in Haiti and Diaspora : Seminè sou tradiksyon pou ede etidyan ayisyen Ayiti e diaspora.
---. Seyans oryantasyon pou motive Ayisyen (Formation Training to motivate Haitians).
---. Sezon sechrès Ayiti (novel, woman, novela) • Questions on the 10 (ten) chapters : Kesyon sou 10 chapit yo : Preguntes sobre los 10 (diez) capítulos.
---. Sezon sechrès Ayiti. (2nd. ed.). JEBCA Editions.  224 p. [English summary : Resumé en anglais]. [© The author’s copyright : © Dwa otè a] . [© Lexical data (for hyper base software for dictionaries) : © Done leksikal (pou lojisyèl ipèbaz pou diksyonè)]. [In Papiamentu language, Temporada di sekura na Haiti. [First original Creole version was published in 1994: Soup to Nuts Publishers, Cambridge, MA. 1994. 128 p. [The novel has been translated to English by the author (Emmanuel W. Védrine). [Text in pdf format : Tèks an fòma pdf]. VEDCREP: Boston (edition, 2013, 163 p. [“In Sezon sechrès Ayiti, the author presents a Haiti the way it exists through the eyes of characters. Sezon sechrès Ayiti is a historical novel written in the Haitian language and one that is written in a simple language, presented in a historical, political and economic context: what happened in Haiti, what happened recently, and what continues to happen. The philosophy and psychology of the people are about the same: they all would like to see a beautiful Haiti, one where everyone can work together. They are victims of the drought, of the crimes going on in the country and or abuses done to them. They are leaving Haiti for same causes though they like the country but the situation forces them to leave. Despite of all the crimes and abuses committed to them, they don't ask for anything wrong to happen to the criminals, but they would like them give up all that is evil, they would like them to change so that there can be a real change in the country” • NOTE: 10 chapters -- A textbook prepared for high school level, for native speakers who want to master writing in standard Haitian Creole (H.C), and for learners of H.C (intermediate & advance level) with questions on each chapter, and a Creole – English glossary • Kèk tèm nan Sezon sechrès Ayiti pou disètasyon : Some themes in (the novel) Sezon sechrès Ayiti for essays] • Kesyon sou dis (10) chapit yo : Questions on the ten (10 chapters.
---. Teaching materials for schools in Haiti: Materyèl pedagojik pou lekòl Ayiti.
---. Ten gifts for all Haitians : Dis kado pou tout Ayisyen.
---. The cultural richness s of Haiti,  an unexploited mine : Richès kiltirèl Ayiti, yon min ki poko esplwate.
---. The situation of deaf and mute people in Haiti, an interview with Marky Norde : Sitiyasyon moun soud e myè an Ayiti, yon entèvyou ak Marky Norde. [with versions in • English • Français • Español • Deutsch].
---. Trades, Professions, Careers: orientation training for Haitian students in Haiti | Metye, Pwofesyon, Karyè: seyans oryantasyon pou etidyan ayisyen Ayiti
---. Twenty key Creole phrases : 20  (Ven) fraz kreyòl potomitan.
---. Twenty points in our resolution for 2023 : Ven pwen nan rezolisyon nou pou 2023.
---. Welcome to L’Asile (Lazil), a commune in Haiti: Byenveni nan Lazil, yon komin Ayiti.
---. What’s really needed to be done to reforest Haiti? : Kisa k dwe fèt reyèlman pou rebwaze Ayiti?)
Le reboisement d’Haïti, un défi politique et environmental.
---. Working harder to bridge the generation gapBoston Haitian Reporter.

RESEARCH NOTE : NÒT POU RECHÈCH

(•) Bilingual education in Haitian Creole-French, Creole–English : Edikasyon bileng an kreyòl ayisyen fransèanglè (•) Bilingual Lesson Pan Model : Modèl Plan Leson Bileng (•) Creole linguistics : Lengwistik kreyòl (•) Creole Literacy Projects : Pwojè Alfabetizasyon Kreyòl (•) Creole Philology : Filoloji Kreyòl (•) Database in Haitian Creole : Bank Done an Kreyòl Ayisyen (•) Developing teaching Materials for Haitian Bilingual Programs: Devlopman Materyèl Pedagojik pou Pwogram Bileng Ayisyen (•) Dictionaries on Haitian Creole : Diksyonè sou Kreyòl Ayisyen (•) Dictionary and Glossary Projects : Pwojè Diksyonè e Leksik (•) Documents for Training Sessions for Haitian Lexicographers : Dokiman pou fè Seyans Fòmasyon pou Leksikograf Ayisyen (•) Educational Material in English and Haitian Creole for schools in Haiti : Materyèl Edikatif an Anglè e an Kreyòl Ayisyen pou Lekòl Ayiti (•) Educational Materials for Haitian Teachers’ Training : Materyèl Edikatif an anglè pou Fòmasyon Anseyan Ayisyen (•) Educational Resources, Training and Orientation Sessions for Haitian Teachers : Resous Edikatif, Trening e Seyans Oryantasyon pou Anseyan Ayisyen (•) French based Creoles : Kreyòl a baz fransè (•) Haitian Creole Lexicon : Leksik Kreyòl Ayisyen (•) Haiti, Linguistic Planning (Amenagement Linguistique) : Ayiti, amenajman lengwistik  (•) Materials for Long distance tutoring for learners of Haitian Creole : Materyèl pou bay leson patikilye long distans pou moun k ap aprann kreyòl ayisyen (•) Orientating Haitian Teachers : Oryante pou Anseyan Ayisyen (•) Seminars for Haitian Teachers on Teaching Materials : Seminè sou Materyèl Didaktik / Pedagojik pou Anseyan Ayisyen (•) Stragies to develop Teaching Material Models in Haitian Creole (Kreyòl) : Estrateji pou devlope modèl materyèl didaktik / pedagojik an Kreyòl Ayisyen (•) Teaching Materials for Haitian Bilingual Programs : Materyèl Didaktik /Pedagojik pou Pwogram Bileng Ayisyen (•) Teaching Materials in Haitian Creole (Kreyòl) for learners of the language (beginning, intermediate and advance level) :  Materyèl Pedagojik an kreyòl pou moun k ap aprann lang nan (nivo debitan, entèmedyè e avanse).

* * *

Koutwazi : Courtesy
E. W. Védrine Creole Project, Inc. (1992)
Boston, Massachusetts. USA

*

 Viré monté