Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Ki lang k ap gen batay la Ayiti:
kreyòl, fransè ou anglè?

Emmanuel W. VEDRINE
(fevriye 2007)

Kòm tit la endike, gen anpil nan nou ki deja devine repons lan ak anpil entelijans. Bravo pou sa yo ki entelijan! Kreyòl se premye lang Ayiti (sètadi, lang matènèl tout Ayisyen menm sa yo ki sou blòf k ap di zòt se fransè ki lang matènèl yo lè yo te gen tan fè dan zòrèy Ayiti). Kreyòl dwe premye lang tou nan tout sa k ap fèt, nan tout desizyon leta ak tout dirijan gen pou pran (si yo reyèlman ap travay pou pèp ayisyen).

Malgre efò yon ti gwoup moun ki ekri an kreyòl ap fè (mwens efò majorite entelektyèl ayisyen), nou kwè gen yon reyalite pou gwoup veyatif sou lakilti ta dwe debat, tèlke sou koze «dezyèm lang» nan peyi a: fransè vs. anglè (ki pa ofisyèl). Fransè parèt nan konstitisyon peyi a (lefèt yo te chwazi ekri l nan lang sa a) depi kèk tan kòm «lang ofisyèl de facto» jouktan yo te deklare l «lang ofisyèl Ayiti» pou premye fwa nan konstitisyon 1918 la (sou okipasyon ameriken), yon konstitisyon ki enfliyanse pa desizyon Washington (USA) epi konstitisyon 1987 la te resi rekonèt kreyòl kòm yon lòt lang ofisyèl Ayiti bò kote fransè. Donk lang kreyòl la vin jwenn yon ti lougal ofisyèl, yon zo pou l souse malgre yo poko janm ba li yon bon moso dòb.

Nou gen anglè sou teren an, yon dezyèm lawon (kòm kèk kritik ta rele l), ki la an chat pent. Epi si n vle retounen nan listwa, nou ta gen dwa kòmanse ak okipasyon ameriken (1915-1934). Pandan bon bout tan sa a, lang anglè a non sèlman kite yon enfliyans sou kreyòl (si n analize byen tèz doktora Pradel Pompilus prezante nan Université Sorbonne, «La langue française en Haïti», 1961) men, ak enfliyans Ameriken (nan domèn politik, komèsyal, e kiltirèl), lang anglè a vin pase kòm yon dezyèm lawon.

Si n gade byen, nan prèske tout òfdanplwa Ayiti, anglè se youn nan lang etranje yo ta mande pou kandida a metrize. Anpil lekòl biznis Ayiti sèvi ak liv ki ekri an(n) anglè, e n ap di sa fèt an Frans e nan kèk lòt peyi nan yon seri «gran lekòl» (ki gen pwogram nan domèn jesyon ak syans). Nouvèl jenerasyon Ayiti a, anpil fwa, ta montre yon enterè nan lang anglè a pou kominike ak lòtbò dlo e sèjousi ak entènèt la, anglè pase kòm «lang ofisyèl de facto» ak fenomèn «globalizasyon» an oubyen kòm dezyèm lang nan lemonn.

Lòt reyalite dèyè lang anglè a Ayiti sèke li diminye sou prestij lang fransè a (ta gen lontan) paske nan plizyè ka, se li menm ki reprezante «lang dola vèt la», e lè nou mansyone dola, kategorikman nou wè «gwo dyaspora ayisyen an» ki kolòn vètebral ekonomik Ayiti, ki chita (an majorite) Etazini epi lang anglè a se lang ki konekte tout Ayisyen nan dyaspora a (dirèk ou endirèkteman nan yon sans e tout jenerasyon ayisyen ki pran nesans aletranje, menm si yo pa janm nye ayisyanite yo).

Donk nou vin gade pwa ak enpòtans lang anglè a nan balans nasyonal la. Gen moun tou ki ta, san reflechi, kouri di: «si anglè te ofisyèl Ayiti, peyi a pa ta pòv» men nou ka chavire agiman (san fon) sa a tou pou n di: «gen yon dal ak yon pakèt peyi nan lemonn ki adopte anglè kòm lang ofisyèl yo epi ki pòv» (menm bagay la pou peyi ki adopte fransè, espayòl, pòtigè pou lang ofisyèl yo).

Toujou nan menm kouran ide a, gen Ayisyen ki ta rive lwen lekòl men ki pa ka panse dwat ki di: «anglè ta dwe vin yon lang ofisyèl Ayiti» kòmkidire sa ta pral chanje montay pwoblèm Ayiti ap konfwonte depi desanzan, kòmkidire si anglè te ofisyèl tout timoun Ayiti ta pral jwenn bonjan lekòl gratis ti cheri, kantin nan lekòl piblik yo (pou lite kont malnitrisyon elèv), liv gratis (majorite pa gen lajan pou achte sa), kòmkidire tout pwoblèm enfrastrikti Ayiti ap konfwonte depi lè konkonm t ap goumen ak berejèn ta pral solisyone, kòmkidire fatra nan Pòtoprens pa ta p rive nan yon pwen kote yo prèt pou privatize sa pase leta pa ka jere l, kòmkidire kidnapè ak zenglendo ta fè kwa atè epi bese bo l, kòmkidire mòg lopital jeneral ta resi pa bay move sant ankò … lektè atik sa a va ajoute sou montay pwoblèm sa yo Ayiti ap konfwonte pase dèyè mòn gen mòn (e tout sa nan definisyon «Ayiti»: tè ki chaje ak mòn). Lè konsa dirijan oubyen lidè k ap kale wès Ayiti kontan lè yo tande oubyen li pawòl kwochi sa yo k ap soti nan bouch moun ki di yo fè yon dal tan sou ban lekòl, pase moun ki pale konsa pa ta touche «reyalite Ayiti» ak «travay» moun ki alatèt yo dwe fè ke yo pa fè. Donk, tip moun konsa pa ka rezone tout bon. Sèvèl yo chavire, yon pwoblèm ki lakòz yo pa ka rezone kòmsadwa.

Enfliyans kilti ameriken an fò anpil (tèlke atravè difizyon fim, piblikasyon (tout tip), mizik tribòbabò nan lemonn, elt). Se yon reyalite ki panike Lafrans (an tèm rediksyon prestij lang fransè a), men gen yon menas tou kont lang fransè a nan ansyen koloni Lafrans yo (ke Lafrans wè, e kontwòl sou kilti yon pèp se yon faktè enpòtan pou yon lòt k ap enpoze dominans li). Pakonsekan, Lafrans ap pwone (depi kèk tan) kanpay «la francophonie», yon estrateji pou sove lang Voltè a nan ansyen koloni l yo. Men ki valè èd ekonomik li bay peyi sa yo tout bon, si nou pran Ayiti pa egzanp (ki pa erè klase nan ran peyi frankofòn)?

Anpil nan nou sonje ansyen dikton sa a: «Ayiti dwe Lafrans». Bon li lè li tan pou Ayisyen chavire l (pou di): «Lafrans dwe Ayiti». Wi, Lafrans dwe Ayiti pase l te aji an gwo ponyèt pou te fè Ayiti peye pou endepandans li (kote l te menase retounen pran l). Nan epòk sou Bwaye (Jean-Pierre Boyer), Ayiti te oblije mennen yon kanpay debwazman manch long pou koupe bonjan bwa, bwa ki rele bwa, gwo bwa, bwa mawogani jòn kou safran nan forè l yo pou te kòmanse vèse lajan bay Lafrans epi tou, Lafrans te gen yon avantay bab e moustach sou dwann Ayiti.1

Retounen sou kreyòl, reyalite a sèke an(n) Ayiti, lang kreyòl la kase chenn kèk tan, e kòm pwovèb la di: zonbi goute sèl, li pa mande rete; lang Desalin nan fè wout li jiskaske l pran libète granmoun li pou l tounen sèl lang ki simante tout Ayisyen (jan konstitisyon 1987 la deklare l). Lang sa a antre laprès, li sèvi kòm lang pou diskite reyalite politik Ayiti e si yon politisyen vle pèp la tande l, fò l itilize l. Li se zouti vàn pawòl pèp la, e lang tout Ayisyen pi alèz ladan pou di sa yo vle san manmòte.

Sa ki rete pou fèt nan lang kreyòl la gen pou wè anpil ak volonte leta (ki gen pouvwa fè e defè) pou fè l antre danble nan lekòl (pou itilizasyon l nan tout sans), pa sèlman pou l ta kontinye itilize o nivo oral, men tou pou l parèt nan nivo ekri (tèlke pa egzanp: tradiksyon materyèl didaktik an kreyòl, tradiksyon tout liv elèv ap sèvi lekòl, redaksyon manyèl (ki kouvri plizyè domèn, tèlke: agrikilti, ekoloji, enfrastrikti, sante  e anfen nou ka di, konesans jeneral), epi pou l jwenn tout plas li merite nan enstitisyon leta yo o nivo ekri tou), pou siy (ekrito) nan lari ekri nan bonjan kreyòl dekwa pou kominike dirèk dirèk ak pèp la. N ap ajoute tou: volonte  tout entelektyèl (nan tout domèn) ki ta sansib a tout sa ki konsène nasyon an, donk lang nasyon sa a tou. E, volonte tout moun ak tout òganizasyon ki di y ap travay pou ede pèp Ayisyen ou pou byennèt Ayiti. Li enposib pou n ta pale de devlopman nenpòt peyi epi pou n ta kite dèyè, lang pèp peyi sa a pale. Donk sote, ponpe, kreyòl deja lang towo a Ayiti. Konsa, n a chante ak fyète:

KREYÒL SE LANG KI TOWO A

1.
Ki lang ki vrè towo a? Nou di: se kreyòl
Se li ki te libere n, pa twouve sa dwòl
Menm jan chak pèp ki sou latè gen pwòp lang yo,
Pèp Ayisyen pale kreyòl kòm vrè lang yo
Se an kreyòl Zanzèt yo te kominike
Pou yo te ka montre nou chemen libète

Refren:
O, ki lang Ayiti ki towo a?
Wi, se kreyòl ki vrè lang towo a
M mande kilès ki lang towo a?
Wi, se kreyòl ki vrè lang towo a
(bis 4 liy yo)

2.
Lè m ap pale an kreyòl, lang sa a rele m pa m
Lè m ap pale an kreyòl, lang sa a rele m pa m
Lè m ap pale franse, se yon lang etranje
Lè m ap pale angle, se yon lang mwen twoke
Men lè m ap pale kreyòl, se li k rele m pa m
Lang Zanzèt yo te kite, lang ki gen tout cham

3.
Van kolonizasyon te fè kreyòl pliye
Men li se yon lang wozo, li p ap janm kase
Ak plis pase dis milyon Ayisyen k pale l
Tout moun wè klè ke kreyòl fin pran libète l
De jou an jou lang nou an ap vale teren,
Lang devlopman pou Ayiti Cheri demen

Nòt

  1. VEDRINE, Emmanuel. 2004. “Agriculture: the first Target for Haiti's Development”. Haitian Reporter. Boston: MA.

E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com

Viré monté