Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Koudèy sou Edikasyon Siperyè Ayiti:
yon lòt etap apre nivo segondè

Emmanuel W. Védrine

State University of Haiti

State University of Haiti
Campus Roi Henri Christophe à Limonade, Awiseman
This file is licensed under the Creative Commons Attribution-Share Alike 3.0 Unported license.

Boston, 13 septanm 2019
(Mizajou 23 sept. 2019)

Deutsch | English | Español | Français | Kreyòl

Abstrè: Pwen santral rechèch sa a se ta fè tout aktè nan domèn Edikasyon Siperyè Ayiti lan pran konsyans kijan bagay yo ye nan nivo sa a. Li pral ede lektè panse a sa ki bezwen fèt e sa ki ka fèt pi byen nan avantay tout Ayisyen. L ap ede n wè enpòtans pou n gade kijan sa ye nan Inivèsite Leta Ayiti, konpare ak inivèsite nan (kèk) gran peyi (kouwè Etazini ak Kanada), e kisa Ayiti ka aprann de yo (ki bon) epi aplike l tou pou amelyore sistèm pa l. Finalman, resous imèn Ayiti poko esplwate an tèm kontribisyon entelektyèl Ayisyen nan dyaspora a ka pote nan domèn edikasyon si gen yon pon solid ki konstwi ant Ayiti e dyaspora a pou amelyore kondisyon edikasyon nan nivo sa a.

An patan, n ap souliye 20 pwen anba a, kòm sijè ki ka pwovoke plis deba. Plis rechèch afwofondi kapab fèt sou yo pi devan. Nou si, e sèten yo kapab enspire plis chèrchè nan kad oryantasyon rechèch y ap panse fè nan domèn lan.

  1. «Memwa de sòti» -- Kisa ki ta bezwen fèt si Université d’État d’Haïti (UEH, Inivèsite Leta Ayiti) ta elimine afè Memwa de sòti a kòm egzijans pou etidyan jwenn Diplòm Lisans yo, apre kat ane etid inivèsitè? [Gade nòt sou: Mémoire; Mémoire universitaire universitaire]
  2. Wòl lang anglè a dwe jwe nan edikasyon Ayiti, soti nivo fondamantal pou rive nivo inivèsitè.
  3. Fòmasyon e oryantasyon pou etidyan e pwofesè.
  4. Koze laboratwa nan inivèsite an Ayiti, èske sa egziste tout bon?
  5. Enpòtans pou devlope Pwogram d Echanj ak inivèsite aletranje.
  6. Wòl wot teknoloji dwe jwe nan edikasyon Ayiti, e nan tout nivo.
  7. Materyèl, dokiman an liyvèsyon elektwonik liv etidyan te ka achte pou ti kras kòb si otè ayisyen vle vann vèsyon elektwonik liv yo (epi pou kòb la ta ale dirèk sou kat kredi yo). Konsa, yo pa pral bezwen depanse anyen pou pibliye liv yo.
  8. Revi syantifik (nan kad dokimantasyon) pou fè rechèch.
  9. Lang d enstriksyon (lang pwofesè ap itilize pou prezante sijè y ap anseye nan klas).
  10. Finansman fakilte yo, e wòl FAR (Fonds d’Appui à la Recherche) jwe.
  11. Bidjè anyèl inivèsite a.
  12. Sendika pwofesè.
  13. Sou kreyasyon kanmpous inivèsitè, yon nesesite.
  14. Pwendvi sou bibliyotèk pou ede nan kad rechèch ak dokimantasyon.
  15. Seyans fòmasyon pou oryante etidyan, e pwofesè.
  16. Preparasyon anseyan nivo fondamantal, elemantè e mwayen.
  17. Anseyan ki pa nòmalyen ki ta antre nan sistèm nan ap anseye.
  18. Inegzistans fòmasyon kontini pou pwofesè.
  19. Rekizisyon pou antre nan ENI (École Nationale des Instituteurs).
  20. Trajedi nan domèn edikasyon Ayiti apre fèmti plizyè ENI, e efè sa genyen sou nivo fondamantal.

Edikasyon an Ayiti se toujou yon domèn ki enterese nou. Li pami lòt domèn nan peyi a ki chaje ak pwoblèm, ke n ilistre nan liv nou, Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti (ed. 2007). Pa gen peyi nan lemonn ki ka devlope reyèlman san bon jan edikasyon, e aksè gratis pou tout moun ale a lekòl gratis ti cheri (omwen jiska fen etid segondè). Men pou sa rive fèt, li enpòtan pou gen lidè konsène ki gen yon vizyon, e ki p ap jis pale anpil men k ap fè aksyon pozitif pou pote chanjman.

Lè n ap pale de edikasyon siperyè, nou refere a nivo inivèsitè, yon lòt nivo ou etap apre edikasyon segondè. Men nan konstriksyon yon edifis, baz la toujou trè enpòtan pou sipòte tout chapant edifis la. Piblikasyon ak rechèch nou fè deja (nan domèn edikasyon) ta plis santre sou nivo edikasyon de baz, e edikasyon segondè. Pafwa li pa fasil pou jwenn anseyan, pwofesè e pwofesyonèl anndan sistèm nan ki ka pale (ouvètman) oubyen bay entèvyou sou kijan bagay yo ye nan sistèm edikasyon Ayiti, byenke nou ka fè obsèvasyon pa nou etan (ansyen) etidyan.

Se vre gen kèk rechèch ki fèt deja (egz., tèz metriz, doktora) ki pibliye sou edikasyon an Ayiti men lè n ka pale dirèk dirèk ak etidyan, pwofesè, e pwofesyonèl (ki sensè) anndan sistèm nan, nou vin prezante yon rechèch premye sous oubyen youn ki orijinal. Konsa, n ap swete atravè rechèch sa a lòt chèrchè ka enspire pou kontinye envestige plis sou sijè a, e si l posib pibliye yo an liy (ou sou entènèt la) tou dekwa pou ede lekòl Ayiti, etidyan, pwofesè (lekòl), e moun k ap fè rechèch tout kote, k ap envestige sou Ayiti nan diferan domèn.

Nou ta renmen jete yon koudèy sou «Memwa de sòti» (tèz de sòti pou Diplòm Lisans). Travay rechèch sa a se youn nan obligasyon etidyan yo dwe fè fas ak li avan yo resevwa Diplòm Lisans yo. Nou pa gen anyen kont rechèch, pase se atravè l nou ka aprann anpil bagay nou pa t konnen avan. Men la a, nou panse se ta plis yon blokis pou etidyan finisan jwenn diplòm yo a tan (aprè kat ane etid inivèsitè). Yo bezwen tit diplòm yo pou travay, pou al nan lòt pwogram aletranje (si opòtinite ta prezante pou kèk). Nou doute se yon rechèch ki pral ede yo, tèlke pou ta jwenn bous d etid (apre defans yon Memwa) pou al kontinye etid avanse (tèlke metriz, doktora, estaj, rechèch avanse) nan inivèsite aletranje. Donk inivèsite a ta dwe jis ba yo diplòm (Lisans) yo aprè yo fin konplete kou obligatwa yo dwe konplete yo.

Ki bi rechèch sa a, oubyen a kisa l pral sèvi? Jounal Le Nouvelliste ta rezime l konsa: «Sistèm inivèsite ayisyen karakterize pa yon obligasyon pou ekri yon tèz de sòti oubyen travay fen d etid pou jwenn diplòm premye sik la. Eprèv sa a, ki debouche sou egzèsis yon metye ou pwofesyon, ta plis yon kesyon edikasyon jeneral. Men lè w rann kont feblès ansèyman edikasyon pre-inivèsitè, egzijans sa a ta parèt kòm yon baryè difisil pou vole, olye l ta parèt kòm wout privilejye pou inivèsite asire misyon rechèch li.» («A quoi sert le memoire de sortie?», Le Nouvelliste, 2005-05-11). [Tradiksyon nou, de fransè a kreyòl].

Memwa de sòti (ann rele l «tèz» la a). Jeneralman, tèz kapab defini kòm rezilta yon travay endividyèl etidyan an fè, sou direksyon yon pwofesè (ki ka konseye l, e pwofesè l alafwa). Yon jiri dwe evalye rechèch sa a pandan soutnans oral la. Defans lan se yon sesyon ki pèmèt etidyan an defann opinyon l sou yon sijè patikilye. Konsa, etidyan sa a va gen opòtinite pou demontre kapasite l pou l kontribye a rezolisyon yon sitiyasyon ki mansyone nan pwoblematik la. Donk, Memwa a pa dwe senpman yon dokiman etidyan an ekri; li dwe konsidere tou kòm yon mwayen pou evalye kapasite etidyan an pou apwofondi konesans li, e pou reflechi sou yon sijè patikilye.

Menm o nivo mastè ou metriz (master level) nan gran peyi tankou Etazini, Kanada, Memwa de soti pou nivo «Bachelor (Bachelier: Bachelier») ou premye sik inivèsitè nan sistèm ameriken, kanadyen) pa yon obligasyon. Pou nivo Bachelor la, ki ta ekivalan a Lisans (nan sistèm fransè a), li sifi etidyan an konplete 120 kredi (an total) kòm obligasyon pou diplòm Bachelor’s Degree. Majorite kou yo a 3 kredi. Nan branch espesyalite etidyan an, oubyen sa yo rele «major» an anglè, etidyan an dwe pran anviwon 10 kou (total 30 kredi).

Gen lòt kou obligatwa tou li dwe pran nan lòt disiplin (pa egzanp: ar, filozofi, lang etranje, matematik, syans konpòtman, syans natirèl, syans sosyal). Inivèsite amerikèn yo (prive kou piblik) gen apeprè menm polisi. Nan enstitisyon sa yo, gen sa yo rele tou Honor Thesis (o nivo Bachelor) ke nou ta tradui an kreyòl pa «Memwa d Onè». Se ta yon ti tèz kout (ki opsyonèl pou etidyan nan domèn espesyalite oubyen chan d etid yo).  Si etidyan an vle ekri youn, li dwe chwazi ak ki pwofesè l ap fè l. Etidyan an ka chwazi fè l pou yon kesyon «pratik nan fè rechèch» si yo gen entansyon kontinye (nan menm chan d etid) pou yon mastè, e petèt kontinye jiska nivo doktora (nan kèk pwogram, kote yo ka tou fè metriz /doktora alafwa).

«Reyalize yon memwa de sòti, se yon travail ki sanksyone nan fen sik inivèsitè; li reprezante yon vrè pakou konbatan pou anpil etidyan nan Inivèsite Leta Ayiti). Anplis dokimantasyon ki manke, e lalin nan metodoloji memoran yo ap fè fas, sitiyasyon ekonomik ki poze lè pwofesè mande yo peye pou akonpaye yo nan rechèch la.

Dirijan UEH yo vle fwennen pratik sa a nan kèk antite… Donk, yo te reyini an sesyon nan dat 27 a 29 oktòb dènye. Konsèy Inivèsite Leta Ayiti sot adopte yon ‘rezolisyon’ sou peyman yo ta egzije etidyan nan fen etid yo. Daprè rezolisyon an, “li entèdi pou pwofesè UEH egzije oubyen resevwa nan etidyan peyman renimerasyon finansyè oubyen tout fòm konpansasyon pou akonpaye yo nan reyalizasyon memwa de sòti yo» (Tradiksyon pa nou: de fransè a kreyòl). [Ref. «L’UEH annonce de nouvelle mesures concernant les mémoires de sortie». Fritz Deshommes, rektè UEH, 31' oct. 2017.].

Ak pwoblèm nivo inivèsite an Ayiti ap fonksyone aktyèlman, (ki pa ta nan yon nivo akademik entènasyonal), menm si etidyan an ta konplete yon Diplòm Lisans pandan l Ayiti, li pa fasil pou tout inivèsite amerikèn ta ba li ekivalans lan trapde (sitou nan domèn espesyalite l, oubyen nan domèn syans pa egzanp). La a, nou trè presi (kòm moun ki travay nan sistèm nan) lè n di «tout», paske ka gen kèk inivèsite amerikèn ki bay ekivalans lan. Sa ka fèt si etidyan an ta montre konpetans li nan domèn rechèch (li fè e pibliye deja), plis bon nòt li ta genyen nan pwogram li te ye avan (ki revele sa nan relve de nòt li), e lèt rekòmandasyon (ki gen pwa) ke l ka genyen lè l postile l (pou antre nan kèk pwogram nan inivèsite amerikèn).

Inivèsite nan peyi Etazini pran an konsiderasyon tou «Mwayèn Total» etidyan an, sa yo rele «GPA» (Grade Point Average) an anglè). Mwayèn sa a enpòtan lè etidyan an postile pou l pou antre nan pwogram nivo metriz (dezyèm sik inivèsitè) oubyen doktora (twazyèm sik inivèsitè), kote etidyan sa a ta dwe gen yon mwayèn total ekivalan de 80 a 85% ou ant nòt «B», «B+» (nan sistèm ameriken) pou ta reprezante pousantaj sa yo. 

Fason yo bay etidyan an nòt final li (depi Ayiti) ka pwoblematik lè yo evalye relve de nòt li Etazini (sitou lè l ta pi ba nan echèl 80% [byen], 85% [trè byen]). Ann di etidyan sa a ap antre Etazini ak viza rezidans pandan l ta nan twazyèm, katriyèm ane inivèsite Ayiti. Lè yo fè evalyasyon transkrip kou l te pran Ayiti oubyen relve de nòt kou yo (ki pral tradui an anglè), si etidyan sa a gen chans, li ka jwenn 70 kredi (pou twa ane inivèsite l ta konplete Ayiti). Sètadi, l ap manke 50 kredi pou l ta rive a 120 kredi. Donk, depi Ayiti, chemen kout tout etidyan ka (panse) fè se ta pran plis kou toujou (apre yo ta konplete kou obligatwa pou Diplòm Lisans lan), nan yon domèn apopriye pou mache travay entènasyonal (egz. Kou biznis, enfòmatik, estatistik, jesyon, matematik, m.i.s (management information system), anglè ak espayòl alafwa, e pou karyè yo gen entansyon pousuiv) lè n konnen inivèsite amerikèn pa pral gade si etidyan an te konplete yon Memwa de soti ou pa; sa pa enpòtan pou yo. Relve de nòt etidyan pi enpòtan pou transfere nòt kou l te pran Ayiti o nivo inivèsitè.

O nivo metriz (mastè) nan inivèsite amerikèn, li pa obligatwa pou fè yon tèz. Nan kèk pwogam, sa ka konsidere yon opsyon. Nan majorite pwogram mastè, omwen etidyan an dwe konplete 30 kredi. Se pito yon «pwojè» etidyan an gen pou travay sou li (pafwa). Li ka transfere (maksimòm) 6 kredi ki ta soti nan yon lòt enstitisyon, osilontan kredi sa yo pa gen sèt ane depi l te pran yo. Selon pwogram nan, etidyan an ka pran sa yo rele «Qualifying Exam» (an anglè) ou «Egzamen Kalifikasyon» an kreyòl, yon egzamen obligatwa. Selon inivèsite a, yon fwa etidyan an pase egzamen sa a, li ka tou kandida pou antre nan doktora (oubyen fakilte a ka envite etidyan sa a nan pwogram doktora l, si yo genyen l nan menm chan d etid metriz la).

Apre etidyan an fin antre nan pwogram doktora a, li ka transfere 30 kredi (li te pran nan nivo metriz si se nan menm chan d etid). Yon fwa sa fèt, vin rete 30 kredi pou l konplete (ki pou bay yon total 60 kredi). Nan rès 30 kredi yo, etidyan an ap resevwa ant 16 a 18 kredi pou tèz doktora a (yon fwa tèz la konplè).

Kou yo pran pou tèz la, se yon kou obligatwa sou titèl «Independent Study» (Etid Endepandan). Sètadi, etidyan sa a pa pral chita nan saldeklas regilye (ak lòt kanmarad pou pran nòt). L ap travay sou yon rechèch endepandamman ak yon pwofesè (ki konseye l, e k ap gide l alafwa). Etidyan sa a ka vwayaje aletranje pou al fè fouy tou (swa nan lòt inivèsite, enstitisyon, rechèch sou teren). Konn gen bous d etid espesyal pou sa, pou sipòte etidyan an finansyèman nan nivo sa a. Etidyan sa a tou ka ap anseye an menm tan nan menm inivèsite a, oubyen nan lòt enstitisyon (tou depan de jan l pwograme oubyen jere sa l bezwen fè).

Anpil etidyan ayisyen pa ka fonksyone nòmalman nan lang anglè (lang d enstriksyon). Menm si yo ta fè kèk ane anglè deja (o nivo segondè Ayiti, se ta plis teyori san pratik). Anpil pa ka konvèse nòmalman an anglè pou ta suiv kou san pwoblèm nan inivèsite amerikèn lè yo apèn rive Etazini. Donk distans pou etidyan sa a ap pran ti kou de baz an anglè, se plis tan k ap pase. Se youn nan rezon nou met anpil anfaz nan rechèch nou sou aprantisay lang anglè an Ayiti (kote yo ta dwe kòmanse anseye l depi senkyèm ane fondamantal kòm lang etranje, ak «metòd oral apopriye» pou timoun nan nivo sa a) menm jan sa fèt nan plizyè peyi nan lemond jounen jodiya, e ak esperyans nou ansèyman lang etranje pou timoun (katriyèm, e senkyèm ane fondantal), nan nivo segondè e inivèsitè Ozetazini.

Nou tou pwofite ouvri yon parantèz sou metòd oral apopriye. Se ta anfaz pou elèv la devlope kominikyon oral, pou devlope teknik pou konvèsasyon nan laj sa a. Donk anseyan an (k ap anseye lang etranje sèlman, ki fòme pou sa) dwe evite pale de konsèp gramatikal ak timoun yo (nou te ka di jiskaske yo rive nan nivo segondè). E menm nan nivo sa a, pa dwe gen twòp anfaz sou gramè men l enpòtan pou yo gen yon nosyon gramatikal lang etranje y ap aprann nan. Tèks y ap sèvi a tou esplike tout bagay. Y ap jis li nosyon gramatikal yo lè yo rive lakay.

Anseyan an dwe pale sèlman nan lang etranje l ap anseye a, san fè oken tradiksyon. Anseyan an ka fè jès pou ede elèv yo ak konpreyansyon. Pa dwe gen anfaz nonplis sou ekri (nan nivo fondamantal) pase bi aprann yon lang se pou gen kapasite pou kominike ak moun ki pale l (kòm natif). Rechèch montre kijan timoun gen kapasite pou metrize plizyè lang (avan y atenn laj 12 an) jis nan jwe ak lòt. La a klèman nou wè sa fèt aloral; pa gen ekri. Ofiamezi, ekriti ap vini san presyon (lè elèv la gade sa k ekri anba yon objè ou a kote yon objè, epi l tande son an oubyen fason mo a pwononse). Gen fason senp tou, yon seri woutin, kote elèv la ap adapte l san pwoblèm pou l konvèse rapid (e menm gramatikalman, san anseyan an pa janm anseye konsèp gramatikal).

Materyèl pedagojik yo dwe bagay tankou: chante timoun (nan kilti yo), foto (pou fè ti dyalòg), jwètkilti (oral pou aprann), odyo /vizyèl (pou tande, wè e konprann), sitiyasyon apopriye (pou ede yo fè dyalòg. Egzanp leson ki ka devlope: Nan ayewopò a; N ap pratike espò; Nap vizite mize a; Nan yon pak rekreyatif; Nan yon sal sinema pou timoun; Nan sipèmache ak paran; sou teren de je a (pou devlope vokabilè, foto e non jwèt yo); Vizit gideTi pyès teyat (kote anseyan an ka ba yo wòl jwe); Videyo (jwèt yo ka gade pou konpreyansyon, e pou bati vokabilè).

Se yon reyalite, yon nesesite, e yon opòtinite pou Ayiti antre nan yon nivo entènasyonal nan domèn edikasyon, biznis, lasyans, e globalizasyon. E fò n mansyone tou gran enpòtans sa genyen nan kad resous imèn ak jenerasyon Ayisyen ki nan gran dyaspora a (Etazini, Kanada), kote anglè se lang dominan yo, e lang d enstriksyon nan lekòl yo frekante.

Pa konsekan, sa nou ta pwopoze etidyan Ayiti fè, se ta antre nan yon bon jan enstiti lang pou fè anglè e espayòl alafwa (depi lè yo tanmen nivo segòndè). Sa pral ede yo pi devan pou prepare yo pou egzamen anglè ki rele TOEFL (Test of English as a Foreign LanguageTès Anglè kòm Lang Etranje). Se yon egzamen anglè ki obligatwa pou etidyan k ap antre nan inivèsite amerikèn, ki pa t fè etid segondè yo nan yon enstitisyon kote anglè se lang d enstriksyon

Lè nou konsidere tout pwoblèm sa yo etidyan ki sot Ayiti ap konfwonte, anseyan (enstititè), responsab lekòl, e pwofesè (nivo segondè, inivèsitè) Ayiti ki pa konnen kijan sistèm lekòl ameriken ap fonksyone, nou kreye an liy Rezo Etidyan Ayisyen, Ayitii - Dyaspora pou mete yon seri enfòmasyon kle disponib nan ralonj wèb  oubyen «web link» sa a pou ede sa yo ki Ayiti. Nou kwè pi bonè yo enfòme yo, se plis sa ka oryante yo an tèm enfòmasyon y ap bezwen pou gide yo.

Memwa de sòti --

Pou retounen sou sijè sa a, kesyon nou ka poze se: kisa ki ta bezwen fèt, si Université d’État d’Haïti (UEH, Inivèsite Leta Ayiti) ta elimine afè «Memwa de sòti» a (kòm dènye obligasyon pou etidyan jwenn diplòm lisans yo)?

An patan, nan travay rechèch nou reyalize pou yon sistèm edikatif ki adapte, nou montre gwo enterè nou nan kesyon edikasyon siperyè a. An patikilye, nou eseye fè yon travay rechèch ak plizyè volè (ak modèl travay nou): bibliyografi ak nan kesyon edikasyon pratik pandan 25 ane pou ede Pwogram Bileng Ayisyen Etazini e lekòl Ayiti an jeneral nan domèn achiv elektwonik, dokimantasyon, edisyon ak tradiksyon, enfòmasyon pou ede etidyan, entèvyou (pou ede nan kad rechèch), ouvraj (an kreyòl, e bileng: anglè–kreyòl-anglè, kreyòl-fransè-kreyòl), piblikasyon (elektwonik), rechèch, seyans fòmasyon e oryantasyon (pa egzanp: Seyans Oryantasyon pou ede Jèn Ayisyen Ayiti wè klè; Seyans oryantasyon pou Etidyan Ayisyen Ayiti pou Metye, Pwofesyon, Karyè; Seyans oryantasyon pou Etidyan Ayisyen k ap vin Etazini; Seyans oryantasyon sou maryaj).

Konsènan afè «Memwa de sòti» a, anfèt, gen inivèsite ki gen tan antre nan chema sa a; sa vle di, ki te gen obligasyon Memwa Lisans lan lakay yo men ki elimine l. Se ka Inivèsite Kiskeya: Université Quisqueya (UniQ) pa egzanp. Se jis yon rapò byen solid yo mande etidyan an pwodui. Rapò sa a chita sou kou kle etidyan an suiv yo. Yon fwa rapò a reponn a egzijans yo, etidyan an otorize pou l antre dirèk nan pwogram metriz. Men pratik Memwa ta kenbe tennfas nan UEH, menm si se pa tout antite yo ki ta adopte menm fòma a. O nivo sèten fakilte pa egzanp, non sèlman etidyan an dwe prezante Memwa Lisans li, men tou, li oblije pase tout kou l suiv yo san wete ni mete, avan l jwenn otorizasyon pou l soutni l. 

Kisa ki jistifye demann sa a?

Nou ka di gen plizyè rezon ki jistifye obligasyon Memwa a, malgre l ta pase mòd nan anpil inivèsite aletranje. Daprè envestigasyon nou, youn nan rezon yo ta chita nan jan kou yo blije dispanse. Anpil fwa, pwofesè a devan yon klas pletorik (byen chaje) pandan pa gen ase sipò didaktik (tankou materyèl odyovizyèl, koneksyon entènèt, ouvraj resan, elt.) ki ta pèmèt objektif fòmasyon an atenn tout bon vre.

Selon sa kèk pwofesè ta esplike, nan anpil ka, se Memwa a ki pèmèt etidyan an oblije li teyori ke l pa t gen chans rive li pandan fòmasyon an. Daprè yo, si yo ta retire egzijans sa a nan UEH sa ta bon yon bò, kote pwofesè ta jwenn plis mwayen pou yo travay. Yon lòt bò, etidyan yo ta dwe nan pi bon kondisyon aprantisaj.

Men nan rapò sa a, èske yo egzije prezantasyon ofisyèl?

Rapò yo egzije a pa mande okenn prezantasyon ofisyèl menm jan sa fèt lè gen soutnans Memwa. Toutfwa, tankou n sot siyale sa pi wo, se yon rapò ki dwe solid. Se sèten UEH ta ka fè sa menm jan an tou. Toutfwa, tankou n sot di l, sa ap mande anpil travay sou jan kou yo òganize, oubyen sou kesyon metodoloji (ou metòd d ansèyman) an jeneral. Nou panse ke toutotan yon travay konsa pa fèt (sètadi, elimine Memwa Lisans nan fakilte yo), sa p ap nan avantaj fòmasyon etidyan yo men se plis blokis sa pral koze pou yo (pou avanse entelektyèlman, e ekonomikman nan opòtinite mache travay mondyal la ta ofri, sitou jounen jodiya nan kad globalizasyon). 

Nou fè yon ti touche fòmasyon etidyan yo, e pou fòmasyon pwofesè yo menm?

Selon kèk pwofesè, kòlèg yo ta gen nivo (plizoumwen) avanse, kontrèman a sa kèk kritik ta panse. Yo kontinye pou di ke anpil k ap anseye nan UEH ta gen Mastè 1 (pou pipiti kòm diplòm)… Toutfwa, selon yo, li enpòtan pou ta gen pwogram tankou fòmasyon kontini ki ta ankouraje pwofesè renouvle konesans yo. Li enpòtan pou ta gen dispozitif ki la pou ofri yo bous d etid pou ankouraje yo fè tèz doktora pou envesti nan rechèch syantifik, ki se rezondèt tout inivèsite.

Kijan yo wè koze laboratwa nan inivèsite an Ayiti --

Kesyon laboratwa a se yon gwo pwoblèm. Laboratwa se espas pou etidyan an fwote teyori l ap etidye yo ak reyalite l ap viv. Pandan anpil tan, se Fakilte Agwonomi, Fakilte Medsin e Famasi, ak Fakilte Odontoloji ki te gen laboratwa. Men jodiya, ide laboratwa a gaye nan anpil nan lòt antite tankou Fakilte Lengwistik Aplike (FLA), Fakilte Syans Imèn (FASH), Fakilte Etnoloji (FE) pou site kèk. Nan Fakilte Etnoloji, gen Laboratwa LADIREP (Lang, Diskou ak Reprezantasyon) k ap travay sou kesyon reprezantasyon sosyal an patikilye. Anndan FLA, Laboratwa Lang Sosyete ak Edikasyon (LangSÉ) ap pwodui refleksyon sou pwoblematik lang nan peyi d Ayiti. An menm tan, ta gen travay k ap fèt sou deskripsyon kreyòl ayisyen (sou plan fonolojik, sentaks, leksikoloji…). Malerezman, pwoblèm finans lakoz anpil nan pwojè dòmi nan tiwa... Toutfwa, li fondamantal pou ta gen sal miltimedya ki pèmèt etidyan yo pratike lang etranjè tankou anglè ak espayòl (2 lang ki dominan nan kontinan ameriken an, e 2 lang pami lòt nan mache mondyal la). Pwodui k ap soti nan UEH la ta dwe kapab pale anglè ak espayòl san oken pwoblèm, e domine lang fransè a tou (ki poko anseye kòm lang etranjè an Ayiti).

Pwogram Echanj ak inivèsite aletranje --

Pwogram d Echanj ak inivèsite aletranje ta yon sijè ki enterese n anpil. Nan syèk aktyèl la, oken peyi pa ka fonksyone yon ti kote apa (pou kont li) san l pa fè echanj ak lòt. Puiske inivèsite se espas prensipal kote ide yo jèmen, dwe gen bon jan echanj ant inivèsite yo (kit se inivèsite rejyonal ou entènasyonal). Pa egzanp, ta dwe gen Pwogram Echanj ant inivèsite (ki) Ayiti ak inivèsite Bresil, Giyàn Fransèz, Jamayik, Kolonbi, Kostarika, Kiba, Kiraso, Meksik, Pòtoriko, Repiblik Dominikèn elt. An menm tan tou, ta dwe gen bon jan patenarya ant inivèsite an Ayiti ak inivèsite Etazini, Kanada e Ewòp (Almay, Beljik, Espay, Frans, Itali, Swis). Ta dwe gen pwogram ki fasilite etidyan ak pwofesè pou al founi je gade sa k ap fèt lòt kote.

Sètènman, nan diskisyon sou Pwogram d Echanj lan, konesans nan lang etranje tankou fransèanglèespayòl (kòm 3 kokenn lang entènasyonal) trè enpòtan. Èske sa ta dwe ranfòse nan tout fakilte yo? 

Sa ta mande pou etidyan ayisyen ta gen plis motivasyon pou kou lang etranje tankou anglè ak espayòl. Pou sa fèt, kou lang etranje yo ta dwe ranfòse nan espas fakilte yo. Sa mande pou pwofesè yo ta jwenn saldeklas ak ekipman modèn, enkli koneksyon entènèt wo debi pou fasilite etidyan pratike lang y ap etidye a (pi vit, e pi byen).

Kisa n panse si UEH ta travay ofisyèlman sou kèk Pwogram d Echanj ak inivèsite lòtbò dlo? 

Se ta yon bèl bagay selon yo. Pwofesè ki soti nan inivèsite sa yo ta vin Ayiti pou anseye pandan yon trimès (nan diferan fakilte). Nan refleksyon n, nou gen tan wè lang anglè a deja, ke etidyan Ayiti poko metrize depi nivo segondè. Sa se yon gran reta pou Ayiti, pandan lemond antye ap sèvi avè l kòm «dezyèm lang». Anpil nan pwofesè etranje yo (ki ta soti nan peyi ki pale anglè) ka pa pale fransè oubyen metrize lang sa a pou ta prezante konferans yo nan inivèsite an Ayiti (kote fransè oubyen kreyòl ka itilize kòm lang d enstriksyon).

Pa gen dout se ta yon bon bagay pou epanouyisman kominote inivèsitè a. An menm tan, kesyon lang anglèespayòl ak fransè ta dwe pi byen poze nan lekòl segondè. Tankou nou te mansyone sa pi wo, kou lang yo ta dwe ranfòse nan tout fakilte nan peyi a. Fakilte ki ta santi yo trè konsène dwe gen mwayen pou konstwi sal miltimedya byen ekipe, ak koneksyon entènèt wo debi (oubyen ak gran vitès) pou ede etidyan prepare rechèch yo bezwen. Y ap santi y alèz tou lè yo gen posiblite deplase al fè echanj nan inivèsite aletranje.

Yon etidyan ta santi l alèz si l ka chita nan yon sal nan fakilte l, epi l ap suiv kou an liy nan inivèsite lòt peyi. Tout sa ka kontribye nan bay etidyan an yon fòmasyon solid, yon fòmasyon konplè k ap rann li alèz pou l entèvni nan kèlkeswa milye inivèsitè li ta ye. Sa ap fasilite elèv sa a pou l ka pran larelèv alavni kòm pwofesè.

Konsènan Pwogram d Echanj (an Ewòp, patilyèman nan peyi, Espay, vil Salamanca), se yon bagay nou patisipe ladan plizyè fwa an Ewòp ak kèk enstitisyon amerikèn (University of Massachusetts-Boston / Amherst and University of Rhode Island ), e n aprann anpil de sa.  

Èske n panse se yon bagay ki ta enterese pwofesè nan plizyè fakilte? Èske gen kèk fakilte k ap travay sou sa? 

Nan repons a kesyon sa, yo sèten ke sa ta enterese pwòfesè yo. Kèk pwofesè nan kèk fakilte konn benefisye de sa. Men yo p ap kategorik pou di wi fakilte yo an jeneral travay sou sa, yon fason fòmèl ou pa. Yo pa konnen, men yo panse se yon desizyon ki ta pote anpil pou fakilte yo.

Wòl wot teknoloji dwe jwe nan edikasyon (nan tout nivo) --

Ki wòl wot teknoloji a dwe jwe pou ede pwofesè Ayiti òganize (selon domèn ou espesyalite yo) atravè fowòm whatsApp pou diskite pwoblèm y ap konfwonte, e solisyon yo ka pwopoze?
 
Dapre kèk pwofesè, pa manke fowòm whatsApp an Ayiti. Anndan yon menm fakilte pa egzanp, n ap jwenn plizyè ant pwofesè yo. Toutfwa, l ap pi pwofitab toujou si pwòfesè, ki nan menm domèn syantifik, ta echanje sou eksperyans yo. Sa mande anpil motivasyon pou gwoup yo aktif, pou gen pataj ak deba regilye ki fèt ant diferan manm. Men tou, nou pa ka bliye koneksyon entènèt rapid la se yon gwo endikap ki konn lakoz manke aktivite.

Donk nou te ka konkli ke yo pa trè aktif. Sèten kritik ta poze kesyon sa a: èske se nyaj politik la tou ki ta bare yo? Sèten ta lonje dwèt sou sitiyasyon sosyal, politik ak ekonomik lan ki ta jwe kont yo. Mete sou sa, koneksyon entènèt la pa toujou reponn o randevou.

Materyèl, dokiman an liy (sou entèt la) --

Kijan pwofesè yo reyaji a kèk materyèl oubyen dokiman yo kapab jwenn an liy (ou sou entènèt la) pou ede yo ak rechèch?
Anpil nan pwòfesè yo konn pran abitid pataje sou fowòm yo materyèl videyo enteresan, oswa tèks yo konn jwenn. Gen pwofesè ki pataje yo sou gwoup etidyan tou, ki konn pwovoke bon ti deba enteresan.

Revi syantifik (nan kad dokimantasyon) pou fè rechèch ––

An tèm rechèch, èske chak fakilte soti yon revi (ak piblikasyon baze sou rechèch) 2, 3, 4 fwa lan?

Se kesyon anpil chèrchè ta poze nan kad pwodiksyon entelektyèl. Daprè fouy nou, Fakilte Agwonomi ta gen RED, yon revi ki soti regilyèman. Gen yon inisyativ konsa tou nan Fakilte Lengwistik Aplike (FLA), ki ta gen ide soti yon revi men akoz kèk difikilte ki idantifye, nimewo a poko pran lari. Se domaj nou pa gen enfòmasyon presi pou ta afime si wi ou non gen lòt fakilte ki gen revi ki soti regilyèman.

Konsènan abònman, èske inivèsite a ta abòne nan enstitisyon aletranje? Daprè kèk pwofesè, yo sèten ta genabònman; men, yo pa gen presizyon sou non revi yo. Sa ta mande yon ti founi je gade. Nan kèk fakilte, yo pa gen yon abònman regilye sèten revi an patikilye; men yo ta pwofite achte kèk nimewo nan kèk revi chak fwa okazyon an ta prezante pou fè sa. 

Konsènan abònman, èske inivèsite a ta abòne nan enstitisyon aletranje?

Daprè kèk pwofesè yo, se sèten ta gen abònman; men, yo pa gen presizyon sou non revi yo. Sa ta mande yon ti founi je gade. Nan kèk fakilte, yo pa gen yon abònman regilye sèten revi an patikilye men yo ta pwofite achte kèk nimewo kèk revi chak fwa okazyon an ta prezante. 

Lang d enstriksyon (lang pwofesè ap itilize pou prezante sijè y ap anseye nan klas) ––

Nan ki lang pwofesè yo prezante (matyè ou sijè y ap anseye), pale nan klas?

Pwofesè yo fè kou yo nan youn nan de lang lide yo di yo. Genyen ki fè kou yo an fransè; gen lòt ki fè kou yo an kreyòl; menm jan tou, gen lòt ki melanje toude lang yo (altènans kodik) nan kou yo. 

Nou te poze kèk pwofesè kesyon sa a:

Èske si etidyan yo gen yon liv oubyen tèks an fransè pou klas, pwofesè yo bay esplikasyon an kreyòl, fè kòmantè sou li an kreyòl?

Daprè yo, nan pifò obsèvasyon yo konn fè, lekti fèt an fransè; deba oswa kòmantè fèt an kreyòl. Anpil entèvansyon fèt an fransè tou. Selon yo, majorite pwofesè pa t gen tan jwenn kreyòl kòm matyè obligatwa nan cursus (kisis ou ansanm pwogram kou) akademik yo lè yo te lekòl. Se esperyans kèk nan yo pa egzanp. Se nan ta yo ta aprann ekri kreyòl. Yo pa t janm gen kou kreyòl soti preskòlè pou rive klas Filo. Toujou daprè yo, gen efò leta a fè nan kesyon sa a, kote kreyòl vin yon matyè obligatwa nan egzamen ofisyèl.

Nan kad materyèl didaktik, nou te poze kesyon sa a:

Èske nan kèk kou yo itilize liv, materyèl didaktik an anglè?

Dapre respons yo, se sitou atik yo ki plis konn itilize an anglè. Pifò liv yo an fransè. Toutfwa, gen kèk kou nan kèk fakilte kote yo ta itilize kòm dokimansyon tankou atik ki ta plis disponib nan lang anglè. 

Nou kontinye pou mande yo:

Èske gen anpil pwofesè ki ta gen yon preferans jwenn materyèl didaktik yo bezwen an fransè, kreyòl, bileng (fransè – kreyòl, fransè – anglè, anglè – kreyòl)?

Kèk ladan yo pa ka afimatif nan reponn kesyon sa a. Sa ta mande yon ti ankèt daprè yo. Sèl sa yo ka di, sèke yo konn anpil pwofesè ki ta plis swete jwenn dokiman yo an fransè, akoz gen yon mank nan kesyon pwodiksyon syantifik an kreyòl, menm si yo dwe salye efò anpil kreyolis (oubyen moun k ap pwodui an kreyòl) fè nan sans sa a.

Nan kesyon n te poze:

Kijan yo ankouraje itilizasyon oubyen pratik lang anglè a? Èske l obligatwa pou etidyan yo pran kou anglè?

Yo konnen anglè  obligatwa nan plizyè fakilte, tankou Fakilte Syans (FDS) ak Fakilte Medsin & Famasi (FMP), Fakilte Lengwistik Aplike Aplike (FLA), Ekòl Nòmal Siperyè (ENS)… Yo pa konnen kijan sa ye nan lòt fakilte yo nan UEH. Kèk ladan yo pa konnen nonplis jan sa ye nan inivèsite prive yo. Sa ta mande ti ankèt daprè yo.

Finansman fakilte yo, e wòl FAR (Fonds d’Appui à la Recherche) jwe ––

O nivo rechèch, ki enstitisyon ki ede fakilte yo finansyèman?

Daprè sa nou te entèvyouwe yo, se bidjè leta dispoze pou inivèsite a ki tilize. O nivo kèk fakilte, se sou li yo fonksyone. Toutfwa, se domaj nan dokiman bidjè a, pa gen ribrik pou rechèch ladan. Men pa gen dout se konsa sa ye nan tout lòt fakilte leta yo, puiske se menm chema a nan ki an aplikasyon toupatou. Rektora a ki konsyan de sa blije kreye yon dispozitif espesyalman pou rechèch. Non li se FAR (Fonds d’Appui à la Recherche).

FAR se yon dispozitif ki nan bidjè Rektora a pou rechèch. Rektora a kreye l pou sipòte tout sa ki gen pou wè ak rechèch, menm si, akoz kontrent bidjè, se yon pati nan depans yo li rive kouvri. Men tou, akoz kontrent Ministè Finans yo, finansman yo konn pran tan pou rive. Sa lakoz reta sou aktivite ki konn prevwa.

FAR sipòte tout fakilte ki konsène yo, anseyan, chèrchè, ak memoran yo nan chak fakilte prensipalman. Yo dwe respekte dat apèl pou sibvansyon yo. Pou kesyon pwojè rechèch, apwobasyon an pa otomatik. Gen yon komite syantifik ak komite etik ki la pou bay benediksyon yo pou konnen si tèl pwojè apwouve ou pa. Men, pou pwojè Memwa yo, yo sèlman bezwen validasyon pwofesè k ap ankadre memoran an. Toujou dapre yo, krab la pa gra, men li sèvi chèrchè yo kanmèm.

Bidjè anyèl inivèsite a ––

Kòman inivèsite a travay sou bidjè anyèl li pou sipòte chak fakilte? Ki pwoblèm ki toujou prezante?

Dapre repons nou jwenn, chak antite prepare pwòp bidjè pa l. Puiske se Rektora a ki jwe prensipal wòl administratif la, chak fakilte sipoze voye bidjè a nan Rektora a nan fen chak ane fiskal. Rektora a bò kote pa l fè lyezon ak Ministè Finans. Se Ministè Finans ki jere fon UEH. Pwoblèm ki toujou prezante, sèke dekèsman yo toujou pran tan. Pafwa, se nan dènye trimès ane a Ministè Finans fè dekèsman. Lè konsa, tout fakilte nan mache prese, akoz si rekizisyon yon fakilte pa gen tan rive a tan, fakilte sa a tou dòmi deyò (sètadi, li p ap jwenn finansman).

Sendika pwofesè ––

Kesyon nou poze sou sa se:

Ki pwa pwofesè yo pou eseye fè chanjman yo kapab?

Èske yo nan yon sendika ki pwoteje yo? Repons nou jwenn se «wi». Gen yon sendika pwofesè, menm si li pa kwè li twò aktif dènye tan sa yo. Li te trè aktif nan moman lè te gen eleksyon nan Rektora a, twazan de sa. 

Kesyon sou kreyasyon kanmpous inivèsitè ––

Kisa n panse si UEH ta gen yon kanmpous (byen ekipe) nan chak depatman peyi a?

Daprè repons nou jwenn, gen yon kanmpous UEH nan Limonad… Men, kèk pwofesè panse ke yon kanmpous byen ekipe ki reyini tout fakilte ki nan Pòtoprens se ta ideyal. Men domaj, dapre yo se pa yon bagay fasil paske defi yo anpil. Youn nan gwo defi sa yo se rive jwenn mwayen lajan... Anpil nan gwoup etidyan nou abòde sou menm kesyon an panse ke chak depatman ta dwe gen yon kanmpous pou evite twòp konsantrasyon etidyan nan kapital la, e pou desantralizasyon peyi a nan nivo inivèsitè.

Pwendvi sou bibliyotèk ––

[Bibliothèque de la Faculté de Médecine et de Pharmacie de l’UEH, State University of Haiti; Bibliothèque et Archives d’Haiti : Bibliyotèk e Achiv Ayiti; Bibliothèque Haitienne des Pères du Saint-Esprit : Bibliyotèk Pè Sentespri; Bibliothèque National d’Haiti : Bibliyotèk Nasyonal Ayiti; Bibliothèque Virtuelle du Réseau de Bibliothèques de l’Université d’État d’Haïti; Bibliyotèk 54, Carrefour; Bibliyotèk Rasin Lespwa (Dabòn- Leyogàn);  E. W. Védrine Virtual Libary : Bibliyotèk Vityèl E. W. Védrine; Haiti Reads; Martin Luther King, Jr. Library at the Haitian-American Institute].

Ki pwendvi nou sou bibliyotèk an jeneral an Ayiti, e bibliyotèk UEH ki ta dwe nan chak fakilte? Selon pwofesè yo, bibliyotèk se yon mwayen kle pou ouvè pòt konesans pou kominote yo, pou motive jenès la. Bibliyotèk Nasyonal ta dwe an mezi pou bay bon jarèt nan sans sa a. Chak komin ta dwe gen yon bibliyotèk piblik ladan ki gen tout dokiman ak kopi liv elèv bezwen, e dokiman elektwonik tou (sètadi, gen yon seri liv ra ke moun ka pa jwenn fasil. Yo ta dwe gen vèsyon elektwonik yo menm si elèv la ta peye yon ti kòb pou achte vèsyon sa a, epi sev li sou usb /flash drive). Yo site bibliyotèk Meri Dèlma a kòm egzanp ki ta dwe replike nan lòt komin pou bay elèv aksè vin etidye, fè rechèch, e jwenn dokimantasyon. Bibliyotèk dwe yon espas byen ekipe, ki byenveni nan tout komin.

Kijan kesyon bibliyotèk la ye o nivo prive?

O nivo prive, gen ti efò ki fèt nan sans sa a nan kèk zòn metwopoliten. Pa egzanp, gen inisyativ fanmi Trouillot (Dèlma 41) kote yo dispoze yon bibliyotèk pou kominote a, ak tout espas pou lekti. N ap swete lòt komin nan peyi a va suiv egzanp konsa, pou sektè prive a wè nesesite pou l ede o nivo kominotè. Petyonvil se yon lòt egzanp tou.

Kijan sa ye nan fakilte yo?

O nivo inivèsite, chak fakilte ta gen yon ti bibliyotèk, menm si l pa gwo an tèm dokimantasyon esansyèl pou ankadre etidyan, ak pwofesè. Egzistans yo kanmèm pèmèt etidyan fè rechèch nan kad devwa ak memwa de sòti yo. Nou p ap bliye mansyone yon Bibliyotek Nimerik Universitaire Francophone (AUF) finanse pou UEH la. Li loje nan Fakilte Syans (FS).

Kijan pwofesè nan UEH (selon fakilte yo) eseye tabli kontak ak pwofesè, chèrchè ayisyen aletranje ki nan menm domèn?

Selon repons kèk pwofesè, genyen ki gen bon kontak ak pwòfesè ki nan inivèsitè aletranje. Anpil fwa, sa fèt sou baz rapò osnon demach pèsonèl. Se Dekana yo ansuit Rektora a ki dwe valide demach yo.

Seyans fòmasyon pou oryante etidyan, pwofesè ––

Se yon sijè nou bay anpil enpòtans nan rechèch nou pou oryante jèn, etidyan, pwofesè lekòl, pwofesyonèl (nan diferan domèn). Nou pa bliye yon dikton ki di «esperyans se manman lasyans». 

Ki enpòtans chak fakilte bay seyans fòmasyon, depi nan premye ane pou gide etidyan, oryante yo vizavi karyè (pa egz, estaj ou «internship» pou yo ta fè nan domèn etid yo, estaj ou obsèvasyon) nan peyi etranje? 

Selon repons nou jwenn, fakilte yo enterese nan seyans fòmasyon. Pa egzanp, rektora a konn voye envitasyon bay pwòfesè yo pou patisipe nan atelye fòmasyon. Lè konsa, pwofesè yo reponn a envitasyon an. N ap di tou ta sanble kèk difikilte ta lakoz sa pa rive fèt souvan. Nou espere ta gen mwayen pou inisyativ sa yo repete pi souvan posib pou met konesans yo ajou.

Pwogram Echanj ak inivèsite lòt bò dlo ––

Kisa n panse pou UEH ta travay ofisyèlman sou kèk Pwogram Echanj ak inivèsite lòtbò dlo ta anseye an Ayiti pandan yon trimès (nan diferan fakilte)?

Nan refleksyon n, nou gen tan wè lang anglè a deja, ke etidyan Ayiti poko metrize depi nivo segondè (ki yon gran reta pou Ayiti, pandan lemonn antye ap sèvi avè l kòm dezyèm lang mondyal), e anpil nan pwofesè etranje yo ka pa pale fransè (pou ta prezante konferans yo nan lang sa a).

Pa gen dout se ta yon bon bagay pou epanouyisman kominote inivèsitè a. An menm tan, kesyon lang anglèespayòl ak fransè ta dwe pi byen poze nan nivo segondè. Tankou n te di sa pi wo, kou lang yo dwe ranfòse nan tout fakilte nan peyi a. Fakilte ki ta santi yo trè konsène de sijè a, ta dwe gen mwayen pou konstwi sal miltimedya byen ekipe ak koneksyon entènèt wo debi (oubyen ak gran vitès) pou ede etidyan prepare rechèch yo bezwen. Y ap santi yo alèz tou lè yo gen posiblite deplase al fè echanj nan inivèsite aletranje. Yon etidyan ta santi l alèz si l ka chita nan yon sal nan fakilte l, epi l ap suiv kou an liy nan inivèsite lòt peyi. Tout sa ka kontribye nan bay etidyan an yon fòmasyon solid, yon fòmasyon konplè k ap rann li alèz pou l entèvni nan kèlkeswa milye inivèsitè li ta ye. Sa ap fasilite elèv sa a pou l ka pran larelèv alavni kòm pwofesè.

Preparasyon anseyan nivo elemantè, mwayen ––

Ki preparasyon anseyan nivo elemantè, mwayen dwe genyen avan yo kòmanse anseye? Kijan yo rekrite yo an tèm diplòm, sètifika?

Jeneralman, rekritman an fèt sou baz dosye postilan an. Ministè a evalye l suivan nivo diplòm enterese a. Yon kandida ki gen diplòm École Normale des Instituteurs (ENI), dosye li a ap pi enteresan. Men, nan kèk ka, ti presyon politik konn mele nan koze a tou. Sa konn lakoz gen anpil anseyan ki nan klas poutan ki poko janm nome. Men, ministè a ak direksyon lekòl yo pran gwo mezi kont pratik sa yo. 

Nou konnen gen anseyan ki pa nòmalyen ki ta antre nan sistèm nan ap anseye. Sa k pase?

Toutfwa, pwofesè ki pa nòmalyen ki deja nome nan sistèm nan, leta oblije ankadre yo nan ba yo fòmasyon pou yo fè travay yo byen. An menm tan tou, sa t ap trè pwofitab pou sistèm nan si te gen pwogram tankou fòmasyon kontini ki regilye pou pwofesè (ki nòmalyen, ki pa nòmalyen) ki nan sistèm nan.

Kijan sa fèt pou antre nan ENI? Èske se apre Bakaloreya? Oubyen apre yon Lisans inivèsitè?

Lontan, diplòm Reto ak Filo pa t obligatwa pou yon kandida enskri nan Ekòl Nòmal Enstititè yo. Depi prèske dizan, diplòm sa yo vin yon obligasyon. Donk, ministè a pa egzije pou gen yon diplòm inivèsite an patan. Si kandida a genyen l deja, se yon gwo atou. Men jeneralman, li pa fasil wè yon moun ki deja gen diplòm inivèsite al enskri nan ENI.

Youn nan trajedi nan domèn edikasyon Ayiti se ta fèmti plizyè ENI. Kijan nou ta kòmante sou sa?

Fò n siyale ke depi bon ti tan, ENI leta yo diminye nan peyi a. Sa vin pa rann ni jèn yo ni sistèm nan sèvis. Pa egzanp, nan fen ane 90 yo, ministè a deside fèmen Ekòl Nòmal Damyen. Se te yon grenye pou sistèm edikatif la nan tout peyi a. Se Centre de Formation pour l’École Fondamentale (CFEF) ki ranplase l. CFEF twouve l Matisan, menm espas kote Ekòl Nòmal Matisan an (ki fèmen tou) te twouve l. Se vre, CFEF pa sispann konfime li gen plas li puiske l byen fòme pwofesè ki diplome lakay li. Toutfwa, Ekòl Nòmal yo a pa t oblije fèmen. Youn pa t ap nwi lòt. Pa egzanp, Ekòl Nòmal Damyen an, ki chita nan pòt rantre nò kapital la, te konn resevwa jèn nan kat kwen peyi a. Olye responsab yo te annik fèmen l, yo te ka fè l tounen yon Ekòl Nòmal Modèn de Damyen; sa t ap trè enpòtan pou sistèm nan. N ap swete responsab yo nan Ministè a revize desizyon sa a, sitou lè n konnen CFEF pa an mezi resevwa kantite jèn ki frape pòt li chak ane. Sa ta diminye sou kantite jèn ki oblije al vann enèji ak kapasite yo Sendomeng, Chili, ak lòt kote poutèt yo pa gen mwayen aprann anyen.

Ki efè sa vin genyen sou nivo fondamantal la, kòm edikasyon de baz?

Yon refòm sistèm edikatif la an pwofondè dwe bay nivo fondamantal la tout plas li, puiske se baz la. Ekòl Nòmal Instititè (ENI) yo ta dwe miltipliye nan peyi a. Ta dwe gen bon jan dispozisyon tou pou rann yo pi atiran posib, menm jan sa ye pou Ekòl Nòmal Siperyè (ENS). Ministè a ak Rektora UEH la ta ka anvizaje chita ansanm pou wè kijan cursus (kisis ou pwogram) fòmasyon sa a ta ka evalye pou ranfòse l, epi elve l nan nivo Lisans; sa ta ka valorize metye a. Tankou jan sa ye nan lòt peyi yo, yon pwofesè ki diplome nan ENI ta dwe an mezi fè metriz li, e menm doktora l nan domèn lan. Petèt tou, èske ENI yo pa ta kapab yon antite ki anndan yon Fakilte Syans Edikasyon nan UEH?...

(Fen)

*Nòt

• Kèk nan lang kreyòl ki pale nan diferan pati nan lemonn. • Some of the Creole languages spoken in different parts of the world. • Algunos de los idiomas criollos que se hablan en diferentes partes del mundo. • Certaines des langues créoles parlées dans différentes parties du monde. • Einige der kreolishchen Sprachen, di in verschiedenen Teilen der Welt gesprochen warden.

Varyete kreyòl: Ayiti (fbc), Giyàn Fransèz (fbc), Gwadloup (fbc), Jamayik (ebc), Il Moris (fbc), Il Rodrig (fbc), Kap Vèr (pbc), Kiraso (Papiamento, pbc), Ladomiki (fbc), Lwizyàn  (fbc), Matinik (fbc), Sechèl (fbc), Sentlisi (fbc). elt…
ebc        English-based creole       Créole à base anglais       Kreyòl a baz anglè
fbc        French-based creole        Créole à base français      Kreyòl a baz fransè
pbc        Portug-based creole        Créole à base portugais    Kreyòl a baz pòtigè
sbc       Spanish-based creole       Créole à base espagnol     Kreyòl a baz espayòl

TÈKS ANEKSE

ALLEN, Jeff . Automated /Machine Translation (MT), Haitian Creole and other Creole languages, Speech Technologies, Language Software.
CHERY, Pierre Michel. Douz (12) Prensip Bwa Kayiman : The Twelve Bwa Kayiman Principle. (English translation by Emmanuel W. Védrine).
CHERY, André Vilaire. Dictionnaire De L'évolution Du Vocabulaire Français En Haïti (dans le discours politique, économique et social du 7 février 1986 à nos jours.
DEGRAFF, Michel and Glenda S. Stumps. «Ann bati lekòl tèt anwo: lang manman, pedagoji ak teknoloji kòm engredyan fondal natal pou yon chanjman radikal». Journal of Haitian Studies, Vol 24, #2. Fall 2018, pp. 114-124.
DEGRAFF, Michel and Mandaly Louis-Charles. Ann chante alfabè kreyòl la. (Haitian Creole alphabet song).
---. New developments… aiming toward a paradigm shift in Haiti’s education system. (interview) Jacques Pierre and Michel Degraff.
DESHOMMES, Fritz. L’UEH annonce de nouvelle mesures concernant les mémoires de sortie. 31 oct. 2017.
DUGE, Jean Armoce. Manyèl Kreyòl (1e, 2èm, 3èm, 4èm, 5èm, 6èm, 7èm, 8èm ane fondamantal). C3 Éds. www.C3editions.com
HYPPOLITE, Michel-Ange. «Bèbè Gòlgota: bouskay sitwayènte ak diyite». (Translation from Haitian Creole to English by Emmanuel W. Védrine).
LÉGER, Frenand. Pawòl Lakay: Haitian-Creole language and culture for beginners and intermediate learners (2nd ed.). Coconut Creek, Florida: Educa Vision Press, pp. 475.
LORQUET, Joël. Boukan Dife Literati ak Joël Lorquetlexical data (edited by) Emmanuel W. Védrine.
MAPOU, Jan (Jean-Marie Willer Denis). D.P.M Kanntè (Dirèk Pou Miyami, play). (Translated to English by Emmanuel W. Védrine).
MASON, Marilyn (web editor). The Creole Clearing House. [Authoring and Documentation Workflow Tools for Haitian Creole; Automated Creole Orthography Conversion; Computing in Creole Languages].
OREM, William.  Book of Changes: the preservation of Creole, a nuanced language.
PALLI, Francesca (web editor). Creole Languages and Cultures.
PIERRE, Gotson. Interview with Haitian linguist, Emmanuel W. Védrine… October 2000.
SHAPIRO, Norma and Adelson-Goldstein. Oxford Picture Dictionary English-Haitian Creole. [Bilingual Dictionary for Haitian Creole speaking teenage and adult students of English. 2nd ed.]
THÉLUSMA, Fortenel. Le créole haïtien dans la tourmente: faits probants, analyse et perspectives. C3 Eds. 2018. 188 p.
---. Elements didactiques du créole et du français: le cas de la prédication nominale, des verbes pronominaux et du conditionel. Imp Éds des Antilles. 2009.
---. L’enseignement – apprentissage du français en Haïti: constats et propositions. C3 Éds. 2016.
VALDMAN, ALBERT. Ann pale kreyòl: an introductory course in Haitian Creole.
---. English – Haitian Creole Bilingual Dictionary. 1148 p. iUniverse. Bloomington, IN. 2017. Albert Valdman (editor). The “DICO Project”, Vol. II.
---. Haitian Creole-English Bilingual Dictionary (the “DICO Project”, Vol. I).2007. 781 +xxxiv p. Indiana University–Creole Institute. (Emmanuel W. Védrine, Frenand Léger, Jacques_Pierre, Nicolas André: native speakers editing team).
VEDRINE, Emmanuel. Abstracts : Abstrè (on the problem of schools in Haiti).
---. Agriculture the first Target for Haiti's Development. Boston Haitian Reporter, July 2004.
---. A Bibliography of Theses and Dissertations related to Cape Verde.
---. A Bibliography of Theses & Dissertations related to Haiti (20th Century).
---. A Bibliography of Theses and Dissertations related to Haiti (From 2001-2004).
---. A Bibliography of Theses and Dissertations related to the Dominican Republic. E. W. Védrine, Andrés Paniagua. [Research done upon the request of his Excellency, Dr. Leonel Fernandez, and presented at the Dominican-American National Roundtable, 8th Annual Conference; held at University of Massachusetts-Boston. Oct. 2005].
---. An Annotated Bibliography on Haitian Creole: a review of publications from colonial times to 2000. Educa Vision. 700 p. [Research presented at the Linguistic Conference held in Cayenne, French Guiana (from May 9 – 11. 2003, organized by the «Laboratoire des Sciences Sociales IRD de Guyane»), on the languages spoken in French Guiana. Also presented at the «17th Annual Haitian Studies Association», University of Massachusetts-Boston, Oct. 2005.
---. Barack Obama (presidential candidate). Diskou Barack Obama (Creole translation).
---. Bibliographie Haïtienne et indices bibliographiques. (Edited by) E. W. Védrine and Francesca Palli.
---. D.P.M – Kanntè (play) by Jan Mapou: a bridge between fiction and reality. (Book review and English translation of the book by E. W. Védrine).
---. Does Haiti really need a Creole Academy? : Èske Ayiti reyèlman bezwen yon akademi kreyòl?.
---. A look at the problem of schools in Haiti (comments and suggestions). E. W. Védrine.
---. A look at the problem of schools in Haiti (essays and interviews on the problem of schools in Haiti and interviews with some Haitian educators in diaspora). 1994. Soup to Nuts. 2nd  ed., 2007. 221 p. E. W. Védrine.
---. Charla Lingwista Haitiano Emmanuel W. Védrine na NAAM (Curacao). [On Haitian Creole  Bibliography, 200 years of publications. Courtesy of Myriam Lavache (Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann Institute of Spoken Kreyol. Curacao; Richenel Ansano (Director of NAAM]; Yaniek Pinedo Védrine (translator). 2016.
---. The use of Creole in schools in Haiti (use of the urban variation and the tendency to reject the rural one: Sociolinguistics and the reality behind it).
---. Dictionary of Haitian Creole Verbs with phrases and idioms. 1992. Soup to Nuts: Cambridge, MA. 246 p. [Reprint by Educa Vision]. [Research ref. in Haitian–English Dictionary, University of Kansas; ref. in Haitian Creole-English Bilingual Dictionary (HCEBD). Indiana University - Creole Institute. 2007.
---. «Dictionary of Haitian Proverbs». Unpub manuscript.
---. Yon koudèy sou 2 gran diksyonè sou kreyòl Ayiyen : A look at two great dictionaries on Haitian Creole.
---. Educating Haitian Youth and the Haitian Community in Diaspora.
---. English – Haitian Creole Dictionary of Medical Terminologies. (Unpub manuscript).
---. A healing paradigm for a new Haiti (essays).
---. Interview with André Vilaire Chéry (on the evolution of Haitian Creole, post dechoukay or after February 7, 1986). Indiana University–Creole Institute. 1999.
---. Does Haiti need more mediocre universities after January 12, 2010?.
---. Est-ce le créole un bon outil pour apprendre à l'école en Haïti? (Is Creole a good tool to learn in school?).
---. 20 Fraz kreyòl potomitan : Twenty key Creole phrases. E. W. Védrine. (Translators & Editors:  Aude Fawaka Désiré, CLASH (Comité de Liaison d’Application des Sources Historiques), Ernest Pépin, Francesca Palli, Franswa Sintomer, Hilda de Windt Ayoubi, Jean-S Sahaï, Jnes Angela Pellegrini, Lindy-ann Alexander, Marilyn Mason, Marlin Augustin, Maxette and Malte Olsson, Miguel Calzada, Penda Choppy, Raphaël Confiant, Sedley Richard Assonne).
---. Gramè Kreyòl VEDRINE Grammar of Haitian Creole. 1996. 354 p. GKV Index.
---.  Haiti: for a practical education on Fridays : Ayiti : Pou yon edikasyon pratik lè vandredi.
---. Haitian Creole Data base: (source: Haïti Progrès, newspaper, 2004). [Model of edited database: Modèl bank done leksikal tou edite pou lojisyèl ipèbaz (for hyper base software].
---. Haitian Creole Data baseKri pou liberasyon (Cry for liberation: a collection of poems in Haitian Creole). 2008. [Model of edited Creole database (for hyper base software) : Modèl bank done leksikal tou edite (pou lojisyèl ipèbaz)].
---. “A hidden norm in the standardization process of Haitian Creole that would be acceptable by the whole Haitian population and how to manage it”. (Presentation). Haitian Studies Association, 18th Conference. University of Virginia, Charlottesville, VA. 2006.
---. Good luck to Haiti’s next president. Boston Haitian Reporter, Vol. 6. Issue 12.
---. Ide pou kreye yon 'High School Ayisyen' prive nan Boston. 1994. 109 p. (Idea to found a Haitian Private High School in Boston (debate).
---. Some superstitions in Haitian culture : Kèk sipètisyon nan kilti ayisyen.
---. Questionning Haitian Culture to learn more about it : Kesyonnen kilti ayisyen pou aprann plis de li.
---. Ti istwa kreyòl: Short stories in Haitian Creole. Soup to Nuts. 1994. 115 p. [Reprint by Educa Vision].
---. Collective electronic publications to help in the diffusion of the Creole language in Haiti.
---. Kreyòl without toilan introductory course to Haitian Creole.
---. Leksik kreyòl : Creole lexicon.
---. Teaching materials for schools in Haiti.
---. «Une norme sous-entendue dans le processus de la standardization du créole haïtien qui serait acceptable par toutes les couches sociales de la population haïtienne et comment la gérer». (presentation). Haitian Studies Association, 18th Conference. University of Virginia, Charlottesville, VA. 2006.
---. October 28, International Creole Day, and what?.
---. Haitian authors, editors and translators… know your rights and respect others’.
---. Men l anlè a l ap vini : He is in the air coming. (short story) Orèsjozèf Publications. 34 p.
---. Mouri pou libere Ayiti (short story). English translation: Dying for Haiti’s liberation, by the author; French translation: Mourir pour libérer Haïti, Jean-S. Sahaï; German translation: Sterben, um Haiti zu befreien, Jnes Angela Pellegrini; Italian translation: Morire per liberare Haiti, Francesca Palli; Japanese translation : Mihoko Tsunetomi; Latin translation: Vittore Nason; Papiamentu translation: Muriendo pa liberashon di Haiti, Yaniek Pinedo; Russian translation: Karlova Ekatarina; Spanish translation: Morir para liberar Haití, Miguel Calzada].
---. Path to the most ever published bibliography research on Haitian Creole.
---. Petit lexique du créole haïtien. (historical linguistics). Orèsjozèf publications. 87 p.
---. Published Poems (in periodicals, anthologies, and books).
---. Peyi m rele Ayiti : My country is Haiti.
---. Retard dans l'enseignement des langues étrangères en Haïti.
---. Research & Publications (summary).
---. Rezo Etidyan Ayisyen, Ayiti – Dyaspora: Network of Haitian Students, Haiti – Diaspora.
---. Ritardo dell’insegnamento delle lingue straniere nelle scuole di Haïti.
---. Orientation seminar for Haitian students coming to the United States.
---. Sezon Sechrès Ayiti (woman istorik, tèks pou nivo segondè). 1st ed. Soup to Nuts Publisher, 1994. 2nd ed., JEBCA eds. 2014. 224 p. Season of drought in Haiti (historical novel). Temporada di sekura na Haïti (novela na papiamento). [Model of edited database for hyper base software : Modèl bank done leksikal tou edite pou lojisyèl ipèbaz].
---. Some Reflections for a New Haiti after January 12, 2010.The Mass Media, Vol. XLIV #7. Feb. 2010, pp.11, University of Massachusetts-Boston.
---. So many political parties, so little progress. Boston Haitian Reporter. Vol. 7, issue 5, May 2008.
---. Suzanne Comhaire-Sylvain :  a bibliography of her publications.
---. Standardizing Haitian Creole: a round table discussion. Haitian Studies Association, 18th Conference. University of Virginia, Charlottesville, VA. 2006. [Panel: Emmanuel W. Védrine, Marc Prou, Albert Valdman, Josiane Huducourt-Barnes].
---. Tardiness in foreign language teaching in Haiti’s schools.
---. The cultural richness of Haiti, an unexploited mine : Richès kiltirèl Ayiti, yon min ki poko esplwate.
---. Tontongi’s clarification and demystification in his book, Critique de la francophonie haïtienne..
---. Translation of Medical Terminologies: English – Haitian Creole.
---. Twenty cents of consciousness to become a better person.
---. Di yon vèb, tire yon kont. (Say a verb, I will tell you a riddle) in Haitian Creole). Educa Vision. Coconut Creek, FL. (2nd ed). 2006. 125 p. [Riddles in Haitian Creole].
---. Un stylo international. Soup to Nuts: Cambridge, MA. 61 p. [An international pen, poetry in 7 languages, including 24 in French].
---. Védrine committed to bridging language gap. Martine Louis. Boston Haitian Reporter.
---. What are the presidential candidates’ credentials in Haitian society? Boston Haitian Reporter. Oct. 2005.
---. What to do with the Haitian army? Boston Haitian Reporter, Nov. 2006.
---. Working harder to bridge the generation gap. Boston Haitian Reporter, March 2006.

Lomeyans pou otè a, e kòmantè

boule

 Viré monté