Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Resous Edikasyonèl an Liy
pou Anseyan Ayisyen, Etidyan, Lekòl
an Ayiti e nan Dyaspora

Emmanuel W. Védrine

Foto: Koutwazi E. W. Védrine Creole Project

Septanm 2021

Klike sou tèks la pou li l an anglè ak lòt tradiksyon (pdf)

Resous Edikasyonèl an Liy pou Anseyan Ayisyen, Elèv, Lekòl an Ayiti e nan Dyaspora -- 25 Vennsenk Ane Rechèch ak Piblikasyon sou Ayiti, Dyaspora Ayisyen, e sou Kreyòl.  Avan n atenn sijè nou, n ap pran opòtinite sa a pou mande edikatè, editè, chèrchè, otè e tradiktè k ap pwodui zèv ki an rapò ak Ayiti, kreyòl e dyaspora ayisyen an (atik, liv, tèz, (metriz, doktora) e materyèl odyo) pou voye ban nou, tit yo ki kouvri ane 2000 – 2020. N ap fè sa nou kapab pou ajoute yo osito posib nan bibliyografi Ayiti nou mete an liy (sou entènèt la),  Bibliographie Haïtienne et Indices Biographiques. Nou vle mande lektè yo tou, ki li dokiman sa a, pou pataje l ak kontak yo sou tout rezo sosyal. Lè yo fè sa, plis moun pral konnen sa ki disponib sou entènèt la an tèm bibliyografi ki an rapò ak Ayiti, kreyòl, e dyaspora ayisyen an.

«Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl. Kreyòl ak fransè, se lang ofisyèl Repiblik d Ayiti» (Atik 5, Konstitisyon Ayiti, 1987).

Lang matènèl la ou lang natif fè pati ADN oubyen san nou. Nou dwe fyè de sa, e fyè pou itilize l tout kote. Nou ankouraje moun aprann ekri l, pibliye liv ak materyèl lekòl ladan l, e pou itilize l san pou san lekòl. Rechèch montre ke elèv aprann pi byen lekòl lè lang matènèl yo itilize kòm lang enstriksyon. Pa egzanp, yo ta fè pi byen nan syans lè materyèl syantifik yo ta nan lang matènèl la, oubyen lè yo esplike yo nan lang sa a.

Kèk nan kesyon kritik yo ka poze lè yo gade tit dokiman sa a («Resous Edikasyonèl an Liy pou Anseyan Ayisyen, Elèv, Lekòl an Ayiti e nan Dyaspora a»), se: Seyans Oryantasyon pou Anseyan Ayisyen ki kote? Ki nivo? Kisa yo dwe konnen? Konbyen nan yo ki konekte ak rezo sosyal yo. Konbyen nan yo ki kapab itilize yon konpwoutè (òdinatè) pou diferan bi? Konbyen ladan yo ki aprann devlope materyèl pou anseye nan matyè ou sijè y ap anseye? Konbyen ladan yo ki gen yon konpwoutè lakay yo (destòp oubyen laptòp)? Nou atann kesyon sa yo, e menm plis pou estimile rechèch, men li enpòtan pou n presize objektif oubyen bi travay nou la a.

Premye esperyans nou kòm pwofesè sètifye ou lisansye, chèrchè, e ekriven debite nan Pwogram Bileng Ayisyen (nan Lekòl Piblik Boston Public Schools, Etazini) ta nan ane 80 yo) o nivo High School (segondè), kote n anseye Syans Sosyal ak Lang Etranje.

Elèv Ayisyen (ki sot Ayiti), ki te nan Pwogram Bileng Ayisyen, pral fè fas ak kesyon lang (anglè an patikilye). Se yon premye baryè lengwistik, e bagay de baz anpil nan yo pa t genyen ni an fransè ni an kreyòl pou disète nòmalman sou nenpòt sijè nan youn nan de lang yo.

La a, nou kapab analize pwoblèm lekòl Ayiti ki reflete nan pèfòmans yo. N ap pale de elèv imigran ki gen pwoblèm ekonomik ki rive Etazini swa ak rezidans (alyennkat) apre chit rejim Duvalier yo (papa  e pitit) 7 fevriye 1986, e sa yo ki te gen estati refijye ki kite Ayiti, yon fason yon lòt pou al dèyè lavi miyò aletranje.

Pandan yo te an tranzit nan Pwogram Bileng lan, anseyan ayisyen ta prezante matyè y ap anseye an kreyòl nan klas, kòm lang enstriksyon. Tout liv ak lòt materyèl didaktik /pedagojik te an anglè. Pa t gen tradiksyon ou adaptasyon disponib (an kreyòl ou an fransè). Sèl materyèl trileng (an 3 lang) mwen sonje m te wè nan Biwo Pwogram Bileng Ayisyen an (nan lekòl kote m t ap anseye a) se te Haitian Creole – English – French Dictionary (Volumes I [582 p.] and II) Albert Valdman (edite). Indiana University-Creole Institute, 1981.

Elèv ayisyen te dwe non sèlman pran kou ESL (English as a Second Language: anglè kòm dezyèm lang) men tou, yo pa t gen yon nivo avanse an anglè pou dechifre liv lekòl la te prete yo (depi kòmansman ane eskolè (ou akademik lan) an septanm, epi pou ta remèt yo an jen (lè lekòl ap fèmen).

Yon anseyan ayisyen ta fè twa fwa travay yon anseyan ameriken (ki t ap anseye menm matyè a,  e itilize menm materyèl didaktik). Depan de esperyans ou kòm anseyan, tèt ou ka cho (ou estrese) lè w ap fè fas a yon tèl dilèm. W ap esperyanse kèk pwoblèm, e w ap mande kòman w pral solisyone yo. W ap panse kòman w pral prepare plan leson w pou semèn nan (plan ebdomadè), epi divize l pa 5. Sètadi, ou ka vin gen yon plan jounalye sa w pral anseye nan klas (de lendi a vandredi) pou matyè ou responsab anseye yo.

Menm si ou p ap anseye ESL (pou elèv ki pa pale anglè kòm natif), men fò w panse tou nan ki fason ou pral ede elèv yo metrize lang anglè a rapid posib. Yo nan yon pwogram bileng tranzisyonèl ak entansyon pou janbe nan pwogram regilye (kote lang enstriksyon an se sèlman anglè).

Nan ka sa a, ou pa gen chwa.  Fò w byen prepare plan leson w pou wè sa k esansyèl ladan pou kouvri nan klas pandan 45 minit w ap anseye a. Donk, pou anseyan ayisyen k ap anseye Etazini, y ap gen tan gen yon ide jeneral an tèm ide n ap eseye devlope la a. Nou panse patikilyèman a sa yo ki alaretrèt kounyeya, e ki gen esperyans anseye nan Pwogram Bileng Ayisyen.

Nou obsève baryè lengwistik elèv ayisyen genyen, pwoblèm anseyan ayisyen genyen pou y aprann devlope materyèl pou sijè y ap anseye. Devlopman materyèl sa yo dwe adapte ak reyalite anviwonnman an. Anplis, yo manke estrateji pou adapte sa yo ki te deja disponib. Lè n obsève tout sa, nou dwe panse jodiya a resous ki disponib an liy, e kijan anseyan kapab itilize yo ou adapte yo pou itilize nan klas pou matyè y ap anseye.

Pou anseyan ki Ayiti, y ap fè fas ak pwoblèm pa yo tou. Pa egzanp, nou ka mansyone: mank trening kòm anseyan o kòmansman, saldeklas ki twò chaje, disiplin nan saldeklas (ou jesyon saldeklas), aksè a materyèl didaktik, pwoblèm transpòtasyon… jis pou site kèk… Anpil nan yo pa touche a tan pandan plizyè mwa pou ta peye fakti mansyèl yo… Nou te ka kontinye ak tout yon lis pwoblèm y ap konfwonte, e pwoblèm lekòl Ayiti  ap travèse tou (nan tout nivo).

Donk, pou ret santre sou objektif nou la a, nou vle di tout anseyan (ki Ayiti ou nan dyaspora) ke ansèyman se yon pwofesyon nòb. Lè w ap prepare plizyè jenerasyon jèn pou demen,  tout anseyan dwe wè sa kòm yon angajman yo pran nan lavi.
Ak teknoloji nan edikasyon 1 jodiya, nou kapab aleje pwoblèm yo atravè rezo sosyal yo. Nou ka kreye fowòm an liy pou diskite tout bagay, fowòm ki kapab kreye atravè zoum (kote nou ka diferan kote) pou echanje ide.

Se vre se ta yon liks pou anpil anseyan Ayiti ta gen askè a teknoloji. Plizoumwen, nou menm ki nan dyaspora, ki gen aksè yo, gen anpil bagay nou ka panse fè. Pa egzanp, nou ka pataje ide e esperyans nou yo ak lòt moun. Nou ka met dokiman disponib an liy pou ede elèv, anseyan, e lekòl Ayiti ki gen plis bezwen resous sa yo. Lè n fè sa, li ta fasilite yo pou fè rechèch pi fasil.
Nou pa pretann solisyone tout pwoblèm anseyan, e elèv ayisyen ap konfwonte. Nou kwè tou l enpòtan pou y aprann òganize tèt yo atravè rezo sosyalyo. Sa ta ede yo lokalize resous ki ta disponib an liy. Yo kapab òganize oubyen kreye fowòm pou ede tèt yo, diskite diferan sijè, e materyèl didaktik elèv ak anseyan bezwen pou fè rechèch. Materyèl sa yo kapab fè pati pwogram oubyen korikilòm lekòl la ou sa yo ki an rapò ak sijè yo, e nivo y ap anseye.

Non sèlman depi kòmansman ane 2020 lemond antye ap fè fas ak yon pandemi (covid-19), men tou depi anvan, anpil peyi te gen tan òganize yo pou gen vèsyon elektwonik tout sa yo bezwen, sitou nan domèn rechèch ak edikasyon.

Nou konnen ki pèt entelektyèl Ayiti fè nan tranblemanntè 12 janvye a ak anpil dokiman ki pèdi, ki antere anba graba. Anpil enstitisyon pa t gen vèsyon elektwonik yo. Ki leson n aprann de 2 evennman sa yo?

An rezime, kijan n ap deside amelyore kondisyon yo nan moman n ap viv la, e reyalite ki devan nou san n pa di «demen»? Nan sans sa a, anseyan, edikatè, chèrchè ayisyen dwe travay ansanm (kit yo Ayiti, kit yo nan dyaspora) dekwa pou de zèl zwazo a fè l vole.

Men pou sa fèt, pou sa tounen reyalite, nou dwe angaje n nan travay n ap fè. Nou dwe kwè nan sa n ap fè. Non sèlman sa pral ede anpil moun, men tou l enpòtan pou tout moun nan tout domèn aprann fè kèk travay volontè. Sa pral ede solisyone pi rapid kèk nan pwoblèm edikasyon ap konfwonte.

Nòt detay

  1. Michel DeGraff, Glenda S. Stump “Kreyòl, pedagogy, and technology for opening up quality education in Haiti: Changes in teachers’ metalinguistic attitudes as first steps in a paradigm shift” (Linguistic Society of America. Vol. 94, number 2. June 2018, pp e127 - e157).

* * *

Nòt rechèch

Amenajman lengwistik; Ànyè Elektwonik Ayiti e Dyaspora Ayisyen (kilti, dyaspora, edikasyon, istwa, lang, literati kreyòl, tradisyon); Antwopoloji kiltirèl; Bank done an kreyòl ayisyen; Kontak avèk tradiktè e editè ayisyen; Kreyòl a baz fransè; Diksyonè sou kreyòl ayisyen; Dokiman jiridik an kreyòl ayisyen; Dokiman medikal an kreyòl ayisyen, tèminoloji medikal e tradiksyon; Dokiman pou seyans fòmasyon pou anseyan ayisyen; Ansèyman bileng an kreyòl – fransè, kreyòl – anglè; Esè (disètasyon) an kreyòl; Istwa Pwogram Bileng Ayisyen Etazini; Lang e Etid Karayib; Leksik kreyòl ayisyen; Lengwistik kreyòl; Materyèl pedagojik an anglè e kreyòl ayisyen pou lekòl an Ayiti; Materyèl pedagojik pou fòmasyon anseyan ayisyen; Oryantasyon anseyan ayisyen; Filoloji kreyòl; Materyèl Edikatif an liy pou anseyan (pwofesè) ayisyen, elèv, lekòl an Ayiti e nan dyaspora an; Pwojè alfabetizasyon an kreyòl; Pwojè diksyonè e glosè; Rezo etidyan Ayisyen, Ayiti - Dyaspora; Resous pedagojik, seyans fòmasyon e oryantasyon pou anseyan ayisyen; Revizyon e edisyon dokiman tradui an kreyòl, fransè, anglè e espayòl; Seminè tradiksyon an anglè, fransè, alman, kreyòl ayisyen e espayòl; Titora (leson patikilye) a distans pou moun k ap aprann kreyòl ayisyen.

* * *

E. W. Védrine Creole Project, Inc.
Boston, Massachusetts. USA

*

 Viré monté