Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Kijan yon plant fèt ?1
(yon tèks Jean Erich René)
Korosòl, Annona muricata. Photo F.Palli |
Tout plant pa fèt menm jan, se sa ak pèmèt yo distenge youn ak lòt.Tout plant pa dire menm kantite tan. Gen plant lasezon tankou pitimi, mayi. Nou wè yo gen tij molas.Yo pa viv lontan. Yo rele plant sa yo zèb ou byen èbase. Gen plant ki rete net tankou mango, zaboka. Pyebwa sa yo, yo rele yo plant perèn.Tij plant sa yo byen djanm yo rele yo plant linyez. Lè nou gade kò yon plant, nou wè li gen 5 pati: rasin, tij, fey, flè ak fri ak grenn. Lè nou antre lan yon fon bwa nou remake ke tout pyebwa pa menm wotè.
Piti yo rele yo abis, pi gro yo rele ab. Kit se te ab kit se te abis toude fèt menm jan. Diferans lan se menm bagay ant yon moun kout ak yon moun wo.
a ) Kouman kò yon plant fèt?
Lè n ap pale de kò yon plant, nou vle pale de tij li oubyen sa yo rele twon an. Si nou pran yon manchèt oubyen yon kouto, nou dekale twon yon pyebwa, n ap wè 5 pati ladan l :
- Yon premye kouch ke yo rele ekòs.
- Yon dezyèm kouch anba ekòs la yo rele libè oubyen floèm. Nan libè a gen yon seri ti kannal ki pase ladan l, yo rele yo kannal libè oubyen veso libè. Se kanal libè yo, tankou tiyo dlo ki mennen sèv yo rele sèv elabore nan tout kò plant lan pou nouri l.
- Anba libè a gen yon kouch mou se li k ap pwodwi kouch libè yo e ki pèmèt tron an vin pi gro nèg. Kouch sa a, yo rele l kanbiyoum.
- Anba kanbiyoum nan, gen yon katriyèm kouch yo rele zilèm oubyen bwa. Se nan bwa a ke genyen yon seri ti kannal yo rele kannal bwa ki mennen sèv brit la lan fèy la pou li kwit li pou l fè l tounen sèv elabore. Kannal bwa soti depi nan rasin yo kote li pran dlo ak sèl minero pou l melanje yo pou l fè sèv brit la.
- Lan nannan pyebwa gen yon senkyèm kouch ke yo rele kè bwa. Se lan kè bwa a tout rezistans li ye. Se kè bwa a ki fè l kanpe djanm. Se gras a kè bwa tout pyebwa kanpe dibout. Se ak kè bwa a yo fè poto kay oubyen poto elektrik ak ma batiman.
b) Kouman yon plant fè grandi?
Yon plant grandi lan tout direksyon. Li vin pi wo. Branch li yo vin pi long. Twon l grosi tou. Men se kanbiyoum lan ki pèmèt yon pyebwa layite kò l.
Chak ane ki pase, kanbiyoum nan fè yon lòt kouch bwa. Se sa k fè chak ane twon yon pyebwa vin pi laj. Kantite kouch bwa yon plant genyen, se kantite laj li.
Se sa yo rele zanno kwasans. Chak zanno se yon lane. Chak fwa pyebwa a gen yon zanno anplis, li vin pi laj e li gen yon lane anplis.
Pou yon plant grandi, se boujonnen li boujon Nan chak pwent tij li yo, nan bout chak branch li yo nou wè yon boujon. Se boujon ki nan tèt tij la, ki rele boujon tèminal, ki fè plant lan vin pi wo. Boujon ki lan branch akote yo, ki rele boujon lateral, se yo ki fè plant lan laji kò l plis. Plant lan vin gen plis branch chaje ak fèy.
c) Ki kalite plant ki genyen an(n) Ayiti?
Asorosi, Mormodica charantia. Photo F.Palli |
Peyi Dayiti chaje ak tout kalite plant. Nou pa gen plas la a, pou nou ta site tout.
- Gen plant potaje: karòt, radi, navè, zonyon, pòmdetè, seleri, chou, pwawo, pèsi, leti, bètrouj ...
- Gen viv tankou: bannann, diri, fig, manyòk, mayi, mazonbèl, patat, pitimi, poban, pwa dekayèt, pwa nwa, pwa rouj, tayo, yam.
- Gen plant yo fè renmèd tankou: dèyè do, fèy ti kanson, tè maron, vèvenn, zèbaklou, asorosi.
- Gen fèy yo lave rad tankou savonèt.
- Gen fèy yo lave asyèt tankou fèy pope.
- Gen fèy ki detwi ravèt ak pinèz tankou fèy ave. Pou chase marengwen,
yo boule po pistach.
- Gen fèy yo manje tankou: fèy kaya, lanman, lyann a koulèv, tilalo.
- Gen plant pou yo pran medsin tankou kas, sennen (senne), maskriti (maskreti).
- Gen danre pou yo ekspòte tankou: kafe, kakawo, tabak, vetivè.
- Gen plant endistriyèl tankou pit, koton; yo fè kòd, fisèl, tapi twal
ak yo.
- Gen plant ki pou fè lwil tankou: soya, mayi ak maskriti.
- Gen plant ki fè panye ak bale tankou latanye.
- Gen plant ki fè nat tankou jon.
- Gen plant pou yo fè karoutchou machin tankou eveya.
- Gen ab fritye tankou mango, kenèp, chadèk, zoranj, korosòl, ponm kajou.
- Gen plant ki pou fè mèb tankou: tavèno, kajou, chèn.
- Gen plant ki pou fè chabon tankou: gayak, bayawonn.
d) Ki plant ki bay manje an(n) Ayiti?
Pèsi, Petroselinum crispum. Photo F.Palli |
Repons lan: yon pil ak yon pakèt. Plant ki bay manje an Ayiti depann de kote moun yo ye. Pa egzanp, tè Latibonit se tè diri. Kidonk, moun Latibonit manje anpil diri. Lan Sid, yo fè anpil pitimi. Lan Grandans, gen anpil mayi. Moun lan Nò manje anpil nwa.
An general, men plant yo manje andeyò:
* fèy kaya, kann (yo fè tou siro, rapadou, sik rouj ak kann), koupye, lanman, mango, manyòk dous (yo fè kasav ak manyòk anmè), manyòk, mayi, mazonbèl, patat, pitimi, pwa bousoukou, pwa enkoni (koni), pwa kongo, tayo, ti lalo, yanm, zaboka, zepina,...
La vil yo manje:
* sitou diri, akasan, bannann, fig, kokoye, legim, planten, pwa sèk, pwa vèt, sik blan, zoranj.
e) Poukisa pa gen ase manje pou tout moun manje an(n) Ayiti?
Kakawo, Theobroma cacao. Photo F.Palli |
De jou an jou, popilasyon an ap ogmante tandiske kantite manje a pa
ogmante. Kidonk, pa gen ase pou tout moun. Men se pa sa sèlman. Pandan yon
seri moun pa jwenn, gen manje k ap jete oubyen k ap pouri yon seri
kote. Menm lè gen anpil manje nan mache, gen moun ki dòmi grangou. Donk, gen 4
problèm ki fè pa gen ase manje pou moun manje an(n) Ayiti:
- Trop bouch ki genyen pou ti kal manje ki genyen an. Fòk yo ta pwodwi
plis manje.
- Yo pa konsève manje an(n) Ayiti. Gen tròp gaspiyay. Bannann ap pouri nan
yon seri kwen kay paske moun yo pa konnen kijan pou fè konsève l. De
mèm, lè epòk mango oubyen veritab, se pa de mango ak veritab ak zaboka k ap
pouri anba pye. Se charye yo al lage devan kochon. Epi lòt mwa, grangou vini. Pa gen anyen pou moun manje. Lè sezon gwayav, oubyen zoranj se menm
penpenp lan. Apre sa, ou mòt bezwen yon zoranj pou fè yon vè ji, pa genyen.
Si nou jwenn mwayen konsève tout fri sa yo pandan tout ane a, pa t ap gen grangou.
- Nanpwen moun ki kontwole zafè prodiksyon manje an(n) Ayiti. Se sa peyizan
mete nan tè pou kont li, se li tout moun jwenn. Si andeyò pa bay, lavil ap
rete chèch. Si siklòn oubyen sechrès pase, tout moun se vant kòde. Sa k pi
rèd la gen kote nan menm peyi Dayiti a: se abondans paske yo jwenn bon
lapli, yo fè bon rekòt. Yon lòt kote, se tan sèk yo pa fè anyen ditou, se
grangou. Si gen yon ti kontròl sou kantite sereyal ki fèt (diri, mayi, pitimi ak pwa) yo kab kwape grangou an(n) Ayiti.
- Pri ti gode mayi, ti gode diri ak ti gode pwa fè tròp balansin. Pri yo monte desann jan yo vle tankou yoyo. Lè rekòt mayi, pri ti gode mayi bese. Nan mòt sezon, pri ti gode mayi monte. Lan tout peyi, pou yo rezoud pwoblèm grangou se pri sereyal yo bat pou bese. An (n) Ayiti, depi pri ti gode mayi bese, tout manje bese. Depi pri ti gode mayi monte, pri tout manje monte. Remak sa a se yon bagay ke n ap konstate depi lontan nan tout mache yo. Kidonk, solisyon pwoblèm grangou nan peyi Dayiti se: ogmante kantite mayi.
f ). Egzanp pratik: mayi moulen ak pwa
Se mayi ki wa nan manje peyi Dayiti. Poukisa? Paske se pa de bagay yo fè ak mayi. Ou ka manje mayi tout jan:
- Akasan
- Bougannen mayi
- Chanm-chanm
- Mayi ak sèl
- Mayi an gren pou poul
- Mayi boukannen
- Mayi bouyi
- Mayi dous ak farin mayi
- Mayi griye
- Mayi pètpèt (pètpèt mayi)
- Pay mayi pou bèt
- Pen mayi
San konte ke lan lòt peyi yo fè lwil ak mayi. Yo fè alkòl ak mayi tou.
Nan 100 gram mayi moulen, ou jwenn 363 kalori ak 7,9 pwoteyin; sètadi plis pase diri. Pwa rouj ak pwa nwa pi rich nan proteyin lontan pase tout manje ki gen an(n) Ayiti. Nan 100 gram pwa rouj oubyen pwa nwa, ou jwenn 22.0 pwoteyin. Kidonk, yon moun ki manje yon plat mayi moulen ak sòs pwa oubyen ki bwè yon vè akasan li kore pou jounen an. Zafè malnitrisyon an, bliye sa!
g) Ki lòt plant yo manje an(n) Ayiti ankò?
Nou genyen pitimi ak diri ki chaje ak kalori, ak proteyin tou, men se pa tankou mayi. Menm vyann pa ka parèt devan sòs pwa nwa oubyen sòs pwa rouj. Men kantite proteyin ki gen nan vyann bèf: 18.7; vyann kochon: 13.1; vyann kabrit: 18.7. Pa bliye ke pwa nwa ak pwa rouj gen 22.0 yo menm. Lè manman w mouri, ou tete grann. Si w pa manje mayi, ou gen dwa manje lòt sereyal tankou pitimi ak diri. Lòt manje tankou bannann, fig, tayo gen apeprè 1.2 a 1.7 proteyin.
TIMTIM
I . - Di m ki repons ki pi bon la a :
1 . Yon plant gen 5 pati:
a). fèy, ekòs, flè, fri, grenn.
b). rasin, tij, estomat, fri, flè.
c). rasin, tij, fèy, flè, fri.
2 . Lè w dekale twon yon pyebwa men sa w wè :
a). ekòs, albè, kanbiyoum, zilèm, kè bwa
b). ekòs, libè, kanbiyoum, zilèm, kè bwa
c). ekòs, libè, kanbiyoum, felèm, kè bwa
3 . Pou yon plant grandi :
a). Se pi plis fèy li pouse
b). Se boujon tèminal (sètadi, sa ki nan tèt li ki devlope)
c). Se boujon lateral yo ki layite kò yo
4 . Si n bezwen konn laj yon plant :
a). Nou dwe konte konbyen zanno bwa li genyen.
b). Nou dwe konte konbyen kouch libè li genyen.
c). Se lan kè bwa a pou n al gade.
5 . Se 4 bagay ki fè gen grangou an(n) Ayiti :
a). Bolèt, madigra, parese ak sechrès.
b). Razè, chomaj, volè ak mizè.
c). Prodiksyon, konsèvasyon, kontwòl ak pri manje.
II. Reponn si se vre ou si se manti :
Si se vre, ekri: V
Si se manti, ekri: M
a). Yon pye mango se yon plant linyez. ( )
b). Plant ki gen tij fèb tankou mayi yo rele yo èbase. ( )
c). Yon plant ki viy lontan rele plant anyèl. ( )
d). Kannal bwa a se li ki pote sèv brit la al lan fèy yo. ( )
e). Lè sèv brit la fini pase lan fèy la li tounen sèv elabore. ( )
f). Se pwa ki gen plis proteyin lan tout manje an(n) Ayiti. ( )
g). Diri pi nourisan pase mayi moulen. ( )
h). Vyann pi rich pase pwa nwa. ( )
i). Depi gen anpil mayi an(n) Ayiti pa p janm gen grangou. ( )
j). Se plant linyez ki fè bon poto kay. ( )
k). Pa gen oken diferans nan manje moun manje andeyò ak la vil. ( )
l). Se sereyal ki kwape grangou tou patou sou latè. ( )
III. Esperyans pou nou fè lakay nou
a). Mete yon pay pwa yo fin pile nan yon fatra. Yon lòt ti moman li gentan bay move sant. Poukisa? Paske li chaje ak proteyin.
b). Veye pou nou wè nan mache si lè pri mayi monte lòt manje pa vini pi chè.
c). Konbyen ti mamit mayi ak ti mamit pwa ki ka plen vant moun nan yon kay ki gen 5 moun, 8 moun 10 moun?
d). Poukisa se mayi ki wa tout manje an(n) Ayiti?
Estòlòj, Morinda citrifolia. Photo F.Palli |
Note:
A lire aussi :
- Twazyèm chapit: Rasin yon plant (yon tèks Jean Erich René)
- Quelques plantes créoles et leurs noms en latin par Emmanuel W. VEDRINE
- Walapulu Cacao et Chocolat de Guyane
- Les plantes cultivées en régions chaudes AFD (Antenne de formation à distance)
Koutwazi
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (USA)
imel: e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com