Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Nwèl 2021 é joudlan

Nwèl ann Ayiti
Nwèl nan Miyami
Viv Nwèl !

Jan Mapou
(Sosyete Koukouy Miyami)

Nwèl par Michel M. Obin. Naderhaitianart

25 desanm lan rive. 25 desanm tonbe do pou do ak dat ti Jezi te fèt. Lakay ann Ayiti, lontan-lontan, se te konn gwo fèt wi, nou sonje? Nou sonje jan sa te bèl! Nou sonje lakay fèt nwèl, se fèt legliz, fèt lanmou, fèt rekonsilyasyon. Nan epòk sa-a, tout fanmi ki gen moùn nan prizon kit se pou volè, movezafè osnon politik y ap tann prezidan peyi a bay amnisti, lage prizonye vin pase nwèl ak fanmi yo. Lekòl lage, tout timoun anvakans. Vakans Nwèl. Tout legliz yo dekore. Monpè, Chèfrè ak Mamè nan legliz ak lekòl katolik yo ap fè aktivite moute-desann. Ti Jezi pral tounen. Legliz yo anpenpan. Santi bon! Bèl flè pwennseta, bougenvilye, woz wouj, woz woz, woz blan, kanasyon... Gade non, anndan legliz yo se lafrechè, yon pafen lansan natirèl ki mete lajwa nan kè tout moun... Anfannkè ap retire pousyè sou lotèl; wòb monpè byen repase, nap lotèl kase an 4, byen vlope pou lanmès minui 24 desanm.

Nan epòk Nwèl, tout moun ki gen kont, rekonsilye. Se vwazen ban m nouvèl ou vwazin; monkonpè k ap mande makomè kijan vye kò a ye. Nan lavèy nwèl, youn ap pote pou lòt ti bòl bouyon reveyon epi nan denmen 25 desanm yo pataje likè ak tranch bonbon.

Jou Nwèl, se jou timoun gen libète pou y al vizite granmè, al anbrase marenn yo, parenn yo, matant ak grandèt nan katye a. Yo sèvi yo likè ak bonbon. Se epòk, timoun kou granmoun sou kou pipirit tank yo bwè likè anizèt osnon kremas. Timoun yo fè bèl fanal; youn pi bèl pase lòt. Fanal se yon karakteristik nwèl lakay. Nan pwen nwèl san fanal. Se kilti pa nou. Yo fè yo ak katon. Trase desen nan katon an, epi yo dekoupe katon an ak biren osnon moso jilèt chandra, fè bèl desen; epi, yo kouvri yo ak papye koulè. Yo mete balenn osnon bouji anndan fanal yo pou klere desen yo. Timoun ki pi entelijan mete ti anpoul chita sou tèt yon batri. Lè batri a fini, yo bat li, yo bat li osnon yo antere l anba tè pou yo rechaje l.  Gen tout kalite motif fanal. Gen legliz. Gen palè. Gen ki gen fòm zwazo, osnon bèl tikay ak achitekti jinjèbrèd... Anfen-anfen timoun yo itilize imajinasyon yo pou yo dekore devan pòt lakay yo osnon katye kote yo rete a.

Epitou, se gwo konpetisyon wi. Gen ki fè bonjan ti monnen tou nan vann fanal, yo vann fanal yo bay lòt ti zanmi osnon bay touris, lè touris te konn debake nan Bisantnè Pòtoprens. Debò “Lali” ale-retounen Petyonvil se tankou laretrèt oflanbo. Mesyedam yo kontan. 2-3 fanal pann sou do yo, ti radyo yo sou kote yo, y’ap mache monte-desann, y ap rele Viv Nwèl anba yon plidetwal alimèt Bengal… Gwo kout peta k ap pete an repondonng pou kenbe tout moun doubout, je louvri ak chante minui kretyen y ap fredonnen san fen ki gaye nan lè a nan tout estasyon radyo. Viv Nwèl onò. Osid reponn Viv Nwèl… Gendelè tèt yo cho ak likè osnon tranpe bwa kochon, gwòg yo pran chè, bouch chape, betiz tonbe, nou konprann? Men, pa pè! Granmoun yo kanpe la tinfas pou raple yo alòd osnon mete lòd nan dezòd.

Epòk Nwèl se lè jenès la, fi kou gason dòmi ta epi fimen yon ti sigarèt comme il faut osnon sigarèt banda. Depi ou pa al twò lwen ou gendwa ret nan katye a ak ti zanmi w pou jwe, pou pale, pou bay lodyans. Ti mesye yo tou pwofite kase ti bwa nan zòrèy medam yo… Men detanzantan Lamè, Lepè osnon Grann vin tyeke pou asire  pa gen derapaj…

Depi nan fen mwa novanm bèl mizik nwèl gaye nan tout radyo. Radyo ayisyen ak radyo panyòl yo. Nan pwovens tankou nan peyi pa m Okay (Difon) depi 6è diswa, radyo panyòl yo kouvri tout ti radyo lokal yo ak chante Feliz Navidad …Sèl lavwa Disid, Agwonòm Louis Dejoie te fè moun Okay kado lè li te sot Kiba pandan epòk eleksyon 57 yo, ki te konn kenbe tèt ak radyo panyòl yo… Nan epòk sa a, m sonje tout moun t ap chante nan manifestasyon lakontantman: “Dejwa soti Kiba, sa l pote?: - Yon estasyon radyo!”… Tino Wosi limenm ap wosiye nwèl malere ak pitit papa noel ki anvayi tout kay yo. Kanta pou òkès Meridyonal ak Destinòb Barato, depi yo frape mizik Nwèl la rive…Menmsi ou kokobe nètale, w ap leve danse kanmenm. 

Devan legliz Lakatedral Okay Difon machann pate fè kenken. Gen yon anbyans mizikal ki resevwa tout moun ki pral mès minui.  Sou tout arebò legliz yo machann yo ap monte desann. «Pate cho... Pate cho. Bon bagay wi! Bon gou sèl. Bonjan vyann. Pate feyte. Fonn nan bouch…». Pou bon, yo bon. Pou fen, yo fen.  Moun ki pa ka reziste, achte epi tou kraze kèk pate anvan yo rantre legliz. Gen menm ki bliye si yo te pral pran lakominyon. Latantasyon fè yo goute epi yo mande Bondye padon.  Men se apre lanmès, machann yo fè zafè. Granmoun yo achte pate agogo pou y al manje ak kafe lè yo rive lakay. Yo pote pou zanfan yo, bòn yo ak tout rès fanmiy yo.

Mès minui nan epòk Nwèl se yon obligasyon espesyalman pou fanmiy yo. Se yon devwa relijye. Pafwa yo mennen timoun yo ak yo. Pafwa tou, y ale sèl epi, kipizè depi mès la koumanse jouk li fini majorite nan yo ap tire kout tèt… Y ap wonfle; gwo wonfle nan legliz la wi! Youn ap soutni tèt lòt. Timoun yo souke Grann ki prèt pou tonbe nan kabicha. Malgre Granmoun yo ap rale singo, y ap chante minui kretyen byen fò, je fèmen osnon y ap resite Notrepè ki ètzosye (papa nou ki nan syèl la). Yo konnen Notrepè ak Wozè yo pa kè, menm nan dòmi. Gen timoun atoufè, timoun ki gen madichon ki konn tache rad granmoun k ap dòmi yo ak zepenng osnon ak gonm chiklèt, yon fason lè yo pantan, yo kole youn ak lòt…Timoun fwonte sa yo konn pran kèk bon sabò tou anndan Legliz la.  Timoun dezòd oooo se timoun lakay!  Men yo obeyisan. Yo karesan. Se pa mechanste non. Se jwe y ap jwe ak Grann. 

Epòk Nwèl se lajwa deviv. Bondye nan syèl ak tout zany yo, tout sen yo kontan. Latè santi bon! Se pa de fèt! Se pa de selebrasyon! Lontan, Ayisyen pa te nan kidnape Ayisyen. Moun pa te konn ap touye moun pou etranje vin foure bouch nan koze nou... Timoun te respekte grandèt. Granmoun te granmoun pou yo mache libelibè   pou okipe zafè pitit yo, zafè mari yo, zafè madanm yo. Laperèz, lakrentif, se te zafè awousa k ap mache rape valiz moun, lapolis te konn fouke, lage nan prizon. 

Mwa desanm lakay, lè lakay te lakay se epòk bonjan frechè, bonjan van nan savann Okay peyi mwen …Ti labriz byen fre k ap soti lilèt ak laravin disid k ap flote nan lè a yon pafen ilan-ilan ak jasmen denui, chatouye plim nen zanmoure ak zanmourèz. Fè freeee! Fè bon! Granmoun yo chita sou galri y ap dodinen, kale kò yo, yon ti plim poul ap chatouye zòrèy yo, y ap kave lodyans.  Lavèy Nwèl timoun ap kouri moute-desann, pete peta…Woule plidetwal ak alimèt Bengal.  Jenn gengenn yo  nan tout lari  ap rele Viv Nwèl, ap chante Minui Kretyen…

Jou 25 Desanm lakay, lontan se lapè total. Se yon jounen lafanmi. Yo kuit poul, diri kole ak pwa bonjan gou kokoye. Grenn diri yo kou grenn dyaman k ap myanmiyan, listre ak luil doliv. Yon ti diri byen gra.  Menm graten an monte tab, k ap fè Bòn yo filalanng.  Menmsi timoun yo pa jwenn ni kuis poul, ni blan poul…Men, kraze zèl poul la, pye poul la, kou poul la, tèt poul la… Se pou yo. Yo piye bò tab la, y ap tann Lepè osnon Grann fini pou yo souze zo kuis poul la. Se pa rès bouch non! Se pa suibab non!... Lontan, Lakay, te gen prensip; lepè manje ak fouchèt, ak kouto. Li dekoupe vyann nan kuis poul la … Zo a ki rete a toujou gen yon ti filangèt vyann sou li ak bonjan mwèl.  Grann limenm, bouch fobop, li pa gen dan pou li kraze zo…Kidonk pati sa a se pou lèzanfan. Timoun yo souse zo yo, yo rale mwèl la floup… Yon ji asezonay glise desann nan gagann yo…

Poul, diri kole ak pwa wouj se pla nasyonal ayisyen. Nan tout fanmi ki kapab, se repa sa a, yo sèvi 25 desanm. Pa te ko gen poul enpòte. Se te elvay nan lakou kote poul ap ponn ze, ze kouve, ze tounen poul; yo mete yo nan swenyaj pou epòk fèt tankou Nwèl ak Joudlan.

Men adye O! Tan yè pa tan jodi. Apre yon tan, se yon lòt. Èske tradisyon sa a toujou lakay? Ayisyen nan dyaspora a ap dòmi reve bèl moman sa yo, yo te konn pase lakay… Lakay, fanal toujou fè mikalaw… Fidèl yo toujou al mès minui. Machann toujou ap vann pate devan Legliz. Men pa gen achtè; pa gen mwayen pou fidèl yo pase yon ti pousyè pate bò bouch yo. Reveyon konsonmen-nwèl pa travèse lantouray ankò. Menm timoun pa ka jwe ni marèl, ni kòd, ni kay, ni marilò-akasan-siwo. Van fin anpare yo... Kidnapè pa pran nwèl. Kon bann zobop ak laso y ap lanse timoun kou granmoun. Tonton Nwèl pa rive lakay. Li kase tèt tounen.  Twòp mizè, twòp soufrans. Twò krim. Nan pwen pwovizyon nan dyakout li pou tout malere sa yo ki pa gen ni kay, ni joupa; ni kabann, ni manje… Jounen jodi a lakay, se rèl kay makorèl. Kilti nou sou wout pèdi ak Tonton Nwèl ki fè vwèl pou peyi san chapo!

Ayisyen nan Miyami ap dòmi reve Nwèl lakay

Ayisyen nan Miyami kenbe majorite bèl tradisyon nwèl lakay. Gen pwopriyetè kay ki dekore kay yo ak gilann limyè, mete bèl dekorasyon, fè devan kay yo tounen yon fanal. Men, pa gen bèl fanal tankou lakay. Ayisyen ki te konn fè fanal yo, atis sa yo pa gentan pou yo nan koupe katon, kole papye fen osnon kwaze tibwa kokoye pou yo imite fanal lakay yo. Yo bizi nan bay «awa». Epoutan, se yon biznis ki te ka rapòte yo anpil tyotyo. Tout lekòl ameriken yo damou pou estil fanal ayisyen an yo di, ki orijinal, atistik e senbolik e ki montre yon bèl tranch kilti peyi a.  Degizman kanaval ak fanal se 2 eleman enteresan nan kilti nou. Gen lekòl nan Miyami ki anplwaye atis ayisyen pou aprann elèv yo fè fanal.

Ayisyen ki gen timoun piti nan Miyami achte pye sapen natirèl osnon sapen atifisyèl, monte yo nan salon kay la epi etale kado pou tout lafanmi anba pye saten an. Pandan ti klòch ap sonnen ansoudin osnon yon ti mizik swa sou Krismas ap jwe nan kay la. Gen Ayisyen nan Miyami ki kenbe tradisyon yo. Y al legliz, lapriyè; prepare reveyon, gwo bonm bouyon separe ak zanmi. Legliz katolik Notre-Dame d’Haiti nan Ti Ayiti toujou fè mès minui depi 10è nan aswè rive jouk 2è nan maten. Legliz Miyami tankou Ayiti byen abiye ak bèl nap, flè k ap diskite lakoulè, ti Jezi nan krèch, estati Twa Wa Maj, antoure Sen Djo ak manman Mari. Nan Legliz yo, espesyalman nan Legliz Katolik, Espikopal ak tout lòt ki fete nesans Granmèt la 25 desanm, gen koral k ap chante tout bèl chante nwèl wololoy yo an Franse, an Angle ak an Kreyòl… Kanta pou chante an Kreyòl yo, tout fidèl ap kadanse debò lè yo frape yon rit rara ak bonjan kout tanbou marye ak vaksin tankou nan chante Wawa yo…  

Nan tout radyo Ayisyen yo depi apre Thanksgiving, nan fen mwa Novanm, Nwèl monte nan lè a. Tino Wosi toujou ap mennen ak Pitit papa NoelSeptan, Twopikana, Wawa, Lionel Benjamin, Leon Dimanche, Marcel Alexis, Kiki Wainwright, Zetwal Kreyòl elatriye ap rafrechi lizyè souvni ansyen jenerasyon an pandan y ap envite nouvo jenerasyon an pou yo kenbe kilti lakay byen djanm.

Sektè vodou a selebre nwèl rèdchèch nan Miyami. Pa gen benyen kache lonbrit nan peyi isit. Tout moun selebre kwayans yo jan yo vle. Jan yo kapab. Se la demokrasi. Tout relijyon lib pou glorifye Granmèt yo. Se konsa, depi epòk desanm pèse, Ayisyen kou etranje ap mande ki kote kandyanhoun an   pral dewoule pou ane ki pral fè lareverans lan. Vodouyizan yo fete jan pa yo; lakay yo osnon nan lakou lakay yo.  Se epòk selebrasyon yon makòn nanchon nan panteyon vodou a. Kawòl Mawoule, yon Manbo ki pwofonde nan relijyon vodou a di nou: “epòk desanm se epòk Fanmiy Makaya ak Fanmiy Wongòl. Yo bay lebra pou yo selebre ane a ki pral kaba.  Yo envite tout lòt Sosyete yo vin selebre ak yo.  Gwo sèvis fèt anba tout peristil lakay ak nan Miyami. Koulè fanmiy sa yo pou seremoni yo se vèt, wouj, blan ak koulè dore. Anpil bwason ak manje…”

Yon nan lwa yo fete nan epòk fen ane a se: Simbi Makaya. Doktè Dyeri Jil ak madanm li Ivwoz ekri nan liv Sèvis Ginen (rasin, rityèl, respè lan vodou), Simbi Makaya se Simbi Fèy. Li gen konesans pou l trete maladi. Epitou, se paske Makaya vle di fèy ki fè gen forè Makaya ann Ayiti. Dòk la menm rapòte yon chante Kikongo ki di:

«Paske se Simbi ki ban m fòs
Mwen pa pè pesonn
Mwen di sa m vle
Janm pito
Pesonn pa ka anpeche sa»

Kawòl Mawoule di nou tou, anpil Ayisyen soti nan dyaspora a, rantre an Ayiti, al bay respè yo; epi, yo tou pwofite pran yon bon beny, retire devenn kòde ak maladi pou yo redemare tou nèf ak yon lòt ane tou nèf.  Chak zòn gen fason pa yo ak rityèl pa yo. Nan pati Sid peyi a, Kawòl ajoute pou l di: «Nan seremoni sa a, yo sèvi YANM. Sèvis la rele Kouche Yanm. Yo sèvi tou lòt viv ki sot anndan zantray latè tankou patat, malanga, yanm ginen, mazounmbèl… Manje lwa yo apa. Manje lwa yo byen ranje nan yon ganmèl, enpe kuit, enpe kri…Yo mete Ganmèl la bò potomitan an.»

Pou vodouyizan yo, fen ane a gen yon siyifikasyon espesyal. Se epòk sèvitè yo «pran beny 31 desanm» Moun yo al nan lakou a, yo pran 7 sèv nan 7 pyebwa ki se nanm pyebwa yo. Epi yo melanje fèy yo ak sèv yo, marinen yo byen marinen, pile yo nan pilon… Oungan an osnon Manbo a konpoze yon beny ji fèy pou fwote kò sèvitè latè yo, tanpe kò yo, bat kò yo ak fèy yo pou yo reprann nanm, fòs ak enèji pou kòmanse ane tou nèf la.

Ayisyen fete Nwèl ak Joudlan nan kilti pa yo. Nan Miyami se tout yon senfoni Kreyòl-Angle kote yon pòsyon ap swete Merry Christmas! … Yon lòt pòsyon ap reponn: Jwaye Nwèl!... Si lakay se Tonton Nwèl ki pote kado depoze anba zòrye timoun yo… Epi ki kado!  Isit nan Miyami, se Sannta ki depoze yon chay kado anba Christmas Tree yo pou granmoun ak timoun…Timoun yo kontan. A minui oubyen 25 desanm bonè nan maten yo louvri kado yo, dechire papye kado yo ak eksitasyon… Yo prese, yo pa ka tann, yo bezwen konnen kisa onton Nwèl pote pou yo. Ti gason yo jwenn ti machin, bèl rad, balon foutbòl, bisiklèt, telefòn… Kanta pou ti fi yo, yo jwenn bèl poupe, ti chenn, ti zanno, bisiklèt… Granmoun yo pataje kado tou. Mari fè bèl jès ak madanm yo, achte bon ti pafen santi bon,,, madanm menm ofri chosèt, kalson, chemiz ak chemizèt, bèl ti mayo pou leve eskanp jennjan mari yo.  Nan dyaspora a, yo rele Tonton Nwèl Sannta; Sannta pa chich onon ditoupa! Dyakout kado l sou do l, l ap rantre soti de kay an kay, pote bèl ti souvni pou timoun tankou granmoun. Ala bèl fèt se Nwèl nan Miyami! Ayisyen fete agranlijyèn. Yo reyini lakay yo, bwè gwòg, bay lodyans…Rakonte bèl mèvèy yo an Ayiti, lè Ayiti te Ayiti.

Jounen jodi a, Ayisyen tankou tout lòt nasyonalite tounen pentad. Y ap viv anba pay. Yo la, yo pa la.  Maladi madichon, pandemi ki rele Kovid-19 la tounen yon aganman k ap chanje koulè detanzantan atake timoun kou granmoun. Nan kè tout moun depi 2020, s on sèl refren: Viv Nwèl, Viv lavi!   Aba Kovid!

Jan Mapou
(Sosyete Koukouy Miyami)

filao-étoile  étoile   filao-étoile

Sur Potomitan et ailleurs

Nwèl 2021