Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Nòt byografik

Jan Mapou

Foto Gerdes

Jan Mapou fèt Okay 12 oktòb 1941. Li fè tout etid klasik li Okay kay Les Frères de l’Instructions Chrétiennes ak Lycée Philippe Guerrier des Cayes.  Li rantre Pòtoprens an 1962. Pwofesè nan lekòl Honore Ferry ak Exinor Flavien, Kontab diplome epi loreya nan ekzamen ofisyèl Edikasyon Nasyonal  an 1964. Anplwaye Banque Nationale de la République d'Haïti, seksyon Pòtfèy an 1965.

Mapou se youn nan manm fondatè òganizasyon Mouvman Kreyòl Ayisyen ak defen Henri Claude Daniel (Jan Tanbou).

Dkt Ernst Mirville (Pyè Banbou)-defen, Marie Lucie Baas (Idalina), Emile Jules (Pyè Legba)- defen…

Nan Mouvman Kreyòl Ayisyen, Mapou te responsab seksyon literè Sosyete Koukouy ak 2 emisyon literè nan radyo Karayib: “Emisyon Solèy” premye emisyon literè nan lang kreyòl nan radyo an Ayiti ak “Ici Jeunesse” plis yon emisyon sosyal: Aurore Publicite. (chak maten)

6 Avril 1969, makout Divalye yo sou kòmannman René Breneville (Gwo René) debake epi arete 12 jenn gason, manm ak zanmi Koukouy kit e nan estasyon an. Mapou pase 4 mwa 6 jou nan kacho fò dimanch. Mapou libere 12 dawou 1969. Li vwayaje al Nouyòk an 1971, li resisite Sosyete koukouy Nouyòk an 1981. An 1984, li rantre Miyami, li ak kèk koukouy Nouyòk ki rantre Miyami reprann aktivite koukouy yo an 1985 sou non Sosyete Koukouy Miyami. Pwofesè Max Manigat te kontinye aktivite koukouiy Nouyòk yo. Administratè, Mapou travay kòm Direktè Jeneral sistèm Parking Miami International Airport, responsab plis pase 100  anplwaye. Mapou pran pansyon an 2011 apre 27ane sèvis. Mapou fonde Libreri Mapou an 1990. Ki se sèl libreri k ap distribiye liv ayisyen an kreyòl, franse ak angle nan Florid. Mapou te envite Libreri of Congress nan ane 2001

Mapou pibliye: Bajou Kase - pwezi (1974), Pwezigram - pwezi (1981) Anba Mapou a -istwa kout; DPM Kanntè (teyat total). Antoloji Teyat Mapou (2021). Mapou ekri plis pase yon milye atik nan jounal Haiti Observateur (1981-1985 ak Haiti en Marche depi 1997- Mapou se “Prezidan Fondatè” anndan Biwo Santral Sosyete Koukouy pi ansyen enstitisyon literè k ap travay pou avansman lang ak killti Kreyòl Ayisyen an.

Men, se nan domèn teyat, Jan Mapou pi maton. Aktivite teyat yo kòmanse depi li te gen 15-16 an Okay nan preparasyon fedkan pou Gwoup Eskout St Louis ak Gwoup Eskout Philippe Guerrier Des Cayes li te fonde ak Maurice Fouron, Pierre Laroque, Claude Pierre ak Ti Mannwèl.

Rive nan peyi Etazini, Jan Mapou mete sou sèn epi dirije plis pase 20 pyèsteyat nan Nouyòk ak nan Miyami, li se espesyalis nan Teyat total.

Nan Nouyòk: Bouki nan Paradi-1981 (F. Fouche), Tatalolo (1983) (JMapou); Anba Tonèl (1982) (JMapou); Bouki ak Malis nan Nouyòk (1983) (F. Moriso-Lewa); Lanmò Jozafa (1984) (JMapou). 

Nan Miyami: Wa Kreyon; (F. Moriso-Lewa); Anba Lakay (1981), Chaloska (1987) (Serge Francois alyas Ralba); Tout Kolon se Kolon (1992) (JMapou); DPM Kanntè (1994) (JMapou),  Maryaj Daso (1989) (JMapou), Tout Manman se manman (1990) (JMapou ak Kiki Wainwright), Bwa Kayiman (1991) (JMapou); Libète ou Lanmò (2004), (JMapou); Lanmò Jozafa (2007) (JMapou); Mèt Lawouze (2010) (JMapou-Paula Pean)…

Chedèv Jan Mapou se DPM Kanntè (Drèt pou Miyami Kanntè, Teyat total): ki jwe pou premye fwa, 20 novanm 1994 devan plis pase 2.000 moun, Ayisyen kou etranje nan Miami-Dade County Auditorium. DPM Kanntè pibliye an liv ak videyo. Se listwa botpipo ayisyen yo nan ane 80 yo, ki aprann nou poukisa Ayisyen sou epòk Divalye yo t ap kite peyi a. DPM kanntè se yon trajedi kote lavi triyonfe sou  lanmò ak yon melodi Kiki Wainwright "Nou soti nan Ginen, n ap tounen nan Ginen." 

“Kòd lonbrit yon sanba mare ak lavi peyi li, lavi pèp li, lavi fanmi li, lavi zanmore li, zanni katye li, kanmarad travay li. Kè yon sanba se yon gita 1.000 kòd sansib. Li akòde ak divès tay banbou ak tout batri vaksin ki ap woule, soufle kadans konbit lavi."

Nou jwenn tou sa nan teyat Mapou, teyat patisipasyon. Teyat total.

Sur Potomitan

 *

Viré monté