Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Nwèl 2019 é joudlan

Soup joumou 2020...

par Guy Cayemite

Anthurium andreanum

Pou w ka fè yon bon soup joumou,
fòk ou fè li avèk lanmou...
Joumou a se li ki pi enpòtan
ak viann lan, sinon wap pèdi tan....
Chak zòn gen jan yo prepare l
chak fanmi gen yon jan yo jere l...
Depi lan gran vil jis lan ti bouk chak kay fè yon bonm.
Se yon tradisyon
se lè sa zansèt nou te kreye yon nasyon
pou nou te ka viv lib san oken mèt
ki te konn trete nou pi mal pase bèt...
Menm lan diaspora nou pa janm bliye
soup joumou se yon potomitan pou salie
nouvèl ane kap kòmanse ak yon piman bouk...

Guy Cayemite

 

Anthurium andreanum

 

filao-étoile  étoile   filao-étoile

Sur Potomitan et ailleurs

Nwèl 2019