Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Nwèl 2020 é joudlan

No well nan Nowèl

Yves-Mary Fontin

Tizon dife
limen pay
Pil fatra
lane dènye
N on katye abandone
ki pote non papa BonDye

Pidetwal fonn
Nan kouran espwa kouran
Pou tout yon zile
Kiskeya

Fanal atizanal
pran ban
sou etajè lateknoloji
Memwa n bliye
menm ti lezanj
nan mitan kado lodyans

Nou sere doulè n
nan refren chante nowèl
an verite se yon “No well”
anba pètpèt klorat laperèz
nan senti rèl ak doulè
tout yon lane

Yves-Mary Fontin

 

filao-étoile  étoile   filao-étoile

Sur Potomitan et ailleurs

Nwèl 2020