Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Jojo’s Guesthouse nan Kiraso:
yon entèvyou ak popriyetè a

Emmanuel W. Védrine

Photo: E. W. Védrine Creole Project Archives

Jojo’s Guesthouse: an interview with the owner, pastor Josias Joseph

• Entèvyou (transkripsyon) •

Haitian Creole (Kreyol) • English

7 novanm 2022

E.V: Bonjou, pastè Josias! Se yon plezi pou retounen avèk ou nan ribrik nou, Edike Ayisyen Ayiti, e edike Ayisyen nan dyaspora. Se toujou avèk sèvitè ou, Emmanuel W. Védrine. Jodiya nan dat 16 avril 2022, nou rankontre ak yon gran lidè nan Kominote Ayisyen nan Kiraso. Se pastè Josias Joseph. Li pral fè yon ti pale ak nou (depi lè l nan Kiraso, sa l ap fè Kiraso, legliz li fonde nan Kiraso e yon guesthouse li apèn fini - ki kapab desèvi kominote ayisyen nan dyaspora e an Ayiti. Se yon plezi pou n rankontre avè w, pastè Josias Joseph. Kòman w ye?

J.O: Bondye beni w, frè Védrine! Mwen salye w tou, nan non Jezi. Mwen salye tout zanmi k ap jwenn vokal sa a (oubyen ki pral li transkrip la), e jan ou sot di a mwen se Josias Joseph, pastè Église de Dieu Union des Chrétiens. Se yon legliz ki gen 21 (venteyen) ane depi l egziste. Alò se te yon privilèj Leseyè te ban nou pou fonde premye legliz ayisyen isit, nan Kiraso.

Photo: E. W. Védrine Creole Project Archives

Kisa ki te fè w tonbe nan Kiraso? Kòman sa te ye pou ou o kòmansman?

Bon, fò m di w sa, sa k te fè m tonbe nan Kiraso, se yon bèl kesyon. Alepòk 2013, te genyen anbago Nasyonzini te mete sou Ayiti akoz koudeta ki te fèt kont prezidan Jean-Bertrand Aristide. Peyi a te bloke totalman aprè tout demach nou te genyen ki t ap fèt pou n te antre Etazini. Nou pa t gen lechwa; nou te oblije chèche yon lòt kote pou nou te kite, retire kò nou nan peyi d Ayiti. Lè sa a, yo te panse Ayiti te pi gwo dezè, pi gwo pwoblèm ki te genyen. Epoutan, jodiya, lè n ap gade Ayiti (de epòk sa a jiska jodiya, 2022) nou pa konn ki non nou ta bay Ayiti kounyeya. Bon, se sa ki te pouse m antre nan yon ti il (zile), e de la pou n te fè demach pou n te antre Etazini, men sa pa t plan Bondye.

Bon, kòm ou te fè yon ti pale ak nou de legliz la, donk nou konnen gen lòt pastè nan zòn nan tou. Kòman sa te ye pou ou? Ki pwoblèm ou te rankontre? Kòman Bondye te aple w nan èv la nan Kiraso?

Vwala! Se sa menm ki te youn nan pi gwo pwoblèm ke nou te genyen lè nou antre nan il la. Nou pa t jwenn yon legliz nan lang nou; nou pa t jwenn yon legliz ayisyèn. E tout kote nou te ale, nou jwenn legliz yo ap fonksyone nan diferant lang. Pafwa nou pa menm konprann sa y ap di. Nou konnen nou menm nou limite anpil nan kesyon lang an Ayiti. Ou ka tande, men w pa fin konprann sitou w jwenn yon lang ki se papiamento. Nou pa t jwenn ekri ladan (nan liv). Bon pou m di ou sa, nou te gen pwoblèm pou te kòmanse. Nanm nou te kòmanse sèch. Nou t ap chèche oryante nou vrèman pou nou kapab rafrechi lespri, e nanm nou.  E nan lapriyè, Lesèyè te vin ban nou direksyon aprè 6 ou 7 lane. Bondye t ap montre nou, oke, pwoblèm nan ka rezoud. Gen sèvitè ki genn disponiblite, volonte, e kapasite pou fè èv la mache.

Pami pwogram ou te fè nan medya a, ou te gen yon pwogram radyo nan kominote a atravè Radio New Song 96.5 fm (ki te rele Chante lakay). Fè yon ti pale de pwogram evanjelik sa a. Anpil pastè lòt kote (Ayiti, tout kote nan dyaspora a) ta renmen konnen apwopo de travay sa a ke w fè, o nivo evanjelik nan Radio New Song.

Monchè, brèf, m ap di w sa se yon peyi kote depi w te pale kreyòl ladan l, pèp la te tande w pale kreyòl menm kote a yo te gen pwoblèm. Yo choke paske yo pa janm tande l. Menm jan nou menm tou pa t janm konn tande papiamento, yo menm tou yo pa t jann konn tande kreyòl. Alò se te pou lapremyè fwa (an 1996) Bondye ta pral ouvri yon pòt pou nou pou n te gen yon pwogram nan lang manman nou, ki t ap emèt sou Radio New Song 96.5 fm. Lè sa a se te yon sezisman kote tout Kirasolè tande yon lang kreyòl k ap pale. Yo sezi tande sa; e kote non sèlman t ap pale men k ap preche Levanjil, k ap ankouraje nanm, k ap ankouraje kominote ayisyèn nan dabò ki te sanble l abandone. Se konsa pwogram sa a fè yon anpil travay, e se youn nan aktivite ki te vin pwomote kesyon legliz. Sa vle di te vin rive nan yon moman pou n te jwenn yon lokal kote pou nou reyini pou n adore Leseyè. Alò sa se youn ladan yo. Nou gen plizyè lòt aktivite. Mwen pa kwè nan odyo sa a m ap gen tan pou di yo. Te gen anpil lòt aktivite nou t ap antreprann nan kominote a pou te kapab kenbe pèp nou an, pèp ayisyen, vrèman nan anbyans kiltirèl, e espirityèl.

Nou di w mèsi pou sa. Nou gen anpil travay pou n fè pou n retounen kote w ankò pou n dokimante kominote ayisyen an nan Kiraso, e petèt ou kapab di nou depi kilè ke yo kòmanse la. Nou konnen ansyen prezidan (Faustin) Soulouque youn nan ansyen imigran ki fè prèske ennan nan Kiraso lè li kite Ayiti. Nou pa konnen kisa w ta gen pou di sou istwa Ayisyen nan Kiraso. Nou tou poze w kesyon sa a pou anrichi rechèch nou pi devan.

Bon, sa m kapab di w Kiraso se youn nan il (zile) nan ti Antiy yo. Nou gen Aruba,  Bonaire, Kiraso (The ABC Islands). Sa yo te konte. Lè n vin rive isit, nou jwenn gen plis il ki ta fè pati Karayib Olanndè. Tout il sa yo vin fè pati (peyi) Olann. Ebyen, Kiraso, youn nan bagay ki te atire atansyon m lè m antre isit, yo di m prezidan François Duvalier te fè kado yon bato bannann nan epòk lavi te difísil pou yo… Te gen anpil grangou. Malerezman, yo pa t gen posiblite alepòk pou te refrijere bannann yo pou yo pa t gate, pou yo te rive byen. Men pèp la te tèlman kontan, yo kouri al sou waf la pou al wè bato bannann sa a ki soti Ayiti pou yo. Men lè yo rive, bannann yo te gate malerezman. Fò m di w sa avèk senserite, pèp kirasolè a te byen resevwa jès Duvalier te fè a kanmèm paske yo te kontan, e paske nou te panse a yo.

N ap tounen sou ou pi devan, men fè yon ti pale ak nou de biznis bèl guesthouse ou apèn fini e nou konnen ou se yon gwo bòs tou. Afè konstriksyon an ou manyen l tou (se domèn ou). Donk anpil moun nan dyaspora ap chache kote pou fè vakans, donk nou konnen non sèlman ou ouvri a misyonè, lòt moun, men an tèm de biznis tou dyaspora a ta renmen tande ke w fè yon pale de guesthouse sa a. Konsa, yo kapab sot Etazini, Kanada, lòt kote; yo gen yon kote pou yo desann. Yo konnen lè yo rive nan guesthouse ou a Kiraso, y ap santi se Ayiti yo ye; yo lakay yo.

Bon, guesthouse la la se youn nan motivasyon ke nou te genyen lè nou antre nan peyi a. Te gen lwa yo te mete asavwa ke si yo resevwa yon imigran ayisyen, yo gen pou ta peye yon kontravansyon de 100 mil florin (ki ta ekivalan a 50 mil mil epik dola USD) kòm yon amann. Se sa k fè lè m te rive isit mwen te jwenn anpil Ayisyen se nan raje yo te fè yo dòmi. Se te yon imilyasyon total, e sa te motive nou. Nou te di depi nou travay isit, youn nan bagay ke n ap fè se fè yon plas (yon luga) tankou moun yo di nan papiamento, yon demè kote Ayisyen kapab fyè e lòt nasyon tou kapab wè nou e konsidere nou kòm moun paske se te youn nan defi mwen te vle leve. Ebyen, Bondye pou nou li pèmèt nou travay trè di (mwen menm ansanm avèk madanm mwen) epui nou rive konstwi yon mezon. Nan mezon an, nou konstwi yon guesthouse ki vrèman apopriye non sèlman pou kominote ayisyen an lè yo tan gen yon pwoblèm, men tou lè yon misyonè, lè yon vizitè vizite nou nan peyi a men osi lòt zanmi nou k ap vini (k ap soti swa Kanada, Etazini) oubyen nan rès mond lan va gen yon kote pou yo desann. Lè fredi ap bat yo, se yon peyi ki vrèman gen yon bon klima; frè Védrine, ou wè sa.  Gen bon lanmè, 32 bèl plaj. Bèl kote pou fè vakans! Genyen bèl solèy, bon van, bon frechè e mwen kwè se yon kote ki apopriye pou moun vin fè vakans. Epi sa te motive nou pou nou envesti, pou wè si nou te kapab rive fè yon guesthouse. Nou rive nan pwen final la kounyeya. Mwen kontan pou entèvyou sa a. Nou pa gen yon non ki konplike: madanm mwen rele Jocelyne Joseph Jean-Baptiste, mwen menm mwen rele Josias. Se sa k fè nou mete Jojo’s guesthouse. Sètadi si w pa jwenn Josias, w ap jwenn Jocelyne kanmèn.

Pou moun ki ta enterese, ki ta vle kontakte guesthouse la pou rezèvasyon davans, kòman sa ye? Èske yo kapab peye pa kat kredi? Kòman sa mache nan dyaspora a?

Rezèvasyon an fasil. Y ap jis imel nou oubyen telefone nou.

Nou di w mèsi anpil, konpatriyòt, pastè Josias pou ti bout entèvyou sa a. N ap retounen sou ou trè pwochènman, si Dye vle. Donk, nou konnen dyaspora a ap trè kontan pou antre an kontak ak ou e la a, y ap santi yo lakay yo; y ap santi se Ayiti ke yo ye nan Kiraso. Nou di w mèsi pou sa. Bondye beni w!

Mèsi anpil!

(fen)

TÈKS ANEKSE

(•) Charla Lingwista Haitiano Emmanuel W. Védrine na NAAM (Curacao). “On Haitian Creole  Bibliography, 200 years of publications”. Courtesy of Myriam Lavache (Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann Institute of Spoken Kreyol. Curaçao; Richenel Ansano (Director of NAAM]; Yaniek Pinedo Védrine (translator). 2016.

(•) Curaçao welcomes Haiti’s President, Michel Martelly : Kiraso di bon bini a prezidan Ayisyen an,  Michel Martelly.

(•) Curaçao (Pais Kòrsou, Kòrsò): pictures, people and friends.

(•) Haitians’ presence and contribution to the society of Curaçao : Prezans ak Kontribisyon Ayisyen nan peyi Kiraso”].

(•) Konekte Dyaspora Ayisyen an ak bèl zile Kiraso.

(•) RATZLAFF, Betty. English /papiamentu Dictionary : Papiamentu /Ingles Dikshonario. Fundashon di Dikshonario TWR.

(•) Muriendo pa liberashon di Haiti. [Short story by Emmanuel W. Védrine Papiamento translation: Yaniek Pinedo Védrine].

(•) October 28, International Creole Day, and what?: 28 Oktòb, Jounen Entènasyonal Kreyòl, epi kisa?.

(•) Online Educational Resources for Haitian Teachers, Students, Schools in Haiti and in Diaspora
[Resous Edikasyonèl an Liy pou Anseyan Ayisyen, Elèv, Lekòl an Ayiti e nan Dyaspora]. Summary in : Rezime an: Deutsch • Español • Français • Kreyòl • Papiamento.

(•) Seyans oryantasyon pou motive Ayisyen.

(•) Sezon sechrès Ayiti. (2nd. ed.). JEBCA Editions.  224 p. [English summary : Resumé en anglais]. [© The author’s copyright : © Dwa otè a] . [© Lexical data (for hyper base software for dictionaries) : © Done leksikal (pou lojisyèl ipèbaz pou diksyonè)]. [In Papiamentu language, Temporada di sekura na Haiti. [First original Creole version was published in 1994: Soup to Nuts Publishers, Cambridge, MA. 1994. 128 p. [The novel has been translated to English by the author (Emmanuel W. Védrine). [Text in pdf format : Tèks an fòma pdf]. VEDCREP: Boston (edition, 2013, 163 p. [“In Sezon sechrès Ayiti, the author presents a Haiti the way it exists through the eyes of characters. Sezon sechrès Ayiti is a historical novel written in the Haitian language and one that is written in a simple language, presented in a historical, political and economic context: what happened in Haiti, what happened recently, and what continues to happen. The philosophy and psychology of the people are about the same: they all would like to see a beautiful Haiti, one where everyone can work together. They are victims of the drought, of the crimes going on in the country and o abuses done to them. They are leaving Haiti for same causes though they like the country but the situation forces them to leave. Despite of all the crimes and abuses committed to them, they don't ask for anything wrong to happen to the criminals, but they would like them give up all that is evil, they would like them to change so that there can be a real change in the country.

 

*

 Viré monté