Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan
Curaҫao welcomes Haiti’s President, Michel Martelly Kiraso di bon vini1 a prezidan Ayisyen an, Michel Martelly

Emmanuel W. VEDRINE

Willemstad, Curaҫao. February 10, 2012
Willemstad, Kiraso, 10 fevriye, 2012

Michel MARTELLY, who took power last Spring in Haiti, arrived in Curaҫao Wednesday night accompanied by Mr. Laurent Lamothe, Minister of Foreign Affairs, Ms. Stephanie Balmir, Minister of Tourism and Mr. Wilson Laleau, Minister of Commerce and Industry. The Haitian crowd was heavy at Plaza Brion in Otrobanda (down town).

 

Michel MARTELLY, ki monte sou pouvwa prentan ane pase an Ayiti, rive nan Kiraso mèkredi swa akonpaye pa M. Laurent Lamothe, Minis Afè Etranjè, Mm. Stephanie Balmir, Minis Touris e M. Wilson Laleau, Minis Komès ak Endistri. Foul ayisyen an te gwo nan Plas Brion, Otrobanda (down town).

The Haitian leader landed at Hato Airport around 9 pm. He was welcomed by the country’s Prime Minister, his excellency Gerrit Schotte, and by some members of his cabinet. He was then driven to Otrobanda where a huge Haitian crowd patiently awaited him with joy. A Haitian folkloric group (mostly young girls), in red and blue, the colors of Haiti’s flag was entertaining the crowd

 

Lidè ayisyen an ateri nan ayewopò Hato vè nevè diswa (9:00 pm). Premye Minis lan, sonnekselans Gerrit Schotte, ak kèk manm kabinè l te akeyi l. Apre sa yo te kondi l Otrobanda, kote yon gwo foul ayisyen t ap tann li ak pasyans e kè kontan. Yon gwoup foklorik ayisyen (pifò jenn tifi), an ble e wouj, koulè drapo Ayiti a, t ap anmize foul la.

The National Amptens of Haiti and Curaҫao were sung. The pres. then talked in English for few minutes, addressing the people of Curaҫao, and then for about 40 minutes in Haitain Creole, addressing the Haitian crowd. He reported that he is working very hard in Haiti to bring necessary changes. He asked Haitians in Diaspora to help him. Under his administration, over one million of kids have been attending schools; many of them were hanging out in the streets.

 

Yo te chante im nasyonal Ayiti ak Kiraso. Apre sa prezidan an pale pou kèk minit an anglè, kote l adrese pèp kirasolè a, epi l pale pou anviwon 40 minit an kreyòl pou adrese foul ayisyen an. Li rapòte ke l ap travay di Ayiti pou vin ak chanjman nesesè yo. Li mande Ayisyen nan dyaspora pou ede l. Sou gouvènman l lan, plis pase yon milyon timoun al lekòl; anpil ladan yo t ap apante lari.

Free transportation has been provided to many students in the capital area. His fundraising program ($1.50 on each transfer sent to Haiti, and 5 cents on each call made) has collected many millions of dollars for education so far, and this money is untouched in the bank according to him. He talked about the level of curruption, a cancer that has ravaged Haiti. But he’s working very hard to help change the negative face of Haiti. He asked Haitians to start talking positively of Haiti.

 

Anpil elèv jwenn transpòtasyon gratis nan zòn kapital la. Pwogram fannrezing li  ($1.50 sou chak transfè yo voye Ayiti, 5 santim sou chak apèl telefonik) kolekte plizyè milyon dola pou edikasyon, epi kòb sa a kouche labank san yo poko pran ladan selon sa l di. Li pale de nivo koripsyon an, yon kansè ki ravaje Ayiti. Li mande Ayisyen pou kòmanse pale pozitif de Ayiti.

He’s been working hard to help moving people in the streets after the terrible quake that hit Haiti in January 2010 by working on housing programs in many places of the capital, Port-au-Prince. According to him, many of the plazas where they used to camp are now empty. Business will be flourished to help with jobs. Heineken beer will soon have a plant in Haiti; other business will be soon developed, and the biggest industrial park will be soon constructed in the country.

 

L ap travay di pou ede deplase moun nan lari apre tranblemanntè ki te frape Ayiti an janvye 2010 kote y ap travay sou pwogram kay nan plizyè andwa nan kapital la, Pòtoprens. Selon li, anpil nan plas sa yo, kote yo te konn rete nan lari, vid kounyeya. Biznis pral fleri pou ede ak travay. Byè Heineken plant Ayiti avan lontan; lòt biznis pral devlope talè, e yo pral konstwi avan lontan pi gwo pak endistriyèl nan peyi a.

Haiti recently inaugurated a new university in the North Haiti area (a gift of the Dominican President, Dr. Fernandez). The city of Jacmel (south east of the country) will be modernized for tourists and business and activities in other parts of Haiti. The Haitian community of Curaҫao is happy of these projects going on in Haiti under Martelly’s administration.

 

Ayiti inogire resamman yon inivèsite nan zòn nò a (yon don prezidan dominiken an, Dr. Fernandez). Vil Jakmèl (sidès peyi a) pral modènize pou touris, biznis, e lòt aktivite nan lòt zòn Ayiti. Kominote ayisyen nan Kiraso kontan pwojè sa yo k ap fèt Ayiti sou gouvènman  Martelly a.

Haiti’s president reported that he’s trying his very best so that Haitians won’t have to risk their lives in high seas in the near future in search of a better life abroad. After a day of work with the local government (shown on local television), Mr. Martelly visited some key sites of Curaҫao and left the island later in the afternoon. The trip has been a successful one for the Haitian President.

 

Prezidan Ayiti a rapòte ke l ap fè tout posib li dekwa pou Ayisyen pa riske vi yo nan gwo lanmè pou al dèyè lavi miyò aletranje. Apre yon jounen travay ak gouvènman lokal la (yo montre nan televizyon lokal), M. Martelly vizite kèk andwa kle nan Kiraso, epi l kite zile a nan aprèmidi. Vwayaj la te youn ki gen siksè pou prezidan ayisyen an.

Nòt

  1. Bon vini: byenveni, kay pou ou (nan lang papyamennto, lang Kirasolè).

boule

 Viré monté