Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Rekonstriksyon Ayiti :

yon defi ak yon ak konbit manch long

© Emmanuel W. VEDRINE

7 fevriye 2010

 

 

 

 

 

 

 

 

Haïti, Août 2009. Photo Frédéric Gircour.

«Rekonstriksyon Ayiti» se yon gwo sijè anpil moun kòmanse pale de li imedyatman apre tranblemanntè ki frape plizyè vil nan peyi a, patikilyèman kapital la, Pòtoprens ak vil avwazinant yo, e kèk vil pi elwaye (kouwè Lowogàn, Tigwav, Jakmèl…) nan dat 12 janvye 2010. Avan dat efreyan sa a, anpil kritik te ka wè Ayiti sou tèt yon falèz (an tèm nivo degradasyon l te rive apre plis pase 200 ane endepandans), yon degradasyon «lidè iresponsab», «politisyen patripòch», «absans lidèchip» kontribye anpil ladan. Finalman, Ayiti nan falèz la jodiya. Nou tout tande kri l k ap jemi depi 12 janvye. Li bezwen bra tout Ayisyen e tout zanmi Ayiti pou ba l tout swen nesesè pou l rekanpe.

Malgre se kapital peyi a ki plis detwi, vil avwazinant yo avèk vil nou mansyone yo, nou kab di ke tout bagay te santre nan kapital la, kote byennavan anpil moun te menm konsidere Pòtoprens yon «repiblik» anndan yon repiblik. «Santralizasyon» te toujou konsidere kòm yon gwo pwoblèm lè tout bagay te konsantre nan Pòtoprens. Anpil moun tou, imedyatman apre katastwòf la, vin wè enpòtans pwovens yo kòm «lye refij» pou plizyè milye moun ki te dwe evakye kapital la. Donk li fè sans pou n pale de «rekonstriksyon tout Ayiti»; kèk moun ta menm ale pi lwen pou di «konstriksyon tout Ayiti», yon bagay ki pa t janm fèt avan nan kad devlopman l. Men konbyen tan rekonstriksyon sa a pral pran? Kilès ki pral patisipe ladan? Kijan Ayisyen dyaspora ka ede? Kisa Ayiti Kapab aprann de Kolonbyen ak Gwatemaltèk, ki esperyanse prèske menm tip tranblemanntè a kèk ane avan? (re: tranblemanntè ki te kraze vil Armenia nan Kolonbi an 1999 ak yon magnitid 6.2 epi tranblemanntè ki frape peyi Gwatemala tanzantan; sa k pi resan an pase an 2009). Se lòt kesyon nou ka poze.

Se yon dal ak yon pakèt kesyon enpòtan pou debat nan fowòm ayisyen sou entènèt la jodiya (pou enfòmasyon sou kesyon sa a ka sikile trapde). Men, èske se yon bagay ki pral fèt gratis ti cheri (rekonstriksyon sa a)? Yon grap kesyon anpil nan nou ka poze. Petèt kèk nan nou gen repons yo deja (kèlkeswa sa yo ta ye). Men youn nan bagay enpòtan ke n dwe mete anfaz sou li, se ta: fè peyi kouwè Etazini, Lafrans, Kanada …(jis pou site kèk), ki pral patisipe nan rekonstriksyon Ayiti, enkli espè ayisyen nan gwoup yo pral voye sou teren an. Se ka youn nan premye faz yo, kote pitit Ayiti, ki aletranje, vin patisipe nan rekonstriksyon l. 

Nan dezyèm faz la, li ta enpòtan pou tout Ayisyen nan dyaspora a kòmanse òganize yo an asosyasyon ou òganizasyon (si yo potko janm fè sa oubyen si yo te nan kèk asosyasyon ou òganizasyon k ap travay pou ede Ayiti ou Ayisyen nan dyaspora a, men youn ki ta zoukoutak). Ayisyen òganize toupatou (nan dyaspora kou Ayiti) se ta vrè fòs ki ka ede Ayiti tout bon pou soti nan enpas soudevlopman li ye depi plizyè ane. Ann pa minimize sa nou, Ayisyen, ka fè tout bon si n reyèlman òganize pou patisipe nan rekonstriksyon Ayiti. E sou menm nòt ‘òganize nou an’, nou menm dyaspora kapab gen gwo «enfliyans pozitif» sou sa ki dwe fèt nan Ayiti tounèf la, epi nou dwe rete solidè nan revandikasyon nou yo (an tèm sa nou ta renmen fè, e sa nou ka mande pou ofisyèl Ayiti fè). Nou kapab vini ak yon lis byen long. Annatandan, ann gade ti lis anba a toujou (yon bagay nou ka diskite sou li piblikman pou ranfòsman l). Nan rekonstriksyon Ayiti, nou wè:

a) Desantralizasyon Ayiti (sou tout pwen e prese prese) ––Nan pwosesis ‘desantralizasyon’ an, nou wè se pa nan kapital peyi a sèlman tout bagay dwe chita (pa egz. travay, endistri, lekòl [lise, kolèj (lekòl prive), inivèsite], bibliyotèk, sant dokimantasyon, elt.), gwo lopital, klinik, teknoloji, elektrisite, dlo potab, anfen tout sa nou ka ajoute). E youn nan pati prensipal «plan rekonstriksyon» sa a ta dwe ankouraje yon bon valè nan popilasyon an rete lwen kapital la, men pou sa fèt li ta enpòtan pou gouvènman yo kreye anplwa, epi mete «sèvis de baz yo» nan tout lòt vil pwovens avèk «enfrastrikti nesesè» dekwa pou yo pa ta retounen soulechan nan kapital la. Pou ilistre sa, Ben Fox, (nan Associated Press) ekri yon atik ki gen pou tit ‘Haitians begin to return to unprepared capital’(Ayisyen kòmanse retounen nan kapital ki pa prepare a), prezante nou yon sitiyasyon espesyal e konkrè kote l deklare: «Gen yon estimasyon 500,000 moun ki pati al an pwovens nan jou apre trablemanntè a, anpil pran otobis gouvènman an peye pou evakye sivivan tranblemanntè a pou ale lwen kè destriksyon an… Kounyeya kèk nan moun sa yo ki te kite kapital la kòmanse retounen apre mizè y ap sibi nan milye riral yo ki te premye pouse yo vin Pòtoprens…»1 Donk an menm tan, nou wè «pwovens yo» konsidere kòm «lye refij» nan epòk katastwòfik ki frape kè peyi a (oubyen kapital la), men kesyon nou ka poze se: pou konbyen tan ‘lye refij’ sa yo kapab sipòte sivivan yo lè pa gen mwayen nesesè yo pou atire moun sa yo alontèm?

b) Enpòtans pou gen yon Kòd Nasyonal pou Bati (KNB) –– Se yon koze trè enpòtan pou tout moun k ap bati nan peyi a ta suiv yon ‘kòd’ ke leta ayisyen dwe vin ak li san pèdi tan (ak tout detay ki ta enkli ladan) dekwa pou moun pa kontinye bati kay vaykevay kouwè nich madansara, e nenpòt kote. Sa ta dwe fèt selon yon seri regleman, e patikilyèman nan gran vil yo, kote n ap jwenn yon bon kouch nan popilasyon an ap viv, e ke leta ta apwouve plan konstriksyon sa yo (pou wè si yo suiv alalèt regleman ki tabli pa gouvènman an) avan menm tout travay ta tanmen).

c) Otowout (haywe) ki konekte tout 10 depatman yo (dekwa pou kominikasyon blayi trapde nan peyi a, e pou ede nan devlopman Ayiti (sou plizyè ang) ––Nou anvizaje «pòs peyaj» (sou wout nèf sa yo) pou ranmase kòb pou leta fè travay li mache (tèlke itilizasyon yon pati nan kòb la pou peye ipotèk bankè, pou fè reparasyon wout, e pou peye anplwaye leta alè dekwa pou yo menm ede fanmi yo san grate tèt), andwa kote yo sipoze konstwi pon ak kanal, epi bay yon seri rivyè limit yo (pou pa kontinye fè ravaj lè yo desann paske yo detwi anviwonnman an). Nou pa ka bliye «nouvo règ sikilasyon», ke leta ta dwe vin ak yo, règ ki ta dwe aplike nòmalman a tout chofè (pou suiv yo), e si yo ta vyole yo pou ta jwenn kontravansyon (ki ka mennen a sispansyon lisans yo pou yon peryòd de tan) de fason pou mete fwen nan yon dal aksidan fatal k ap fèt chak jou nan peyi a.

d) Tè ak anviwonnman ke leta dwe pwoteje (pou moun pa ni bati, ni travay, ni valkande ladan yo) ––Sa ka antre nan kad yon pwojè ekosistèm pou pwoteje anviwonnman an e kreye abita pou kèk bèt viv. Nan ka sa a, nou wè enpòtans kreyasyon «forè» nan plizyè andwa, pwoteksyon dlo (kouwè sous, rivyè ak letan), e tout sa ki fè pati de anviwonnman an.

e) Devlopman agrikilti (pwodiksyon danre, elvay bèt, lapèch, pisikilti, irigasyon, ak tout zouti nesesè pou ede peyizan travay latè pi byen e pou ka bay plis rannman). ––  Agrikilti se kokenn sijè pou mansyone nan devlopman Ayiti. Atravè istwa peyi a, se youn nan domèn gouvènman yo te toujou neglije; yo pa janm ba li wòl li dwe jwe (malgre nou ka li nan kèk liv lekòl ke «Ayiti se yon peyi agrikòl»). Devlopman agrikilti ta kreye anpil aktivite travay de fason pou fwennen pakèt moun emigre nan kapital la tanzantan dèyè travay (anpil nan yo pa janm jwenn) oubyen sa yo k ap eseye pran kanntè al Miyami (kote yo riske vi yo nan gwo lanmè) oubyen sa yo ki, tanzantan, kontinye ap pase anba fil pou al Nanpanyòl ilegalman (tèlke plizyè milye peyizan ayisyen ki soti an pwovens)... Nan domèn sa a, nou wè li enpòtan pou ta envesti nan pwodiksyon agrikòl Ayiti ka pwodui (nan kèk zòn presi). Yon kote, pwodiksyon lokal sa yo ta diminye (sou) «to pwodui enpòte yo» epi li ta ogmante pwodui agrikiltirèl yo dekwa pou konbat lavichè, yon bagay Ayisyen ap plenyen de li chak jou. Yon lòt kote, sa ta bay nesans a kreyasyon «endistri agrikiltirèl» ki ta kreye travay nan pwovens yo. Nan deba sa a, li ta enpòtan tou pou gouvènman Ayisyen devlope «kredi agrikòl» dekwa pou peyizan ta gen aksè prete lajan (atravè yon kredi agrikòl) pou ede yo vanse, e pou ranfòse devlopman pwovens yo.

f) Devlopman pwodui e mache atizanal (pou ede atizan vann pwodui sa yo ak touris lokal e etranje) ––Nou wè tou enpòtans pou fonde «mize atizana»  pou valorize tout sa pèp ayisyen ka pwodui, enkli «envansyon» ki ka fèt, e ki ka rekonèt o nivo entènasyonal. Se yon mache ki poko reyèlman esplwate paske gouvènman ak sektè prive a poko reyèlman ankouraje devlopman l pou ta envesti ladan.

g) Rebwazman (atravè peyi a), epi yon pwojè gaz pou fè manje ke leta ta dwe sibvansyone(yon egzanp sa ki fèt an Repiblik Dominikèn nan ane 1970 yo pou dekouraje moun koupe bwa) –– «Rebwazman» se yon sijè kle pou mansyone nan rekonstriksyon e devlopman Ayiti. Yon moun pa kab reyèlman pale de li epi pou ta kite dèyè pwojè pou edike tout moun sou «konsèvasyon lanati», e «penalite» pou moun k ap detwi lanati. Lekòl dwe patisipe ladan tou, kote patisipasyon elèv lekòl (jou vandredi, yon jou espesyal kote yo ka kreye divès aktivite nan lekòl piblik yo pou bay elèv yon edikasyon sivik e pratik) pral yon bagay enpòtan.

h) Yon katdidantite obligatwa e pèmanan pou tout moun ––Se ta yon bagay enpòtan pou genyen. Pa sèlman pou ta jwenn referans trapde (atravè yon sistèm konpwoutarize) men tou, se ta yon bagay endispansab ki te ka bloke e evite yon seri krim (nan diferan nivo), epi pou kreye dosye ki plis an sekirite pou trake (tout tip) kriminèl. Kesyon nou ka poze nan takle nenpòt sijè ki ta an rapò ak «wot teknoloji», se : konbyen kòb sa ta koute? Repons lan ta yon kesyon ki gen pou wè ak «volonte politik» gouvènman yo olye plizyè milye dola (US) paske se pa yon bagay ki ta koute anpil lajan pou tabli yon sistèm si enpòtan nan yon peyi a. Lè n vize yon tèl katdidantite si enpòtan e pèmanan pou tout sitwayen ta genyen, katdidantite sa a ta ka itilize pou fè plizyè tranzaksyon chak jou, e youn ki ta dwe konsidere yon bagay pèsonèl (kote chak moun ta dwe memorize pwòp nimewo oubyen kòd pa li, epi sere l yon kote apa). Se sèl gouvènman ak lapolis ki ta dwe gen aksè a li (an ka bezwen) dekwa pou aksede a dosye yon moun an patikilye lè y ap mennen yon envestigasyon (sou li pou yon bagay).

i) Omwen yon lise dyanm nan chak komin (ki rive nan klas tèminal, e nan chak lise te ka gen yon «pwogram vokasyonèl» ki santre sou «aprantisay metye») ––  La a, nou anvizaje kreyasyon plizyè lekòl ki kouvri sik elemantè e mwayen pou bay tout timoun aksè a yon edikasyon gratis e obligatwa (jiska laj 18 ane) ak kantin nan lekòl leta yo pou ede timoun paran pa kab bay manje de fason pou yo rete lekòl, san sa to timoun k ap kite lekòl pou rezon sa a pral ogmante. Li ta enpòtans pou ta gen «sal resous» (ti bibliyotèk) nan chak lekòl pou ede elèv jwenn dokiman, pou ede sa yo ki pa gen liv jwenn aksè li liv, pou ede anseyan fè rechèch pou yo ka pran plis bèt. Nou wè tou bonjan «pwogram alfabetizasyon» (nan lang kreyòl toudabò) pou tout moun ki analfabèt avèk moun ki te edike an fransè. Li ta nesesè pou gen «kanmpous inivèsitè» Inivèsite Leta Ayiti (nan tout 10 depatman yo) pa sèlman pou dekonsantre kapital la, men tou pou bay pwovens yo plis aksè a «etid siperyè». Li trè enpòtan pou mansyone etablisman yon Sistèm Jesyon Santral Lekòl Leta Ayiti (nivo elemantè, mwayen, segondè, inivèsitè) ki konpwoutè pou kenbe done tout lekòl sa yo (pa egz., dat elèv yo anrejistre chak semès ou trimès, tit ak deskripsyon kou y ap suiv yo) menm jan sa fèt nan kèk lòt peyi pou dokimantasyon eskolè; elèv ta gen aksè a dosye lekòl yo lè yo bezwen, epi enfòmasyon  ki an rapò ak estatistik lekòl yo).

j) Yon sant k ap devlope «materyèl didaktik» (an fransè, kreyòl) e an kolaborasyon ak Ministè Edikasyon Nasyonal –– Tout lekòl te ka sèvi ak materyèl sa yo, enkli yon seri materyèl didaktik ki devlope deja nan dyaspora a (e.g, piplikasyon editè kouwè Educa Vision, E. W. Védrine Publications, Orèsjozèf Publication, Michel-Ange Hyppolite Publications, Jan Mapou Publications, Edisyon Lagomatik Publications, etc.) pou Pwogram Bileng Ayisyen. Lòt faz la sèke yo kapab revize lòt materyèl ki ka vin sèvi kòm ‘materyèl didaktik’, oubyen revize materyèl ki t ap sèvi deja e wè ki chanjman nesesè ki merite fèt ladan yo, epi kreye «vèsyon elektwonik» yo (pou mete sou entènèt la). Sa ta fasilite elèv kopye yon seri materyèl si yo poko an mezi pou achte liv oubyen si yo pa kab prete liv nan yon bibliyotèk (si pa aza zòn yo a ta gen youn).

k) Pase yon lwa pou elimine itilizasyon «timoun restavèk» (ki yon fòm esklavay nan sosyete ayisyèn nan) ––  Li ta bon pou enkli nan lwa sa a «pinisyon» pou paran k ap bay pitit yo kòm restavèk, e pinisyon tou pou moun k ap itilize timoun sa yo. Tout timoun ta dwe lekòl (jiska laj 18 ane), epi pou ta gen lekòl tout kote nan peyi a pou aprann plizyè «metye» dekwa pou tout moun ta gen yon okipasyon kèlkonk pou pa ta rete inaktif.

l)Mete l obligatwa pou tout elèv ki fin etid segondè yo pou ta bay gouvènman an yon ane «sèvis obligatwa» (kote yo ka ede nan plizyè pwojè gouvènman an ta anvizaje nan kad devlopman peyi a) ––Pa gen sèvis militè Ayiti ki obligatwa e menm lè lame te la danlepase, se pa t yon bagay obligatwa. Donk gouvènman an dwe panse itilize jèn yo pou bay peyi a omwen yon ane sèvis gratis (pandan l ap ba yo ankadreman pou sa: tèlke kote pou yo rete ak lamanjay nan zòn y ap fè ‘sèvis obligatwa’ sa yo), epi apre gouvènman an ta bay elèv sa yo yon sètifika, atestan yo konplete pwogram nan; san sa, yo pa ta dwe asepte yo pi devan nan oken pòs leta (paske se leta ki anplwaye plis moun nan peyi a) oubyen pou ta vin kandida pou nenpòt pòs politik.

m) Fòmasyon pedagojik obligatwa pou tout pwofesè lekòl ––Pou plis kòmantè sou ‘fòmasyon pedagojik’, gade referans sou sa nan Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti (yon liv ki disponib sou entènèt la pou ede pwofesè lekòl ak chèrchè k ap fè rechèch sou lekòl Ayiti), e pou konsyantize yo sou sa ki ka fèt. Epi yon «edikasyon pratik» kote elèv  pa ta dwe chita ap fè jakorepèt nan lekòl chak jou, men resevwa yon edikasyon kote yo kapab itilize «panse kritik» k ap ouvri zye yo; yon edikasyon kote demen y ap kapab non sèlman ede tèt yo, men tou y ap kapab mete konesans yo o sèvis peyi a; yon edikasyon ki ka prepare yo pou aprann pran responsablite yo an men, kote apre yo konplete edikasyon segondè y ap kapab parèt kòm sitwayen byen prepare pou ede peyi a nan devlopman l, e pou ede nan tan katastwòf tou. Sa ta ba yo deja yon nivo «lidèchip» avanse (pou konn sa pou fè lè yo gen pou fè fas ak kèk kriz nan peyi a, kijan pou jere sa olye pou yo ta rete bèkèkè kouwè tafyatè ki etoudi), pou yo ta gen konesans nan plizyè domèn, pale plizyè lang, e anfen konesans pou kontribye nan tout sa ki ka ede nan devlopman Ayiti. Èske tip edikasyon sa a pa ta dwe fè pati de Korikilòm Nasyonal Lekòl Ayiti tounèf (n ap tann nan apre 12 janvye 2010) la? Èske se pa yon rèv ki ka tounen reyalite (si ta vin gen «leta responsab», leta ki gen nen nan figi yo, diferan de sa nou abitye wè yo)? Nou kwè se ta meyè fason tou pou anseye jèn ti Ayisyen «Enstriksyon Sivik e Moral» pou ta devlope «lanmou patriyotik» tout bon.

An konklizyon, se jis «kèk pwen» nan sa ki ta dwe fèt pou ede nan rekonstriksyon Ayiti (apre 12 janvye 2010) kote nou panse li enpòtan pou tout Ayisyen, tout pwofesyonèl (kit yo Ayiti ou nan dyaspora a) ka kontribye. Nan konbit manch long sa a, nou menm wè li enpòtan pou ta gen travay obligatwa pou «prizonye» pou kontribye tou, ba yo fè yon seri travay pandan yo nan prizon ap manje, bwè, dòmi gratis ti cheri.

‘Pwen sa yo’ se rèv plizyè Ayisyen tou, depi lontan, konpatriyòt konsekan k ap reve yon lòt Ayiti byennavan 12 janvye 2010 malgre «montay koripsyon» byen wo yo, malgre «leta iresponsab», malgre «politisyen bòkyè patripòch», palmantè byen kostime ki t ap ranse nan palman an e ki t ap tann voum lajan avan yo vote pwojè lwa ki ta o pwofi devlopman Ayiti, politisyen magouyè ki bloke travay devlopman ki te dwe fèt yo pou fè peyi a avanse, malgre move jesyon gouvènman ki pa janm sousye de avansman peyi a e pou byennèt tout Ayisyen, malgre move kè yon seri moun nan  sosyete a ki kont chanjman paske yo pè pèdi sèten benefis nan esplwate mas pèp la... Men, èske yo pa wè nesesite pou kreye yon lòt Ayiti apre 12 janvye 2010, yon Ayiti diferan de sa yo di ki endepandan depi plis pase 200 ane a? Ofisyèl gouvènman, politisyen, lidè (nan kèlkeswa domèn), chèf (kèlkeswa grad), sitwayen (ki kapab fè yon bagay kèlkonk) ouvri zòrèy ou byen laj pou tande son klòch chanjman k ap sonnen jodiya. Ayiti pa ka kontinye sou menm woulib la. Li te deja sou tèt yon falèz avan 12 janvye 2010; li tonbe nan falèz la jodiya. Nou bezwen men tout Ayisyen pou rale l monte.

E. W. Védrine Publications & Online Creole Publishers
evedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com

 

  1. Tradiksyon angè: Emmanuel W. Védrine.

boule   boule   boule

Séisme sommaire

 Viré monté