Se tout yon plezi pou ekri atik sa a, yon fason pou eseye reveye konsyans ekriven ayisyen kou etranje, kreyolis, e tout moun ki ta renmen wè lang kreyòl la jwenn vrè plas li merite nan sosyete Ayisyèn nan.
Rèv nou, se wè difizyon lang sa a 100% (san pou san) nan tout lekòl, biwo gouvènman, medya a, elt. epi pou tout siy nan lari ta ekri an kreyòl tou. Fason ki pi bèl pou sa ta fèt, se ta atravè yon pwosedi legal. Nan sans sa a, nou anvizaje pou nouvo palman ki pral vini an ta finalman vote yon ansyen pwojè lwa, ki gen pou wè avèk yon «Politik Lengwistik», yon bagay Ayiti bezwen depi plizyè syèk pami chanjman sosyal ki dwe fèt nan peyi a. Byenke yon tèl pwojè te egziste sou prezidan René PREVAL, men li pa janm gen chans vin tounen yon lwa1 pou l ta pote siksè. Se rèv pèp ayisyen an pou ta wè kèk kandida konsyan eli nan palman an pou ta revize pwojè sa a, youn ki ta dwe fè pati ajannda yo pou ane 2006-2007 pou travay sou li.
Jounen jodiya, n ap viv nan yon syèk «wot teknoloji» ou «teknoloji avanse». Yo toujou konsidere Ayiti yon «peyi tyèmonn» malgre richès kiltirèl nou ke anpil moun nan lemonn pa okouran. E malgre mepri yo gen pou nou o nivo entènasyonal, sa pa vle di pou otan ke nou menm Ayisyen, nou pa kapab vini ak bèl ide pou devlopman peyi nou menm jan sitwayen lòt nasyon fè sa deja pou peyi pa yo. E atravè ekri m yo, mwen repete konstamman ke premye resous Ayiti se Ayisyen menm, yon resous ki poko vrèman esplwate.
Youn nan fason nou menm ekriven, chèrchè k ap pwodui an kreyòl kapab ede Ayiti, se ta pibliye kèk nan zèv nou yo sou entènèt la. Kesyon an se: Konbyen moun k ap dispoze fè kèk ti sakrifis pou benefis devlopman Ayiti lè pifò nan yo ap jis eseye fè lajan ak piblikasyon y ap mete deyò? Trè byen! Absoliman, pa gen oken pwoblèm nan fè lajan osilontan nou fè l nan bon fason. Men kijan nou kapab ede kominote, peyi nou? Èske yon pati nan lajan sa a kapab, nan yon fason, ede Ayiti? Èske nou kapab pibliye gratis ti cheri sou entènèt la kèk nan zèv nou pou ede Ayiti? Se ta yon fason pou ede moun li, ekri san bat je, patikilyèman elèv lekòl k ap navige entènèt la tout lasentjounen. Wi, nou kapab fè yon travay konsa si nou pran konsyans de reyalite peyi nou. E se sèl fason pou n ede Ayiti bouje, se chak moun ke dwe pote pwòp kontribisyon l epi eseye travay an gwoup tou (si l posib).
Malgre Ayiti ap konfwonte yon pwoblèm elektrisite depi digdantan, e solisyon l ta yon bagay estrèmman enpòtan pou ta kòmanse mete Ayiti sou ray devlopman, men nou toujou gen espwa pou yon demen miyò kote n ap reve pou ta gen bon jan lidè ki pou di: «Li lè, li tan pou nou kòmanse solisyone kèk nan gwo pwoblèm peyi a, yon fason pou jete premye baz enfrastrikti ki nesesè yo».
Jodiya, anpil moun an(n) Ayiti, patikilyèman nan kapital la, abòne yon saybè kafe (Ciber Café) ki yon plis (yon avantaj) nan sans ke yo konekte avèk lemonn; yo kapab ekri zanmi nan lòt peyi epi yo pa bezwen rete nan liy byen long pou plizyè èd tan nan Biwo Postal Santral (Pòtoprens lan) pou achte tenm. Korespondans sa yo trè enpòtan e atravè kèk, yo rankontre gran zanmi e pafwa, moun ki vle ede yo, moun yo poko janm rankontre fasafas nan lavi yo. E sa ki pi enpòtan an, yo kapab jwenn tout sòt enfòmasyon yo bezwen sou gran chemen savwa sa a. Se yon trè bèl ide, e n ap ankouraje plis moun k ap viv Ayiti fè sa (abòne yon saybè kafe), espesyalman jèn nou yo ki pa gen lòt aktivite aprè lekòl pou y ale. Donk, ale nan yon saybè kafe, se yon bèl pastan e youn ki edikatif tou, epi yo kapab aprann plis sou sa k ap pase nan lemonn, de fason pou anrichi konesans yo tou sou tout pwen.
Apre 15 ane rechèch ak piblikasyon sou kreyòl, mwen reyalize enpòtans piblikasyon elektwonik, yon fason pou trake (jwenn) san bat je, enfòmasyon nan tout domèn. Moun tout kote nan lemonn k ap fè rechèch sou kreyòl kontakte m tanzantan, e rezon an sèke yo li piblikasyon m sou entènèt la. Se yon avantaj bab e moustach tou pou mwen pou travay ak kèk gran editè e tradiktè ke mwen pa janm rankontre bab pou bab, men ki vin kòlèg mwen lefèt ke nou pataje, yon fason, sèten enterè komen. Èske se pa yon bèl ide? Sa se «globalizasyon» pou mwen (nan bon sans tèm nan, nan sans ke nou tout se imen, nou kapab travay ansanm, len kapab ede lòt, epi sa k pi enpòtan an, nou kapab kominike. Glwa a Dye! Wi, mèsi Bondye pou kokenn mwayen kominikasyon sa a lemonn antye gen aksè a li jounen jodiya, e m ap ankouraje moun k ap etidye lasyans (kèlkeswa branch lan) pou kontinye apwofondi konesans yo ladan paske, a lavni, yo kapab rann limanite gran sèvis, menm jan n ap benefisye de wot teknoloji jodiya, ki konekte tout pitit latè.
Kèk ane de sa, mwen vini ak yon anyè elektwonik ki rele «Haiti’s Super Web Directory». Bi anyè sa a la pou dokimante tout sa ki an rapò ak Ayiti e dyaspora a, de (2) vrè zèl zwazo a pou fè l vole tout bon. Pafwa kèk moun mande kijan yo ka ede Ayiti. Mwen kontre anpil jèn Ayisyen-Ameriken ak zanmi Ayiti ki poze kesyon sa a. Kòm chèrchè (k ap fè rechèch ki plis an rapò ak Ayiti), mwen reyalize kòman l enpòtan pou ta gen yon anyè sou entènèt la ki ta enkli tout bagay ki an rapò ak Ayiti. Gen moun tou k ap fè rechèch sou Ayiti, ki toujou ap mande m enfòmasyon paske yo pa t gen aksè a yon anyè ki ta enkli tout bagay, de «A» – «Z». Mwen pran nòt de sa epi eseye itilize aksè entènèt la pou kapab fasilite rechèch sou Ayiti nan venteyinyèm syèk la. Donk, moun ki ekri kèk dokiman sou Ayiti e ki ta renmen pibliye yo sou entènèt la, yo kapab voye «vèsyon elektwonik» yo ban nou pou dokimante. Moun ki ta renmen voye chapit nan liv yo pou pibliye sou entènèt la, nou di yo byenveni tou.
Otè ki ta renmen pibliye maniskri yo sou entènèt la (pa sèlman an kreyòl, paske Ayiti ap sèvi avèk twa lang: fransè, kreyòl, anglè epi tou gen plizyè milyon Ayisyen ki pale panyòl kòm lang matènèl tou e ki pale ou ka degaje yo an kreyòl), osilontan yo an rapò ak Ayiti, e ak tout respè yo montre pou Ayisyen, nou kapab fè sa gratis ti cheri pou kapab ede moun k ap fè rechèch sou Ayiti. Se otè zèv la ki gen «dwadotè» a. Nou pa la pou reklame dwadotè pèsòn. E lè otè yo ta bezwen anlve piblikasyon yo sou entènèt la, ke yo te voye ban nou, nou p ap gen pwoblèm fè sa nonplis. Se yon avantaj bab e moustach pou moun k ap ekri jwenn kòmantè ak sijesyon sou travay yo. Nou espere lektè ki li atik sa a va simaye nouvèl la bay lòt moun oubyen zanmi toupatou, yon fason yon lòt, pou ke ansanm ansanm nou kapab ede dokimante Ayiti e an menm tan, respekte lang ak kilti natifnatal pèp ayisyen an. Sou nòt sa a, nou swete tout moun meyè ve ak siksè nan tout antrepriz yo konte antreprann nan ane 2006 la. Nou swete tou nan nouvèl ane a pou chak Ayisyen ta chita reflechi sou kijan yo kapab ede Ayiti, ki kontribisyon yo kapab pote tou nan pwòp domèn yo, ansanm ak tout estrateji pou travay ansanm pou devlopman Ayiti paske «linyon fè lafòs» e se tit batistè peyi nou.
REFERANS
MAGLOIRE-CHANCY, Adeline. 2004. «Plaidoyer pour une politique linguistique nationale». Port-au-Prince: Rencontre #19.
VEDRINE, Emmanuel W. 2005 (desanm). «Konbit Pou Piblikasyon Elektwonik Nan Lang Kreyòl».
VEDRINE, Emmanuel W. «Path To The Most Ever Published Bibliography Research On Haiti’s Language: An annotated bibliography On Haitian Creole: A review of publications from colonial times to 2000». Paper presented at the 17th Annual Haitian Studies Association. University of Massachusetts-Boston. Oct. 2005. Unpub. manuscript.
VEDRINE, Emmanuel W. 2003. An Annotated Bibliography On Haitian Creole: A review of publications from colonial times to 2000. Coconut Creek, Florida: Educa Vision.
VEDRINE, Emmanuel W. 2002 (prentan). «Piblikasyon elektwonik ak enpòtans li nan difizyon lang kreyòl la | Electronic publications and its importance in the diffusion of the Creole language)».
VEDRINE, Emmanuel W. 2000 (ivè). E. W. Védrine Creole Project Electronic Archives: Resources for Haitian Bilingual Programs, Research on Haitian Creole Language & Literature, Creole Studies & Linguistics. Boston, Massachusetts: E. W. Védrine Creole Project. 305 p.
VEDRINE, Emmanuel W. 2000 (oktòb). «Kisa n ka fè pou ede Ministè Edikasyon Nasyonal Ayiti?». Boston, Massachusetts: E. W. Védrine Creole Project.
VEDRINE, Emmanuel W. 2000 (ivè). «Some online teaching materials for Haitian Bilingual Programs & research on Kreyòl | Kèk materyèl didaktik sou entènèt la pou Edikasyon Bileng Ayisyen & rechèch sou kreyòl». Boston, Massachusetts: E. W. Védrine Creole Project.
VEDRINE, Emmanuel. W. 1999 (otòn). «Pou restriktire lekòl Ayiti». Boston, Massachusetts: E. W. Védrine Creole Project.
VEDRINE, Emmanuel W. 1994. Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti. Cambridge, Massachusetts: Soup To Nuts.
VEDRINE, Emmanuel W. «Haitian Creole D-Base: Writings By Emanuel W. Védrine (Part I)».
NÒT:
- An referans a yon atik Adeline Magloire-Chancy (ansyen Sekretè d Eta pou Alabetizasyon) pibliye, ki gen pou tit «Plaidoyer pour une politique linguistique nationale», revue Rencontre #19, août 2004). Pou site yon mòso nan atik sa a, Chancy deklare: «21 me, 1996, twa mwa apre nominasyon mwen, Premye Minis lan, Rosny Smarth adrese yon lèt voye bay Sekretè d Eta Alfabetizasyon an (mwen te an fonksyon depi de (2) mwa, mas 1996) pou mande Sekretè a prepare yon Pwojè Lwa sou itilizasyon kreyòl nan Administrasyon Piblik, avèk objektif pou fasilite kominikasyon avèk sitwayen yo e pou ede yo patisipe san pou san nan zafè ki konsène Leta. Lèt Premye Minis lan, ki ekri an kreyòl, presize pwen ki dwe figire nan lwa a: Itilizasyon kreyòl nan lekòl yo, soti nan matènèl pou rive nan egzamen ofisyèl, nan tout Ak Sivil Leta e lòt dokiman, nan Lajistis: jiman, pwose vèbal e avèk obligasyon pou tout anplwaye leta kapab li e ekri kreyòl. Pa gen pwoblèm, Sekretè a reponn imedyatman e Biwo Lang nan kòmanse travay. Pwojè a te depoze ofisyèlman nan Biwo Premye Minis lan, 5 septanm 1996, lavèy Jou Entènasyonal pou Alfabetizasyon. Nan dat 8 septanm, pandan preparasyon seremoni yo, nan okazyon Jou Entènasyonal la, Premye Minis lan fè anons lan epi l enfòme yon suivi imedyat ta vin apre kote minis li yo (paske l te voye kopi yon lèt sikilè, ki te ekri an kreyòl tou, ba yo). Nan lèt sa a, ki date 9 septanm 1996, li di: ‘Mwen toujou panse ke alfabetizasyon reprezante yon pòt ki dwe ouvri ak de (2) batan pou kapab bay tout sitwayen aksè nan aprantisaj lekti ak ekriti ke tout moun gen chans patisipe san pou san nan yon chantye trè vas nan chanjman sosyete a. An menm tan, li mande pou tout sitwayen Ayisyen gen abitid itilize l tout kote: nan lekòl, nan administrasyon piblik, nan tout aktivite ekonomik, lang nasyonal ki konekte nasyon an, jan Konstitisyon an deklare l …».
[Tradiksyon fransè – kreyòl: E. W. Védrine].
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com
|