Poukisa Ayiti pa ka enpòte bèl ide (nan avantay li?) ke lòt peyi genyen? Avèk fason wot teknoloji a ap vale teren nan syèk globalizasyon an, li fè sans pou tout kote sou glòb tèrès la ta gade wè sa ki bon ladan pou ta pran nan avantay yo. Nan debat yon tèl sijè, nou wè enpòtans pou ta gen yon sistèm konpwoutarizasyon Ayiti. Sistèm elektwonik sa a ta ede anpil nan bouche kèk brèch o nivo nasyonal.
Anpil nan nou, depi ti gengenn ta kòmanse obsève paran nou ki te konn peye pou yon katdidantite anyèl. Anpil ta kontan fè sa kòm bon sitwayen. Pòv malere inosan! Men kisa kat sa a te reyèlman regle pou yo apa lide pou esplwate?Èske Kontribisyon te reyèlman panche sou pwoblèm yo?Èske se pa t yon biznis pate cho pou plen pòch gouvènman raketè ki pa janm gen oken vizyon pou Ayiti Cheri? Se tout yon seri kesyon nou ka poze lè n ap gade Ayiti ki kwoke sou tèt yon falèz soudevlopman. Sèten konpatriyòt ta gen tan lave men siye atè lè yo ta mande tèt yo: men ki pichon madichon ki tonbe sou Ayiti depi plis pase desanzan pou gouvènman Ayisyen pa kapab rive solisyone yon seri ti problèm ki ta antre nan kad enfrastrikti de baz yon peyi?Èske se lajan ki manke? Èske se absans volonte politik? Èske se absans resous imèn?
Ide pou te ekri yon atik sou pwoblèm sa a t ap flote nan tèt mwen depi kèk tan lè m ap gade enpòtans sa genyen lè egziste yon sistèm pou konpwoutarize tout bagay (sitou ak trant ane esperyans mwen Etazini). Non sèlman pou jwenn referans trapde, men nan kad Ayiti tou, sa ta kapab rive bloke chemen yon seri zak delenkans. Kesyon nou ka poze lè nou tanmen nenpòt sijè ki ta an rapò ak wot teknoloji se: ki valè lajan sa ta koute Ayiti? Koze lajan an, se youn anpil Ayisyen ta mete devan anpil fwa, youn nan koze ki fè moun pè, pase anpil nan nou toujou di Ayiti se yon peyi pòv, li pa gen lajan (kòmkidire se sa ki ta pi enpòtan nan devlopman l) tandike si n ta pran yon plim pou kalkile montan lajan remitans ki antre Ayiti anyèlman (sa dyaspora voye pou soutni kòd fanmi, pou ede kèlkonk), li ta depase 800 milyon dola US (dapre chif ki pibliye nan rechèch sou sa).
Kèk Ayisyen (ki reyèlman sousye de peyi natifnatal la) rete panse ke depi tèt poko koupe, li gen espwa met chapo. Donk, ti gwoup sa a rete optimis a savwa ke gen posiblite pou chanjman rive fèt. Wi sa posib! Nou menm ki ta nan ran moun ki panse konsa, enben n ap kontinye wè posiblite pou yon seri rèv ta rive konkretize. Se vre, etan endividi san pouvwa, nou ta limite (an tèm sa nou ta renmen fè e wè pou byennèt Ayiti). Men si nou tout ta leve vwa nou, si nou tout ta dakò pou anbrase yon seri bagay nou wè ki ta nan avantay Ayiti, enben anpil nan rèv sa yo ta ka tounen reyalite. Wi, gen posiblite pou yo tounen reyalite si nou ta kòmanse mete de kote diferans nou, vye prejije nou, politik fanatis avèg nou, tout vye atitid nou (anvè lòt Ayisyen), mank respè nou (youn pou lòt), egoyis nou, ògèy nou… epi pou n ta anbrase inyon, lanmou patriyotik, filozofikonbit,e tout bagay pozitif nou te ka anbrase pou ede Ayiti ale vè lavan.
Pou retounen sou sijè nou an dekwa pou n pa pèdi fil li, nou vize yon katdidantite pèmanan e obligatwa ke tout sitwayen ta dwe genyen (kòm idantite yo, yon katdidantite yo ta ka itilize nan tout tranzaksyon lavi kotidyen yo gen pou fè, epi pou l ta rete yon koze pèsonèl (epi yo memorize nimewo a). Wi li enpòtan pou l ta rete konsa pase li reprezante yon moun an patikilye. Se leta avèk depatman lapolis ki ta dwe gen aksè avè l pou antre nan dosye yon endividi an patikilye si y ap mennen yon envestigasyon kèlkonk sou li.
Nan peyi Etazini, anpil nan nou konnen e ka pran egzanp, se pa mwayen sa a gouvènman an (federal, nasyonal) rive kontwole tout moun pase li obligatwa pou tout moun ki rezide nan peyi sa a genyen yon katdidantite ki rele katsekirite sosyal (sa yo rele nan lang anglè «social security card»). Se ak nimewo sa a yon endividi ka fè tout tranzakzyon li gen pou fè, epi yon fwa yon moun gen dokiman pou l viv legalman Ozetazini, l ap jwenn nimewo sa a gratis ti cheri (apre l fin fè demann nan biwo leta lokal yo). Se yon katdidantite ki konpoze de nèf chif (000-00-0000). Yon fwa ou antre l nan konpwoutè (pou yon rechèch kèlkonk), li vide enfòmasyon atè sou endividi ki posede l la. Donk se pa yon nimewo ki ka trennen atè, pase se tout lavi prive yon moun ki ka makònen ak li.
Nou te mansyone pi wo kijan li te ka ede nan kontwòl delenkans. Wi, li ka ede nan tout ka pou idantifye tradpe dosye yon moun. Donk si dosye sa a ta gen twou nan manch, l ap tou idantifye sa (selon piblikasyon leta anndan sistèm nan sou sa). Rapidman, nou ka mansyone ke aktyèlman gen ase espesyalis ayisyen nan domèn enfòmatik (syans konpwoutè), patikilyèman nan dyaspora a, ki ta twò kontan ede gouvènman ayisyen an nan sans sa a (si l ta ajoute sa sou lis pwojè enpòtan pou ede Ayiti).
Anpil nan teknisyen sa yo te ka desann Ayiti (volontèman) pou patisipe nan yon seri seminè sou sa, fè trening ak Ayisyen ki sou teren an (k ap travay nan biwo leta oubyen ki nan domèn prive) k ap eseye sèvi ak yon sistèm konpwoutarize. Mwen espere lektè ki li atik sa a kapab ouvè diskisyon sou li, anbeli l ak plis ide, mete diplis sou li epi egzaminen posiblite yo pou n ta pote revandikasyon sa a bay leta ayisyen pou ta mete sou lis pwojè l, youn konsa dekwa pou ta kòmanse tabli yon sistèm konpwoutarizasyon k ap ede nan kad devlopman Ayiti.
(E. W. Vedrine)
Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com
|