Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Seyans Oryantasyon pou ede Jèn Ayisyen Ayiti wè klè

Emmanuel W. Védrine
24 Mas 2019

Foto: Koutwazi Tinèg Lazil

Apre w fin li atik sa a, gen yon seksyon Kesyon e Konpreyansyon (20 kesyon sou li pou tigaye panse kritik). Sa pral ede enstriktè, oubyen (gwoup) moun k ap fè konferans /atelye sou sijè a. Nan seksyon «Nòt : Note», gen tit yon gwoup atik ki ajoute (kòm materyèl /resous) pou gade, dekwa pou elaji orizon panse w sou sijè a (an tèm plizyè bagay ki ka fèt pou oryante jèn yo). Jis klike sou tit sa yo pou li yo. Nou ta renmen w imel nou kòmantè w /opinyon w, epi pi devan nou kapab ajoute yo nan yon seksyon «kòmantè».

Anpil travay merite fèt pou ankadre e oryante jèn yo Ayiti. Pa egzanp, nou ka panse a plizyè kan d ete ki ka òganize pou ede yo. Gen Ayisyen (ansyen anseyan, anseyan retrete) nan dyaspora (patikilyèman sa yo ki te Etazini, Kanada) ki deja gen esperyans nan òganize tip aktivite estidyantil sa yo. Konsa nou pa ka bliye bèl pwogram pwofesè (retrete) Joel Theodat te konn òganize pou jèn elèv ayisyen, pandan l te alatèt Pwogram Bileng Ayisyen (Boston Public Schools), e alatèt Pwogram Anglè (kòm dezyèm lang). Non sèlman li te konn angaje jèn sa yo nan pwogram kiltirèl e foklorik pou te aprann apresye Kilti Ayisyen ak Istwa peyi d Ayiti, men tou, li ale jis an Frans ak yo pou te espoze yo a manman peyi ki te kolonize Ayiti (e espwlate l sou tout fòm posib), epi mennen elèv sa yo Ayiti tou (prentan 1996) pou te espoze yo a reyalite peyi a (pase anpil fwa, medya etranje yo ta gen tandans montre tout sa ki negatif de Ayiti, epi eviste pale de sa Ayiti te fè de pozitif pou limanite.

Anpil nan elèv sa yo ki te kite Ayiti tou piti, ki te retounen nan peyi natal la pou premye fwa, te rekonekte yo imedyatman ak peyi a, yon fwa yo te ateri nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture. Pami pwogram yo, gwoup la (ki te gen 6 manm estaf, yon ventèn etidyan - enkli 4 ki te soti nan peyi Kapvèd (Afrik de lwès), yon jèn etidyan nwa Ameriken… Yo vizite Ministè Lajenès /Espò, Fort Jacques et Alexandre, Lameri Pòtoprens (defen Manno Charlemagne, majistra alepòk)… Y al Okap (nò Ayiti) pou vizite Sitadèl (Citadelle) and Palè Sansousi (Palais Sans-Souci wa Henri Christophe) nan vil Milot. Lè y ap retounen Pòtoprens, yo vizite Moulin-sur-Mer Resort (Côtes des Arcadins).

Elèv Ayiti /Dyaspora pa t ka kenbe dlo nan zye yo ankò (lè lidè chak gwoup yo t ap fè diskou sikonstans yo ak anpil emosyon)… Timoun yo te twò kontan anmize nan joune ki te òganize pou yo nan Kwadèboukè (nan ansyen Ranch J.C Duvalier a, e nan Teleferi), kote yo kraze yon bon jan babekyou kreyòl (kabrit boukannen) byen asezone, bwè kokoye apre… Sa se yon egzanp pozitif an tèm sa ki ka fèt o pwendvi kiltirèl pou rekonekte jèn Ayiti ak jèn Ayisyen nan dyaspora (ki pale kreyòl deja, ki gen yon swaf rankontre youn lòt) men ki poko pile tè Papa Desalin nan.

Yo (anseyan, moun ki bay kan d ete valè) ka panse pwodui tout yon mànyèl sou sa pou ede jèn yo (epi pibliye gratis sou entènèt la, dekwa pou tout gen aksè li l pou oryante yo), e pataje ide yo sou sa). Pa egzanp, kisa ki ka anseye nan kan sa yo, pwogram lidèchip nou ka devlope pou yo, espò, metye…? Anpil fwa, majorite Ayisyen ta ret ap tann leta jouk yo tounen pwatann pou inisye tout (ti) bagay  pou yo (depi «a» jiska «z») ki bezwen fèt Ayiti, epi yo menm kòm sitwayayen yo pa bezwen fè anyen. Tout sa vin nouri soudevlopman Ayiti (lè sitwayen pa ka devlope sivism lakay yo kòm patisipasyon nan devlopman peyi d Ayiti, e nan komin kote yo soti). Malerezman, li pa mache konsa (pou n ta jis ret tann leta vin fè tout bagay, sitou an Ayiti kote leta li menm demisyone depi lè konkonm t ap goumen ak berejèn).

Kèk ide sèlman nou kapab simaye sou entènèt la jodiya kapab rive jwenn plizyè jèn pou chanje (estil) de vi y ap mennen, ba yo oryantasyon pozitif, mete yo nan bon chemen pou avni yo demen (dekwa pou yo pa tonbe nan gang, pou yo ta tounen tyoul politisyen kokorat k ap manipile yo al fè krim pou yo, kraze-brize pou yo). Non! Ouvri je w jèn ayisyen Ayiti! Ou vo plis ke sa. Men domaj si towo bèf te konn valè l, li pa ta kite yon kòd senk kòb touye l.

Avni Ayiti demen nan mwen w, jèn ayisyen. Men se depi jodiya pou kòmanse pran kap ou (pran direksyon w), pou kòmanse mache nan bon chemen, pou pa kite bandi, politisyen kororat, boujwa egoyis /soudevlope achte konsyans ou (ak kèk grenn dola pou al fè krim pou yo, pou al kraze-brize pou yo, pou al boule biznis moun pou yo, pou al jete lwil nan wout pou yo pou fè machin fè aksidan). N ap mande tout moun ki li atik oryantasyon sa a pou sikile l. Pataje atik sa a ak maksimòm moun posib, dekwa pou majorite moun e jèn Ayiti rive li l nan lang matènèl yo. Konsa, n ap kontribye tou nan oryante jèn sa yo, pou sove Ayiti demen (pase n pa ka pale pozitif de oken swadizan lidè politik Ayiti jodiya). Se yon gwo Wont (an majiskil), lè tout gen twou nan manch, lè yo san moral, lè tout pa gen oken vizyon pou 20 ane k ap vini yo (kote yo ta renmen wè Ayiti ye).

(1). Chache premyèman wayòm ak jistis Bondye, epi ou va jwenn lòt bagay apre (Matye 6: 33). An patan, se sa nou sijere tout moun fè. Lè n ap gade mizè Ayiti (espirityèlman, e ekononikman palan), nou menm ki nan lafwa (k ap sèvi Bondye sèlman, e fidèlman), nou konnen enpòtans lè n chwazi Bondye kòm gid nan tout sa n ap fè, e benediksyon nou jwenn ladan. Se apati de la tou n ap kòmanse gen sajès nou pral bezwen nan tout bagay. Malgre tout richès wa Salomon te ka genyen, li te mande Bondye sajès.

(2). Pran lekòl o serye. Pa pran lekòl pou jwèt. Pa meprize lekòl. Lekòl se wout siksè... Nou konnen deja majorite moun Ayiti poko gen aksè a  lekòl gratis ti cheri 100% (san pou san) jiska fen segondè (bakaloreya), ki ta ede tout jèn, e ede nan devlopman Ayiti tou. Nou pa ka gen devlopman oken kote nan lemond san (bon jan) edikasyon pou tout moun, san moun pa gen aksè gratis a yon sèten nivo edikasyon pou fonksyone nòlmalman nan sosyete a. 
Leta Ayisyen pa enterese nonplis nan (bay bon jan) edikasyon, mete lekòl gratis tout bon pou edike mas pèp la. Plis pèp la analfabèt, se plis sa ta nan enterè (move lidè) yo pou pèp la pa ravandike dwa l. Men etan jèn (ki gen chans tonbe sou atik sa a pou enspire w, e pou klere je w), ou ka fè tout mwayen posib pou konplete nivo segondè, epi ale nan egzamen bakaloreya. Omwen w ap konnen w fini ak sik (nivo) ou etap enpòtan sa a. Kounyeya w prepare w pou antre nan yon seri lekòl pwofesyonèl (lè sa posib), oubyen nan inivèsite pi devan (lè sa posib). Vag sou laj ou (si w ta wè ou an reta, konpare a lòt elèv). Mete nan tèt ou ke laj se jis non nimewo.

(3). Genyen oubyen prepare yon lis objektif (kisa ou ta renmen fè kòm karyèmetye, pwofesyon,  epi pou viv sou sa, nan kèlkeswa kote ou ta ye sou planèt la). Tout tè a se pou Bondye.

(4). Debouye w kou mèt Janjak pou metrize (pale, e ekri) 3 lang sa yo : anglè, fransè, espayòl ...  (ki pale /itilize plis nan lemond) dekwa pou ouvri pòt kontak entènasyonal w ap bezwen ak lemond antye. Malerezman, lekòl Ayiti (ki an degraba depi ane 80 yo, anba diktati Jean-Claude Duvalier) poko janm met aksan sou ansèyman lang etranje (sa yo) depi senkyèm ane fondamantal (jan sa fèt nan gran peyi). Sa te enspire n ekri atik sa a: Reta nan ansèyman lang etranje nan lekòl Ayiti (nou tradui l nan lòt lang tou pou ede chèrchè k ap fè rechèch sou sa). Dezyèm lang ki lang lasyanslang lajanlang biznis mondyal se ANGLÈ. Ou pa ka pale l jodiya, ou chire!  Nou di «dezyèm lang», sètadi ki ta (vin) apre kèlkeswa lang matènèl nou ta pale.

(5). Eseye konekte w ak moun serye, moun pwofesyonèlgrandèt pwofesyonèl ki ka oryante w /ba w bon konsèy k ap ede w. Dekonekte w ak raketègangpolitisyen kokorat, moun ki san moral… k ap manipile w pou al kraze-brize pou yo. Se ou ki pral nan cho apre sa (se ou y ap arete w, ou pral nan prizon, ou ka menm pèdi lavi w). Donk aprann reflechi avan w aji ... «Grèv dezobeyisans» se fason pezib ou ka pwoteste. Ou fwenk chita anndan kay ou, ou pa pran lari... Se pi bèl fason ou ka revandike (an pè, san fè vyolans, san boule biznis moun, san kreye dezòd, san mache ak gwoup kokorat ki pral pwofite vòlè /fè dezòd sou pretèks y ap vin nan manifestasyon). Donk pa kite kokorat sa yo esplwate w; pa kite yo manipile w; pa kite yo abize w sou oken fòm.  Politisyen rat do kale /san vègòy sa yo pa pral envite w nan salon lakay yo nonplis pou vin dine ak yo. Se enterè pa yo y ap defann sèlman, achte chato milyonven nan Miyamivòlè e gaspiye lajan leta sèlman, pati al nan fèt Miyami (pandan yon wikenn) epi retounen al fè magouy Ayiti. Pitit yo pa Ayiti. Jamè! Yo nan gran lekòl /inivèsite aletranje (byen pwoteje), epi y ap vwayaje nan premye klas lè y ap antre Ayiti.

(6). Zanmi... Ou ka byen ak tout moun, men ou pa ka fè zanmi ak tout moun... Jamè! Pran sa pou leson. Yon (bon) zanmi sipoze wè byen pou ou, sipoze wè avni w, san oken jalouzi. Li pa dwe wè mal pou ou. Li pa dwe mete w nan move chemen, li pa dwe mennen w move kote...

(7). Sekrè pa pouri trip chen, kòm pwovèb la di. Pa mache adwat agoch pou rakonte moun afè prive w, biznis ou, sa w gen entansyon fè oubyen akonpli nan lavi. Se ènmi ou pral kreye lè w fè sa. Donk prezante petisyon objektif (priyè) ou bay Bondye, mande Bondye sajès nan tout bagay, mande Bondye pou l gide w, paske se li ki meyè gid.

(8). Rete konekte ak yon seri moun ou ta wè ki enpòtan pou ou, ki gen moral tou. Pran imel, # telefòn yo, kontakte yo tanzantan; pa sèlman lè ou gen pwoblèm. Si w fè sa, w ap parèt yon opòtinis pou yo.

(9). Lisans (pou kondi)... Tout jèn an Ayiti ta dwe gen lisans yo (a laj 17, 18, 19, 20 an), menm jan sa fèt nan gran peyi  (ou peyi devlope) yo. Konsa, y ap ka kondi machin, fè taksi pandan yo lekòl, kondi pikòp (kamyonèt) pou bwote moun /machandiz (de yon andwa a lòt) pou fè biznis pou ede tèt yo (olye yo ta pran move chemen), e yo ka menm fè biznis auto-école (montre moun kondi pou lajan)...

(10). Konnen ke se ou menm ki responsab tèt ou (a laj 18, 19, 20 an). Pa gen pesonn k ap vin ba ou lajan, voye (transfè) lajan ba ou, ba ou yon plat manje chak jou. Donk se ou menm ki dwe aprann travay pou fè lajan, ki dwe gen youn, 2, 3, 4 pwofesyon /metye pou fè lajan pou fè lajan pou viv.

(11). Ak aksè nou genyen a Wot Teknoloji jodiya, fè tout mwayen posib itilize l, esplwate l nan avantay ou. Al pran kou konpwoutè, aprann ranje konpwoutè, telefòn, e tout aparèy elektwonik posib. W ap bezwen omwen 3 imel kontak ki fonksyonèl (sètadi k ap travay) dekwa pou kenbe kontak ak plizyè moun, e moun ki aletranje, pou kenbe dokimantasyon enpòtan pou referans yo.

(12). Pa pèdi tan w ap ranse sou facebook; pa pèdi tan w nan poste foto endesan /ponografi; sa se imoralite. Moun serye dwe bloke w sou kontak yo si ou fè sa... Byen itilize wot teknoloji a pou edike tèt ou, pou tabli kontak ak moun serye /pwofesyonèl ki ka oryante w, e pou mete w nan bon chemen, chemen siksè... Rete nan pye Bondye se pi bèl refij pou tout moun... Ribrik «Edike Ayisyen Ayiti, e Ayisyen nan Dyaspora». Boston, MA. USA.

Kesyon e Konpreyansyon pou Atelye, e pou tigaye panse kritik
(Questions and Understanding for Workshop, brainstorming and critical thinking)

  1. Vin ak yon lis sijè ou panse ki enpòtan pou ta ankadre jèn an Ayiti.
     
  2. Bay yon lis aktivite ki ka enkli nan pwogram kan d ete k ap ede anpil jèn ayisyen.
     
  3. Kisa w konnen sou Pwogram Bileng Ayisyen ki te egziste (yon sèten epòk) nan kèk eta Ozetani (e.g, Florida, New York, Massachusetts pou site kèk). Pou kisa tip pwogram sa a te egziste nan sèten lekòl Ozetazini?
     
  4. Vini ak yon lis pwogram kiltirèl ou panse ki ta bon pou oryante jèn ayisyen.
     
  5. Dabitid, kijan medya aletranje yo toujou pwochte imaj Ayiti? Èske sa se fyète pou Ayisyen?
     
  6. Site kèk bagay Ayiti fè nan istwa pou ta montre zèv imanis li.
     
  7. Daprè ou, sa w panse si Ayisyen dyaspora ta òganize vwayaj-vizit pou mennen ti Ayisyen (ki fèt nan) dyaspora al vizite Ayiti, epi òganize pwogram ansanm ak jèn ki Ayiti, pwogram tankou kan d ete?
     
  8. Nan ki zòn Ayiti Sitadèl sitiye? Èske lekòl ou a òganize joune pou al vizite Sitadèl ak elèv yo?
     
  9. Kilès ki te fè konstwi Sitadèl? Pou kisa?
     
  10. Ki kote Palè Sansousi sitiye? Kilès ki te abite nan Palè sa a?
     
  11. Vin ak yon lis pwoblèm jèn Ayisyen ap konfwonte Ayiti. Apre sa, vin ak yon lis solisyon ou panse oubyen ta pwopoze pou rezoud yo.
     
  12. Ki karyè, metye, pwofesyon ou ta renmen fè? Pou kisa? Kijan w panse w ka reyisi (pou atenn rèv ou)? Èske lekòl ou a janm fè seyans fòmasyon sou sa pou oryante elèv?
     
  13. Ki enpòtans sa genyen si jèn Ayisyen Ayiti ta metrize 3 lang sa yo: anglè, fransè, espayòl?
     
  14. Èske w ta renmen vin yon entèprèt, tradiktè? Bay yon lis lang ou ta renmen pale e ekri kouramman.
     
  15. Pou kisa l ta bon pou jèn yo ta konekte ak moun pwofesyonèl?
     
  16. Pou kisa w panse politisyen kokorat manipile anpil jèn Ayiti? Èske se nan avantay jèn sa yo, oubyen se nan avantay politisyen sa yo?
     
  17. Pou kisa li enpòtan pou jèn yo ta gen lisans pou kondi machin (depi laj 17, 18, 19, 20) Ayiti? Èske w konn monte bisiklèt, motosiklèt? Èske lekòl ou a montre timoun monte bisiklèt?
     
  18. Èske leta ayisyen kreye (mete, bati) lekòl gratis pou tout jèn Ayiti ta ale lekòl jiska fen etid segondè (bakaloreya)?
     
  19. Èske leta ayisyen te sipoze itilize (benefis) kòb Petro-Caribe a pou bati lekòl, lopital, rebwazman, pwojè agrikilti, santral elektrik, wout… e plizyè lòt pwojè ki antre nan kad enfrastrikti Ayiti bezwen pou ede nan devlopman l?
     
  20. Ki avantay Wot Teknoloji (e.g, aksè entènèt, facebook, fowòm (gwoup moun), imel, konpwoutè (òdinatè), messenger, skype, tchat, vokal), WhatsApp…) bay tout moun /tout kote jounen jodiya? Enimere avantay ou jwenn ladan, e fason ou itilize l?

Nòt

[Seminè oryantasyon pou ede jèn ayisyen an Ayiti; Konsèy pou lajenès ayisyèn; Mizopwen sou lajenès ayisyèn; Avni lajenès ayisyèn; Sivik ki santre sou lajenès ayisyèn; Konekte ak Ayisyen pwofesyonèl aletranje pou oryantasyon; Zanmi (kijan pou chwazi bon zanmi); Wot teknoloji (konpwoutè, facebook) pou lajenès ayisyèn; Lang (metriz anglè, fransè, espayòl); Objektif pou lajenès ayisyèn; Kan d ete e kisa ki dwe anseye ladan. [Seminè de Tradiksyon].

Anèks

A look at the problem of schools in Haiti: comments and suggestions : Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti: kòmantè ak sijesyon

Ayiti : Pou yon edikasyon pratik lè vandredi | Haiti: for a practical education on Fridays.

Edike Jèn Ayisyen e Koninote Ayisyen nan Dyaspora : Educating Haitian Youth and the Haitian Community in diaspora.

Egoyis: yon viris k ap detwi kominote ayisyen | Selfishness: a virus destroying the Haitian Community
 
Kèk enfòmasyon kle pou Kominote Ayisyen nan Dyaspora. (Some key information to help the Haitian Diaspora).

Èske kreyòl se yon bon zouti pou ta aprann nan lekòl Ayiti? : Est-ce le créole un bon outil pour apprendre à l'école en Haïti? (Is Creole a good tool to learn in school?)

Kèk kesyon pou ouvè deba sou pwoblèm edikasyon Ayiti : Some questions to open debates on the problem of education in Haiti.

Kreyol Without Toil : An introductory course to Haitian Creole (Ti liv pou kòmanse aprann anglè).

Kesyonnen Kilti Ayisyen pou aprann plis de li : Questionning Haitian Culture to learn more about it.

Materyèl pedagojik pou lekòl Ayiti : Teaching materials for schools in Haiti.

Pasaj Yves Estenvil Boston nan kad yon misyon edikatif e kiltirèl (Yves Estenvil’s visit in Boston : an educative and cultural mission).

Peyi m rele Ayiti : My country is Haiti (Mon pays c'est Haïti).

Rezo Etidyan Ayisyen, Ayiti – Dyaspora : Network of Haitian Students, Haiti – Dyaspora.

Seyans oryantasyon pou Etidyan Ayisyen k ap vin Etazini : Orientation Seminar for Haitian Students coming to the United States.

Sistèm Alfabè Kreyòl Aysiyen : The Haitian Creole Writing System.

Swaf pou yon sosyete ayisyèn k ap fòme sitwayen Thirst for a Haitian society that is forming its citizen (Soif pour une société haïtienne qui forme ses citoyens).

Temporada di sekura na Haiti (Tradiksyon youn nan woman otè an papiamento). Season of drought in Haiti(Sezon sechrès Ayiti, woman).

boule

 Viré monté