Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Pasaj Yves Estenvil1 Boston nan
kad yon misyon edikatif e kiltirèl

(1997)

Entèvyou sa a te reyalize ak Emmanuel W. Védrine, animatè emisyon «Chache konnen ak Védrine», Radio Haiti Diaspo Inter nan dat 13 me 1997 nan Boston.

Zanmi oditè, m ap di w bonswa, se yon plezi aswè a nan emisyon «Chache konnen ak Védrine» pou n gen avèk nou yon envite espesyal ki soti dirèkteman nan peyi d Ayiti, e ki de pasaj pa bò isit nan kad yon rankont kiltirèl e edikatif. Si ou raple w byen, ane pase nan mwa avril, sou direksyon Joel Theodat (chèf Depatman Bileng West Roxbury High School),enben li te òganize yon pwogram kote plizyè elèv ayisyen kou etranje te antre nan peyi d Ayiti pou al obsève, pou te an kontak ak reyalite peyi a, wè kote pozitif e negatif peyi a tou. Nan menm rankont kiltirèl sa a, West Roxbry High School te tabli yon kontak ak Sekretèri d Eta Jenès-Espò kote te genyen Yves Estenvil ak Frantz Léandre (direktè lajenès) ki te bay gwoup sa a yon bèl akèy chalere  e ki te fasilite anpil bagay pou yo nan peyi d Ayiti pou vwayaj sa a te tounen yon reyalite. Se nan menm ide sa a n ap resevwa Yves Estenvil aswè a nan miko nou. Estenvil se konseye teknik, manm kabinè direktè ekzekitif Sekretèri d Eta Jenès-Espò ak Sèvi Sivik nan peyi d Ayiti. N ap di w bonswa e byenveni nan Boston.

Y. Estenvil: Wi, nou byen kontan envitasyon Radio Haiti Diaspo Inter fè nou an. Nou di l bonswa tou e nou pwofite okazyon an pou n di bonswa a tout zanmi oditè Radio Haiti Diaspo Inter.

E. W. Védrine: Bon, Estenvil, kòm ou sot tande nan prezantasyon sa a, donk kominote a pre pou tande ou. Premye kesyon mwen gen pou ou se: èske w ka esplike prezans ou kòm reprezantan Sekretèri d Eta Jenès-Espò ak Sèvis Sivik nan Boston?

Wi, efektivman, m ka esplike li. Prezans mwen nan Boston epòk sa a, m kapab di l gen yon doub esplikasyon. Premye esplikasyon an sèke Sekretèri d Eta Jenès-Espò e Sèvis Sivik gen 2 misyon: yon misyon ankadreman e yon misyon akonpayman jenès. Lè n di «jenès», se alafwa jenès ayisyen k ap viv nan peyi d Ayiti e jenès ayisyen k ap viv lòt bò dlo (kit se an Ewòp, nan Karayib la, nan Amerikdinò ou nan nenpòt ki kwen nan mond lan). Donk, misyon Sekretèri d Eta a se ankadre e akonpaye otan ke l kapab jenès sa a kòm aktyèlman nan Boston gen kongrè jèn k ap fèt; se yon aktivite jenès, lajenès se popilasyon sib Sekretèri d Eta a. Donk aktivite sa a se se yon aktivite enpòtan pou Sekretèri d Eta a. Sa esplike prezans li atravè m jodiya nan Boston. Ansuit, nou t ap pale tale de «ankadreman» e «akonpayman». Sekretèri d Eta a, li genyen pou l akonpaye e ankadre lajenès nan diferan domèn: animasyon, domèn sivik, espòtif, edikatif, fizik, elt. Kongrè jèn sa a k ap fèt la, ansuit fèt drapo, tankou n t ap di pou premye a, se yon aktivite animasyon li ye. Dezyèm nan se yon aktivite sivik, pase se yon aktivite kote jèn pa bò isit ap selebre 18 me, ki se fèt drapo. Donk, bagay sa a enteresan pou Sekretèri d Eta a e sa esplike prezans li pa bò isit atravè mwen menm e sa se premye esplikasyon an. Dezyèm esplikasyon prezans mwen isit se Camp d’été Caraibéen ki gen pou fèt an jiyè 1997. Bon,  mwen vin nan Boston po non sèlman enfòme popilasyon jivenil ayisyèn nan sou kesyon an, men tou pou kontak avèk yon ansanm de responsab, yon seri enstitisyon pou wè kòman sèten jèn te kapab patisipe yo menm nan kokenn chenn aktivite sa a k ap fèt Ayiti, soti nan kòmanse mwa jiyè pou rive nan fen mwa sa a.

O.k, nan kad Camp d’été Caraibéen  nan, pou kominike a k ap tande ou, èske w ka di n ki peyi k ap patisipe e si l posib, reprann dat la egzatteman, ki aktivite k ap genyen, ki objektif kan ete sa a ki pote non Camp d’été Caraibéen?

Bon, m ap kòmanse pale de peyi nan Karayib la k ap patisipe nan kan an. Dabò, nou gen Lagwadloup, Ladominik, Kiba, Jamayik, Pòtoriko ak Repiblik Dominikèn. Nou gen sèt peyi sa yo annatandan ke gen lòt peyi ki rejwenn lide a voye kèk jèn vin patisipe anndan aktivite sa a e se repons a premye pati kesyon an. Yon lòt eleman nan kesyon ou te poze a, se ki objektif kan ete sa a? Objektif li se pèmèt yon patisipasyon, relasyon echanj ant jèn diferan peyi nan Karayib la. Nou konnen peyi Karayib yo tankou yo abitwe di l, yo alafwa ini e divize. «Divize», sètadi gen yon ansanm de bagay ki pa menm nan peyi sa yo. Ini, gen yon ansanm bagay ki menm, sa vle di: o nivo lang, yo divize. Yo pa pale menm lang e gen kote se espayòl, kreyòl, anglè yo pale men yo ini paske yo genyen menm istwa, kèk trè kiltirèl ki sanble. Donk, kan sa a ap pèmèt jèn diferan peyi sa yo fè yon tètkole de diferans ki genyen o nivo kiltirèl, lengwistik, mès e koutim ansanm de bagay ki komen lakay yo. Yon dezyèm bagay, se ta okipe vakans ete jèn yo pandan n ap pèmèt yo reyalize aktivite edikatif, kiltirèl, aktivite sosyal, espòtif e pèmèt yo tou aprann sa yo rele «Lavi kominotè», pèmèt yo patisipe nan devlopman lespri solidarite e eseye kraze sa n ka rele «chak koukouy klere pou je l» men pèmèt ke anndan kan an genyen yon atmosfè solidarite gwoup e ki pou pèmèt jèn yo pou yo pa santi yo pou kont yo. Yo pa dwe viv pou kont yo, men yo dwe viv ansanm avèk zanmi an, kanmarad la, ansanm ak frè a, sè a. Se devlope lakay jèn sa yo sans «kreyativite» e pèmèt ke jèn Ayisyen yo, de fason espesifik, devlope sans «akèy», «ospitalite» pa rapò a jèn k ap viv nan lòt peyi.

Yon lòt kesyon mwen gen pou ou: kòman fè se «West Roxbury High School» ou chwazi pou vizite nan kad rankont kiltirè sa a?

Wi, tankou m t ap di talè a, kan ete a se yon aktivite k ap akeyi etranje ki sot nan peyi Karayib yo men an menm tan, Sekretèri d Eta di genyen yon ansanm jèn Ayisyen k ap viv nan peyi etranje ki koupe de reyalite Ayiti a oubyen paske yo pati kite peyi a depi lontan oubyen paske yo pa t fèt nan peyi a. Donk, li enpòtan pou yo renouvle ak reyalite sa a oubyen konnen reyalite sa a; se s ak fè li deside ke genyen yon seri kwen nan mond lan tankou Ewòp; pou Ewòp, Frans, Bèljik. Tankou Amerikdinò: Kanada, Etazini. Tankou Karayib la: Repiblik Dominikèn, Matinik, Gwadloup, Kiba kote k gen anpil Ayisyen pou gen jèn ayisyen ki soti nan peyi sa yo tou pou vin patisipe nan kan an, e se youn nan rezon fondamantal ki esplike prezans mwen isit: se vin prepare patisipasyon jèn ayisyen sa yo nan Camp d’été Caraibéen an. Pou kisa se West Roxbury High School ke n chwazi? Se paske premyèman, nou vle fè bagay la ak yon maksimòm disiplin. Nou pa etabli kontak la ak kèk pèsonalite oubyen endividi, men nou etabli l ak moun ki lye ak kèk enstitisyon. Donk, se enstitisyon sa yo yo menm apati kritè fondamantal Sekretèri d Eta a ba yo, travay rekritman jèn moun, jèn k ap patisipe tankou Frans, Bèljik ak lòt peyi nan Karayib la nou sot site. Dezyèm rezon an, sèke Sekretèri d Eta a gen sèten esperyans ak West Roxbury High School tankou nou t ap di talè a nan prezantasyon an, genyen Joel Theodat pa egzanp ki òganize yon toune edikatif e kiltirèl ak kèk jèn. Se yon pwogram trè rich o nivo Sekretèri d Eta a, nou travay ak yo e nou estime gen yon seri aktivite k ap pèmèt relasyon echanj ant jèn ayisyen Ayiti e aletranje, relasyon echanj ant Ayisyen an jeneral e jèn etranje, relasyon echanj ant Ayisyen an jeneral e jèn etranje nan sans sa a kapab bay yon gwo koutmen. Men pou kisa nou chwazi enstitisyon sa a? pase nou gen  yon pratik nan travay ansanm, sètadi se yon bagay ke nou konnen sa n ka fè ak li. Donk, se pa yon diskriminasyon ant enstitisyon men, se tou senpleman nou gen yon pratik nan travay ansanm.

Donk, sètadi yo etabli yon kontak depi ane pase. Apa West Roxbury High School, mwen kwè ou pase lòt kote Ozetazini an tou, mwen pa konnen si w ka fè yon ti rale sou sa. Kòman ou te pale ak pwofesè, kòdonatè yo nan lòt kote w pase?

Bon, efektivman, nou pase Nouyòk e nou rankontre ak yon responsab enpòtan k ap travay nan domèn edikasyon, li menm l ap fè menm travay West Roxbury ap fè a. Nou gen pou n ale Kanada pou n al fè menm travay la e se ansanm de jèn sa yo, jèn ayisyen k ap viv nan diferan kote n sot di yo: Kanada, Boston, Nouyòk, nan Amerikdinò a k ap patisipe nan kan sa a. Fò nou di kote n pase, moun yo akeyi aktivite sa a ak anpil chalè.

Donk, mwen kwè se yon bagay trè enpòtan pou jèn, non sèlman nan kad echanj kiltirèl men devlopman yon seri bagay  nan peyi a, nan peyi Kanada yo k ap mete jèn yo an kontak tou. An tèm estatistik, pa egzanp nonb de jèn ki ka patisipe, total an(n) Ayiti oubyen nonb de jèn nou menm nou konte chwazi pa peyi, oubyen pa andwa, èske w ka fè yon ti pale sou sa?

N ap tann nant 250 a 300 jèn k ap an(n) Ayiti pandan ete a; donk jèn sa yo ap soti nan sèt peyi m sot ba ou yo e konpri Ayiti. Se yo menm k ap fè Camp d’été Caraibéen an men anplis de sa, jèn etranje k ap patisipe nan kan ete sa a, yo o nonb de «30». Sa vle di pou Ewòp, ap gen 6; pou Karayib la ap gen «4» e pou Amerikdinò ap gen «20»; sa vle di Boston, Kanada ak Nouyòk ap met ansanm pou yo voye «20» jèn. Se konsa m ta di pou chak peyi sa yo ap gen «7», «7», «6». Bon, kounyeya y ap atann yo ansanm pou yo wè kiyè k ap voye «6» la men gen «20» pou «3» peyi sa yo.

Nan kad istwa bèl aktivite sa yo, m pa konnen si w ka fè yon pale de sa, kòman Camp d’été Caraibéen an vin kreye? Pou moun ki fèk ouvè radyo a, m panse yo ta renmen konn yon ti istwa de sa.

Fòk nou di Sekretèri d Eta Jenès-Espò abitwe òganize an(n) Ayiti kan ete men, o nivo nasyonal. Ane sa a, aktivite a gen yon dimansyon entènasyonal … gen yon enstitisyon ki kreye an janvye 1996 sou enfliyans Sekretèri d Eta Jenès-Espò e Sèvis Sivik d Ayiti. Enstitisyon sa a rele KONKAJEK. Se yon zouti de koperasyon nan domèn espò, lwazi, kilti, edikasyon fizik, sivik, elt. E nan kad enstitisyon sa a, gen aktivite koperasyon ki deja etabli ant Ayiti e lòt peyi Karayib yo, sa yo gen tan ofri Ayiti yon ansanm aktivite deja tankou fòmasyon, etid, evalyasyon, etid sou enfrastrikti, sou evolisyon espò, developman espò nan peyi a, elt. Gen kad ayisyen ki fòme nan diferan peyi Karayib yo ap ofri yon bagay inilateral; se yon bagay miltilateral  Sa vle di chak peyi ap kolabore, ap bay yon bagay suivan posiblite li, elt. Kòm Ayiti li menm benefisye yon ansanm de avantay nan peyi sa yo nan kad KONKAJEK la, donk se nan li menm tou ap òganize Camp d’été Caraibéen an kote gen jèn k ap soti nan diferan peyi nan Karayib la pou vin pase vakans, yon atmosfè edikasyon, lwazi, espò, edikasyon fizik, animasyon, e sosyo-edikasyon.

Èske se premye fwa o nivo entènasonal kan ete sa a ap òganize?

Wi, se premye fwa o nivo entènasyonal sa ap fèt.

Sètadi, gen lòt kote nan Karayib la sa fèt deja o nivo entènasyonal?

Wi, gen aktivite o nivo entènasyonal ki òganize deja nan Karayib la men se premye fwa Ayiti li menm ap akeyi yon aktivite nan dimansyon sa a.

Bon, kapab byen gen moun ki ta renmen kontakte Sekretèri d Eta Jenès-Espò. Mwen pa konnen nan kad sa a, kòman sa ta fèt pou ta pran plis enfòmasyon avan emisyon an fini.

Efektivman, m panse gen Ayisyen k ap enterese a kesyon an. Direksyon teknik k ap okipe l de Camp d’été Caraibéen an se Direksyon Jenès-Espò ak Aksyon Sivik.

O.K, nou di w mèsi anpil pou ti rale sa a ou sot fè a, e nou swete w pase yon bon sejou nan Boston. Nou pa konnen si w gen yon dènye mo ou ta vle pataje ak kominote a.

Nou remèsye «Radio Haiti Diaspo Inter» nan non pa mwen, nan non Sekretèri d Eta a, nan non Pèp ayisyen e nan non peyi d Ayiti ke tout moun nan Boston renmen anpil e m ap di tout moun ki t ap tande emisyon sa a, mèsi anpil!

Bon, se la n ap rete pou aswè a nan emisyon «Chache-konnen». Mwen kwè anpil moun pral atre an kontak ak nou e ak Sekretèri d Eta Jenès-Espò pou pran plis kontak konsènan kan ete sa a. Mèsi anpil!

(fen)

  1. Estenvil: reprezantan Sekretèri Deta Jenès-Espò.

 

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)

HaitianLanguage@gmail.com  – CreoleEditions@gmail.com

Viré monté