Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Kèk enfòmasyon kle pou ede kominote Ayisyen
Some key information to help the Haitian Community

Emmanuel W. VEDRINE

Otòn 2016 : Fall 2016
edisyon 26 oktòb 2016 : updating October 26, 2016

Aeropuerto Internacional Luis Muñoz Marin, P.R. Photo. E. W. Vedrine

Avan nou kite Ayiti, nou fè anpil ILIZYON de Etazini, e menm kan nou rive Etazini nou (konn) kontinye fè ilizyon. Plis nou gen enfòmasyon davans sou tout sa nou ta bezwen, se plis sa pral ede e gide nou. Epi si nou pa egoyis, n ap ka an mezi pou ede lòt moun tou, dekwa pou n gen yon kominote ayisyen ki vibran, e k ap pwogrese sou tout fòm.

 

Before leaving Haiti, we made many ILLUSIONS of the United States, and even after arriving in the U.S we continue making them. The more information we have beforehand, the more that’s going to help, and guide us. And if we are not selfish, we’ll be able to help others also so that we can have a vibrant Haitian Community that is progressing on all fronts.

ANYÈ ELEKTWONIK (ak enfòmasyon sou Ayiti /sou dyaspora ayisyen an) Anyè Elekwonik Ayiti. Nou ajoute enfòmasyon sa yo gratis nan ànyè elektwonik nou, osilontan yo voye yo ban nou, oubyen nou jwenn weblink (ralonj wèb) yo sou entènèt la?

 

ELECTRONIC DIRECTORY (with info on Haiti /on the Haitian Diaspora) Haiti Super Web Directory. We add information free of charge in our directory, as long they are sent to us, or we find their web link online.

1. Kisa Ayisyen bezwen konnen lè yo FÈK ANTRE ETAZINI? (Nou ka fè tout yon lis bagay enpòtan yo bezwen konnen, ki kote pou jwenn enfòmasyon sou sa, kontak ak sant kominotè, legliz, zanmi, e entènèt la).

 

1. What do Haitians need to know when they JUST ARRIVE IN THE US? (We can make a whole list of important things they need to know, where to find information on that, contact with community centers, churches, friends, and the internet).

2. Kibò SANT KOMINOTÈ yo lokalize? Ki sèvis yo bay? Kilès ki alatèt yo?

 

2. Where are the COMMUNITY CENTERS located? What service do they provide? Who are heading them?

3. Kibò mwen ka al aprann ANGLÈ gratis? Kibò pitit mwen pral lekòl? Kilès ki pral ban m enfòmasyon sou lekòl?   3. Where can I go to learn ENGLISH free? Where are my children going to school? Who is going to give me information about these schools?

4. Sou LWA peyi a... Ki kote m pral jwenn enfòmasyon sou lwa peyi a? Sou lwa nan eta kote m ap viv la (lwa estatal)?

 

4. On the country’s LAWS… Where am I going to find information on the country’s laws? On state laws where I am living?

5. LIDÈ KOMINOTÈ (Kilès yo ye? Kote yo lokalize? Kisa yo fè?). Kijan m ka kontakte yo pou ede m? Èske sant ayisyen yo gen yon ànyè ki gen enfòmasyon sa yo? Kote m ap jwenn nimewo telefòn yo?

 

5. COMMUNITY LEADERS (Who are they? Where are they located? What do they do?). How can I meet them to help me? Where am I going to get their phone numbers?

6. ENVESTISMAN… Se youn nan tèm lidè nan kominote Ayisyen pa tèlman pale de li, oubyen yo pa pale de li menm. Epoutan, se yon sijè trè enpòtan. Kijan mwen kapab envesti (yon pati nan lajan m touche)? Nan kisa mwen ka kòmanse envesti? Apati ki lè mwen ka kòmanse envesti dekwa pou m gen ase LAJAN lè m rive nan senkantèn, swasantèn pou m pa pòv /pa viv nan povrete? Si m gen entansyon achte yon kay, pa egzanp, èske se mwen sèlman /fanmi m ki pral rete ladan?

 

6. INVESTMENT: is a subject that leaders of the Haitian community don’t really discuss, or they don’t talk about at all. Whereas, it’s a very important subject. How can I invest (a part of the money I earn)? In what can I start investing? Starting when I can start investing so that I can have enough MONEY when I reach my fifties, sixties so that I won’t be poor /won’t live in poverty? If I have the intention to buy a house, for instance, is it me only /my family who is going to live in it?

Èske mwen ka LWE ladan pou ede m peye mòtgej (ipotèk) la pou soulaje m ekonomikman? Èske m ka jis abite nan besment lan (gratis) si m selibatè, epi lwe rès kay la pou peye mòtgej la a tan? Èske se yon bon epòk pou m achte kay /apatman? Èske mwen gen enfòmasyon deja pou tyeke wè si kredi m anfòm pou achte kay? Ak kilès m ap achte kay (mwen sèlman? Mwen ak fanmi m (epou)? Zanmi m avè m?

 

Can I RENT part of it to help me paying the mortgage, to relieve me economically? Can I just live in the basement (free) if I am single, and rent rest of the house to pay the mortgage on time? Is it a good time to buy a house /an apartment? Do I already have information to check if my credit is in good shape to buy a house? With whom am I going to buy a house (me only? My family and I (spouse)? My friends and I?

Èske m ap bezwen yon co-signer (yon moun ki pou siyen avè m si m p ap fè ase lajan)? Ki responsablite ki ka tonbe sou do co-signer a si m pa peye bank lan alè oubyen si m vin mouri? Èske Ayiti an sekirite pou m al envesti la? Si m pral l envesti Ayiti, nan kisa m pral envesti? Mwen nan karantèn, senkantèn, swasantèn… kisa m posede? Èske l twò ta pou m envesti? (Nan kisa? Ki kote)? Èskè asanble /legliz kote m mache a fè seminè fòmasyon (sou tout tip, enkli envestisman)? M ap viv nan yon state (eta) ki frèt, èske m ap panse achte yon kay /apatman kote ki cho (e.g: Florida, Pòtoriko, Il Vyèj…) pou m al pase vakans? Pou retrèt mwen? Depi ki lè mwen dwe kòmanse travay sou sa? Kilès k ap ban m enfòmasyon sou sa? Ki estrateji m anplwaye pou ekonomize lajan pou yon bi, e nan yon l ap de tan? Èske m gen yon life insurance (asirans de vi)? Èske m gen yon biznis k ap ban m lajan?

 

Will I need a co-signer (a person to sign with me if I don’t have enough money)? What would be the responsibility of the co-signer if I can’t pay the bank on time or if I die? Is Haiti secured (for me) to go and invest there? If I am going to invest in Haiti, in what am I going to invest? I am in my forties, fifties, sixties… what do I possess? Is it too late (for me) to invest? (In what? where?). Does the assembly /church I attend have seminars of formation (all types, including investment)? I am living in a cold state, am I thinking of buying a house /an apartment where it’s warm? (E.g. in Florida, Puerto Rico, the Virgin Islands…) to spend vacations? For my retirement? Since when should I start working on that? Who is going to give me information on that? What strategy am I going to employ in order to save money for a purpose, and in a short period of time? Do I have a life insurance? Do I have a business giving me money?

7. METYE, KONESANS… Ki metye, konesans nan kisa mwen genyen (lè m sot Ayiti)? Kisa m te konn fè Ayiti? Èske m ka pratike l Etazini? Èske m ap bezwen pèmi /lisans pou fè sa? Èske m dwe al lekòl pou sa? Kilès mwen konnen ki nan pwofesyon sa a? Èske m ka fòme yon ekip pou ede m?

 

7. PROFESSIONS, SKILLS… What profession, skills in what do I have (when I arrive from Haiti)? What did I use to do in Haiti? Can I practice it in the U.S what I knew in Haiti? Will I need a permit /license to do that? Should I go to school for that? Who do I know in that profession? Can I form a team to help me?

8. Kisa m ka fè nan SWASANTÈN mwen (laj kote  retrèt mwen ap avanse)? Èske m pral kontinye travay apre laj 65 ane (laj retrèt)? Èske m gen yon kay /apatman nan laj sa a? Èske m an sante? Èske gen sipò moral / familyal? Èske m gen ase lajan pou m ale an vakans (ak fanmi m)? Kibò mwen ka al fè vakans? Ki aktivite mwen ka fè apre laj retrèt (swa pou ban m ti lajan, swa pou ede kominote m, swa pou lwazi)?

 

8. What can I do in my SIXTIES (approaching retirement)? Am I going to continue working after 65 (the age of retirement)? Do I have a house /an apartment? Am I in good health? Do I have the moral /family support? Do I have enough money to go on vacation (with my family) Where can I go on vacations? What activities can I do after the retirement age? (to either give me some money, to help my community, or for leisure)?

9. SANTE. Èske mwen gen asirans sante? Chak kilè mwen tyeke ak doktè? Èske m bay prevansyonenpòtans? Èske m gen kèk konseye medikal? Kijan rejimmwen ye (sa m manje /sa m pa dwe manje, ki lè mwen manje). Èske mwen mete kèk tan de kote pou m al fè egzèsis (ak fanmi m)?

 

9. HEALTH. Do I have health insurance? How often do I see a doctor? Do I pay attention to prevention? Do I have any medical advisors? How is my diet(what I eat /what I should eat /should not eat, when do I eat). Do I put some time aside to do exercise (with my family)?

10.SOSYALIZASYON. Kijan mwen sosyalize m? Èske se yon fwa pa semèn mwen sosyalize m lè m al legliz? Èske m apateni a kèk klib sosyal? Èske gen klib sosyal nan kominote m ap viv la? Ki pwogrwam klib sa yo (si yo egziste)? Èske m ka al an vakans /vizit ak yon gwoup zanmi, gwoup moun legliz mwen? Chak kilè mwen gen reyinyon familyal? Kisa nou diskite nan reyinyon familyal? Èske gen solidarite familyal? Èske gen gwoup moun /zanmi… mwen ka konte sou yo (an ka ijans)? Èske m apateni a yon fowòm, k ap diskite tout bagay enpòtan? K ap bay bon konsèy? Ki pwogram sosyal asanble /legliz kote m mache a genyen pou ede manm yo? Ki pwogram lwazi li genyen? Si m malad, èske manm nan asanble sa a ka vin ede m (e.g, mennen m nan makèt, lopital)?

 

10.SOCIALISATION. How do I socialize? Do I socialize once a week when I go to church? Do I belong to a social club? Are there social clubs in the community I live? What program do these clubs have (if they exist)? Can I go on vacations /do visits with a group of friends, group of people from my church? How often do I have a family reunion? What do we discuss the family reunion? Is there family solidarity? Is there a group of people /friends… that I can count on (in case of emergency)? Do I belong to a forum that is discussing all important subjects? That is giving good advice? What social programs does my assembly /church have to help its member? What programs does it have for leisure? If I am sick, can some members of the assembly come and help me (e.g., taking me to the super market, to the hospital)?

11. Ki kote m al an VAKANS (ak fanmi m) chak ane? Kisa m fè pandan vakans? Èske m itilize vakans travay mwen? Èske m gen deja yon apatman /kay vakans yon kote? Èske m ta renmen gen youn pou m pase vakans, epi fè biznis ak li tou? Kisa m planifye fè ak timoun yo /pou timoun yo pandan vakans? Èske l nesesè pou y al lekòl pandan vakans ete (pou ratrape sa yo ta rate lekòl pandan ane akademik lan)? Kibò m al an vakans deja? Èske se kote mwen ka rekòmande lòt moun? Kisa mwen esplore la? (planifikasyon) Konbyen kòb mwen dwe met de kote pou vakans chak ane? Èske m gen yon plan otèl pou vakans pou fanmi (ke m ka fè biznis ak li)?

 

11. Where do I go on VACATIONS (with my family) each year? What do I do during vacations? Do I use my vacation from work? Do I already have an apartment /vacation house somewhere? Would I like to have one to spend my vacations, and use it for business also? What do I plan to do with the children /for the children during vacation? Is it necessary for them to attend summer school (to catch up with what they miss in school during the academic year)? Where have I gone already for vacations? Is it a place I can recommend to other people? What have I explored there? (planification) How much money should I save for vacations each year? Do I have a family vacation hotel plan (that I can do business with)?

12. Kijan ETID TIMOUN yo pral ye nan inivèsite? E si m mouri, epi yo poko nan inivèsite? Ki enfòmasyon kle yo dwe konnen depi nan high school (lekòl segondè)? Èske y ap enterese ale nan inivèsite piblik nan eta kote y ap viv la (pou yo peye yon ti kras kòb) oubyen èske yo pral fè m prete gwo sòm lajan pou y al nan inivèsite prive (san rezon)? Ki enfòmasyon yo dwe konnen davans sou èd finansye? Ki enfòmasyon yo dwe konnen davans sou kenbe yon Wot Mwayèn (85% [pou san] omwen) dekwa pou gen aksè a bousdetid (pou al nan inivèsite prive)?

 

12. How the CHILDREN’ STUDIES going to be in college? How about if I die, and they are not in college yet? What key information should they know from high school? Will they be interested in attending public universities in the state where they are residing (to pay a little bit of money) or are they going to make me take big loans to pay private universities (without any reason)? What information should they know about financial aid? What information should they know beforehand about maintaining a high GPA (Grade Point Average) of (85% [per cent] at least) so that they can have access to scholarships (to attend private universities)?

13. Èske m byen PLANIFYE tout bagay ak madanm /mari mwen pandan m vivan?

 

13. Have I PLANNED well everything well my spouse while alive?

14.RELASYON FAMILYAL…Ki jan de relasyon mwen genyen ak fanmi m? Èske manm fanmi an solidè, eseye konprann youn lòt /ede youn lòt (si sa posib), ou egoyis? Èske m ka konte sou kèk manm nan fanmi m (k ap ede trapde, ban m kèk bon konsèy k ap ede)? Si non, èske m gen omwen 2, 3 zanmi mwen ka konte sou yo pou ede m (ki la pou mwen, ke m ka konte sou yo nan ka ijan, ki ka konseye m si l posib)? Èske m konn santi m izole (lè m pa jwenn èd familyal? Kijan m reyaji)?

 

14 .FAMILY RELATION …What type of relation do I have with my family? Do members of my family show solidarity? Do they understand one another /help one another (if possible) or are they selfish? Can I count on some family members (who can help in a wink of time, who can give some good advice)? If not, do I have at least 2, 3 friends I can count on to help me (who are there for me, who I can count on in an emergency situation, who can advise me if possible)? Do I feel isolated (when I don’t get help from my family)? How do I react?)?

boule

 Viré monté