Pou ane k ap vini an, n ap mande:
Pouki chak Nwèl, chak joudlan, se ak kè sere n ap voye V monte, menm si nou konnen yo p ap janm reyalize?
Pouki, jan Manno t ap chante, fanm kase zo pou lari, simayen ti tyovi pou al siye machin ou al pèdi vi yo nan faktori?
Pouki ledikasyon, la swenyay, diyite pou yon sèl kategori moun?
Pouki richès peyi nan men yon ti gwoup, yon ti minorite ki konsidire tèt yo siperiyè, ki wè pèp la tankou moun san dwa, san imanite?
Pouki ouvriye, ouvriyèz, peyizan ak travayè pa ka viv kòmsadwa nan pwòp peyi yo, ak diyite, respè pou travay yo?
Pouki tout travayè, travayèz, ki se nanm peyi a, pa ka jwi rezilta fòs ponyèt yo?
Pouki sòlda Loni simaye kolera lanmò, pete fyèl plis pase 10 000 moun, kraze brize, fè kadejak sou jèn fi ak jèn gason san krent ni pè anyen?
Pouki jis jounen jodi a, malgre pwomès politisiyen abolotcho ap fè pasi pala, lamizè ap touye timoun, mare kodlonbrit jèn moun kou granmoun?
Pouki yon pakèt jèn gason ak jèn fanm ap kite peyi a, ap kouri tankou chen fou pou al vann fòs kouraj yo nan peyi etranje, pase mizè ak tribalisyon anba sòlda ak atoufè?
Pouki se pèp la ki goumen pou endepandans, ki bay libète, ki kreye richès materyèl ak richès kiltirel k ap mouri anba mizè ekspwatasyon, opresyon, tout kalite vyolans boujwazi ak Leta san koutchya ap fè sou yo?
Pouki…?
Lis pouki a long anpil. Li remonte byen lwen nan istwa nou. Li pran rasin nan pwofondè soufrans nou, nan mak kou mèt esklav filange nou, nan masak nou sibi nan men Leta neyokolonyal, okipasyon militè ak boujwazi antinasyonal.
Depi 1804, n ap mande pouki nou pa gen yon peyi ki rele nou chèmèt chèmètrès.
Men jounen jodi a, nou bouke di pouki. Je nou klè, lespri nou ouvè. Nou refize pran ti jezi nan po krab. Nou refize kwè nan pastè k ap fè nou konprann se Bondye ki pou pote ladelivrans, nou tchwipe tout moun, opòtinis aferis k ap preche lè eleksyonm, mistifiakatè k ap fè nou konprann se sèl konesans ak edikasyon ki ka sovè nou, se sa nou vle!
Jounen jodi a, li klè, pa gen benyen kache lonbrit ankò!
Sèl lit nou!
Sèl òganizasyon djanm ouvriye, ouvriyèz, peyizan, peyizàn, etidyan, etidyant!
Sèl batay tout patriyòt konsyan pou yon lòt sosyete fleri, pou yon chanjamn tout bon vre!
Sèl lit sa yo ka akouche yon lòt vi pou nou sispan di pouki.
Pou otantifikasyon,
Renel Exentus,
Ricardo Gustave
Contact: rehmoncohaiti1915@gmail.com |