Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Nwèl 2007 é joudlan
Premier Noël du site Potomitan.info

Naissance par Presley SOULOUQUE

Naissance par Presley SOULOUQUE. © Espaceloas

anis  anis  anis 

Tan ka pasé
Tan ka vansé
Tan-la toujou présé-présé
2007 pres fini kasé
2008 li kay konmansé
Mi ba-zot sa nou mandé :

Ba-zot titak tan
pou zot jwi-lavi
pou tjè-zot kontan
ba-zot sa zot anvi !
Douvan pot-zot balié makakri
pou viv on Nwel-zéklari !
On lanné douslèt
on bol toloman
san jen bésé tèt
san pon batmanman !
Nou ka mandé lavi-la ba-zot tan viv
Tout bèl driv san pon dériv !
Pasé on bèl Nwel épi on bien bon bèl lanné !

Hector Poullet
22 décembre 2007

anis

Feuilles fortes sur feuilles mortes,
bourgeons de nouveaux soleils :
Un an trouve les heures et sa cohorte.
Un jour sur un autre arbre se fait treille.

BONNE ANNEE 2008

Khal Torabully
31 décembre 2007

akounoudi-a2008

Fèt Nwèl san Jezi

Bonjou,

Kòman fè nou tout konnen, dat nesans mwen ap rive. Chak ane, gen yon gwo koudyay pou onore mwen e mwen panse ane sa a ankò selebrasyon sa a ap fèt.

Pandan peryòd sa a, tout moun al nan magazen, y achte kado, piblisite fè kenken nan radyo e nan magazen, e tout sa ogmante tanzantan ke anivèsè mwen a p rive.

Bon li reyèlman bon pou konnen; o mwen yon fwa lan, kèk moun panse avè m… Poutan mwen remake ke si o kòmansman moun yo te konprann epi yo te rekonesan anvè m pou tout sa mwen fè pou yo, plis tan an ap pase, mwens li sanble yo sonje rezon selebrasyon sa a. Fanmi ak zanmi anmize yo, men yo toujou pa konnen sans fèt la.

Mwen sonje ane dènye te gen yon gwo bankè ki te fèt pou ononore mwen. Tab nan salamanje a te chaje ak bon manje, gato, fri, chokola. Dekorasyon an te pyout! Epi te gen anpil bèl kado ki vlope yon fason trè espesyal.

Men, ou konnen yon bagay? Yo pa t envite m... An teyori, mwen te envitedonè, men pèson pa t sonje m ni yo pa t voye envitasyon ban mwen. Fèt la te fèt pou onore m, men gran jou sa a rive, yo kite m deyò, epi yo fèmen pòt nan figi m... E poutan mwen te vle atab avèk yo.

An reyalite, se pa t yon sipriz pou mwen paske depi kèk ane, tout pòt fèmen devan m.

Kòm mwen pa t envite, mwen deside vin nan fèt la san fè bri, san moun pa wè m. Mwen rete nan yon kwen ap obsève. Tout moun ap bwè, sa ki sou, sa k ap fè komik, sa k ap ri tout bagay. Yo byen anmize yo.
Anfennkont, gwo tonton bab blanch lan rive, yon gwo wòb wouj sou li. Msye ri san rete: «ho ho ho!» Li chita sou yon sofa epi tout timoun kouri al kote l, ap rele «Pè Nowèl! Pè Nowèl!», kòmsi fèt la se pou li yo te òganize l.

A minui, tout moun kòmanse bay akolad; mwen ouvri bra m, mwen ret tann pou kèk moun ta vin ban m lamen, kwè m si w vle... pèsòn pa vin kote m.

Toudenkou yo kòmanse fè echanj kado. You ouvri yo youn pa youn, ak anpil kè kontan. Lè yo fin ouvri tout, mwen gade pou wè si, petèt, ta gen youn pou mwen. Kijan ou ta santi ou jou anivèsè w, tout moun ap echanje kado epi pou pa resevwa youn?
Finalman mwen konprann ke yo pa t bezwen prezans mwen nan sware sa a; konsa san oken bri, m al fè wout mwen.

Sa vin pi mal chak ane. Moun yo sèlman sonje sa yo bwè ak sa yo manje, kado yo resevwa, men pèsòn pa panse a mwen. M ta vle ou kite m antre nan lavi ou pou fèt Nwèl ane sa a. Mwen ta swete ou sonje ke gen plis pase 2000 ane depi mwen te vin nan lemonn pou m te bay vi m pou ou, e pou sove ou tout bon. Jodiya mwen swete sèlman ou kwè sa nan kè ou. Anpil moun envite nan fèt yo ane pase, fwa sa a mwen pral òganize pwòp fèt mwen e mwen espere anpil moun va la pou fete ak mwen.

Voye mesaj sa a bay tout moun.

M ap montre gratitid mwen anvè ou etènèlman.

Mwen renmen nou anpil!

Jezi

Madonna del Sasso
Nativité, 20 décembre 2007, Madonna del Sasso, Orselina. Photo F.Palli.

anis  anis  anis 

t  Chanté Nwèl 2007Nwèl

Viré monté