Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Koutje sou dokimantasyon kreyòl,
leksikografi ak mòfoloji

Yon repòtaj Joseph Marcel Georges

Haïti en Marche, Vol. XXXVI, #01 – éd. 12 au 18 janvier 2022
[English translation: Emmanuel W. Védrine,
Founder of E. W. Védrine Creole Project
Boston, Massaschusetts. USA]

EnglishKreyòl

Nan kad Mwa Kreyòl, LangSE (Laboratwa Lang, Sosyete, Edikasyon) ki ratache ak Fakilte Lengwistik Aplike - Inivèsite Leta Ayiti, te òganize madi 12 oktòb 2021 yon aprèmidi syantifik ki te chita sou dokimantasyon kreyòl, leksikografi ak mòfoloji nan lang matènèl la. Nou te gen prezantatè pwofesè Emmanuel W. Védrine (bibliyograf, chèrchè, editè, ekriven, leksikograf, lengwis, tradiktè), ki reyalize 30 ane travay nan domèn bibliyographi ak elaborasyon materyèl didaktik. Se te premye entèvenan an. Kozri a te chita sou tèz (memwa sòti, metriz, doktora) ak lòt travay rechèch ki fèt sou kreyòl ayisyen.

Nan ekspoze dokimantalis la, li te ranmase yon evantay rechèch ki pwodui ann Ayiti e sou plan entènasyonl. Pami aksan pwofesè a mete, li te fè yon bèl rale sou reyalizasyon volim diksyonè sou kreyòl, ansanm ak plizyè lòt travay rechèch sou materyèl didaktik ki pwodui nan Indiana University, kote li te travay kòm editè nan Enstiti Kreyòl inivèsite sa a.

Yon lòt bò, pwofesè Védrine te salye travay memwa sòti ki pwodui nan Fakilte Lengwistik Aplike (FLA / Faculté de Linguistique Appliquée). Li kolabore nan pèmèt yon bon valè nan piblikasyon sa yo disponib sou sit potomitan nan bank done memwa soti ki pibliye 2011 rive 2020.

Se yon prezantasyon ki te pèmèt pwofesè ak etidyan, ki te la, dekouvri ak kontantman kantite travay ki disponib sou kreyòl ayisyen, e aksè pou jwenn referans yo an liy (Ref. A Bibliography of Theses and Dissertations related to Haiti from 2011 to 2020andEsssays’ models to help Haitian students [high school and university] with writing).

Tousuit apre, LangSE te gen lonè resevwa lengwis Nicolas André, ansyen etidyan FLA, manm fondatè Akademi Kreyòl Ayisyen  (AKA), pwofesè nan FIU (Florida International University). Nan prezantasyon li an, ki te dire 25 minit, pwofesè André te pataje eksperyans li nan kesyon elaborasyon diksyonè. Men, li te chita kesyon an sou ang mòfoloji... Li te pran kèk eleman gramatikal presi nan lang lan tankou : an, ann, ak sa.

Pou leksikograf André, paske prensip òtograf kreyòl la di yon menm son toujou ekri menm jan, son pou «an» pa kapab pwononse /ã/ yon lè, epi /ãn/ yon lòt lè. Si ta gen yon prensip lyezon obligatwa (liason obligatoire) an kreyòl, li pa ta ka mache sèlman pou yon grenn mo: «an».

Yon kesyon kle prezantatè a te avanse se ki prensip pedagojik ki ta kapab di: gen lyezon obligatwa nan lang kreyòl ant mo ki kòmanse ak yon vwayèl oral epi ki vini anvan yon lòt mo ki fini ak yon vwayèl nazal.

Toutfwa, li siyale eksepsyon pou mo tankou : bon, gen, men, mwen, nan, san, yon, eksetera... Nan kalite li, kòm anseyan lang kreyòl, pwofesè André avwe li rankontre ka etidyan anglofòn ak etidyan frankofòn ki aprann metrize prensip ki di lèt (digraf) «an» nan alfabè kreyòl la. TOUJOU gen pwononsyasyon /ã/, menm jan tou lèt (digraf) «en» TOUJOU gen pwononsyasyon /ɛ̃/, epi lèt (digraf) «on» TOUJOU gen pwononsiyasyon /ɔ̃/.

Nan deskripsyon ak analiz li prezante, li demontre kijan pwopozisyon li an evite n rankontre kèk pwononsyasyon tankou sa ki nan fraz ki vin annapre yo:

(1)

*Mwenn pa genn lajann
Mwen pa gen lajan
- Èksè nazalizasyon

(2)

*Mwen nanvi achte yon navyon
Mwen anvi achte yon avyon»
– (Abitid lyezon)

Egzanp sa yo louvri pòt pou yon bèl pwomnad syantifik entèvenan an te fè ak piblik la sou kesyon ekriti nan lang lan. An fransè, (anseyan k ap pale a), lyezon pou mo «en» (en Espagne, en Haïti, en hiver), vo tou pou mo «on» (on a assez entendu, on attend toujours). Li vo pou «les», «mes», «nos», etc., dapre prensip lyezon nan lang lan. Konsa, nou jwenn lyezon ki obligatwa, lyezon ki enposib ak lyezon moun ka chwazi fè oubyen pa fè. Se vre gen eksepsyon nan ka sa yo, men se pa règ la ki eksepsyon an. Kounye a, (prezantatè a k ap rapousiv), si nou ta deside lè nou tande /ãnãgle/ oswa / ãnnayiti/ nou ekri «an angle» oswa «an Ayiti», genyen de sitiyasyon ki vin prezante:

1. Nou vyole youn nan prensip ki rann òtograf kreyòl la pi transparan pase anpil lòt òtograf.

2. Nou vin ak yon règ nan lang lan ki se jis yon EKSEPSYON. Men ki jan règ sa a pati: Gen lyezon an kreyòl sèlman pou prepozisyon «an» devan yon mo ki kòmanse ak yon vwayèl. Okenn lòt prepozisyon ki gen yon konsòn nazal kòm dènye son pa ladan. Oubyen tou, eksepsyon «an» ta kapab pi jeneral toujou si nou pa sèlman konsidere «prepozisyon», dapre egzanp (2) pi wo a.

Pwofesè André kontinye pou l di: Menm jan yon lang tankou anglè gen detèminan «AN» kòm alomòf pou «A» (a man / an apple), lang kreyòl nou an montre li gen yon prensip alomòf, kote sèten mo (pa prepozisyon sèlman) genyen alomòf. Se konsa, nou jwenn «ANN» pou «AN».

Egzanp:

(a) Y ap pale an daki 

(b) Se yon bag ann ò.

Anpil fwa, yon alomòf kapab omonim yon lòt mo: egzanp prepozisyon «ann» ak fòm kout pou «annou» (ann) se yon bon egzanp. Òtograf «an nou» nan plas «annou» pa gen okenn jistifikasyon, paske «annou» se yon makè pou enperatif (premyè pèsòn pliryèl) menm jan ak «ap» oubyen «te» kòm lòt makè pou vèb an kreyòl. Petèt se paske sèten moun gen angle «let us» nan tèt yo. Men, menm angle genyen fòm «let's».

Konklizyon prezantatè a adopte : «Ann» pa yon pwoblèm nan lang kreyòl. Li suiv bon prensip òtograf lang lan. «Ann» kòm fòm kout «Annou» gen yon omonim «Ann» ki se yon alomòf prepozisyon «An». Yon lòt egzanp alomòf ki te enterese lengwis Nicolas André se fòm «in» pou «en» (chif 1). Nan zòn sid peyi Ayiti, gen kote moun di «in» nan plas «yon» oswa «on». Egzanp: «Gade yon nèg» vin tounen «Gade in nèg». Men sa a se yon lòt deba.

Pwofesè a te fini prezantasyon an ak refleksyon sou kesyon «sa» nan fraz «Kite m fè twalèt mwen pou mwen sa abiye.» Grafèm «sa», dapre André, gen sans jeneral kote l sèvi kòm demonstratif nan egzanp tankou:

(3) Ou anpeche m pale, mwen pa renmen sa. Li pouswiv pou l presize : «Sa» sèvi tou kòm detèminan nan fraz (4) ak (5) pi ba a, kote vin gen yon lòt eleman ki ajoute pou make sengilye ak pliryèl:

(4) Nan kat kay yo, mwen renmen sa a.

(5) Si pou m chwazi plis pase youn, m ap chwazi sa yo. Yon omonim pou mo «sa» ki sèvi kòm yon lòt varyant pou mo «kapab» (ak fòm kout li yo André siyale se : «ka», «kab»).

Egzanp:

(6) Ban m 20 dola pou m kab achte yon bagay.

(6a) Ban m 20 dola pou m sa achte yon bagay.

(7) Nou pa ka pale twò fò.

(7a) Nou pa sa pale twò fò.

Tankou n ka remake sa, se te yon madi aprèmidi ki te rich ak syans. Aktivite yo, ki te posib gras ak asistans teknik Sèvis Enfòmatik Rektora Inivèsite Leta a ak Sèvis Enfòmatik nan FLA, te demare a 2è e te bout a 4è:30 apre yon deba ki te pèmèt toude prezantatè yo pouse refleksyon yo. LangSE pwofite di tout moun ki te la yon gwo mèsi. Li konte sou prezans yo tou pou tout lòt afich ki ta gen pou vini.

 

TÈKS ANEKSE

DEGRAFF, Michel (director). MIT- Haiti Initiativve: • About (Sa l ye) • Events (Aktivite) • Funding • News (Nouvèl) • Organizations (Òganizasyon) • Questions about the Platform (Kesyon sou Platfom lan) • Resources (Resous) • STEM  (Science : Syans, Technology : Teknoloji, Engineering : Jeni, Mathematics: Matematik) • Team (Ekip).

GEORGES, Joseph Marcel. 2006. «L’enseignement de la grammaire: quelle méthodologie?» [Produit e soutenu en 2006 dans le cadre du programme conjoint, FLA / UAG]. 82 pages, Master 2. /Joined Master program between FLA and Université Antilles-Guyane (UAG)].

HAITIAN STUDIES ASSOCIATION. 2006. Standardizing Haitian Creole: a round table discussion. Haitian Studies Association, 18th Conference. University of Virginia, Charlottesville, VA. 2006. [Panel: Emmanuel W. Védrine, Marc Prou, Albert Valdman, Josiane Huducourt-Barnes].

JEAN-BAPTISTE, Dachka. (25 jan.) 2022. «Analyse sociolinguistique du créole haïtien : pratiques linguistiques et langagières des Haïtiens vivant aux États-Unis d’Amérique». Faculté de Linguistique Appliquée (FLA), Université d’État d’Haïti : Faculty of Applied Linguistics, State University of Haiti. [Mémoire de License en Linguistique / Bachelor Thesis in Linguistics. [Promotion 2014-2018]. Noms et prénoms des membres du jury : Bonel Oxiné  (président), Joseph Marcel Georges  (examinateur), Martineau Nelson (directeur).

JOSEPH, Oreste Renel and Emmanuel W. Védrine.“Easy English : an introduction to English for Creole and French speakers”.  • Glossary at the end of book : Glosè nan fen liv la (added by) Emmanuel W. Védrine (ajoute) • including phrases and idioms in the two languages (enkli fraz ak espresyon idyomatik nan de lang yo) • Introduction to English for Kreyol speakers (Entwodiksyon anglè pou kreyolofòn e frankofòn) • More than 1.400 words and idioms accompany them (Plis pase 1.400 mo ak espresyon ki vin ak yo) •  An introduction to English Kreyol and French speakers (une introduction à l'anglais pour les locuteurs créolophones et francophones). Unpub manuscript.

NAAM (National Archeological Anthropological Museo - Curaçao). 2016. Charla Lingwista Haitiano Emmanuel W. Védrine  na NAAM (Curacao). [On Haitian Creole  Bibliography, 200 years of publications. Courtesy: Myriam Lavache (Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann Institute of Spoken Kreyol. Curacao; Richenel Ansano (Director of NAAM); Yaniek Pine Védrine (translator).

VALDMAN, Albert et al. (2017), English – English Haitian Creole Bilingual Dictionary. 1103 p. Universe. Bloomington. (Native speakers editing team: Emmanuel W. Védrine, Frenand Léger, Jacques Pierre and Nicolas André).

VALDMAN, Albert et al. (2007), Haitian Creole-English Bilingual Dictionary (the «DICO Project», Vol. I). 781 + xxxiv p. Indiana University-Creole Institute. (Native speakers editing team: Emmanuel W. Védrine, Frenand Léger, Jacques Pierre and Nicolas André).

VALDMAN, Albert.  «Vers un dictionnaire scolaire bilingue pour le créole haïtien» La linguistique Vol. 41 Numéro 1, 2005, pp 83 - 105. [Summary : Résumé -- Cet article décrit un projet visant à produire le premier dictionnaire bilingue créole haïtien-français/français-créole haïtien à destination des scolaires. Il s'ouvre sur un inventaire des principaux dictionnaires bilingues des créoles de base française. Ensuite, il passe en revue le niveau de normalisation atteint par le créole haïtien, puis aborde les questions méthodologiques fondamentales de la lexicographie bilingue, à savoir la délimitation de la nomenclature, la classification des variantes phonologiques et la sélection d'exemples illustratifs. Il se termine par une démonstration de l'utilisation de la technologie informatique en lexicographie et décrit une base de données lexicales informatisées pour le créole haïtien à partir de laquelle peuvent être générés divers types de dictionnaires bilingues et, éventuellement si un tel besoin est ressenti par la communauté créolophone haïtienne, d'un dictionnaire monolingue pour cette langue (réf.  cairn-int.info/journal-la-linguistique-2005-1-page-83.htm].

VALDMAN, Albert.  «Vers une standardisation du créole haïtien». Revue française de linguistique appliquée, Numéro 1, 2005. [Summary : Résumé -- Cet article aborde les principaux problèmes rencontrés par les planificateurs linguistiques dans le développement d'une norme écrite pour le créole haïtien : (1) la sélection parmi les variantes géographiques et sociolinguistiques ; (2) concevoir une orthographe systématique autonome, basée sur la phonologie au lieu d'une orthographe étymologique calquée sur celle du français standard ; (3) traitant des alternances morpho phonologiques qui sont soit des variantes libres, soit qui reflètent une différenciation stylistique. Il aborde en effet la question de l'élaboration d'un dictionnaire monolingue, véritable couronnement du processus de normalisation. (Réf.  cairn-int.info/journal-revue-francaise-de-linguistique-appliquee-2005-1-page-39.htm)].

VÉDRINE, Emmanuel W. Biographical note of the author : Nòt biyografik otè a.

VÉDRINE, Emmanuel W. 2022. Essays models to help Haitian students (high school and university) with writing.

VÉDRINE, Emmanuel W. 2021. Collection of Haitian Education Materials by Albert Valdman (Collection de Matériel Éducatif Haïtien : Koleksyon Materyèl Edikatif Ayisyen) par Albert Valdman). Ref. Indiana University-Creole Institute’s Collection, Indiana University web links, and information on the closing of the Institute (Summer 2019) after fifty years of functioning under the leadership of its founder and director, Emeritus Professor Albert Valdman.

VÉDRINE, Emmanuel W. 2021. Kèk tèm nan Sezon sechrès Ayiti pou disètasyon : Some themes in (the novel) Sezon sechrès Ayiti for essays. Sezon sechrès Ayiti. (2nd. ed.). JEBCA Editions.  224 p. [© The author’s copyright : © Dwa otè a] . [© Lexical data (for hyper base software for dictionaries) : © Done leksikal (pou lojisyèl ipèbaz pou diksyonè)]. [In Papiamentu language, Temporada di sekura na Haiti. [First original Creole version was published in 1994: Soup to Nuts Publishers, Cambridge, MA. 1994. 128 p. [This novel has been translated to English by the author (Emmanuel W. Védrine)].

VÉDRINE, Emmanuel W. 2021. Online Educational Resources for Haitian Teachers, Students, Schools in Haiti and in Diaspora. Summary in • DeutschEspañolFrançaisKreyòlPapiamento

VÉDRINE, Emmanuel W. 2021. 75 Seventy-five years of research and publications on Haitian Creole (Kreyol).

VÉDRINE, Emmanuel W., Joseph Marcel Georges and Fessando Suffren. 2020. A Bibliography of Theses and Dissertations related to Haiti (2011–2020) [including some Bachelor Senior Theses or Memoire de Sortie presented at FLA (Faculté de Linguistique Appliquée, Universite d’État d’Haïti : State University of Haiti].

VÉDRINE, Emmanuel W. 2019. Istwa Entiti Kreyòl la : The Creole Institute history.

VÉDRINE, Emmanuel W. 2019. New words and idioms entering Haitian Creole : Mo nouvo ak espresyon ki antre nan kreyòl.

VÉDRINE, Emmanuel W. 2010. A look at two great dictionaries on Haitian Creole :  Yon koudèy sou 2 (de) gran diksyonè sou kreyòl ayisyen.

VÉDRINE, Emmanuel W. 2010. Collection of published Poems. (in periodicals, anthologies and books).

VÉDRINE, Emmanuel W. 2004. Haitian Creole D-base: Haiti Progrès. [Model of edited dababase to write Haitian Creole dictionaries : Modèl bank done edite pou ekri diksyonè kreyòl.

VÉDRINE, Emmanuel W. Haiti’s Super Web Directory & Diaspora : Gran Ànyè Ayiti & Dyaspora.

VÉDRINE, Emmanuel W. 2003 An Annotated Bibliography on Haitian Creole: a review of publications from colonial times to 2000 . 700 p. Educa Vision.  [[Research presented at the International Linguistic Conference held in Cayenne, French Guiana (from May 9 – 11. 2003, organized by the Laboratoire des Sciences Sociales IRD de Guyane, ”Writing of languages spoken in French Guiana”. Also presented at the ”17th Annual Haitian Studies Association Conference”, University of Massachusetts-Boston, Oct. 2005.]

VÉDRINE, Emmanuel W. 2003. Quelques plantes créoles et leurs noms en latin. (Kèk plant Kreyòl ak non yo an laten).

VÉDRINE, Emmanuel W. 2000. Leksik kreyòl : ekzanp devlopman kèk mo ak fraz a pati 1986. [Haitian Creole lexicon and phrases developed from 1986 (post dechoukay in Haiti)].

VÉDRINE, Emmanuel W. 1999. Interview: Emmanuel W. Védrine with André Vilaire Chéry, related to his inventory of words / idioms documented during the political climate in Haiti, from February 1986 to 2000. Indiana University- Creole Institute at the Bloomington Campus to share his research idea with us. (Dec. 10). Dictionnaire de l’évolution du vocabulaire français en Haïti (dans le discours politique, économique et social du 7 fev. 1986 à nos jours).

VÉDRINE, Emmanuel W. 1996. Gramè Kreyòl Védrine (Védrine's grammar of Haitian Creole).  354 p. VEDCREP: Boston, MA. [First monolingual grammar ever written in Haitian Creole. It covers the grammatical aspects of the language with a foreword and acknowledgment in English, including a bibliography of 63 sources].

VÉDRINE, Emmanuel W. 1995. Petit lexique du créole haïtien. 87 p. Orèsjozèf Publications.

VÉDRINE, Emmanuel W. 1992. Dictionary of Haitian Creole Verbs With Phrases and Idioms. 246 p. Soup to Nuts Publishers. Massachusetts, USA.

VÉDRINE, Emmanuel W. “Dictionary of Haitian Proverbs”. (Unpub manuscript).

VEDRINE, Emmanuel W. “Diksyonè Otorite Lang Kreyòl Ayisyen”. (The DOLKA Project). [Diksyonè inileng / monoleng : Monolingual Haitian Creole Dictionary (Unpub manuscript)].

VÉDRINE, Emmanuel W. “English – Haitian Creole – English Dictionary of Medical Terminologies” (Unpub manuscript).

VÉDRINE, Emmanuel W. “Say it in Haitian Creole, English and French: a trilingual glossary of phrases and idioms”. [A trilingual Glossary for learners of Haitian Creole, English and French and a guide for translators: Glosè trileng pou aprenan kreyòl, anglè ak fransè, e yon gid tou pou tradiktè. Unpub manuscript].

 

31 desanm 2021
Joseph Marcel Georges, Anseyan
Sek. LangSE joseph_marcel.georges@ueh.edu.ht josemarcello@netcourrier.com

* * *

E. W. Védrine Creole Project, Inc. (1992)
Boston, Massachusetts. USA

*

 Viré monté