Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Mwa kreyòl 2011

Mwa kreyòl la nan Monreyal
2016 - 15èm edisyon

Prezans Madam Adeline Chancy nan 15èm edisyon Mwa kreyòl

Agoch: Tifane (Stéphanie S. Antoine), pòtvwa MKM 2016 la – Nan mitan: Pierre-Rolans Bain, fondatè MKM la – Adwat: Adeline Chancy, manm Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA).

Monreyal, jou ki 3 novanm 2016.- Pandan selebrasyon 15èm edisyon «Mwa kreyòl nan Monreyal» la, Madam Adeline Chancy, manm Akademi Kreyòl Ayisyen an, youn nan premye moun ki te kòmanse batay pou selebrasyon lang ak kilti kreyòl la nan pwovens Kebèk Okanada nan lane 1983, pa te neglije mache al gade ak de nawè li jan kreyòl la ap vale teren nan lakou Monreyal. Li te sezi wè jan grenn li te simen yo kontinye ap pouse tribòbabò.

Akademisyèn nan te prezan nan plizyè aktivite. Nou ka site: lansman ofisyèl Mwa kreyòl nan Monreyal la ki te fèt jou ki te 1e oktòb nan «Centre Leonardo Da Vinci»; nou ka site tou aktivite dikte nan lang kreyòl la ki te dewoule nan Asosyasyon retrete ayisyen yo, kote li te rankontre ak yon bann ansyen zanmi li pa te wè depi dikdantan.

Madam Chancy te konstate ak anpil satisfaksyon kòman plizyè nan Ayisyen Monreyal yo ap pwogrese nan pozisyon yo sou kesyon lang kreyòl la. Li te dekouvri tou yon chay enèji pozitif ak lakontantman lakay tout moun ki te rasanble jou ki te 7 oktòb sa a, pou pran pou premye fwa yon dikte nan lang manman ak papa yo. Nan ti rale li te fè devan asistans lan, li te fè yo sonje pakèt pikan kwenna ki te kwaze sou chimen kreyòl la pou te anpeche l vin yon lang tankou tout lang avèk tout rekonesans li merite.

Imòtèl la pa te vle retounen ann Ayiti san li pa te al vizite KEPKAA, òganis ki fonde ofisyèlman konsèp «Mwa Kreyòl» la pou tout planèt la jou ki te 5 oktòb 2002 nan Inivèsite Monreyal. Se konsa, mèkredi jou ki te 19 oktòb 2016, etidyan kou kreyòl KEPKAA a yo, avèk anpil lizay, resevwa vizit Madam Chancy. Li te brase lide epi fè foto ak yo. Li te kontan tande Kebekwa k ap reponn: nou pa pi mal, n ap kenbe, kousi kousa, e ou menm? Se pa ti kontan li te kontan. Se pa ti kontan tout etidyan an yo te kontan rankontre ak li.

Apre Madam Chancy te fin vizite lokal KEPKAA a, resevwa tout enfòmasyon sou tout aktivite yo, tankou: Mwa kreyòl nan Monreyal, rankont literè chak 3èm dimanch, libreri k ap vann liv, kou nan lang kreyòl, kou penti, kou istwa, li te soulaje paske li te wè flanbo li te kite Monreyal lè li te retounen al viv ann Ayiti a fenk kare limen pou klere wout lespwa kèlkanswa pèp kreyòlofòn nan. Se konsa, pandan nou t ap pase, nou te tou pwofite fè ti repòtaj sa a pou moun ki pa te ka la a yo.

Madam Adeline Chancy (1e agoch) k ap brase lide ak kèk nan etidyan kou kreyòl KEPKAA a.

boule  boule boule

Mois du créole 2016

Porte-parole: La chanteuse Tifane

André Fouad invité
à la 15ième édition du Mois du Créole

Prezans Madam Adeline Chancy nan 15èm edisyon Mwa kreyòl

Communiqué - Kominike

Les retombées directes de la 15ième édition du Mois de la Langue Créole à Montréal

Historique du Mois du Créole à Montréal

Mois du créole

KEPKAA 2000,
boul. Saint-Joseph-Est, porte B, Montréal (Québec) H2H 1E4
Tél. 514 750-8800 ou 514 802-0546
Courriel : moisducreole2016@gmail.com

boule

 Viré monté