Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Mwa kreyòl 2011

Mwa kreyòl la nan Monreyal
2016 - 15èm edisyon

Porte-parole: La chanteuse Tifane

Monreyal, jou ki 29 septanm 2016. – Direksyon komite entènasyonal k ap fè pwomosyon kreyòl ak alfabetizasyon (KEPKAA), fè tout moun konnen yo chwazi chantèz Stéphanie Séjour ki gen non atis li Tifàn pou pòt pawòl 15èm edisyon «Mwa kreyòl Monreyal la».

Tifàn se yon Ayisyen, li fè etid inivèsitè li nan sosyoloji nan peyi Etazini kote l te viv pandan yon bon bout tan. Kounyeya li tabli l nan peyi fredi, peyi nèj powèt Gilles Vigneault a. Chantèz la deja pare pou l fè nèj sa yo fonn ak chante cho tankou piman bouk ki ka fè moun danse, chofe san yo epi voye fredi a al bwachat. Li di l te toujou damou mizik. Premye chante l mete deyò, «se kòm si» te fè tout moun wè l gen yon talan san parèy. Se sa k fè moun pa janm sispann tande l.

Tifàn pa janm jennen pale de peyi l ak lang manman l ki se kreyòl. Tout kote l pase, li toujou voye lang ak kilti kreyòl monte. Li patisipe nan anpil konsè ann Ayiti ak nan anpil festival ki fèt nan peyi etranje tankou «festival jazz de Niš», Serbie, «les FrancoFolies de Montréal» ak anpil lòt ankò. Li pote kole ak divès atis, Ayisyen kou etranje yon bann moun konnnen, tankou: Amos Coulange, Lòlò ak Manzè, Boukman Eksperyans, Joël Widmaeir, Fabrice Rouzier, Hantz Mercier Jr, Andy Barrow, Éric Vidal, Monique Seka elatriye.

Tifàn resevwa anpil distenksyon. Nan lane 2009, Sekretè leta k ap entegre moun andikape te nome l Anbasadè pou defann kòz moun ki andikape nan peyi Ayiti. Nan lane 2007, li te konsakre meyè chantèz nan «Festival de jazz de Niš» nan peyi Serbie.

Tifàn se yon boul dyaman, yon fanm modèl ki pote fyète lakay tout pèp k ap pataje kilti kreyòl la. Li pale plizyè lang : kreyòl, fransè, anglè, ak espanyòl. Li bay patisipasyon l ak tout fòs nan batay k ap fèt pou timoun pa rete ak moun, pou pa gen restavèk ankò nan pyès peyi.

Kebèk pa ta ka reve jwenn yon pi bon anbasadè pase sa, pou reprezante yon pati nan kilti l ak idantite l. Manm KEPKAA yo pa kache kontantman yo pou gwo chwa sa a : yon atis chaje ak talan tout bon. Yo swete l bòn chans epi yo mande tout moun alawonnbadè pou byen resevwa l epi ede l pou l ka ranpli misyon l. Tifane ap tann tout moun samdi 1e oktòb, 1è30 pm nan Centre Leonardo Da Vinci, 8370, boulva Lacordaire, Montréal (Québec) H1R 3Y6, pou lansman 15èm edisyon «Mwa kreyòl Monreyal» la ak kokenn espozisyon tablo «Artistes de Réminiscences» yo.

boule  boule boule

Montréal, le 29 septembre 2016. – La direction du Comité international pour la promotion du créole et l’alphabétisation (KEPKAA en créole), est fière d’annoncer le choix de la chanteuse, auteure et compositrice Stéphanie Séjour Antoine plus connue sous le nom de Tifane comme porteparole de la 15e édition du «Mois du créole à Montréal».

Tifane est haitienne, elle a fait ses études universitaires en sociologie aux Etats-Unis où elle a vécu pendant plusieurs années. Établie maintenant au pays de l’hiver ou de Gilles Vigneault, la chanteuse rêve dèjà de faire fondre la neige par Tifane ses chansons chaudes et entrainnantes qui invitent à danser. Sa passion dit-elle a toujours été la musique. Son premier single «Se kòm si», le révélateur de son talent au grand public, a connu un succès fou qui dure encore.

Tifane est fière de ses origines et de sa langue maternelle, le créole. Partout où elle passe, elle hisse toujours bien haut le drapeau des langues et cultures créoles. Mise à part ses différents concerts réalisés à travers Haïti, elle a participé à de nombreux festivals internationaux, comme le Festival de jazz de Niš, en Serbie, les FrancoFolies de Montréal et tant d’autres. Elle a aussi collaboré avec plusieurs artistes Haïtiens et étrangers qui se passent de présentation. Mentionnons: Amos Coulange, Lòlò et Manzè de Boukman Eksperyans, Joël Widmaeir, Fabrice Rouzier, Hantz Mercier Jr, Andy Barrow , Éric Virgal, Monique Serka et tant autres.

Tifane a reçu de nombreuses distinctions. En 2009, elle a été nommée Ambassadrice de la Cause des Personnes Handicapée d’Haïti par la Secrétairerie d’Etat à l’Intégration des Personnes Handicapées. En 2007, elle a été consacrée meilleure chanteuse au Festival de jazz de Niš, en Serbie.

Tifane est une pierre précieuse, une femme modèle qui fait la fierté du monde créolophone. Elle parle plusieurs langues : le créole, le français, l’anglais et l’espagnol. Elle participe activement à la lutte pour éradiquer sous toutes les formes la domesticité des enfants.

Le Québec ne pouvait rêver une meilleure ambassadrice pour mettre en valeur un pan de sa culture et de son identité. Les membres du KEPKAA s’enorgueillissent d’avoir arrêté leur choix sur une artiste aussi talentueuse et authentique comme porte-parole de la 15e édition du «Mois du Créole à Montréal». Ils lui souhaitent bonne chance. Ils demandent au public en général de bien l’accueillir et de l’aider à remplir son mandat. Tifane vous attend tous le samedi, 1e octobre à 13h30, au Centre Leonardo Da Vinci, 8370, boul. Lacordaire, Montréal (Québec) H1R 3Y6, pour le lancement de la 15e édition du «Mois du créole à Montréal» et la grande exposition de peinture des Artistes de Réminiscences.

boule  boule boule

Mois du créole 2016

Porte-parole: La chanteuse Tifane

André Fouad invité
à la 15ième édition du Mois du Créole

Prezans Madam Adeline Chancy nan 15èm edisyon Mwa kreyòl

Communiqué - Kominike

Les retombées directes de la 15ième édition du Mois de la Langue Créole à Montréal

Historique du Mois du Créole à Montréal

Mois du créole

KEPKAA 2000,
boul. Saint-Joseph-Est, porte B, Montréal (Québec) H2H 1E4
Tél. 514 750-8800 ou 514 802-0546
Courriel : moisducreole2016@gmail.com

boule

 Viré monté