Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Yves-Mary Fontin

Powèt Ayisyen

 

Yves-Mary Fontin

Yves-Mary Fontin fèt nan mwadawout 1978 nan vil Ti Gwav, Ayiti. Li diplome nan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS/UEH), Li etidye jounalis/prezantatè nan Eksèl enstiti jounalis ak prezantasyon (EIJP). Li se pwofesè, powèt, animatè kiltirèl. Li travay nan radio ak televizyon. Li deja pibliye nan plizyè jounal ak magazine an Ayiti, Lafrans ak Etazini. Yo rekonèt Yves-Mary Fontin kòm yon lidè nan kominote Ayisyen an nan New Jersey (Etazini) kote l’ap viv ak fanmi l. Li ap prepare rekèy powèm li ki rele “Maswife” ki gen pou soti pa twò lontan.

* * *

Bòs Lavo mouri, Dous Makòs nan dèy

Defile Papiyon

Dèy

No well nan Nowèl

Padon Papa Desalin

Pou Farah-Martine Lherisson Lamoth., Nancy Dorléans, Sébastien Petit ak lòt viktim yo

Raoul Guillaume, Yon Mizisyen An Gran Jan

*

 Viré monté