Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Pou Farah-Martine Lherisson Lamoth,
Nancy Dorléans, Sébastien Petit ak lòt viktim yo

Yves-Mary Fontin

Lafimen kò nou
Melanje ak nyaj
Mare tan an
Nan kat pwent

2 rèv toufe
Nan yon pasaj rigòl san
Se pou grès kò nou
Tounen angrè pou fè latè
Sispann griyen dan
Douvan malè n

Kote n soti nou tonbe la a?
Ki dans nou poko danse?
Touye rache boule kidnape
Vyole sòti pa rantre
Nou konfine
Nan pwòp katye n

Je n senyen
Sou lento pòt tribinal
Nou plenyen kou vonvon
Jouk ki lè n ap sispann
Konte kadav?

Yves-Mary Fontin

*

 Viré monté