Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Defile Papiyon

Yves-Mary Fontin

Anartia jatrophae

Anartia jatrophae. Photo Francesca Palli.

Avril pase
Mwadme kouri
Sou tout jaden
Boude kou flè dizè aprè midi
Mwadjen vin tou fennen
Nou poko wè
Defile papiyon
K’ pral fè wonn legliz kolonyal
Sen Jan Batis nan Lakil

Sa fè lontan
Nou pa jwe marèl
Mare lago kache
Ak papiyon nan bitasyon
Gran paran

Sou do papiyon dore
Nou t’aprann konte
Chwazi koulè ak pa cheni

Sou lantouraj gran chimen
Nou gonfle machwè
Peze dwèt pous sou lendèks
Pou kenbe zèl papiyon
K’ap souse siwo
Sou flè solèy

Sa fè lontan
Granpa pa tire kont
Grann pa rakonte’n
Kouman pou bat dlo pou fè mantèg
Cheni tounen papiyon
Pare lapli
Anba fèy vèt lougarou

Chak kout sèpèt kiltivatè
Fè dlo nan je tilezanj
Kouri sou fèy kaye
Pou tounen san
Anba ban
Ministè anviwònman

Yves-Mary Fontin

*

 Viré monté