Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Padon Papa Desalin

Yves-Mary Fontin

Jean-Jacques Dessalines

Jean-Jacques Dessalines, Raymonde Talleyrand. Source Nader Haitianart

Viv jodi
aba demen
se de chante kòve
nou kantonnen chak jou
Nou yankankan
nan ti pil ti plan
ti klan
Nou pran chimen lanfè
Nan gade dèyè nou pote dèy

Padon Papa Desalin

Papye envestigasyon trayizon w
disparèt nan tiwa tribinal depotwa

Nou fè pa nan toubiyon
laviwonn dede
Drapo n chifonnen
nan fè demeplè
lago kache ak mafyozo
Nou jwe kout tanbou
pou fè wè
Nou wete chapo douvan estati
piyajè Kristòf Kolon
Nou souye swe ravèt je vèt
ak mouchwa tèt Felisite

Padon Papa Desalin

Memwa nou lave ak diven blan
Ane yo jwenn ak reyalite n
Pou montre dwèt nou tout tranpe
Nan rigòl san w
Anba pon wouj

Padon Papa Desalin

Nasyonalite n ale kite n
Nou kontinye chante kantamwa
Lonbraj ou disparèt nan rèv nou
Sèvo nou vid tankou MUPANAH

Pichon anvayi
kolòn vètebral tout pye palmis
Lespri tchovi yo antòtye
anba tab lawonte granmesizanmi
Nou tounen etranje
douvan je zansèt yo

Bitasyon yo debwaze
Twaka lèt nan alfabè nou fin bèbè
Prèske pa ret AYISYEN ankò
Padon Papa Desali

Yves-Mary Fontin

*

 Viré monté