Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Envtèvyou ak yon jèn etidyan
e teknisyen ayisyen, Ludjy Elvariste

Emmanuel W. VEDRINE

Ludjy Elvariste

Photo Cathedral High School (Boston)

ODYO
(Courtesy IVFOSENP)

Boston, 2 Desanm 2023

EnglishKreyòl

N ap salye tout moun ki branche nan rezo nou, «Edike Ayisyen Ayiti e Ayisyen nan dyaspora». Nan kad pwogram oryantasyon  n ap eseye fè pou ede patikilyèman jèn ki Ayiti e nan dyaspora, ki nan lekòl (o nivo segondè, inivèsitè) ebyen nou prepare yon seri vokal(odyo) ki kouvri plizyè domèn. Nou fè tou entèvyou avèk pwofesyonèl ke nou kapab jwenn nan dyaspora, patikilyèman nan Etazini (USA), konsa nou pataje entèvyou e vokal sa yo avèk moun ki Ayiti, yon fason pou ede yo. Se konsa jodiya nou rankontre avèk yon jèn ayisyen, Ludjy Elvariste, ki li menm gen 6 ane depi l kite Ayiti e ki nan pwen pou l fini High School (segondè) Ameriken pou l antre nan inivèsite pa bò isit. Fokis li se nan teknoloji.

Kòman w ye Ludjy? (L.E).

L.E: Trè byen! E ou menm?

Nou trè byen! Di nou depi kilè w Etazini, e kòman kòman w te vini.

L.E: Mwen Etazini depi ane 2017, ki vle di mwen gen 6 ane depi m ap viv la.

Oke, ou gen sizan, e kòman w te fè tranzisyon an? Nou konnen se Ayiti ou te lekòl. Paran w fè demach pou te antre Etazini. Kòman sa te ye? Èske w te pale anglè depi Ayiti?

L.E: Non. Mwen pa t aprann anglè Ayiti menm. Ou konnen... Mwen te konn kèk fraz (hi, hello, how are you).

Donk, ou te konn ti anglè de baz. E kòman, ou te gen difikilte pou metrize anglè lè w rive nan Boston?

L.E: Bon, gras a Dye, mwen pa t tèlman gen anpil difikilte. Mwen aprann li nan de ane. Aprè sa, anglè m te nòmal.

Men kòman nan dezan? Èske w gade anpil video game, anpil espò? Nou konnen w jwe espò tou. Ou se youn nan gran jwè foutbòl ameriken, e kisa w te fè?

L.E: Bon, m te gade kèk ti «movie» (sinema), dèfwa m konn li tou. Bagay sa yo fè w aprann anglè a byen, ki fè w aprann lang nan pi fasil. Ou pale avèk moun, menm si moun yo pa fin konprann sa w ap di a se yon efò.

Men kòman lakay te ye? Èske w pale plis anglè oubyen kreyòl lakay ou avèk paran w?

L.E: Non. Mwen sèlman pale kreyòl lakay avèk fanmi an. Kòm mwen gen frè ak sè ki fèt nan peyi a (Etazini) fò m te eseye pale anglè avè yo.

Donk, ou menm, ou panse sa ede w anpil, lefèt ke ti frè w / ti sè w fèt Etazini e ke se anglè ki lang dominan yo?

L.E: Wi, paske yo ka konprann lè m ap di yo «non» pou yon bagay. Fò m te pale anglè avè yo.

Kòman ou adapte w, nou konnen ke lè w te fè k rive nan Boston ou t al nan yon pwogram kote ki te gen anpil ti Ayisyen, ti imigran. Ki pwoblèm ou te rankontre?

L.E: Bon, m pa t tèlman jwenn anpil pwoblèm. Nou tout te ansanm. Nou manje ansanm. Nou jwe ansanm. Nou te nan menm klas. Nou t ap aprann ansanm.

Men, èske w te jwenn pwofesè ayisyen ki ede w fè tranzisyon an, ki oryante w nan sans sa a?

L.E: Bon, kote m te ale a pa t gen pwofesè ayisyen menm. Se sèlman blan  ki te genyen. Te gen yon pwogram ESL, kote (anseyan) blan t ap aprann nou anglè. Pa t gen Ayisyen la menm.

Nou konnen w al nan yon lekòl prive, yon lekòl katolik ki pa manje anyen frèt nan vil Boston. Fè yon ti pale de esperyans ou nan lekòl sa a, e ou se youn nan jwè foutbòl ameriken, yon gran espò Etazini.

L.E: Bon, aprè dezan nan pwogram ESL la, mwen t al nan yon lekòl katolik kote se sèlman anglè yo pale; pa gen kreyòl. Premye ane a te yon ti jan difisil pou mwen paske w konnen pa t gen kreyòl menm. Mwen pa t gen zanmi ayisyen menm pou m te pale kreyòl. Se lè sa a kote fò m te aprann anglè a plis, e plis ankò kòm mwen te vin jwe foutbòl lè kotch la (antrenè a) ap pale avè w, fò m te aprann anglè a rapid epi se sa ki fè m vin aprann anglè pi rapid.

Nou wè ke, etan jèn ki poko menm gen 18 an kòman ou avanse nan teknoloji, nan konpwoutè, kòman sa te ye pou ou? Kisa k te movite w?

L.E: Bon, sa ki te motive m, mwen pa kache di w se lajan ki te motive m paske teknoloji se yon bagay ki fè anpil lajan nan peyi sa a, epi se yon bagay ki toujou ap chanje. Se yon gwo biznis li ye.

Ou gen entansyon etidye teknoloji, konpwoutè tout sa nan inivèsite ameriken, èske se avèk entansyon pou fè yon seri envansyon tankou aplikasyon (App), ki entansyon w?

L.E: Tout bagay sa yo, enkli biznis, devlope kèk App. Ou pa janm konnen…

Èske se App jwèt paske ou gade anpil App jwèt espesyalman… bon ou gade tout tip. Èske se nan nivo sa a w ap panse nan jwèt, nan ki dimansyon?

L.E: Bon, bagay jwèt la tou, l ap fè anpil lajan men m pa tèlman fin konnen kisa m vle fè, espètiz mwen men n ap panse toujou.

Ki konsèy ou ta bay jèn Ayiti. Ou pral gen lisans ou talè (pou kondi) ou poko gen 18 an. Ou gen yon dal esperyans. Ki konsèy ou ta bay jèn Ayiti ki nan laj sa a?

L.E: Bon, si w Ayiti e nan laj sa a, mwen ka di ou dwe aprann anglè, pran lekòl o serye paske w pa janm konnen; ou ka jwenn yon bous d etid pou vin etidye isit. Ou ka al etidye nan lòt peyi. Enpòtan, se pran etid ou o serye. Aprann kondi, aprann tout sa ou ka aprann pou ede w nan lavi dekwa lè w rive yon lòt kote pou ka viv mye.

Ou se yon moun tou ki manyen koze teknoloji a. Bon, ou se manm Tabernacle de Gloire (TG), youn nan pi gran legliz ayisyen ki te ka egziste aktyèlman, ki pa manje anyen frèt nan teknoloji epi ki motive jèn (ayisyen) nan edikasyon, nan teknoloji atravè lidè li Bichòp Gregory Toussaint. Ki esperyans ou kòm jèn ki fè pati de ministè teknoloji nan gran legliz ayisyen sa a?

L.E: Bon, mwen nan Campus Boston an, epi yon bagay ke m aprann anpil sèke w pa ka jwe ak travay Bondye. Menm si se yon teknoloji w ap fè, men si w pa fin konprann li fò w ka pran l o serye. Se bagay sa a tou ki fè m vin konprann ke bagay teknoloji se yon bagay ki ka ede moun anpil. Non sèlman li ka ede moun, men tou ou ka itilize l pou legliz…

Ou pale kreyòl trè byen, lang matènèl ou; ou metrize anglè trè rapid. Nou mete anpil anfaz sou lang anglè a pou jèn ta metrize l Ayiti byen bonè. Kisa w ta di jèn ki Ayiti sou anglè pa egzanp?

L.E: Pran toude lang yo o serye. Pa tèlman apiye sou fransè. L ap ka ede demen, men rete plis sou lang anglè.

Ou gen tan gen esperyans travay nan radyo, isit nan Etazini. Fè yon ti pale de esperyans travay ou nan radyo. Kisa w t ap fè egzatteman? Èske se an tèm teknisyen? Kisa w t ap fè?

L.E: Se yon ti djòb mwen t ap fè pandan vakans ete. Mwen t ap ede yon gwoup moun avèk yon radyo yo t ap apèn kòmanse. Mwen t ap fè son pou yo, epi mwen vin aprann lòt bagay.

Donk ou kapab travay tou kòm enjenyè son paske yo bezwen teknisyen sa yo tou. Nan mwen de 2 mwa ou pral gen lisans pou kondi. Pale nou de esperyans ou dèyè volan an.

L.E: Bon, lè w vin nan Amerika (USA), bagay yo chanje. Pa egzanp gen «speed limit» (vitès maxima). Gen yon limit ke w pa ka depase l… Ou fè tout esperyans sa yo.

An tèm espò, nou konnen w renmen foutbòl ameriken. Kòman ke w te metrize konprann jwèt foutbòl la? Nou konnen li diferan de sa yo rele «soccer» foutbòl nou jwe Ayiti a.

L.E: Se yon espò ki vrèman itilize fizik pou pou gade l, fò ou mete pwa sou ou, fò w fè espò. M ap jwe li depi nan (klas) uityèm.  Se yon espò m vin renmen. Nan gade espò sa a, mwen vin konprann li; mwen vin renmen l byen.

An tèm nòt ou jwenn nan High School, nou etone lè nou wè kanè w. Se sèlman 100 /100 (san sou san) nou wè ou fè pou tout matyè yo, e ou sou lis pou vin loreya nan gradiyasyon (2024). Ou se yon foutbolè tou. Donk, kòman w wè fiti w nan plizyè inivèsite ameriken ki ka asepte w?

L.E: Bon, lè fè gwo nòt yo vre, kolèj yo renmen w; yo vle fè ou kèk òf. Gen anpil kolèj k ap ekri m, k ap ofri m $ 20 mil dola bous, 30 mil... Sètadi, lè w fè w gwo nòt se yon bagay ki ka ede paran w, ki ka ede fiti w. Sa ka vrèman ede w.

Non sèlman ou pouse nan foutbòl ameriken, ou pouse tou nan foutbòl ewopeyen. Nou wè w ta sanble yon fanatik Paris-Saint Germain, yon fanatik Manchester City… Kilès nan klèb ewopeyen yo ki motive w plis?

L.E: Bon, moun mwen ka di ki motive m plis se Kylian Mbappé.

Oke, ki nan Paris-Saint Germain. E kisa w panse de misye kòm jèn? Kisa w aprann de Mbappé?

L.E: Bon, gen anpil moun ki di konsa ke misye se yon moun ki twò egoyis paske jan l ap pran yon pi gwo wòl pase Messi, pase Nema. Men sa m wè sèke l ap fè bagay pou tèt pa l; l ap fè montre Lafrans ke se li an chaj de ekip la.

Kisa w panse si pa aza Paris-Saint Germain ta pèdi Mbappé pou misye ta al jwe nan lòt ekip?

L.E: Se yon bagay ki ta vrèman mal pou Paris-Saint Germain, e pou li. Pa egzanp, si Mbappé ale nan Real Madrid, li pa pral fè anyen nouvo…  Si l ale Manchester City, li pa pral fè anyen nouvo. Li ka senpleman rete yon kote pou l ka fè bagay pa l, pou l ka montre moun kilès li ye, pou se li ki ka super star. Li pa oblije ale jis nan Real Madrid pou l al fè non li...

Pou foutbòl ameriken, aktyèlman ki ekip k ap mennen? Nou konnen ou toujou gen fanatik nan tout bagay. Ki ekip ou fanatik li aktyèlman nan foutbòl ameriken ou wè ki devan?

L.E: Ekip ki devan kounyeya se yon ekip ki nan Philadelphia, ki rele «Philadelphia Eagle». Se li k ap mennen kounyeya.  

Nou kwè w t ap gade match li resamman ak yon lòt ekip?

L.E: Wi. Yon bèl match!

Ti sekrè pou ou. Nou konnen w gade koupdimond lan. Kisa w te panse, depi avan, ki ekip ou te wè ki te ka chanpyon?

L.E: Mwen se yon fanatik Messi. Mwen te vle Messi bat, men nan fen match la mwen di «o!», sanble Mbappé ka bat Messi. Se yon match ki te vrèman etone m. Mwen manke kriye lè m t ap gade l. Men manke mouri. Mwen manke fè tout. Bèl match!

Men ou panse ke Ajantin t ap chanpyon?

L.E: Bon, m panse sa. Ou konnen. Se yon match, depi nan kòmansman an se yon match ki te 50 / 50 paske 2 ekip yo bon. Bèl match li te ye!

Bèl bagay! Non sèlman mwen te fanatik pou Lafrans chanpyon, men se pa pwoblèm. Si Lafrans te chanpyon, li t ap yon onè tou pou Afrik e pou tout jwè nwa yo. Men pa gen pwoblèm si Ajantin ta vin chanpyon (pou mwen) paske se an Amerik ke m ye. Donk lè de kote, mwen santi m pa t ap pèdi nan yon sans byenke madanm mwen se fanatik Messi (Ajantin), e anpil Ayisyen tou te parye sou Ajantin. Se la n ap rete. Nou di w mèsi anpil pou tan ke w te mete pou n te reyalize entèvyou sa a. Ki dènye pawòl ou, konsèy pou jèn ki Ayiti?

L.E: Mwen ta di yo pran lekòl o serye; pran teknoloji o serye. Mwen konnen gen moun ki ta renmen vin medsen, fè lòt karyè men teknoloji a tou se yon bagay ki pral domine mond lan…

Kisa w ta di paran ayisyen ki trè negatif de jèn ayisyen k ap jwe espò tandike se yon gran bagay li ye nan Etazini?

L.E: L ap ba w anpil opòtinite nan lavi pou jwenn «scholarhsip» (bous), pou ka al lwen, pou ka fè koneksyon… Espè se pa yon bagay ki piti nan zye Ameriken.

Donk, nou menm ki Ayiti, mantalite nou dwòl an tèm de lè timoun yo ap jwe espò se ta ankouraje yo pase se yon bagay ki ouvè anpil pòt pou yo Etazini. Pandan ke w lekòl tou, w ap feraye nan espò ebyen sa kapab ouvè anpil pòt pou ou etan jèn. Nou di w anpil mèsi Ludjy,  e n ap swete w bòn chans. Ou sou lis kounyeya pou loreya nan lekòl ou a kote w pral jwenn anpil scholarship nan gran inivèsite. N ap felisite w! Mèsi anpil!

ANNEXTED TEXTS : TÈKS ANEKSE

OXINÉ, Bonel.
---. IVFOSENP (Inivèsite Vityèl Fowòm Senlwidisid e Plis : Senlwidisid Virtual University Forum & Plus).

VEDRINE, Emmanuel W.
---. CONFERENCES (KONFERANS) (•) Chatting on Bibliographies related to Haitian Creole : Kozri sou koleksyon sou kreyòl ayisyen]. Emmanuel W. Védrine, special guest. Fakilte Lengwistik Aplike, Inivèsite Leta Ayiti : Faculté de Linguistique Appliquée (FLA), Université d’État d’Haïti: Faculty of Applied Linguistics, State University of Haiti • LangSE (Laboratwa Lang, Sosyete e Edikasyon : Language Lab, Society and Education). (•) Eperyans Dyaspora Ayisyen  (EDA / Haitian Diaspora Experience - audio).
---. Computerizing Haiti, and the strategy to do it : Enfòmatize Ayiti, e estrateji pou sa fèt : Informatiser Haïti, et la stratégie pour y parvenir : Informatizar Haití y la estrategía para hacerlo.
---. EDUCATIONAL RESOURCES AND ORIENTATION TRAINING FOR HAITIAN TEACHERS (Resous Edikasyonèl & Seyans Fòmasyon / Oryantasyon pou Anseyan Ayisyen). Summary • Rezime • Sommaire •  Resumen • Zusammenfassung]. (•) INSMINOGEG (Electronic Teaching Materials Index : Endèks Materyèl Didaktik / Pedagojik /Nimerik)
---. ESSAYS’ MODELS TO HELP HAITIAN STUDENTS (HIGH SCHOOL AND UNIVERSITY LEVEL) WITH WRITING [Modèl esè (disètasyon) pou ede Elèv Ayisyen ak ekri (•) Modèles d’essais pour aider les étudiants haïtiens à écrire (•) Modelos de ensayos para ayudar a los estudiantes haitianos para ayudar con la escritura • Essay-Modelle, um haitianischen Studenten bein Schreiben zu helfen -- Haitian Literature in Kreyol : Literati Ayisyen an kreyòl • Haitian Literature of the Diaspora : Literati Ayisyen Dyaspora].
---. REFLEKSYON SOU AKTIVITE POU ORYANTE LAJENÈS AN AYITI, E NAN DYASPORA • Reflection on activities to orient youth in Haiti, and in the Diaspora • Reflixión sobre las actividades de orientación de los jóvenes en Haití y en la diáspora.
---. Rezo Etidyan Ayisyen, Ayiti – Dyaspora : Network of Haitian Students, Haiti – Dyaspora.
---. SEZON SECHRÈS AYITI (novel, woman, novela) • Questions on the 10 (ten) chapters • Kesyon sou 10 chapit yo • Preguntes sobre los 10 (diez) capítulos. [Lesson Plan Model for Bilingual Education].

Courtesy : Koutwazi
E. W. Védrine Creole Project, Inc.
Network: Educating Haitians in Haiti, and Haitians in Diaspora
Rezo: Edike Ayisyen Ayiti, e Ayisyen nan Dyaspora
Boston, Massachusetts

*

 Viré monté