Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Poèmes

Emmanuel W. VEDRINE

Poèmes A-F | Poèmes G-L | Poèmes M-R | Poèmes S-Z | Indice

Annona muricata
Kòwòsòl, Annona muricata. Photo F.P.

Gen defwa m sonje w
Gen defwa m sonje w
Mwen reve m wè zye m tounen yon lak
Epi m ap naje ladan l
Mwen vire gade w
Yon toudisman pran m
Mwen wè sèt zetwal
Toubouyon w pran m, li vire m tounen
Li pote m bò antounwa l epi l vale m

Gen defwa m sonje w
Mwen sonje souri Mona Lisa
Men kout kreyon Davinci sa a pa ka wè la
Mwen wè w an dirèk
Gen defwa m gade w
Mwen santi m ta voye
Satelit mwen nan planèt ou
Pou al keyi zetwal lanmou pote ban mwen

Gen defwa m sonje w
Mwen wè se nan planèt ou menm m ta al viv
Pou respire yon lòt lè, pran yon lòt sansasyon
Gen defwa lè m pran sant flè w
Nan sezon prentan
Kòlè m monte m
Mwen santi se myèl mwen m ta voye souse l
Pou vin met siwo sou gato m.

(Emmanuel W. Védrine)
koleksyon: Koze lanmou II

 

Jimnastik Politik
Politik tonbe leve
Politik woule m debò
Reyinyon monte desann lachanm
Bèl tilititi konstitisyonèl
Diskou blòf
Onondipè pou pèp
Ensiswatil pou magouyè
Reyinyon monte desann
Pou pèp kontinye ap tann
Jiskaske l fin tounen pwatann
Lo kontinye ap anpile:
Lo E-A
Lo N-I
Lakonstitisyon di
Politik 2 je pete
Politik pou pèp pa janm mache
Politik k ap fè pèp dòmi
Kòmsi se malad y anestezi
Magouyè ap fè move piwèt
Pou jwe vye jwèt
Lanjelis bare magouyè
Pèp kòmanse wè klè
Menmsi l pa ka li
Menmsi l pa ka ekri
Magouyè ap pale fransè
Nan palè
Y ap pale de demokrasi
Bisuit rasi
Pou fè pèp dòmi
Panzouyis Trant Septanm
K ap fè negosyasyon magouy
Magouyè ki panse
Pèp pa wè klè
Nan jwèt kachkach liben
Lago, bijou
Lago fini al bouche
Mwen kenbe w
Se tou pa w
Al kache.

(E. W. VEDRINE)
Koleksyon: «Kri pou liberasyon»
 

Jou pa ou
Lemonn te kontan yè
Paske se te lavèy anivèsè ou
Lemonn kontan jodi a
Paske ou te fèt jou sa a
Se sa k fè y ap selebre konsa
Epi koudyay sa a va kontinye chak jou
Sot lendi rive dimanch
Pou kontinye fete jou espesyal sa a
Bòn anivèsè
Jodi a!

Emmanuel W. Védrine
Koleksyon: Koze lanmou II
 

Your day
The world was happy yesterday
Because it was the eve of your birthday
The world is happy today
Because you were born on that Day
That's why people are celebrating
And this celebration will go on every day
From Monday to Sunday
To keep celebrating this special birthday.
Happy birthday
Today!

Emmanuel W. Védrine
Collection: Koze lanmou II
 

Kandida dan Griyen
Mesye Kandida Dan Griyen frè m yo, bonjou!
Mwen jis fè yon ti parèt pou mwen salye nou
Mwen konn nou tout se pitit Ayiti Toma
Nou konnen tou pa gen okenn manti nan sa

Kèk kesyon pou Kandida Dan Griyen nou yo:
Nou gen kèk plan pou pèp gade sa k ladan yo?
Sa n fè deja nan sosyete a pou kwè nou?
Kisa nou fè deja pou pèp la vote nou?

Ekip Kandida Dan Griyen n yo Ayiti
Mesye, pran konsyans tray peyi a ap sibi!
Nou bouke ak diskou zewo fot an franse
Kisa n pral fè pou Ayiti ka avanse?

Mesye, Ekip Kandida Dan Griyen frè n yo,
Men pataje ak nou plan devlopman ou yo
Kisa n pral fè pou met agrikilti sou pye,
Kreye travay, sekirite, bay moun manje?

(E. W. VEDRINE, oktòb 2005)
koleksyon: «Kri pou liberasyon»

Kandida dwategoch
Fwa sa a nan listwa, kandida fè mikalaw
Yo kale kou dyondyon apre yon Move Tan
Epi, parèt sou divès fòm, w a blofè pa w!
Tout ap resite yon sèl grenn priyè: chanjman

Gras a Tonton Sam, anpil ladan yo kontan
Tanpèt Mwa Fevriye a pou vin nan kous la
Men anpil pa wè danje k blayi pi devan
Pou kenbe Ayiti pou li pa fè yon pa

Apre pèp pran nan blòf malere Doktè, Pè
Yon Gwoup Nimewo Radòt ap manipile.
Anpil moun panse vote Milyonè Blofè
San mande sa yo te fè avan pou ede

Pèsonn pa konn vrèman sou ki bit yo kanpe:
Sa k parèt Endistriyalis Nasyonalis,
Sa k ap tann benediksyon Peyi Etwale,
Pastè k gen w sèl pwogram: Ayiti Se Pou Kris

E. W. Védrine
31 out 2005
Koleksyon: «Kri pou liberasyon»
 

Kandida lamayòt
Kandida, gade! Mwen pa pè w, se moun ou ye
Se poko epòk kanaval epi w maske!
Al demaske tande pou pèp la kapab wè w!
Vin pale dirèk avèk pèp la pou l sa kwè w

Kandida, gade! Mwen pa pè w, se moun ou ye
Ou pa lougawou, pouki w pè montre sa w ye?
Poukisa ou oblije ap sere figi?
Demaske w non, se jodi kanaval fini!

Kandida, gade! Mwen pa pè w, se moun ou ye
Ou byen konnen nou tout se Ayisyen nou ye
Vin di mwen tout sa ou genyen nan dyakout ou,
Ki sòt de pwojè ou genyen pou peyi nou

Kandida, ke ou te yon Milyonè Blofè,
Endistriyalis, Politològ, Tafyatè,
Pastè oubyen Politisyen Rat Do Kale
Gade! Mwen pa pè w, mwen konnen kilès ou ye

E. W. VEDRINE
2 sept. 2005
Koleksyon: Kri pou liberasyon
 

Kat lèt
Amou egsiste epi li gen fòs.
Amou se yon bagay ke moun pa dwe badnen avè l.
Kijan nou ta defini l?

Pou Voltè, se yon bagay natirèl ke imajinasyon bwode.
Pou Shekspi, se yon lafimen ki fèt pa vapè soupi.
Pou Getè, se sèl bagay ki endispansab nan lemonn.
Pou mwen, se sèlman kat lèt men ki pi enpòtan
nan alfabè women an.

Ki definisyon ki pi bon?
Fòs sa a depase definisyon sa yo.
Egzistans ak fòs amou
Se yon bagay ke moun pa ka esplike.

Emmanuel W. Védrine
(Collection: Un stylo international)

Four letters
Love exists and it’s powerful.
Love is something that should be taken seriously.
How can we define it?

For Voltaire, it’s the natural stuff embroidered by imagination.
For Shakespeare, it’s a smoke made up of vapor’s sight.
For Goethe, it’s the only indispensable thing in the world.
For me, it’s only four letters but the most powerful
ones of the Roman alphabet.

What is the best definition?
This force goes beyond our definition.
The inexplicable thing is
The existence and the power of love.

Emmanuel W. Védrine
(Collection: Un stylo international)

L'existence et la puissance de l'amour
L'amour existe et il est puissant.
Oh! Quel sacrement
Si important!
Pour Voltaire,
C'est l'étoffe de la nature brodée
Par la pensée.
Pour Shakespeare,
Une fumée faite de la vapeur des soupirs.
Selon Goethe
Dans Les souffrances du Jeune Werther ,
C'est l'amour seul qui nous rend indispensables
Sur cette terre,
Pour moi,
C'est une rose qui doit être arrosée
Pour ne pas devenir fanée.
La chose inexplicable à propos
De ce grand mot,
Est son existence
Et sa puissance.

Emmanuel W. Védrine
(Collection: Un stylo international )
 

Kat lèt
Amou egsiste epi li gen fòs.
Amou se yon bagay ke moun pa dwe badnen avè l.
Kijan nou ta defini l?

Pou Voltè, se yon bagay natirèl ke imajinasyon bwode.
Pou Shekspi, se yon lafimen ki fèt pa vapè soupi.
Pou Getè, se sèl bagay ki endispensab nan lemonn.
Pou mwen, se sèlman kat lèt men ki pi enpòtan
nan alfabè women an.

Ki definisyon ki pi bon?
Fòs sa a depase definisyon sa yo.
Egzistans ak fòs amou
Se yon bagay ke moun pa ka esplike.

Emmanuel W. Védrine
(Collection: Un stylo international)

Four letters
Love exists and it’s powerful.
Love is something that should be taken seriously.
How can we define it?

For Voltaire, it’s the natural stuff embroidered by imagination.
For Shakespeare, it’s a smoke made up of vapor’s sight.
For Goethe, it’s the only indispensable thing in the world.
For me, it’s only four letters but the most powerful
ones of the Roman alphabet.

What is the best definition?
This force goes beyond our definition.
The inexplicable thing is
The existence and the power of love.

Emmanuel W. Védrine
(Collection: Un stylo international)

L'existence et la puissance de l'amour
L'amour existe et il est puissant.
Oh! Quel sacrement
Si important!
Pour Voltaire,
C'est l'étoffe de la nature brodée
Par la pensée.
Pour Shakespeare,
Une fumée faite de la vapeur des soupirs.
Selon Goethe
Dans Les souffrances du Jeune Werther ,
C'est l'amour seul qui nous rend indispensables
Sur cette terre,
Pour moi,
C'est une rose qui doit être arrosée
Pour ne pas devenir fanée.
La chose inexplicable à propos
De ce grand mot,
Est son existence
Et sa puissance.

Emmanuel W. Védrine
(Collection: Un stylo international )
 

Kè m ak ou menm
Nan chimen lavi
Mwen kontre ak yon moun
Yon moun ki fè kè m palpite
Yon moun ki fè m pa ka dòmi
M pa konn kijan pou m esplike sa …
Petèt se souri l
Fason l pale ak mwen
Oubyen pasyans mwen genyen
Paske m renmen l
Petèt se fason l esprime santiman l
Oubyen pasyans mwen genyen
Paske m renmen l
Petèt se fason l esprime santiman l
Oubyen eklè je l
Lè l ap pale ak mwen
Moun sa a se ou menm,
Yon moun kin an fon kè m.

E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)

Kilè w ap retounen?
Ou kite m san okenn souvni,
ou kite m san yon ti bo
Fason ou konpòte ou
ban m lapenn
ak tristès
Ou kite m pou kò m
epi ou fè m rete ap tann
Kounyeya, ou tankou yon zwazo
k ap vole nan syèl la
san okenn nich
Sa k pase ou pitit?
kote pwomès ou yo?
Di m sa k pase,
kilè w ap retounen?

E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)

Kisa ou ye?
Kisa ou ye? Ou konnen kisa ou ye.
Èske se fason ou parèt nan je moun
Pou yo konnen kisa ou ye?
Èske se sa yo di de ou
Pou konnen kisa ou ye?

Gen de fwa mwen bay de kout ri, kwe kwe
Lè yo pran yon moun pou sa li pa ye.
Konbyen fot nou fè jan nou jije moun pafwa?
Ou ka wè jan yon moun abiye men ou pa ka wè kè l.

Kisa ou ye? Èske se sosyete a ki pou pòtre ou?
Kijan ou fè pòtre sosyete a?
Kisa ou ka bay pou chanje vizaj lemonn?
Èske se paspò ou ki di sa ou ye?
Di m kisa ou ye epi nou chak ka pote
Yon pyè nan rekonstriksyon monn lan.

Emmanuel W. Védrine
(Collection: Un stylo international)

Wer bist du?
Wer bist du? Du weiβt, wer du bist
Bist du wie du den Augen anderer Leute scheinst, die zu wissen
glauben wer du bist?
Was die Leute über dich sagen,
sagt es wer du bist?

Manchmal lache ich, und ich lache
wenn jemand für etwas gehalten wird, was er nicht ist.
Wie viele Fehler machen wir, wenn wir Leute beurteilen?
Mann kann die Kleider der Leute sehen,
Aber nicht, was sie in ihren Herzen haben.

Wer bist du? Ist es die Gesellschaft, die sagt, wer du bist?
Wie siehst du die Gesellschaft?
Was kannst du tun, um die Welt zu verändern?
Ist-es dein Paβ, der dir sagt, wer du bist?
Sag mir, wer du bist, so kann jeder von uns einen Stein setzen,
Einen Stein für den Wiederaufbau der Welt.

Emmanuel W. Védrine
(Collection: Un stylo international)

Who are you
Who are you? You know who you are.
Is it the way you appear in other people’s eyes
That tells you who you are?
Is it what they say about you
That tells you who you are?

Sometimes I laugh and I laugh
When someone is taken for what that person is not.
How many mistakes do we make when we judge people?
You can see what a person is on the outside
But not what they have in their heart.

Who are you? Is it society that tells you who you are?
How do you see the society?
What can you do to change the world?
Is it your passport that tells you who you are?
Tell me who you are, then each of us can bring
A stone for the reconstruction of the world.

Emmanuel W. Védrine
(Collection: Un stylo international)

Qui vous êtes?
Qui êtes vous? Vous savez qui vous êtes.
Le regard des autres vous dit-il
Qui vous êtes?
Ce qu’ils disent à votre propos vous dit-il
Qui vous êtes?

Parfois je ris et je ris
Quand quelqu’un est pris pour ce qu’il n’est pas.
Combien d’erreurs sont faites à juger autrui?
Ce qui se voit est l’apparence;
Le contenu du coeur est invisible.

Qui êtes vous? La société dit-elle qui vous êtes?
Comment percevez-vous la société?
Que pouvez vous faire pour changer le monde?
Votre passeport détermine-t-il qui vous êtes?
Dites-moi qui vous êtes et alors chacun de nous peut apporter
Une pierre à la reconstruction du monde.

Emmanuel W. Védrine
(Collection: Un stylo international)

Quem é você
Quem é você? Você conhece-se a si prόpio.
E a maneira como você parece aos olhos dos outros
Isso é que dizem acerca de você?
E o que dizem acerca de você
Isso é que diz quem é você?

As vezes apetece-me rir rir
Quando vejo uma pessoa identificada
Com aquilo que não é.
Quantos erros cometemos ao julgar alguém?
Pode-se ver o que uma pessoa é por fora
Mas não o que tem no coraçao.

Quem é você? E a sociedade mostra quem é você?
Como vê a sociedade?
Que pode dar para mudar o mundo?
E o passaporte que diz quem é você?
Diga-me, quem é você e então cada
Um de nos pode contribuir com uma
Pedra para a reconstruiçao do mundo.

Emmanuel W. Védrine
(Collection: Un stylo international)
 

Koudeta nan lakou Ayiti
Koudeta Ayiti, peyi soudevlope
Se plis pwoblèm pou demokrasi pa mache
Se tèrè ki monte tansyon popilasyon,
Toujou nan avantay zòt pou esplòtasyon

Tanzantan siklòn politik fè balizay:
Sètadi diktati, koudeta, dechoukay
Politisyen opòtinis yo renmen sa
Pou eseye pran woulib monte sou pouvwa

Ala traka pou peyi Ayiti Cheri!
Move nouvèl pou cheve nan tèt tresayi
Manipilasyon pou lajan fè san koule
Toujou pou kontinye plè peyi devlope

Nou wè gouvènman vini gouvènman ale
Zòt telegide yon bann move kò ame
K ap chire pit ant frè ak frè pou pran pouvwa
Yon teknik pou Ayiti pa janm fè yon pa.

(E. W. VEDRINE)
koleksyon: Kri pou liberasyon

 

Koutba
Yon blofè
Dyòl bòkyè
T ap file yon ti kòmè
Se te yon tifi serye
Ke tout mount e respekte nan yon ti katye
Blofè a monte desann dèyè ti kòmè
Pou l wè sa l ka fè
Finalman yo vin renmen
Apre yo fin byen
Li voye mande pou tifi
Kote paran li
Bèl fè organize
Apre fyansay vin met pye.
Li voye òfèv vin pran mezi dwèt fi
Tifi tèlman kontan li  ri
Misye pase plizyè kote ak manpzèl
Pou bay yon avalwa sou mèb ki bèl
Bòs la di l apre twa tout bagay ap pare
Manmzèl kontan, li wè se se tout bon vre.
Kounyeya li resi bay nèg limyè vèt pou l ale
Ay! Misye vin jwenn tout sa l t ap chèche.
Twa mwa vin rive
Ti lezanj lan pase kote bòs pou l tyeke
Bòs la di misye te pase pran lajan l
Depi lè a li pa janm wè van l.
Tifi a sezi
Li pa t janm konn si nèg la te pati.

E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)

Ki kote Ayiti ye?
Nan gran ventyèm syèk,
Yo poze m kesyon sa a.
Gen moun sou latè
Ki poko janm konnen nou.
 
Malgre yo konsidere n Jwif Eran,
Nou genyen yon santiman.
Ayisyen, yo met tout chay sou do nou
Nan kontinan sa a?
 
Reveye Ayisyen!
Nan gran ventyèm syèk w ap dòmi.
Ou te konn leve
Anvan kòk chante
Reveye, sole leve!
 
(E. W. VEDRINE)
Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

 

Kote m te fèt
Mwen ta ka fèt lòt kote nan Amerik la:
Amerikdinò
Oubyen
Amerikdisid
Mwen ta ka fèt tou an Afrik,
Ewòp oubyen Azi
Men mwen fèt Ayiti.
Yon tè ki gen yon istwa byen long
Yon istwa ki toujou nan tèt mwen
Yon kote mwen kòmanse respire,
Kote mwen kòmanse obsève
Sa moun sou latè bezwen…

(Emmanuel W. Vedrine)
Koleksyon: “Kri pou liberasyon"
 

Kote kochon kreyòl nou yo?
Zòt soti kote l soti, vin
Di nou yo gen lafyèv Pòsin
Yon konbinezon matyavèl
Pou peyizan, move nouvèl.

Yo ban nou kochon grimèl yo
Pou n toujou rete esklav yo
Se vre yo di n analfabèt
Men nou konnen ke nou pa bèt.

(Emmanuel W. Vedrine)
Koleksyon : "Kri pou liberasyon"

Koudeta nan peyi sivilize
Koudeta peyi sivilize, gwo koze!
Tout kote nan lemonn branche pou obsève
Latwoublay blayi nan yon kokenn eleksyon
Ki pral potomitan anndan tout desizyon.

Yon siklòn politik balize Florida
Bilten Papiyon gentan vin pou gate sa
Batay legal pou rekontaj vot yo pete
Bagay yo mele kay Tonton Sam tout bon vre!

Gwo koze, koudeta peyi sivilize
Pèp ki pa te byen vote ap rele anmwe
Rezilta eleksyon sa a dire bon bout tan
Poudi pa ta gen magouy pou koupe devan?

Lobo pete devan grenn je lemonn antye
Leson tounèf pou ti peyi soudevlope
Kokenn batay ant kandida pou pran pouvwa.
Ala tray, demokrasi tonbe nan koma!

(© Emmanuel W. Védrine)
koleksyon: Kri Pou Liberasyon
novanm 2000

 

Kowalisyon pou eleksyon
Poukisa kowalisyon lavèy eleksyon?
Malgre sa montre vre ide pou yon inyon
Men poukisa l pa t janm fèt depi byen lontan
Pou te travay tèt ansanm pou vrè devlopman?

Kowalisyon bon paske linyon fè lafòs
Lè l pa vle di estrateji pou jwenn gwo pòs.
Se vre, nou bezwen tètkole pou devlopman,
Estrateji pou Ayiti ta fè avan

Desalin te gen rezon fè kowalisyon
Ak ide pou te kwape kolon machwè won
Yon tètkole tou pou te kreye yon patri,
Yon peyi pou viv lib ki rele Ayiti

Depi desanzan nèg ap goumen pou pouvwa
Yo bon nan fè kowalisyon pou koudeta
Olye yo ta monte konbit pou devlopman
Sèl vrè mwayen pou Ayiti ka fè avan

E. W. VEDRINE
Koleksyon: «Kri pou liberasyon»
desanm 2005

 

Kreyòl, Fransè, Anglè: kilès ki towo a Ayiti?
Se kreyòl ki towo a.
Men ki lang ki towo a?
Se kreyòl ki towo a.  

Lè m ap pale kreyòl,
Kreyòl rele m pa m.
Lè m ap pale ak pèp la,
Se kreyòl mwen pale.  

O kilès ki towo a?
Se kreyòl ki towo a
M mande kilès ki towo a?
Wi, se kreyòl ki towo a .
 

Lafrechè
Yon dam byen anfòm ap fè vayevyen
Yon samdi swa nan zòn Mache Anba
Depi dezèdtan l ap paweze la
L ap chache lavi anba magazen

Kamyonèt Site rete pou pran li
Li pa monte pase l pa pasaje
Mache fè l swe tankou pitit Bouki
Podyab, e dat lwaye pa lwen rive

Twa timoun pou bay manje, abiye
Lekòl pou peye ak liv pou achte
Nan yon peyi kote pa gen travay
Metye lafrechè egal esklavay

Lè yon ti lafrechè ap paweze
Pa konprann se pa li jis ap make
Se yon nesesite k pouse l fè sa
Se pa pou plezi l ap taye banda.

(Emmanuel W. Vedrine)
koleksyon: "Kri pou liberasyon"
 

Lago ak lamou
Li rele lago
Mwen rele bijou
Epi l di lago fini, al bouche.
Mwen pwonmennen chèche l tout kote:
Anba, anwo, anlè, atè, lwen, pre …
Mwen pa fouti wè kote l kache.
Lè m resi wè m ap met men sou li
Tout san m tresayi:
Mwen espante
Kè m bat san rete
Mwen swe kou pitit kokobe.
Mwen rele: Lanmou! Lanmou!
Moun ki tande kri m panse m fou.
Lè m resi kenbe l, li bèl,
Pi bèl pase lakansyèl
Men, glise kou kalalou
Toujou yon jwèt lago bijou
Ki gen kouri, kenbe, lage, kache
Mwen reziyen m, mwen pran l jan l ye.
Pafwa m wè Lanmou nan rèv ap fè m filalang
Men lè m mache sou li pou ba l sigo
Li gen tan file rapido presto
Se toujou yon jwèt marèl, yon lago.
Lè m pati dèyè l je klè
Li file kou yon zeklè.
Lanmou son w jwèt lago bijou
Ki ka fè w fou si w pa pran tèt ou

Emmanuel W. VEDRINE
Koleksyon: «Koze lanmou II»
Haiti en Marche, Vol.XXI, #34. Sept. 2007

 

Lago ak lavi
Pafwa Lavi ban n payèt
Nou frape pye n atè pou fè wòklò
Apre n met de men nan machwè ap pouse katchil
Kòmkwa n vle rale bak tan pase
Pou ekzanminen dantan.
Tèlman panse n fè lakwobat,
Nou tanmen fè lago ak Lavi
N al kache pou l pran n si l kapab
Kòmsi n ka ba l sigo tout bon.
Li ri n kò pèdi jouktan l gen wòkèt
Paske l wè lonnvi je n
Pa vize kou fizi kout,
Nou bliye si n se flèch palmis.
Afòs nou reve,
Nou reve n vòlò peny Mètdlo
Nou menm reve n vòlò bonnèt Lakansyèl
Epi n ap fè laviwonn pyebwa avè l
Kòmkidire n ka pati ak li
Pou wè dekiprevyen chans nou.
Men ak tou sa,
Kafe n kontinye koule ak ma
Se dlo n ap bwote nan paswa.
Nou tanmen kalonnen Lanmè
Kòmkwa se revanj n ap tire ak Lanati.
Nou mache bobis pou n moke Lavi
Men l griyen trannde l lè l wè n pa konn danse
Nou panse n ka pase l nan rizib kòmkwa l mache bwete
San n pa menm gade si n mache drèt nou menm
Nou seye kase koub respè l
Pou krache kòlè n
Li lage gonmbo cho nan plan men n
Epi l rete tennfas
San l pa fè yon pa kita yon pa nago.
Li jouk kale nawè l sou nou
Lè l wè n antchipwèt pou pran douvan
Kòmsi se wout nou konnen.
Nou pran pòz koupe fache ak li
Nou menm wè l kòm yon chimen nou pa renmen
Men chwal nou al bouke kanmenm ladan.

The Creole Connection,Vol . IV, #III Issue XIV
Translated to English by Dr Anna Wexler (1998)

 

Lago san kache
Mwen chita ap gade w la a
Tankou yon chat ki lemante yon rat
Tankou yon mantèg tou pre yon chat
Tankou yon papiyon tou pre yon lanp
Tankou yon zegwi tou pre yon leman
W ap gade m
M ap gade w
Ou konn sa m ap panse
M konn sa w ap devine
W ap fè jwèt lago avè m
Epoutan w pa bouche
M ap reve w
Epoutan nawè m byen kale
Tankou je chat k ap kontwole rat
Ou sanble tèt koupe ak Choukoun
Je w klere kou chandèl
Nòde w ap boulvèse lanmè m,
Yon van ki rann li makawon
Vag mwen monte de sèt wotè
Epi… Epi w kontinye ap fè m filalang
Epi… Epi anyen.

(Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: Koze lanmou II

 

Lang
Kisa tout moun panse de lang?
Mwen renmen tande lòt lang depi timoun
Paske m te kirye de lòt kilti.
Ak esperyans mwen, m wè kijan zouti sa a enpòtan.

Zouti sa a konekte ak grenn je m
Pou m ka kominike ak antouraj mwen.
Poukisa m pa t pale tout lang sou latè
Pou m te ka kominike ak linivè?

Pou mwen pa gen lang ki pi bèl pase lòt
Paske nou chak pale lang pa nou.
Se yon zouti ki gen menm itilite
Kèlkeswa kote l fabrike.

Emmanuel W. Védrine
(Collection: Un stylo international)

Language
What does everybody think about language?
I have loved hearing other languages since I was a kid
Because I was curious about other cultures,
With my experiences, I see the importance of this tool.

It is connected with sight
In order to communicate with my surroundings.
Why didn’t I speak all the languages on earth?
To communicate with the universe?

For me, all the languages are beautiful
Because each of us speaks our own.
It’s a tool that the same use
No matter where it’s made.

Emmanuel W. Védrine
(Collection: Un stylo international)

 

Lanmou se yon fri san sezon
Li donnen nan epòk prentan
Li fleri nan nenpòt sezon
Gen lè l donnen epòk ete
Gen lè l fleri epòk otòn

Sa depann de chans pou jwenn li
Dèfwa ou ka wè l lè ivè
Dèfwa ou wè l nan tout sezon
Se yon fri ki donnen lè l vle.

(Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: Koze lanmou II,
Ti powèm ayisyen oktosilab

 

Lavèy 30 Septanm
Syèl Ayiti Tonma an dèy
Pou plizyè santèn zetwal pitit li
Ki pral file.
Yo pral file,
yo prale, yo pral disparèt.
Syèl Ayiti Tonma tou nwa
Lavèy lanmò yon dal pitit li,
Yon dal ti inosan
ki pral pran wout
Peyi Sanchapo
Lavèy 30 Septanm, syèl la sonb
Lalin nan pa klere
Anpil zetwal koumanse ap balanse
Pou y al file
Anpil kretyen vivan koumanse wè
Yon fènwè ki pral blayi
Sou yon peyi .
Lavèy 30 Septanm,
Magouyè koumanse ri.

Tout panzouyis koumanse rejwi
Pou tout krim yo pral fè
Anba syèl Ayiti Tonma:
Wouzi koumanse ap netwaye
Revolvè koumanse ap chaje
Manchèt koumanse ap file.
Lavèy 30 Septanm
Tout gwo Ewo yo fache
nan tonm yo
Desalin kriye
Chalmayperal rele anmwe,
Yo tout move lè yo wè yo p ap
ka delivre Manman yo ki an danje
Lavèy Jou sa a.
Yon vye van koumanse soufle
Pou anonse
yon move tan ki pral rive
Tout bèt yo tris
Pyebwa yo chagren
Yon vye tan maske
Lapli pral tonbe
San Lavalas pa desann
Loray pral gwonde
San zèklè pa fèt
San inosan pral koule
Pou Ayiti ka libere

(Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: Kri pou liberasyon
 

The Eve of September 30
Haiti 's sky is in mourning
For many hundreds of her children's stars
Are going to dash away.
They're going to dash away,
vanish, disappear.
Haiti 's sky has gone all dark
The eve of the death of a bunch of her children,
A bunch of innocents
who are going to take the road
of that country named Peyi Sanchapo
The Eve of September 30 th
The moon wasn't shining
Many stars began equilibrating themselves
Ready to dash away
Many human beings began noticing
A darkness that was about to envelop
A country.
The Eve of September 30 th ,
Grafters began laughing

All putschists began rejoicing
For all the crimes they were going to commit
Under Haiti 's sky:
Uzis began being cleaned
Handguns began being loaded
Machetes began being sharpened.
September 30, this Eve
All the great Heroes became infuriated
in their tombs
Dessalines cried
Charlemagne Peralte cried out loud
They all got mad when they saw that they
couldn't deliver their Mother from danger
The eve of that day .
A bad wind began blowing
To announce
bad weather coming
All the animals were sad
All the trees were chagrined
Bad gathering storm
Rain will begin falling
Without Lavalas
It's going to thunder
Without lightning
Innocent blood is going to be shed
For Haiti to be liberated.

(Emmanuel W. Védrine)
Collection: Cry for liberation
 

Lavi se yon powèm
Lavi se yon powèm
Bondye se yon powèt
Chak engredyan nan lanati
Se yon vèr
Yon seri engredyan kouwè:
Nonm, fanm
Fòme yon rim enteryè
Dèfwa si chans ou kwaze on boubout
Sou chimen w
Epi nan pale pale, nou gen w seri aspirasyon marasa
Sa rele: rim kwaze
Pi devan nan fè ti karès matyavèl,
Ti bo alawonnzenga
Sa rele: rim anbrase
Lè tout bagay vin fèt:
Youn plis youn fè youn
Sa rele: rim antre mele
Lè lavi wòz kou tomat,
N ap kontanple Lanati
Sa fè bèlte powèm nan
Men lè bagay yo pa mache kòmsadwa,
Nou di: tonnè, ala powèm raz se Lavi!

Emmanuel W. Védrine
Koleksyon: Koze lanmou II

 

Lavi
Lavi se yon nechèl chaje ak kaka poul
Chak baro badijonnen rive jouk nan kou l
Sou chak baro yon moun mete pye l, li pantan
Lè l reyalize sa, li te gentan fin pran

Ou ka wè Lavi kòm on pantalon san fouk
Lè w ap kalkile kèk sitiyasyon malouk
Chak grenn moun fè esperyans pa yo nan Lavi,
Bagay ki pou ta fè w kriye men dèfwa w ri

Gen moun ki wè Lavi tankou yon gwo lekòl,
Yon linivè kote chak elèv jwe yon wòl
Yon vrè lekòl kote youn aprann nan men lòt
Se sèl vrè lekòl ki pa genyen elèv sòt

Lavi se yon gwo liv tankou yon diksyonè
Ki defini prèske tout mo ki sou latè
Nou menm, elèv k ap sèvi tanzantan avè l,
Se tanzantan n ap wè sekrè k kache dèyè l.

(E. W. VEDRINE)
Koleksyon: «Pwezi abstrè nan lang Ayisyen»

 

Lavoum pou yo !
Ala mechan lidè n yo mechan!
yo pa respekte modòd zansèt yo

Ala sousou lidè n yo sousou!
y ap respekte modòd zòt
pou kontinye toupizi yon pèp inosan
k ap soufri depi digdantan

Ala vòlè lidè n yo vòlè!
yo plen sak bidòl lajounen kou sole kouche
pou al sere aletranje
pandan pèp la ap tribiche anba Lavichè
k ap fè malere moute Mòn Fòfyèl pa do

Ala blofè lidè n yo blofè!
yo fè n tout kalte pwomès
pou eseye monte sou chèz boure a
pou al dodomeya

Ala kout memwa lidè n yo kout!
yo manje manje bliye
kou yo fin monte sou pouvwa
yo di pèp la pran nan twa wa
Ala sanpidè lidè n yo sanpidè!
yo pa fè anyen pou libere
peyizan ayisyen ki esklav nan batèy,
yo pa fè anyen pou zòt sispann lage chen
dèyè Ayisyen

Ala mechan lidè n yo mechan
lè yo kontinye kite pèp la grangou, analfabèt
epoutan l pa bèt!

Ala kote gen lidè blofè sou latè,
lidè k merite vekse an laten:
lavoum, alolavoum
pou tout sa k met peyi a nan tyouboum!

(© Emmanuel W. Védrine)
The Nations Tribune, August 1999
Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

 

Lè Ayiti te Ayiti
Lè Ayiti te Ayiti,
Yo te rele l “La Perle des Antilles”
Lè Ayiti te Ayiti, yo te konn respekte Ayisyen.
Lè Ayiti te Ayiti,
Reken yo pa t konn fete.
Lè Ayiti te Ayiti,
Ayisyen te ti prens aletranje.
Lè Ayiti te Ayiti,
Zòt te konn sezi
Yo pa t konn meprize n
Yo te konn respekte n.
Lè nou al lòt bò dlo,
Nou pa t konn pran ti bato
Pou al peri nan dlo.
Tout kote n pase yo te konn bat bravo.
Lè Ayiti te Ayiti,
Ayiti Cheri te bèl nègès
Li pa t mèg
Men l te gen ti grès.
Lè Ayiti te Ayiti,
Moun te konn al Bisantnè
Pou al pran ti lè.
Lè Ayiti te Ayiti,
Yo te konn rele n
Premye Nwa ki trase chemen libète,
Premye Nwa ki konjige vèb libere,
Premye Nwa
Ki pote laviktwa
Nan batay pou libète,
Pèp Nwa ki bwòdè
Ki mache tèt anlè.
Lè Ayiti te Ayiti,
Ayisyen pa t konn pati
Al pran imilyasyon lòt peyi.

(Emmanuel W. Vedrine)
Koleksyon: “Kri pou liberasyon)


Lè fanm lakay damou
Lè yon fanm lakay damou pou ou
Manmzèl ka vin fou
Pafwa l pa di w sa
Men l ap di yon bon zanmi l sa

Lè yon fanm lakay damou
Anpil fwa se yon vrè amou
Li pa bezwen konnen si dèyè w chire
Li tankou yon je pete

Anpil fwa se pa yon enterè l ap chèche
Se ka yon bagay nan ou li apresye
Li ka vle suiv ou toupatou
Paske l reyèlman damou

L ap fè nenpòt sakrifis ou mande
Li pral nenpòt kote ou vle
Sitèlman l damou,
Li vin trè jalou.

Emmanuel W. Védrine
Koleksyon: Koze lanmou I
 

Lè m te fèk rankontre w
Mwen sonje w t ap li yon roman
Lè m te fèk rankontre w
Mwen sonje souri kit e nan figi w
Ou te kanpe nan w estasyon tren
Byen dyanm kou Anakawona
Drèt kou Lakrètapyewo
Mwen te ka li lanmou nan figi ou jou sa a
Tèt mwen te grate m
Tout kò m t ap pike m
Vant mwen te kòmanse bouyi
Mwen santi m t ap tranble
Cheve m tresayi
Mwen pat gen okenn ide de ou
Se pa sa k te enterese m tou
Mwen jis t ap gade
Mwen jis t ap obsève
Mwen jis t ap eseye devine
Sa ke w t ap panse
M sonje premye mo m te di ou
M pa bliye ti souri ou
M pa bliye ti konvèsasyon nou te fè
Malgre nou pa t gen anpil lè
M pa ka bliye premye envitasyon an
Pou n te ka pase yon ti moman
Dyaloge youn ak lòt
Yon fason pou youn te rive konn lòt.

E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)

Lè tout Ayisyen va pran konsyans
Lè Ayisyen va reyalize ke blan ap fè yo fè tenten pou divize yo depi digdantan,
Lè yo va reyalize ke blan divize yo yon fason pou toujou kontwole yo,
Lè yo va di blan lavoum ou mèt ban m milyonven mwen p ap touye frè m pou ou,
Lè yo va reyalize derespekte dwa moun p ap mennen Ayiti oken kote,
Lè yo va reyalize anbisyon pouvwa fè Ayiti fè yon bak desanzan,
Lè yo va reyalize batay pou pouvwa p ap mennen Ayiti oken kote,
Lè yo va reyalize anpil lidè k ap pale pa ka menm solisyone yon ti pwoblèm elektrisite,

Lè yo va reyalize egoyis p ap mennen Ayiti oken kote,
Lè yo va reyalize envite blan vin okipe yo soudevlope Ayiti,
Lè yo va reyalize ke tout Ayisyen dwe konn li ak ekri gratis ti cheri,
Lè yo va reyalize fò yo aprann ede youn lòt,
Lè yo va reyalize fò yo aprann envesti,
Lè yo va reyalize fò yo aprann kreye,
Lè yo va reyalize fò yo aprann plante,
Lè yo va reyalize fò yo aprann pwodui pa sèlman konsome,
Lè yo va reyalize fò yo aprann travay pou devlope kominote,
Lè yo va reyalize fò yo aprann rebwaze,
Lè yo va reyalize grate santi pa bay men se metye parese,
Lè yo va reyalize yo chak dwe fè yon bagay pozitif pou ede Ayiti vanse,
Lè yo va reyalize kijan zòt ap pase yo nan tenten paske yo pa ka fè anyen,
Lè yo va reyalize koudeta pasipala pa janm regle anyen pou Ayiti,
Lè yo va reyalize koupe tèt youn lòt jete nan ravin se babari,
Lè yo va reyalize lonje kwi devan blan tout tan p ap devlope peyi,
Lè yo va reyalize mo demokrasi a kisa li vle di,
Lè yo va reyalize mo lidèchip la kisa li ye,
Lè yo va reyalize nou bezwen lopital klinik ak pwogram sante tout kote,
Lè yo va reyalize nou bezwen bonjan pwogram agrikilti pou Ayiti devlope,
Lè yo va reyalize nou bezwen bonjan wout pou konekte tout Ayiti,
Lè yo va reyalize nou bezwen lekòl gratis ti cheri nan tout rakwen n ale,
Lè yo va reyalize nou bezwen lekòl teknik pou jèn Ayisyen aprann metye,
Lè yo va reyalize nou bezwen lekòl pratik ki p ap soudevlope mantalite,
Lè yo va reyalize Ayiti inonde ak mechanste, Bondye fache,
Lè yo va reyalize prejije sosyal fè Ayiti fè bak olye li avanse,
Lè yo va reyalize prizkonsyans se yon medikaman ke tout Ayisyen dwe pran,
Lè yo va reyalize se pa ni kapitalis kominis maksis nasyonalis sosyalis teworis k ap sove Ayiti,
Lè yo va reyalize se pa oken pati politik ki pral libere Ayiti,
Lè yo va reyalize sekrè devlopman Ayiti se nan travay ansanm ak travay di sa ye,
Lè yo va reyalize solisyon Ayiti se pa nan batay youn kont lòt pou pran pouvwa sa rete,

Lè yo va reyalize travay ansanm nan lapè lanmou respè youn pou lòt se kle siksè,
Lè yo va reyalize viv nan blòf p ap mennen Ayiti oken kote,
Lè yo va reyalize yon dal pati politik pèpè se ONG koukouy k ap klere pou je,
Lè yo va sispann abize esplwate maspinen meprize pile souse sa ki anba,
Lè lidè ki sou pouvwa va kòmanse respekte lalwa e fè moun pratike sa,
Lè tout moun ki di yo se lidè va fè pwogram pou eklere pèp ayisyen ki nan fènwa,
Lè tout lidè va aprann pèp ayisyen konsève olye yo dechouke sa yo bezwen,
Lè respè dwa moun p ap vle di respekte dwèt moun men respekte tout moun,
Lè tout Ayisyen va sispann rejte kilti ak bagay ki fèt lakay pou vin fyè de tèt yo,
Lè tout va reyalize reyalite sa yo y a va pran konsyans ke solisyon peyi a se
nan men yo sèlman li ye epi yo va deside nan ki direksyon yo vle ale
si yo ta renmen Ayiti devlope tout bon vre.

E. W. VEDRINE
Koleksyon: Kri pou liberasyon

When all Haitians will become conscious
When Haitians will realize who's making them acting stupid to divide them since colonial times,
When they'll realize who makes them divided in a way to always have control over them,
When they'll say to that monster: "fuck you!
even if you give me million of dollars I won't kill my brother for you",
When they'll realize that violating human right won't lead Haiti to anywhere,
That ambition for power makes Haiti goes backward for 200 hundred years,
That fighting for power won't lead Haiti to anywhere,
That many leaders who are talking can't even solve a small electricity problem,
That selfishness won't lead Haiti to anywhere,
That inviting foreigners to occupy them under develop Haiti,
That all Haitians should know how to read and write free of charge,
That they have to help one another,
That they have to learn how to invest,
That they must learn how to create,
That they must learn how to plant,
That they must learn how to produce not just consume,
That they must learn how to work to develop their communities,
That they must learn how to reforest their country,
That sitting down doing nothing is the trade of lazy people,
That each of them must do something positive to help Haiti moving forward,
When Haitians will realize how others are mocking them because they can't do nothing,
That coup d'états back and forth never help Haiti with anything,
That chopping one another's head and throw it in the ravines is barbaric,
That begging foreign countries all the time for money won't develop Haiti,
When they'll realize what the word democracy means,
what the word leadership is,
When they'll realize that we need hospitals clinics and health care programs everywhere in the country,
That we need a real agricultural programs to help develop Haiti,
That we need real roads to connect all points of the country,
That we need free schools everywhere we go in the country,
That we need technical schools for young Haitians to learn different trades,
That we need practical schools that won't under develop our people's brain,
That Haiti is over flooded with crimes making God mad,
That social prejudices make Haiti goes backward instead of going forward,
That becoming conscious is a drug all Haitians should take,
That it's not capitalist communist marxist nationalist socialist theorist who will save Haiti,
That it's not any political party that's going to liberate Haiti,
That the secret of Haiti's development lies in working together and in hard working,
That Haiti's solution is not in fighting one another to ascend to power,
That working together in peace respect for one another is the key to success,
That living in bluff fooling one another won't lead Haiti to anywhere,
That a bunch of pèpè political parties are NGO's lighting bugs shining for themselves,
When they will stop abusing exploiting crushing scorning stepping on sucking those who are under,
When leaders who are in power will start respecting laws and make people abide by them,
When all those who say they are leaders will have programs to enlighten the Haitian people who are in darkness,
When all leaders will teach the Haitian people how to conserve instead of how to destroy things they need,
When respect for human right will be valorized,
When all Haitians will stop rejecting their culture and everything that's home made so that they'll be proud of themselves,
When all of them will be conscious of the Haitian Reality,
they will become conscious that the country's solution lies only in their hands and they will decide in what direction they want to go
if they would like to see Haiti develop for sure.

E. W. VEDRINE
collection: Cry for liberation

 

Lidè Ayiti bezwen an

Youn ki ka kreye yon atmosfè pou sekirite blayi tribòbabò
nan peyi a,
Youn ki ka gen dyalòg ak pèp la tanzantan,
Youn ki ka fè pèp Ayisyen fyè de tèt yo,
Youn ki ka antann li ak plizyè pati,
Youn ki sousye de kreyasyon wout, lopital, klinik, lekòl atravè peyi a,
Youn ki sousye de edikasyon, pwogram alfabetizasyon pou tout moun tribòbabò nan peyi a,
Youn ki sousye de peyizan e ki eseye rezoud pwoblèm yo,
Youn ki sousye de lajenès e ki vle kreye pwogram pou yo,
Youn ki sousye de destriksyon anviwonnman an,
Youn ki pa abize dwazimen nan avantaj li pou kontwole pouvwa,
Youn ki pa kwè nan sakrifis imen pou kenbe pouvwa,
Youn ki p ap pèsekite moun pou kritik yo ak kwayans yo,
Youn ki pa wè pouvwa kòm fason pou anrichi rapidman,
Youn ki pa wè pouvwa kòm opòtinite pou bay zanmi djòb,
Youn ki pa itilize konstitisyon an kòm papye ijyenik,
Youn ki gen yon bèl plan pou devlopman Ayiti,
Youn ki gen nan tèt li pwojè enfrastrikti de baz pou peyi a,
Youn ki gen valè moral,
Youn ki pa yon diktatè men yon bon lidè,
Youn ki pa yon popetwèl ki la pou sèvi enterè kèk peyi etranje men ki se yon bon diplomat ki ka pale e tande pou wè sa k bon pou
Ayiti,
Youn ki ouvè a vrè dyalòg,
Youn ki fyè de fanm nou yo e ki eseye fè yon bagay pou chanje sitiyasyon yo,
Youn ki konn kijan pou jere pouvwa olye li abize l,
Youn ki konn istwa ak kilti peyi a epi itilize konesans sa a nan
benefis pèp la,
Youn ki respekte lalwa e ki fè moun obeyi lalwa,
Youn ki respekte dwa chak sitwayen,
Youn ki wè enpòtans yon vrè pwogram agrikilti pou ka dekouraje migrasyon ilegal peyizan nou yo,
Youn ki wè enpòtans dyaspora a epi ki kreye chanèl pou Ayiti benefisye toutbon de sous sa a ki pa esplwate,
Youn ki panse rete nan peyi a apre manda l bout dekwa pou l sèvi lidè annapre yo konseye,
Youn ki konprann bezwen peyi a nan tout sans e k ap fè maksimòm
travay pou fè fas a yo,
Youn ki valorize edikasyon nan tout sans kòm kle devlopman pou Ayiti,
Youn ki valorize resous imèn e ki kòmanse pran avantaj de sa pou
benefisye peyi a,
Youn ki montre yon lidèchip ki ka sèvi kòm modèl pou lidè demen yo,
Youn ki gen yon vizyon alontèm pou devlopman peyi a e ki ka sèvi kòm yon eritaj,
Epi youn ki ka ede nou jwenn pèl nou ki pèdi nan listwa dekwa pou n rebatize Ayiti “La perle des Antilles”.

E.W.VEDRINE
Koleksyon: “Kri pou liberasyon”

Li deja Prezidan

Bon se li menm pèp la vle,
Se sa nou obsève tout kote.
Se li yo vle kòm dirijan
Pou dirije yo pandan senkan.
Pèp la pa egare,
N ap respekte sa yo deside.
Se pa moun ki fòse yo chwazi,
Se sa yo tout di.
Pèp ayisyen wè lwen
Paske yo panse pou demen.
Men poko kouri danse,
Ret tann fèt la kòmanse.
Annatandan gwo jou delivrans,
N ap swete kandida yo bòn chans.
Nou konnen fado a lou
Ak men anpil, chay pa lou.
Pitit peyi a pa ka ret tann ankò,
Yo fin mouri ak maladi katyòkò.
Ann tann kandida ki eli a monte,
Pou l rele nou tout vin kontribye.
Epi lòt kandida a, san plenyen,
Va di "Se ou ki pral gouvènen:
M felisite w, e m prè pou ba w lamen!
Nou tout se pitit Ayiti Cheri,
Nou pral travay ansanm pou chanje figi li"

(Emmanuel W. Vedrine,
Koleksyon: "Kri pou liberasyon")
 

The leader that Haiti needs
One who can create an atmosphere for security to reign throughout the country,
One who can have dialogue with the people from time to time,
One who can make the Haitian people proud of themselves,
One who can reach across party line,
One who cares about building roads, hospitals, clinics, schools across the country,
One who cares about education, literacy programs for everyone across the country,
One who cares about our peasants and who tries to solve their problems,
One who cares about our youth and who wants to create programs for them,
One who cares about the destruction of our environment,
One who does not abuse human rights in his advantage to control power,
One who does not believe in human sacrifice to keep power,
One who does not persecute people for their critics and beliefs,
One who does not see power as a way to get rich quickly,
One who does not see power as an opportunity to give jobs to friends,
One who does not use the Constitution as toilet tissue,
One who has a nice plan for Haiti’s development,
One who has in mind the basic projects of infrastructure for the country,
One who has moral values,
One who is not a dictator but a good leader,
One who is not a puppet who is there to serve the interest of some foreign powers but a good diplomat who can talk and listen to see what’s good for Haiti,
One who is open for real dialogue,
One who is proud of our women and who tries to do something to change their status,
One who knows how to manage power instead of abusing it,
One who knows the country’s history and culture and use that knowledge to benefit the people,
One who respects the law and makes people abide by it,
One who respects the right of every citizen,
One who sees the importance of real agricultural program in order to discourage illegal migrations of our peasants,
One who sees the importance of the Diaspora and who creates channels for Haiti to benefit greatly from that unexploited source,
One who thinks of staying in the country after his term is over to be there as a good advisor for future leaders,
One who understands the country’s needs in all sense and who is working to the maximum to meet them,
One who values education in all sense as a key element for Haiti’s
development,
One who values human resources and who starts taking advantage of that to benefit the country,
One whose leadership can be a role model for future leaders,
One with a long term vision for the country’s development that can be a
legacy,
And one who can help us finds our lost pearl in history in order to rename Haiti “Pearl of the Antilles”.

E. W. VEDRINE
Collection: “Cry for liberation”

 

Litani yon machann
Adye Sòna!
Bon vye malerèz!
Li toujou pase nan zòn lan menm lè a
Epi malerèz la pa konn l è non.
Chak jou, depi dizè fè beng,
Ou tande chante a kòmanse:

Men bèl
Pwa bè
Pwa blan
Pwa frans
Pwa jòn
Pwa nwa
Pwa vèt
Diri blan
Diri jòn
Diri odeveya
Mayi Semak
Soupoudre

Tout timoun nan katye a vin abitye ak mizik sa a
Se tankou yon do, re, mi, fa, sòl, la, si, do.
Li toujou repete yo annòd:
Lendèyèlòt.
Pye malerèz la gen yon koulè inesplikab
Tèlman l pran pousyè nan lari Bapedchoz, Kafoufèy ak Soudal.
Venn kou l rèd tankou yon bal
Tèlman chay la lou sou tèt li.
Kè w fè w mal lè w gade malerèz la k ap monte
Mòn Nelyo byen rapid
Tankou yon machin k ap pran l an dezyèm.
Pòv malerèz!
Podyab!
Poudi l la toujou?
Ou kwè Sòna pa do mouri?

Si w ta mande l si chay la lou
Li ta ka fache.
Anpil machann pa vle tande moun di sa,
Yo pa vle moun di chay lou.
Yo di: «Pa di sa,
Si gen w zonbi,
W a fè l pati!»

(Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: «Kri pou liberasyon»
In Anthology of Haitian Poets of Massachusetts

 

Litany of a market vendor
Oh my God, Sòna!
Such a good woman!
She always passes by the neighborhood at the same time
She doesn’t even know the hour.
Every day, as soon as the ten o’clock bell sounds bong bong,
You hear her song starts:

I have good
butter bean
navy bean
green bean
yellow bean
black bean
green peas
white rice
wild rice
ODVA rice
Saint-Marc corn
millet
salt poooork

Every kid in the block gets used to this music
It’s like a do, re, mi, fa, sol, la, ti, do.
She always repeats them in order:
One after another
Her feet pick up so much dust in the streets
Of Bapedchoz, Kafoufèy, and Soudal
They have a color you can’t explain
Her neck veins are as hard as a bullet
Since the load on her head is so heavy
It hurts looking at this poor woman
Walking up Nelyo’s hill rapidly
Like a car climbing in second gear.
Oh my God!
Is she still alive?
I wonder if she’s dead.

If you were to ask her if the load is heavy
She might get mad
Many vendors don’t want to hear people say that,
They don’t want to hear people say their load is heavy.
They say: “Don’t say that?
If there’s a zombie
Helping me,
You’d make it run away”

(Emmanuel W. Védrine)
Anthology of Haitian Poets of Massachusetts

 

L'oiseau et le printemps
Mon bon oiseau, je sens
Que tu commences a respirer l'air
d'un printemps.
Oh! Toi qui a expérimenté des moments
lugubres;
Tu n'est pas loin de cette saison
Dont tu rêves constamment.
Oh! Mon oiseau préféré,
Bientôt tu vas être libéré
Toi qui voles sur cette terre
Pour apporter un morceau de rameau
A tes frères,
Ne t'en fais pas des bombes
Qui tombent
Ni de l'orage qui gronde
Enfermé dans cette cage par les chasseurs,
Je comprends bien tes douleurs
Bientôt, tu vas être libéré
Pour voler
Où tu veux.

(Emmanuel W. Védrine)
Collection: Un stylo international

 

The bird and Spring
My good bird, I feel
That you have started breathing
a Spring air.
Oh! You who experienced dark moments
You're not far from this season
That you dream of constantly.
Oh! My favorite bird,
Soon you'll be free
You who flies on this land
To bring a piece of a branch
To your brother
Don't worry about bombs
Being dropped
Nor thunder roaming
Locked in this cage by hunters,
I really understand your pains
Soon you'll be free
To fly
Where you want to.

(Emmanuel W. Védrine)
Collection: Un stylo international
 

Lomeyans pou Mapou
Jan Mapou pote lamayòl
Yon bèl nouvèl pou lang kreyòl
Yon pri pou D.P.M –Kanntè
Yon zèv ki deja gen siksè

Koukouy tout kote ap vole
Tout ekriven ap lomeye
Telefòn li bouke sonnen
Ponyèt li anfle ak lanmen.

(Emmanuel W. Védrine)
Collection: Ti powèm ayisyen oktosilab
 

 

Viré monté