Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Poèmes

Emmanuel W. VEDRINE

Poèmes A-F | Poèmes G-L | Poèmes M-R | Poèmes S-Z | Indice

Passiflora edulis
Grenadya, Passiflora edulis. Photo F.P.

Ala traka pou demokrasi
Kijan ou defini demokrasi?
Kisa demokrasi vle di?
Èske gen demokrasi Ayiti?
Kijan ou wè demokrasi?
Ki demokrasi
W ap defini?
P ap vin pale m de bisuit rasi
Pou di m se demokrasi
W ap defini!
Tout moun pale de demokrasi
Sèjousi:
Magouyè pale de demokrasi
Avadra Ayiti
Pale anpil de demokrasi
De ki demokrasi?
Ou konn sa demokrasi
Vle di?
Bon ki demokrasi
W ap defini:
Diktatè
Enpav
Malveyan
Opresè
K ap
Ravaje
Ayisyen
Sèlman
Iwonikman?

(Emmanuel W. VEDRINE)
Koleksyon: «Kri pou liberasyon»
 

Anpàn mo
Bonbon siwo
Dlo sikre
Godrin
Krèm pipòp
Ladouskivyen
Lèt kondanse
Mant alta
Mant toli
Nannan kokoye
Piwili
Rapadou
Sik bètrav
Sik blan
Siwo kann
Siwo myèl…
Tonèr!
M pa fouti jwenn mo
Pou dekri dousè lanmou w.

(Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: Koze lanmou II
 

Ayisyen ak Chinwa

Ki diferans ki genyen ant
Yon Ayisyen ak yon Chinwa ?
Repons lan byen fasil:
Toulede se vwayajè.

Chinwa a te kòmanse vwayaje depi lontan.
Jodiya Ayisyen an gaye pa nenpòt ti van
L ap chèche yon refij
Men l pa janm gen rezon devan oken jij

Chinwa a chanpyon nan vwayaje
Yo respekte l kote l pase
Li fyè de kilti li
Epi l viv tankou zwazo nan lanati.

Ayisyen an kite peyi li
E li panse retounen lakay li.
Li gen gwo lide
Poutèt sa l pa fache

(Emmanuel W. Vedrine)
Koleksyon: “Kri pou liberasyon"
 

Ayisyen, sispann pran lòd nan men zòt !
Lè kolon sa yo mande ou fè koudeta,
Pouki w pa di yo lavoum, wete kò yo la ?
Lè kolon sa yo mande w touye frè ou yo,
Pouki w pa di demake, al touye pa yo ?
Lè mons sa yo di w ka Ayiti se fatra,
Pouki w pa jis di yo non, pa ba w kenbe sa ?
Lè bandi kolon sa yo vle pase ou lòd,
Pouki w pa di ou pa sòlda k ap tann modòd ?
Se sanzave k ap chèche mwayen esplwate w,
Ou konn sa k nan tèt yo, pa kite yo blofe w.

(E. W. VEDRINE)
Koleksyon: “Kri pou liberasyon"
 

Haitians, stop follow their orders !
When these settlers ask you to do a coup,
Why don't you just tell all of them fuck you ?

When these settlers want you to kill your own brothers,
Why don't you tell them go away, go and kill theirs ?

When these monsters tell you Haiti is a basket case,
Why don't you just tell all of them hey no, that is quite fake ?

When these bastards want to give you orders,
Why don't you just tell them you're not soldiers ?

These suckers are just finding new ways to exploit you,
You know what they are up to, so don't let them fool you.

(E. W. VEDRINE)
Cry for liberation
 

Ayisyen, yon metis
Ayisyen, kisa sa vle di?
Ayisyen se yon metis,
Ayisyen reyalize sa:

Konpòtman l ak fason
Li panse, diferan
Eritaj lòt kontinan
Se yon kilti rich de tout fason

Ayisyen, pitit Ewòp ak Afrik
Gade ou kounyeya !
Yon timoun ki fèt an Amerik
O! Premye pitit Afrik!

(Emmanuel W. Vedrine)
Koleksyon: “Kri pou liberasyon"

Ayiti bezwen dyaspora

Peyi d Ayiti gen bezwen nou tout se vre
Men li pa prepare pou li ban nou manje
Se nou Dyaspora k ap eseye sipòte l
Dekwa pou gwo van ekonomik pa bwote l

Si n deside retounen al viv Ayiti
Fò nou chita panse, fò n prepare pou sa
Peyi n pa pare pou resevwa Dyaspora
Serye k ap panse pou demen, pou tout tchovi

Menm kan nou santi n prepare pou al ede
Pa panse y ap apresye ide n pral pote
Pase gen yon dal raketè ki deja la
Y ap fè tout fason posib pou kanpe an kwa

Anpil Dyaspora prepare pou t al ede
Men nan ki chemen tchovi sa yo pral pase?
Ki estrikti n konnen ki la deja sou pye?
Donk fò nou vin reyalis si je nou klere

Men nou pa dwe janm panse lage Ayiti
Okontrè fò n travay di, panse, reflechi
A pi bon mwayen nou kapab pote kole
Nan kèlkeswa nivo, domèn n ap fonksyone

Emmanuel W. VEDRINE
Koleksyon: “Kri pou liberasyon”
 

Ayiti nan fen ventyèm syèk
Ki kote nou rive nan fen ventyèm syèk?
Kisa nou akonpli apre 189 ane endepandans?
Èske n prepare
Pou n selebre
Premye Janvye 2004?
Yon dat k ap fè desanzan
Desanzan kisa?
Eske n ka di desanzan endepandans?
Apre 189 ane,
Nou kontinye ap rale
Men kilè n ap leve kanpe
Pou n mache?
Ann gade dèyè
Pou wè sa n fè!
Ann chita pou n pale!
Ann reflechi
Pou wè sa n akonpli!
Ann gade
Pou wè kote n rive!
Ki kote Ayiti ye
Apre 189 ane?
Nou kontinye ap rale
Men kilè n ap leve kanpe?

 
(Emmanuel W. VEDRINE)
Koleksyon: «Kri pou liberasyon»
 
Ayiti pèpèrize
Eleksyon pèpè
Enstitisyon pèpè
Espwa pèpè
Kandida pèpè
Kochon pèpè
Konsyans pèpè
Lajan pèpè
Jandam pèpè
Lapolis pèpè
Legliz pèpè
Lekòl pèpè
Leta pèpè

Desizyon pèpè
Lide timoun pèpè
Manje pèpè
Misyonè pèpè
ONG pèpè
Pati politik pèpè
Plan devlopman pèpè
Premye minis pèpè
Prezidan pèpè
Pwodui pèpè
Pwojè devlopman pèpè
Rad pèpè
Rèv moun pèpè
Soulye pèpè
Tout bagay pèpè…
Elas!
Ayiti ap viv nan pèpèrizasyon!
Kilè l va depèpèrize?

(E. W. VEDRINE)
«Kri pou liberasyon»
25-7-2005

Ayiti pou Ayisyen
Chak fwa m ap panse a peyi m,
2 rigòl dlo sot nan je m.
Se yon kote m pa ka bliye
Paske se la lonbrik mwen plante.

Ayiti, Ayiti kilè w ap lib tout bon?
Ayisyen, Ayisyen, kilè n ap met tèt ansanm?
Ann sispann di chak koukou klere pou je w!

Si granpapa nou yo pa t met tèt ansanm,
Nou pa ta gen patri sa a.
Ayisyen, Ayisyen, yon sèl dwèt pa manje kalalou
Ayisyen, Ayisyen, ann travay pou peyi nou!

(E. W. VEDRINE)
Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

Babay lekòl mwen an
Mwen tris pou m kite lekòl mwen an
Mwen kontan paske m an vakans
Ri yo vid
Yo sèk
M ka wè dlo
Nan je ti medam yo
Men m pa ka wè tristès nan kè yo
Nou p ap janm menm kote a ankò
Jodiya se dènye fwa
Mwen tris pou di babay
E kilè n ap wè
Men nou sonje
Bon moman ke n te pase
Ak lanmou ki te simante nou

 
E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)

Bavardage des candidats Patrie-Poches
Ah, oui! Ils bavardent,
Ils savent bavarder
Et savent quand bavarder
Pour nous tromper
Jamais, au grand jamais,
Ils ne mentionnent dans leur
Plan de Gouvernement
La destruction des latrines
Au moins dans la capitale,
Ce lieu qui porte le nom
De «Port-au-Prince»
En aucun temps,
La destruction des bidonvilles -
Habitat urbain de la population
La plus misérable,
A aucun moment,
La création des écoles gratuites
A travers le pays pour mettre fin
A l’épidémie «l'analphabétisme» qui sévit
Et contribue au sous-développement
De la Première République Noire
Voila! Des chenapans
Qui ont le cerveau dérangé,
Ils sont le cerveau de bande de mardi gras,
Des candidats qui, une fois briguant le
Poste du fauteuil bourré,
Ne peuvent pas solutionner
même un simple problème d’électricité
Datant depuis Cumberland
Ah, oui! Des candidats «konbèlann»
Qui vont continuer à tendre leurs «couis»,
Devant Saint Washington
Demandant de l'aumône et faveur accordée
Par ce Saint en langue shakespearienne
Enfin, des Candidats Mendiants
en majuscule qui rêvent d’encaisser
Assez de «grinbak» dans les banques étrangères
Dans un peu de temps,
Bâtir des châteaux un peu partout
Pour leurs concubines,
Puis voler assez d’argent
Pour la suite des générations 
(Emmanuel W. VEDRINE)

Bòn anivèsè
 
Bon, se yon lòt rekòt kafe. Bòn fèt!
Ònètman, nou swete ou bòn sante!
N ap mande Bondye pou li gide ou.

Annou mande Granmèt la sa chak jou
Nan tout bagay ou konte antreprann
Isiba, nan tout rakwen ou ka ye.
Veye priye! Yon lòt swè nou swete.
Èd ou bezwen yo, Bondye konnen yo.
Sèl li menm kapab ba ou yo chak jou.
Èd pou kapab al ede lòt moun tou.

(Emmanuel W. VEDRINE)
Haiti en Marche, Vol. XXII, #10 Avril 2008.
 
 
Bò Oseyan an
Nou ale la
Pou respire bon lè
Pou gade moun k ap pase
Moun k ap kouri

Se dezyèm monn
Ke nou kreye
Mwen renmen lanati
Mwen renmen wè dlo

Apre kèk minit
Nou kite andwa sa a
Men souvni an rete nan memwa n
Mwen madichonnen otobis rapid la!

E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)
 

Chalbari dèyè save raketè!
Moun sa yo toujou pre pou kritike
Men yo pa janmen kreye pou ede
Ayisyen pote premye pri nan sa
E se youn nan rezon peyi n konsa

Si w bezwen yon lis revolisyonè,
Frè ayisyen ta pote labanyè
Men, revolisyonè ak plim nan men
Moun k ap grate santi, san fè anyen

Konbyen revolisyonè Ayiti
Ki konn sekle, plante, apre ekri?
Men yo ka kritike, janmen kreye
Yo konn pale franse se yon metye

Peyizan nou yo pa moun egare
Yo konn pale franse pa bay manje
Donk anpil save tounen raketè
Filozòf blofè k ap tann blan vin fè

(E. W. VEDRINE)
Koleksyon «Kri pou liberasyon»
Mas 2006
 

De flè nan jaden lavi
Mwen sonje lè reyon solèy la
Te frape sou flè solèy ou
Kouman l te blayi toutouni
Pou fè myèl mwen jedou
Pandan l t ap vonvonnen nan w van lespwa
Epi l vin poze sou li
Yon gwo apremidi
Kote l t ap dodomeya
Men yon nyaj pase li bare je solèy la
Epi flè sa a fèmen bèldriv
Lavi a ban m payèt
Prentan m fleri flè kenèp mal
Lespwa m tenyen
Tankou yon flè dizè

(Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: Koze lanmou I
 

Dènye Lendi
Se dènye lendi mwa Jiyè.
A nevè dimaten,
Plaza de Anaya byen kalm nan Salamanca*
Ou ka tande sèlman son klòch
Ansyen Katedral la k ap sonnen nèf fwa,
Ki fè m sonje klas ou genyen an
Ki kòmanse a nevè

Gen yon moun ki manke
Yon moun pa t grenpe ti mòn Calle Tostado jodiya
Oubyen ti mòn Cueva De Salamanca
Pou chankre sou Calle San Vicente Ferrer
Pyebwa Cueva De Salamanca yo tris
Akoz absans
Lonbray remakab ou ki ta
Mouvmante nan pa yo ki ret an plas
Pou kreye amoni.
Li kalm anpil akoz absans ou
Pa tèlman gen anpil machin
K ap desann Calle San Pablo
Bò San Polo,
Otèl kote ou kite mak pye ou
Sa gen de jou
Li kalm anpil nan ri Calle San Buenaventura,
Kote ki fè m sonje dènye avanti nou
Samdi maten a 8:50.
Tout sa pase konsa akoz absans
Lonbray ou bò andwa sa yo
Pou kreye lanmou ak amoni.

*Salamanca: vil espayòl sitiye nan nòdwès Espay. (Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: Koze lanmou II
 

Deskripsyon
Ou kouche toulong
de zye fèmen
kòmkidire w ap di:
«Men kwa manman w, men kwa papa w
vin pile l si w kapab,
Men mwen, pran m si w kapab!»
Men, yon lago k ap dodo:
san kouri san kache byen repoze,
yon bwalong ou bay kenbe
Ou layite w byen santi bon ouvètman
kòmkidire w ap jwi yon bon jan van
Lonbray ou sanble silouwèt Mona Lisa
mwens pati sekrè Davinci pa t pwentire a
Ou sanble tèt koupe ak Èv lè l te inosan,
l ap repoze l jan lanati te kreye l, san pantan
Ou sanble tèt koupe ak rèn Anakawona,
pi bèl fanm yo dekri nan Istwa Ayiti Toma
Dan w yo, kouwè pa Choukoun
men pi bèl pase ivwa, koze presye ki atire tout moun
2 Piramid ou yo, ki pa tèlman kout,
sanble kou de gout dlo ak pa Choukoun tou: byen doubout
Ou se vrè richès lanati te kreye,
tout yon min ki p ap janm fin epuize.

(E. W. VEDRINE)
Koleksyon: «Koze lanmou II»
 

Dezyèm endepandans
Mwen tande Ayiti libere 7 Fevriye 86
Mwen bay 2 kout ri, kwe kwe
Ann sispann kwè nan Tonton Nwèl!
Ann sispann bwè nan bibon!
Ann kòmanse bwè nan boutèy!
De ki endepandans w ap pale?
Mwen bay 2 kout ri, kwe kwe.
Ou ka pran sant yon dezyèm endepandans
Se yon bèl rèv men li poko fèt.
Se yon ti bebe ki nan vant toujou
Men li poko akouche.
Ayiti ap endepandan, se lè tout chen va souse yon zo
Ayiti ap endepandan, se lèt tout fatra va disparèt
Se lè tout chen va manje ak chat
Se lè tout lou va manje ak ti mouton
Se lè tout moun bwete va mache dwat
Se lè tout avèg va wè
Se lè dwadelòm p ap vle di dwèt moun
Se lè Ti Pouchon va di Sentaniz: «Ann fè yon sèl
Nou tout se Ayisyen; ann pouse pou pi dvan!».
Se lè sa a n a di: Dezyèm Endepandans!

 
(E. W. VEDRINE)
Koleksyon: «Kri pou liberasyon»
 

Diskou yon kandida tafyatè
Dlo klè pike pike sa a ki rele kleren an,
enben se dlo benit ki pral devlope Ayiti.
Lè m pran pouvwa sa a, ay !
Gade, m ap mete plantasyon kann tribòbabò nan peyi a
pou peyizan jwenn travay agogo.
M ap fè pase yon lwa lachanm pou tout moun,
san distenksyon, plante kann tout kote.
Bon, gade, m sèmante ! Zafè peyizan ayisyen k pral koupe kann Sendomeng
bon tèlman pral gen kann Ayiti, se braseros dominiken n pral anboche.
Pri sik ak tafya gen pou desann ba ba.
Tout bagay Ayiti gen pou vin dous kou siwo.
Se lè sa a Ayisyen pral konn dousè peyi a.
Afè sekirite a, sa pral dous dous dous !
Afè gang k ap bay problèm, sa pral dous dous dous !
Afè diplomat beton k te konn pran lari sou lòt gouvènman pou ti krik ti krak,
gouvèlman nou an ap ba yo kleren gratis pou fè yo dòmi tout lajounen.
Mesye lachanm ki te konn fè dilatwa pou vote kèk pwojè lwa,
gouvènman nou an pa pral ba yo tèt bèf pou fè sa,
N ap vide danmjann kleren sou tèt yo pou yo vin dou dou dou
Zafè reyinyon k te konn fèt lachanm gran jounen ak depitèz, senatèz sou dwa lafam,
enben tout pral fèt sole kouche pou medam yo vin dous dous dous
Zafè jounalis pou ti krik ti krak ap vin fè tripotay pou al bay,
N ap achte yo ak lajan kleren peyi a pou yo vin dou dou dou
Nou tande tout moun ap kriye: o pri manje monte bwa, lavichè
enben akoz pri tafya a ki pral desann, sa pral kaba tousuit !
N ap kreye pwogram pou Lajenès tout kote
pou yo ka sispann kanpe nan tout kwen lari ap tyeke
Pral gen makrèl nan tout rakwen peyi a pou kreye anplwa pou yo.
Bon, nou wè sa inondasyon sot fè peyi nou an akoz pyebwa ki pa genyen,
Enben gouvènman nou an pral plante kann tout kote ki dan griyen Ayiti:
kann nan ravin, kann nan tèt mòn, kann nan tè plenn, kann nan falèz, kann kote k arid.
N ap retounen ak yon nouvèl pwojè ASKO men fwa sa a,
n ap met youn nan chak depatman pou kreye travay.
Donk ak pwojè pati politik nou an, youn ki dous dous dous,
Nou sèmante swasanndisèt fwa sèt pou n mete peyi a sou ray devlopman.

Emmanuel W.VEDRINE
Koleksyon: Koleksyon: «Kri pou liberasyon»
Bon Nouvèl, novanm 2005 #423
 

Divòs
Si w ap divòse
Sèke w pa t byen marye
Ou te kwè nan vrè amou
Se poutèt sa w te damou

Si w ap divòse
Se paske w jwenn twòp tèt chaje
Ou t ap viv nan lonbray inosans
Paske w te panse lavi te gen sans

Si w ap divòse
Se paske w te mal kalkile
Ou pa t byen reflechi
Sou tout traka ki gen nan lavi

Si w ap divòse
Ou ka gen yon rezon patikilye
Mwen pa konn poukisa
M pa ka di anyen nan sa

E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)
 

Douz liy pou li
Si w santi w fatige
Vin repoze nan bra m
Si w vle kabicha
Vin apiye sou zepòl mwen
Si w fatige ak lavi
M ap ba w yon plas nan kè m pou repoze
Si w santi w swaf nan lavi a
Mwen se fontèn kote w ka bwè
Vin bwè dlo m pou koupe swaf ou
Si pesonn pa vle tande kri kè w
Zòrèy mwen tande soufrans ou
Mwen pre pou reponn priyè ou.

(Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: Koze lanmou II
 

Egzamen pou kandida alaprezidans
Apre y a fin ranpli tout dosye nesesè
Jan ke lakonstitisyon mande pou fè,
Y a va parèt nan medya a
Pou kesyon sou egzamen bakaloreya a
Y a di pèp la sa yo regle deja pou Ayiti Tonma
Politisyen rat do kale, opòtinis, blofè, magouyè devan Bondye
Posib pou al konpoze ak disètasyon ke yo pral fè peyi chanje
Men anpil bagay pral devwale lè klou laverite koumanse pete
Laverite se lwil, fòk kanmenm li flote pase l pa ka koule.
Pèp la ap suiv tout blofè magouyè raketè vòlè ki pral konpoze
Men fout! Anpil deja gen mwayèn zewo bare.
Donk kè tout kandida sou biskèt pase yo poko konnen
Kilès Tonsam vle chwazi kòm loreya
Pou 7 Fevriye 2006 e l bonè toujou, li poko twò ta.
Men Ayiti Cheri se tè glise,
Se tè k ka jete nèg menm kan li pa mouye
Tonton an ka chanje mwayèn elèv k al konpoze
Anpil elèv poko konnen kouman egzamen pral ye,
E sou ki bit yo kanpe.
Anfen! Yon elèv oblije prepare l epi pran l jan l ye:
Bat pakè, konnen istwa jeneral, istwa rejyon an
Men l posib tou pou loreya a se elèv ki pi konn kilti Tonton an.
Gade pa bouke je, li bonè toujou e sa depan kijan egzamen pral fèt,
Pase nan venteyinyèm syèk pèp ayisyen pa bèt byenke yo di l analfabèt.
Annatandan, men yon dal kesyon moun ka poze:
Poudi egzamen an p ap tou prepare aletranje
Pou konpitè magouy al korije kòm kado teknoloji avanse?
Poudi Tonsam pa konn kilès k ap loreya deja?
Poudi p ap gen magouy nan yon tèl bakaloreya?
Poudi pèp p ap pè pase Riyèl Vayan ak Riyèl Touman?
Poudi egzamen sa a pa pral tounen yon move tan?
Poudi egzamen sa a pa pral yon lòt inondasyon
Pou fin peri yon nasyon k gen yon dal pwoblèm san solisyon?
Poudi y ap kite kèk elèv ki ta parèt serye pase tout bon vre?
Se yon dal kesyon nou ka kòmanse poze
Anvan kandida yo al konpoze.

E. W. VEDRINE
Koleksyon: “Kri pou liberasyon”
Mas 2005
 

Eleksyon konfizyon
Timoun mande gonmbo cho, ba li l nan plan men
Si l boule, di l se pou sere dan mare ren
Pouki l bezwen plenyen lè l wè konplo mare?
Se reziyen l, sere dan l epi pran l jan l ye

Tonnè krizòl! Ti konmèdè fè bon boule
Se rezilta enpètinans timoun fwonte
Fwa sa a, wè pa wè antèman pa pou katrè
Kadav fin gate, gwo reta pou fòseyè

Kandida dasomann deja elimine
Kandida potanta pa wè kote yo ye
Pèp la konn sou men l pa konn fou lè l bwè tafya
Li swaf, li bwè men l pa pèdi tèt li pou sa

Yon dal magouy pou Ayiti ret nan koma
Enpas kot anpil kandida pran nan twa wa
Yon fanm ki gen tranche ki pa ka delivre
L ap rele: «penn pou youn, alsiyis te pou de!»

(E. W. VEDRINE)
Koleksyon: «Kri pou liberasyon»
nov. 2005

Epi solèy la leve Ayiti
Se nan w rèv mwen te ye
Epi m espante.
Se Kafoufèy mwen ta prale
Epi lè m rive bò Simityè
Mwen pa wè okenn pòv k ap mande.
O o,, m di: sa k pase?
M di nan kè m, pinga jeneral la do
Voye yo an vakans nan peyi Titanyen
Paske l voye deja anpil pòv an vakans
Nan peyi sa a depi nan kòmansman 30 Septanm 91.
Anpil moun pa t ka di yon mo
Jeneral ta te tou deja anyable,
Donk, fòk ou ta riske vi w pou ta pwoteste.
Te gen yon ti nèg ki vin pase kote m
Mwen mande l poukisa tout bayè Simityè fèmen
Li di: «Mò yo te fè yon leve kanpe pou pwoteste»
Pa gen plas ankò anndan an
Bawon Sanmdi move kou kong
Li rele anmwe, anmwe
Simityè pa ka fout pran mò ankò!
Li tèlman rele fò,
Lameri tande
Lè majistra a mande sa k pase,
Yo di l se mò nan Simityè Pòtoprens lan ki an grèv.
Mwen pete yon ekla ri
Epi m di: mò yo te nan dòmi,
Poukisa yo pa t leve kanpe lè Janklod te la?
Ti nèg la di m yo pa t kapab,
Te chaje leyopa ak lòt bèt sovay
Ki t ap make pa vennkat sou vennkat
Bò Kav Tonton an.
M mande l poukisa yon tèl simagri,
Li di gen yon seri mò Tonton an
Te voye nan peyi Sanchapo san rezon
Pou evite eskonbrit pete,
Yo te oblije bay Tonton an sekirite
Lè l t al na peyi sa a tou.
Mwen mande l si bèt yo toujou la ap fè pòs
Li di depi Sèt Fevriye
Pèp la te fè yo ale.
M kontinye wout mwen
Lè m rive Soudal, mwen pa t menm ka
Rekonèt kote m te ye.
M wè se nan yon bèl site m ye
M pa wè okenn ti kay kraze
Okenn pòv k ap mande charite
Okenn timoun pye atè ak bokit dlo
Sou tèt yo
Okenn chen mouri bò lari
Okenn rigòl santi
M met de men nan machwè tèlman m sezi.
Delaetan, mwen desann Premyè Avni
M franchi nan Palmis
M pa wè okenn kochon k ap kouri
M pa wè okenn pil fatra
M pa pran sant okenn santò
M pa pran sant okenn chen mouri
Okenn bagay santi.
M make twa pa
Epi m wè m ateri bò lekòl Jan Venntwa
M kontinye desann toudwa
M pa wè okenn tyoul blan
Okenn mandyan k ap tann blan
Pou di: « I am hungry, give me five cents please »
M franchi nan ri Magazendleta
M pa wè okenn ray tren
Mwen wè yon mesye ki t ap pase
Mwen di l: eskize m mesye, kote ray tren yo,
Kisa Asko fè ak yo?
Li di: «Tibonòm nan te vann yo anvan l pati»
M met de men nan machwè m tèlman m sezi.
Kòm mwen te cho, m pa t ka jwenn dlo
Donk m achte yon fresko
Epi m kontinye mache al Kwabosal
Lè m rive, mwen pa wè okenn labou,
Okenn salte Mache Anba.
M wè se yon gwo mache kouvri,
Bèl bagay modèn
Mwen pa wè okenn mouch k ap vole.
Mi di: si Piram te la, kisa l ta di?
Dat l ap viv nan fredi Nouyòksiti
Jan l ta anvi wè mouch.
M pa wè okenn bouretye,
Okenn pòtè k ap pote,
Okenn pòv anba galri k ap mande.
Mwen pa tande okenn moun k ap plenyen pou lavichè
Souri nan figi tout moun,
Yo fre kou boujon yanm
Ou pa tande pesonn ap pale de zenglendo
Se kòmsi tout t al nan peyi Sanchapo
Men tout kote m pase, wè brigad vijilans monte
Pou ranfòse sekirite.
Mwen di, Ayiti va chanje
Ayiti va libere tout bon vre,
Eskanp figi l va kanpe,
Zòt va respekte pitit Desalin,
Li p ap kontinye pase yo nan tenten.
Mwen di gen espwa, solèy la va leve Ayiti.
Mwen espante, m voup mwen reveye!
Epi m wè solèy la leve.
M di: apa se nan w rèv mwen te ye!

(Emmanuel W. Védrine,
Koleksyon: Kri pou liberasyon )
 

Èske nou gen desandan?
Anakawona te gen desandan
Kawonabo te gen desandan
Tousen te gen desandan
Desalin te gen desandan
Chalmay  Peral te gen desandan
Benwa Batravil te gen desandan.
Wi, nou ka pale de eritaj yo.
E lidè raketè Ayiti yo?
E nou menm Ayisyen ki temwen?
N ap mande ki pichon ki tonbe sou Ayiti
Kisa k lakoz anpil nan nou pa gen desandan?
Epi tout moun ap di:
Depi lontan, Ayiti te yon peyi dan griyen
Kòmkidire pwoblèm politik yo
Pa t janm rann li mazora.
Konpatriyòt, fè yon reflechi sou sa:
Konbyen dan ou genyen?
Èske nou gen 200 dan?

(E. W. VEDRINE)
Koleksyon: “Kri pou liberasyon”

Esprime w!
«Se nan biwo ou ye»
Kisa? Se nan peyi m mwen ye.
Kisa ou vle m pale?
Se lang zansèt mwen te kite.
O, o tande koze!
Se kreyòl m ap pale!

Mwen nan peyi m
Epi se lang kilti m.
Sa pou m fè pou enbesil
K ap ri m!

Prèske tout chan m yo an kreyòl.
Lè m ap chèche bèl pawòl
M toujou panse an kreyòl
Menm lè yo pa t vle m pale l lekòl.

(E. W. VEDRINE)
Koleksyon: «Kri pou liberasyon»
 

Fanm Ayiti
(akostich pou fanm lakay)

Fanm Ayiti ap fè dal mèvèy depi lè
Amerik panteko anba grif atoufè
Nou dwe bat anpil bravo pou Fanm brav sa yo,
Merit pou tout rezistans dyanm Fanm Kreyòl yo

Anakawona, ou menm Rèn brav Kiskeya,
Yanvalou pa ta sifi pou danse pou ou
Imaj pozitif bravou ou sèvi miwa
Tyovi Ayiti Cheri pou gade lespwa
Istwa d Ayiti ap toujou nonmen non ou

Emmanuel W. VEDRINE
Koleksyon: "Kri pou liberasyon"
Haiti en Marche, Vol.XXI, #29.  Aout. 2007

Fanm kreyòl
Fanm nou yo bèl tout bon !
Wifout ! Se Fanm orijinal !
Gade souri nan vizaj yo !
Gade taye banda yo !
Ann bat bravo pou Fanm sa yo :
Yon seri Fanm ki wè lwen,
Fanm ki gen rèv pou demen.
Chak kou nou wè y ap lite pou sa chanje,
Ann voye yo monte
Bat bravo pou yo
Epi sipòte yo.
Bat bravo pou tout Fanm Kreyòl k ap simen plan
Espwa pou boujonnen chanjman.

(E. W. VEDRINE)
Koleksyon: “Kri pou liberasyon”
 

Fanm lakay
Lakay gen bèl kreyòl
Lè m di kreyòl
Se yon fason de pale
San m pa egzajere

Gen bèl mango fransik
Ki gen bonjan sik
Yo fè w grate tèt
Ou santi w ta fè yon sousèt

Ay! Yo gen w chalè twopikal
Tankou yon bagay ki te fèmen nan bokal
Fanm lakay bwòdè
Yo mache tèt anlè

Pafwa yo fè w fè anpil literati
Avan yo resi di w wi
Yo konn fè w mache
Jouktan w vin yon pyepoudre

E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)
 

Fanm marabou
Fanm marabou jansiv vyèlèt,
cheve ou fè lonbray mwen
Bèl ranmye
koulè dore
je chandèl
vin poze sou bra w yo
pou chache lavi.
Bèl marabou,
se ou menm ki te prete
Wa Kristòf parasòl ou
pou l pare solèy,
pou l te chita pran repo
lè enkyetid te anvayi kè l.
Marabou bèl po
po vlou
po fen
ou pa tonbe pou okenn nèg
ki damou
tèlman ou konnen w bèl
tèlman ou gen ògèy
Men malgre tou,
ou fè bote lakou
kòm fanm marabou
Lè van ap vante,
kè ou pa sote
ou kanpe dyanm
paske ou konnen ou p ap tonbe.


E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)

Fènwa ak klete an 1991
Ane 1991 se yon lòt paj nan Istwa d Ayiti
Klèt te kòmanse ap blayi
Fènwa te kòmanse ap redui
Pèp la te kòmanse wè
Paske l te gen lontan ap mache nan fènwa
Magouyè te tankou
Chwal mawon
Yo kenbe nan chemen
Yo te kòm chat chen te fe malonnèt
Anba pye zaboka
Mèkredi granmmaten
An 1991 pentad vole
Kalòj tranbe
Kòk Kalite beke
Pèp kanpe
An 1991 gason ak fanm vanyan kanpe
Magouyè move
Istwa pa t rete kanpe
Li te kontinye ap mache
Zòt boude
Paske pèp t ap pale
Pèp t ap voye leson monte
Magouyè fè koutsan
man kè pa kontan
Pèp la gen espwa
Li te fatige pote yon kwa
Magouyè te kontinye
Ap eseye fè chemen koupe
Pou bloke wout demokrasi
Yo te pè klète ki te blayi
Nan peyi d'Ayiti
Magouyè sote
Malveyan gen kè kase
Jounen Sèt Fevriye
Pwòpte tout kote
Ou pase
Pèp la te byen respire
Li te kontan
Men magouyè fè kout san
Pi devan
Magouyè bay panzou pouvwa
Pou detwi lespwa
Men yo pran nan twa wa.

 
(E. W. VEDRINE)
Koleksyon: «Kri pou liberasyon»
 
 
Filalang lanmou
Yon tifi k te damou pou yon ti nèg
Ti nèg la mande l poukisa l renmen l
Manpzèl di l pa konnen
O o, ti nèg di l p ap renmen
Li pa nan badnen
Fòk li konnen dekiprevyen
Ti kòmè a chita l ap plenyen
Finalman, yo vin fè on ti renmen
Lago bijou vin met pye
Ti fi a panse se tout bon vre
Nan bay sigo,
Fè tolalito,
Fè lago,
Toulede al bouche
Menm kote.
Ti nèg la wè l mele
Tout bon vre
Lè tifi a pran sa oserye
Misye pa ka kraze sa konsa konsa
Pou tifi a pa wè sa
Tanzantan li di l ap lage sa,
Anpil fwa l renka renka
Ti kòmè a chita l ap plenyen
Tankou yon moun ki p ap byen mennen
Chak lè misye di l ap kraze sa.
Tifi a di ann fè yon pale sou sa,
Ann reflechi sou sa
Yo kontinye ap bay sigo,
Fè menm tolalito
Lago bijou kontinye
Y al bouche menm kote
Kòmsi se de moun je pete.

E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)
 

File
Mwen p ap file ou
Se jis pale m ap pale ak ou
Mwen pa vin fè jakopyevèt
Monte desann, ekri yon dal lèt

Gen file k sou blòf
Yo konn menm eseye fè twòp
Monte desann
Jouktan yo tounen pwatann

E. W. Védrine,
koleksyon: Koze Lanmou (Vol. I)

 

File se yon lotri
File se yon lotri k dwòl
Dèfwa w jwe l ou soti
Dèfwa w jwe l ou pèdi
Men sa k bon ladan l
Sèke w pa bezwen peye
Boul yo anvan tiray
Son w lotri k dwòl:
Ou pa konnen lè w ap soti
Ou pa konnen lè w ap pèdi
Men fò w jwe l pou genyen
Tyala file dwòl,
Li ka reze w.
Ou ka reve bèt volay,
Ou jwe vennkat
Epi karannde fè lo
Ou pa janm konnen ki boul
K ap fè premye, dezyèm, twazyèm lo.

(Emmanuel W. Védrine)
Koleksyon: Koze lanmou II
 

Flè sovay
Tankou yon tè sèk
K ap tann dlo k sot nan syèl,
Ou se lawouze k ka wouze l.
Tankou yon chamo k swaf
K ap mache plizyè kilomèt nan yon dezè,
Ou se owazis kote l ka bwè.
O, flè solèy san jaden
Jaden san jasmen!
Myèl san rich k ap vole nan sezon prentan
Poukisa w pa vonvonnen
Nan flè m kounyeya?
Woz nan granchimen,
Poukisa w refize fleri nan jaden m?
Ou ka devine kouman w
Enpòtan pou mwen?
Eseye panse a yon bagay
Ki endispansab pou ou
Miltipliye l pa mil
Epi ajoute pwodui a
Sou santiman lanmou
Ou pa janm gen nan vi w
Rezilta a se kouman m panse a ou.

Emmanuel W. Védrine
Koleksyon: Koze lanmou II

Fleur sauvage
Comme une terre altérée
Soupire après l’eau du ciel,
Tu es la rosée
Qui peut l’arroser.
Comme un chameau assoiffé
Parcourant des kilomètres dans un desert,
Tu es l’oasis
Où il peut se désaltérer.
Oh, tournesol sans jardin
Jardin sans jasmin!
Abeille sans ruche qui vole au printemps
Pourquoi tu ne bourdonnes pas
Dans mes fleurs maintenant?
Rose trouvée au bord du chemin
Pourquoi refuses-tu de fleurir dans mon jardin?
Peux-tu déviner combien
Tu m’es importante?
Essaie de penser à quelque chose
Qui t’est indispensable
Multipie-la par mille
Puis, ajoute le produit
Aux sentiments d’amour
Que tu n’as jamais eu de ta vie
Le resultat es combien je pense à toi.

(Emmanuel W. Védrine)
Collection: «Pages d’amour»
 

Wild Flower
As a dry land
Waiting for rain,
You are the dew that can water it.
As a thirsty camel
Walking many kilometers in a desert,
You are the oasis where it can quench its thirst.
Oh, sun flower without garden,
Garden without jasmine
Honeybee without hives flying in the spring season
Why don’t you buzz
In my flower now?
Flower by the main road,
Why do you refuse to bloom in my garden?
Can you guess how
Important you are to me?
Try to think of something
Indispensable to you
Multiply it by thousand
And add the product
To the feeling of love
You’ve never had in your life
The result is how much I think of you.

Fòk sa fini!
Lè m gade Ayiti, lè m gade Ayisyen,
M rele 2 rant dlo nan je.
Anmwe! Anmwe!, gade kote nou ye!
Ann sèmante pou n di fòk sa fini!
Ann sèmante pou frè nou yo pa fè manje reken!
Ann sèmante pou nou pa vann yo lòtbò dlo!
Frè m yo, kilè n ap di fòk sa fini?
Kilè n ap goumen pou prestij nou?

Pou sa fini
Fòk nou ini,
Fòk nou chase tout malfini!
Si nou ini,
Yon jou sa va fini.

(E. W. VEDRINE)
Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

Viré monté