Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Nwèl 2013 é joudlan

Poèmes

Pointe des chateaux (Guadeloupe)

Pointe des châteaux (Guadeloupe). Photo F.Palli

Nwèl kretyen Nwèl lafwa

Solèy leve
Gran bonè nan maten
L al chavire dèyè mòn
Anvan lannwit mete pye
Jou ale jou vini
Konsa sèk lavi a ap woule
Mizè jete n, ranmase n
Tankou wozo nou pliye
Van pouse n voye n jete
Tankou fèy papye
Men sou baton lafwa n
Nou apiye, n ap espere

NWEL KRETYEN NWEL LAFWA
Ak sa ki nan men n
N ap fete Kris la
Ki te vinn fè l tou piti
Desann sou tè a
nan vant yon fanm
Vinn pote limyè klere n
sou wout fènwa

Anvan kòk chante
Nou gen tan sou de pye n
Ap likide anba solèy cho
Bouch fann fòk nou manje
Gaz nan vant ap fè laviwonndede
Nou monte, nou desann
Nou swe, nou bouke
Sou ki moun pou n apiye ?
Baton lafwa n ki sèvi n
ranpa pou nou repoze

NWEL KRETYEN NWEL LAFWA
Kote n koupi sou de pye
Kote n ajenou dlo nan je
De bra n louvri
n ap sipliye Bondye
Nou louvri je n
Devan n nou wè zetwal la klere
Ti Jezi fèt
Jozèf ak Mari
Wa maj yo ak bèje yo la
Aswè a se van lespwa
k ap soufle nan tout peyi a

Kote n rete
Zèb pa pouse
Do mòn nou yo kale
Sitiyasyon lavi n pa janm dous
Chak jou lespwa chankre wout
Pou l pa kontre ak nou
Tout sa n manje
anmè kou fyèl nan bouch nou
Zo nou krake nou chifonnen
Kilès Bondye k ap ede !?
Kilès k ap vinn trase chimen
Bò wout la depi douvan jou
Nou kanpe n ap tann
Pèsonn pa mande n
Sa n pot pou vann

NWEL KRETYEN NWEL LAFWA
Nwèl tout peyi a, Nwèl lespwa
Yon chan nouvo n ap chante
Yon melodi nou fenk
konpoze n ap fredone
Sou wout lavi a youn
dèyè lòt nap mache
Ak baton lafwa n nan men n
Se asirans nou pou demen
Ti jezi fèt se siy lespwa
Pou tout kretyen vivan
Ki gen lafwa

Mikelita Jean

Toussaint Saint Pierre

Toussaint Saint Pierre. Source Espaceloas

Nwèl 2013 Noël, c'est merveille,
le retour du soleil
après le solstice d'hiver
d'un degré au revers...

Noël, c'est le pardon,
le temps du don
de soi, le renouveau
en échanges de cadeaux...

Noël, c'est tradition.
A l'autre génération
passer les vertus
par l'exemple retenu...

Noël, c'est l'espoir,
le temps de croire
à la féerie de l'enfance,
la croissance de la semence...

Guy Cayemite

Au ciel, c'est fête
comme sur la terre...
Au son des trompettes,
les anges l'annoncèrent...

L'Enfant-Dieu est né,
la prophétie tant attendue
pour sauver l'humanité
depuis l'Éden perdu...

Il est notre soleil,
né dans une étable,
dans la pauvreté pareille...
Un amour incommensurable...

Pour nous montrer le chemin,
la paix du cœur, pardon émané
de l'amour du prochain
par l'exemple de l'humilité...

Guy Cayemite

December...

What would be December
without Christmas,
songs and midnight mass,
its tea of mint and ginger...

December, too cold
but warm are we
under the stars and tree,
bells, silver and gold...

December is the season
to continue the traditions
of light and decorations
and its main reason...

Jesus in the manger,
time of happiness,
time of togetherness,
a time to remember...

Guy Cayemite

Pawòl ti moun...

Yo di'm toton Nwèl
se yon grimo,
yon eskimo
kap viv nan sièl...

Yo di'm li pote jwèt
pou tout ti moun
san manke youn,
si'w dezòd se yon fwèt...

Yo di'm li desann
lan yon chem'ne
nan yon fwaye dife,
bwa kap boule ak sann...>

Mesie wo, tonton nwèl saa,
kèt ! fwa saa map resi bare'l
map rete ap veye'l
tout lan nwit ane sila...

Guy Cayemite

Nwèl sou Fesbouk
se dan griyen...
Moun nou pa konnen
bay blag piman bouk...

Swete larezone,
voye bèl ti mo
flè ak kado
san nou pa peye...

Pye poudre tout kote
tout peyi ap flannen
nan chat fè ti zen
yo te bay nou a kote...

Monte bwa di mwen wè
Fesbouk di, pa pase mwen,
mwen tèlman wè lwen,
nou pa ta janm kwè...

Guy Cayemite

Et te voilà abandonné
mon beau sapin
pour être recyclé...
Ainsi un soir ou un matin
nous serons au cercueil,
enveloppé dans un linceuil...
Tu as connu ta gloire,
elle n'est que de mémoire,
ces lumières, ces flatteries,
photos et galanteries,
tout n'est que saison...
Tous nous passons.
Dieu seul est immuable,
constant et stable.....

Guy Cayemite

 
filao-étoile
Sur Potomitan et ailleurs

 Nwèl 2013