Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Sitiyasyon moun soud e myè an Ayiti:
yon entèvyou ak Marky Norde

Emmanuel W. Védrine

Photo: courtesy Védrine Creole Project

2 jiyè 2020
mizajou 4 jiyè 2020

English •  FrançaisKreyòlEspañolDeutsch

Marky Norde (kontak imel)

nordenikerson@gmail.com; lucmanenorder23@gmail.com; vernaledlene34@gmail.com

EV (Emmanuel W. Védrine). Se yon plezi pou n te rankontre ak Marky Norde, ki gen paran l soud e myè. N ap poze l kèk kesyon nan kad kisa ki kapab fèt pou ede tip moun endikape sa yo Ayiti, etandone l ap viv Etazini. N ap salye ou, Marky.

MN (MaKi Norde): N ap salye ou. Se yon plezi pou m pataje ide ke m genyen pou yo ta tounen reyalite. Donk nou pral fè kèk ti pale sou sa.

Bon, nou konnen gen anpil pwoblèm, ki kote ou vle kòmanse?

M.N: Pwoblèm yo anpil, jan w di l la. Pi gwo pwoblèm moun soud yo ap konfwonte an Ayiti se aksè a enfòmasyon.

Lè w di enfòmayon, gen plizyè tip. Ou ka fè yon rale sou sa?

M.N: Enfòmasyon sou tout fòm. Si n ap pran egzanp nan moman coronavirus la kounyeya, kote gen anpil moun soud e myè ki pa gen pyès enfòmasyon konsèman kisa ki coronavirus la. Leta pa fè emisyon espesyal nan lang siy pou esplike moun sa yo kisa viris sa a ye, e ki prekosyon yo dwe pran pou yo pa trape l.

Donk ou pa wè oken pwogram televizyon ki tradui nan lang yo, nan lang soud e myè. Ou pa wè sa?

M.N: Bon, mwen pa wè l. Mwen plis wè kote lè gouvènman an ap bay konferans pou laprès, kote gen detwa moun ki parèt ap entèprete an lang siy ki di men kisa gouvènman an pral fè. Pa gen yon pwogram espesyal pou ta gen espesyalis nan domèn lan ki pou ta esplike kisa coronavirus la ye, e ki prekosyon moun dwe pran. Mwen pa wè sa Ayiti.

Ki lòt pwoblèm oubyen solisyon ou menm ou wè? Kòman w ka ede kòm yon moun ki Etazini, ki pale lang siy yo?

M.N: Bon, lòt pwoblèm moun andikap sa yo genyen, sèke jodiya si se yon moun soud se yon gwo pwoblèm. Pa egzanp, ann pran sante, si l ta gen yon malèz, epi l ale lopital, li p ap jwenn yon entèprèt ki espesyalize nan lang siy k ap travay nan lopital la pou ta entèprete pou li. Mwen rankontre ka sa a anpil fwa lè m te Ayiti, kote gen anpil moun ki soud e myè ki gen pwoblèm sante. Genyen ki ansant pa egzanp oubyen ki ka gen yon enfeksyon, kote moun sa a pa vle enfòmasyon an divilge. Moun nan oblije pa ka al lopital, swa pa gen yon moun ki espesyalize nan lang siy ke l ka fè konfyans lè l rive lopital, menm jan nou ta wè sa nan lopital Boston, Etazini. Si se yon pasyan ki soud, doktè a ap di w fò gen enfòmasyon k ap rete pèsonèl a moun nan. Donk l ap rele yon entèprèt nan lang siy pou tradui pou moun nan, men pa gen sa Ayiti.

An tèm lang siy tou, kòman nou menm n aprann li Ayiti? Èske l fèt pa woutin, oubyen n al lekòl pou sa?

M.N: Mwen ka reponn antan ke pitit soud e myè. Mwen pa t ale lekòl pou aprann lang siy. Mwen leve jwenn paran m konsa. Mwen aprann lang nan de yo. Se konsa sa fèt pou plizyè lòt pitit moun ki soud e myè an Ayiti, kote timoun yo pa ale lekòl. Depi piti yo leve avèk paran yo, epi y aprann lang nan konsa.

Men an tèm edikasyon, ki lekòl leta genyen a dispozisyon pou moun sa yo?

M.N: Leta a zewo; li pa fè anyen pou yo. Leta pa gen lekòl pou yo. Se kèk lekòl prive ki genyen aktyèlman Ayiti, nan sans sa a. Nou ka pran pa egzanp École Saint-Vincent, ki nan domèn lan. Gen yon lòt lekòl ki se Enstiti Semonfò (yon lekòl sè). Men pou leta, zewo.

Mwen pa konnen an tèm laj pa egzanp, kòman Saint-Vincent ye, kòman li pran yo, konbyen kòb sa koute, a ki laj li pran yo… Mwen pa konnen ki enfòmasyon ou gen sou sa.

M.N: Pou Saint-Vincent, mwen pa kwè pwogram nan chè. Li pa chè ditou, pase se yon lekòl ki espesyalize nan domèn sa a, kèlkeswa tip andikap la (avèg, motè*…) a student may have. M ap pale pou moun ki soud yo; sa vle di (jan nou rele l an kreyòl moun ki bèbè yo). Pa gen yon edikasyon ki espesyalize pou yo. E gen anpil soud ke m konnen aktyèlman ki fè efò, men se gras a paran yo ki gen ti mwayen ekonomik. Remake yo kapab aprann plis, epi yo pouse timoun yo. Gen soud mwen konnen ki fè inivèsite, ki nòmalyen (ki fè Ekòl Nòmal Siperyè), ki fè lòt bagay… Men si se pou leta, zewo. Kòman w ka konprann, leta limite soud la nan nevyèm (dènye klas leta di pou soud la fè, oubyen nan sistèm edikasyon n an Ayiti pou soud la fè se nevyèm); sepandan, gen soud ki ka ale odela de nevyèm ane. Tout sa montre ke pa gen leta k ap ede nan sans sa a.

Donk ou wè nesesite pou ta gen lekòl pou ba yo avantay nan sans sa a.

M.N: Wi, gen nesesite pou sa. Mwen panse ke gen anpil bagay k ap fèt kounyeya nan sans sa a. Kèk òganizasyon ap travay nan domèn sa a pou ta gen yon edikasyon ki enkliziv kote soud la gen kapasite pou ale pi lwen, e pou l aprann plis. Leta pa dwe mete yon baryè, oubyen yon limit pou l di fò se nan nevyèm soud la ka rive; sa se yon gwo pwoblèm.

Oke, an tèm de materyèl medikal e ekipman, kisa w wè ki kapab fèt pou ede yo, pa egzanp aparèy?

M.N: Pou aparèy, jiska prezan nan moman m ap pale a, se yon òganizasyon entènasyonal ki ede yo nan sans sa a, ki vin avèk aparèy pou yo. Men pou leta, pa gen anyen. Gen yon gwo òganizasyon entènasyonal; chak lè l desann Ayiti, li toujou vin ak aparèy pou yo, fè dyagnostik pou yo, fè netwayaj pou yo epi aprè sa li ba yo aparèy gratis.

Etan moun k ap viv Etazini, kòman w wè ou kapab ede nan sans sa a, kèlkeswa sa ou wè ou kapab fè?

M.N: Aktyèlman, mwen pale avèk plizyè lòt pitit moun ki soud e myè. Etazini, gen yon non yo itilize ki rele CODA. Mwen gen pou m pale ak plizyè nan pitit yo (ki Ayiti, e aletranje tou) pou n fè yon CODA tou, menm jan ke yo fè l nan tout peyi (e.g, Etazini, Itali, Espay, Frans). W ap wè plizyè pitit moun sa yo regwoupe yo. Yo fòme tèt yo, kote yo fòme yon estrikti ki rele CODA. Se sa m ap fè aktyèlman la a pou kapab ede yo, pase gen twòp moun nou remake ki pran woulib sou endikape sa yo, espesyalman moun ki soud yo.

Nan èd n ap eseye bay la, èske nou gen pwojè lekòl enkli ladan? Kòman sa ye?

M.N: Wi, nou gen pwojè lekòl. Nou ka mansyone metye kote ke nou fè fas avèk plizyè pitit moun sa yo ki pa gen mwayen pou manman ak papa yo ka ede yo. Ann di 90% (90 pou san) moun sa yo an Ayiti se moun k ap travay nan faktori. Lè w mansyone faktori, ou deja gen yon ide kisa sa vle di, kote yo p ap peye yo byen. Yo esplwate kouraj yo; yo pa gen asirans medikal epi yo pa ka mete pitit yo nan bon lekòl. Ou pral jwenn anpil timoun ki oblije abandone ane lekòl la ki te kòmanse, epi yo pa ka fini. Donk, avèk mouvman CODA, n ap wè kijan nou ka tyeke bous d etid pou yo, e sa k nan laj pou al lekòl dwe al lekòl.

An tèm alfabè soud e myè, Etanini, ki diferans ki genyen ant sa Ayiti a? Èske se yon bagay moun aprann pa woutin oubyen tou, kòman w wè yo menm (soud e myè Ayiti) ka aprann pa Ameriken an yon fason pou yo menm ta antre nan òganizasyon ameriken?

M.N: Mwen okouran ke gen plizyè òganizasyon aktyèlman k ap fè yon pledwari, e pledwari sou domèn lang nan, kote pou Ayiti ta vin gen yon lang siy inik, menm jan nan Etazini gen ASL (American Sign Language). Donk gen plizyè òganizasyon ki gen pou chita pale sou sa, pou travay sou domèn sa a.

Pou kisa yo pa ka adopte pa Ameriken an, pou ta rann sa pi fasil pou jwenn resous? Kisa w panse de sa, ou menm? Olye pou fè yon lòt? Èske li pa vin konplike bagay yo? Pa Ameriken ta deja gen yon estrikti entènasyonal, epitou si soud e myè ki Ayiti ta kapab konvèse ak soud e myè Ameriken mwen panse ke sa ta yon avantay pou yo. Kòman w wè sa, ou menm?

M.N: Si n prale nan sistèm edikasyon, tankou jan moun soud yo aprann an Ayiti, se de bagay diferan. Ou pral jwenn pa egzanmp soud ki pa janm al lekòl. Yo plis pale yon lang siy akayik tankou ki pa gen menm alfabè ak American Sign Language. Gen soud, pa egzanp, si l ap ekri ansanm avè w la a li ka ekri an anglè, men li p ap konprann si w ap ekri an kreyòl avè l. Tout sa gen pou wè ak jan yo te anseye yo lekòl. Gen soud ki ka ekri fransè, ki pa ka ekri kreyòl. Gen soud ki ka ekri kreyòl sèlman si l ap tèks avè w men li pa ka ekri fransè, anglè. Donk tout sa se nan sistèm edikasyon nou, jan yo anseye yo an Ayiti nan lekòl yo.

Nou konnen gen Faculté de Linguistique Appliquée (FLA) nan Inivèsite Leta Ayiti. Pa egzanp, gen etidyan ladan ki aprann lang sign… Mwen pa konnen kisa w panse de sa, kisa ki ka fèt an akò ak FLA…

M.N: Bon, mwen kwè gen plizyè etidyan FLA ki vrèman enterese pou yo ta travay an patenarya ansanm avèk plizyè òganizasyon ki nan domèn Asosyasyon Moun Andikap. Mwen pa konnen si pwojè a kanpe oubyen si l ap kontinye nan moman sa a. Mwen konnen se yon pwojè ki t ap travay nan yon sant ki nan SONAPI*. Aktyèlman, mwen gen de kolèg ki entèprèt nan lang siy, ki se pwofesè tou nan lang siy k ap fè kou avèk plizyè moun ki soud nan yon sant ki andedan SONAPI. Mwen konnen yo t ap travay sou sa.

Nan ki fason ou panse ou kapab fè yon resansman Ayiti pou ta gen yon ide konbyen soud e myè ki pa gen aksè al lekòl, ki kote yo lokalize, rechèch sou tèren an Ayiti sou sa pou gen yon ide konbyen an total ki egziste?

M.N: Jisteman! Se rezon sa a ki fè nou vin avèk inisyativ pou n fòme yon estrikti CODA (plizyè pitit moun ki soud, e nou pral vin jwenn kote menm moun ki soud). Pa egzanp, pafwa gouvènman an ap bay yon konferans pou laprès, gen yon mesye ki espesyalize nan lang siy. Li konn ap entèprete, gen anpil soud ki pa konprann sa misye ap di; yo toujou ap plenyen, yo di yo pa konprann entèpretasyon l ap bay la. Sepandan, se misye ke leta toujou rekrite chak lè y ap bay konferans pou laprès. Poutan, mesaj la pa atenn moun soud yo.

Donk la a, mwen wè yon kesyon antant pou ta gen yon lang siy menm jan ak pa Ameriken an, kote yo pase lekòl, pou yo ta aprann li nan yon sans. Se sa mwen wè pou ta evite konfizyon.

M.N: Gen konfizyon total sou sa. Se sa k fè nou menm ki se pitit soud, nou leve ansanm avèk yo; nou konprann yo, epi nou di fò nou chita pou n fòme yon mouvman ki rele CODA, menm jan l egziste nan kèk peyi ke n mansyone deja… Pou tout fanmi CODA a, pou nou ale nan tout depatman yo pou n fè yon resansman pou n konnen konbyen moun ki soud, konbyen pitit yo genyen, ki pwoblèm pitit yo genyen, ki pwoblèm moun soud yo ap andire, kisa yo pa genyen e sa yo ta renmen konnen kòm enfomasyon.

CODA ta sanble yon abriviyasyon… ki tout mo a si se yon abreviyasyon?

M.N: Li pa abreviyasyon... Pa egzanp, lè w di CODA, ladan l ou wè se pitit moun ki soud. Se rechèch pa m ke m fè; m wè se pitit moun ki soud. W ap gade Etazini, anpil peyi gen CODA. Plizyè pitit moun soud regwoupe yo, epi yo rele mouvman an CODA, e nan lòt peyi nou mansyone yo.

Mèsi anpil! Se la n ap rete pou jodiya.

*Nòt

Motè: Moun ki gen yon andikap tankou ki pa gen pye, ki sou chèzwouland, mancho...

SONAPI: Société Nationale des Parcs Industriels Métropolitains.

Courtesy E. W. Védrine Creole Project
Boston, Massachusetts. USA

*

 Viré monté