Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
An n vote ak konsyans, pa sou emosyon! 29 mas 2021 |
Anpil fwa, pèp ayisyen vote lidè ki pou vin dirije l sou emosyon, men pa sou refleksyon. Kisa sa vle di? Sa vle di, etan moun k ap vote yon kandida, nou dwe pran san nou pou n pase kandida sa a an revi. Nou dwe chache konnen byen kilès li ye, kote l kanpe (èske se yon kandida aganman, blofè, dan griyen, dasomann, dwategoch, lamayòt, patri-pòch, tyoul, woulibè?), travay pozitif li fè nan sosyete a deja… Nou ka poze kesyon sa yo tou:
- Èse se yon moun ki gen moral?
- Kisa moun (ki konnen l) di de li kòm temwayaj?
- Kisa kandida sa a fè deja nan sosyete a ki pozitif?
- Ki travay li fè deja pou ede lajenès, pou oryante lajenès nan bon direksyon pou vin lidè efikas demen?
- Kòman l ye ak tout moun?
- Èske l montre respè pou tout moun?
- Èske se yon moun ki montre sajès nan tout bagay?
- Ki vizyon l pou lajenès ki pèdi espwa nan lidè ayisyen, sèl rèv yo se kite Ayiti ki pa ofri yo anyen?
- Ki vizyon l pou devlopman Ayiti a nan 20 ane k ap vini yo?
- Kijan depi o depa li abòde koze enfrastrikti esansyèl ki dwe tanmen tanmen nan kad devlopman Ayiti?
Nou te ka kontinye poze plis kesyon, yon dal ak yon pakèt, men nou jis vin ak kèk yon fason pou reveye konsyans moun k ap vote sou emosyon san ke yo pa reyèlman konnen kandida a, pou kèlkeswa pòs l ap fè kanpay (majistra, depite, senatè, prezidan). Se pa lè kandida sa a foup li parèt ap distribiye kèk anvlòp lajan oubyen kèk ti sak diri pou pwopagann, epi pou n kouri di se pou moun sa a nou dwe vote. La a, si nou pa reflechi, enben n ap vote ak emosyon, n ap vote pongongon.
Anpil fwa, se konsekans sa a pèp ayisyen ap peye, paske kandida sa a pa t kanpe sou anyen serye. Li pa gen yon pase ki klè, ni tou nou pa t al fouye vè nan kalalou pou konnen kilès li ye. Li pa janm pibliye Curriculum Vitae li (C.V) oken kote, dekwa pou tout moun ta gen yon ide de pakou l (edikasyon l, travay sivik li fè nan sosyete a deja, sa l reyalize nan sosyete a pou konvenk sitwayen ki pral vote, èske dwèt li long).
Nou dwe vote ak konsyans lè n ap vote yon kandida pou nenpòt pòs. Sètadi, li enpòtan pou n pran tout bagay sa yo an konsiderasyon, pou n byen analize kote yon kandida kanpe sou tout pwen avan n ta deside lage yon bilten vot pou moun sa a.
VOTE AK KONSYANS!
Alo Ayiti Cheri! Alo o! Wi se mwen...
Wi pitit ou nan dyapora a…
Wi, se yon long distans!
Se yon mesaj mwen gen pou ou:
Di pèp la al vote jou eleksyon.
Di l pa panike, al vote!
Jan l Pase l Pase!
Pa rete andedan kay,
Di yo al ranpli devwa sivik yo jou sa a!
Fòk nou vanse kote n rive a!
Di yo vote demokratikman cheri!
Di yo pa vote kandida pou kleren.
Vote ak konsyans!
Vote yon kandida yo panse ki kapab pote yon chanjman,
Vote yon kandida ki kapab travay pou byennèt Ayisyen,
Vote yon kandida ki gen mwens twou nan manch!
Di yo fè sa ak lòd cheri!
Suiv lòd ofisyèl yo ak lapolis jou sa a pou montre yo sivilize.
Pa fòse yon moun vote yon kandida jis pou pwomès.
Vote dapre bon jan enfòmasyon yo genyen de kandida a,
Youn yo panse ki ka fè yon diferans tande.
Bòn chans a kandida ki va monte a!
Jan l Monte l Monte!
Pa bliye se prezidan tout Ayisyen (kapitalis, kominis (fo, vrè),
maksik (fo, vrè), opòtinis, pòv, rich, sosyalis (fo, vrè) li pral ye.
Tout se pitit Sò Ayiti ki renmen yo malgre jan yo ye.
Donk ou va di l fè tout posib li pou fè yo travay ansanm
Dekwa pou sove lonè lapatri.
Di yo al vote jou vòt la, toutoun!
Oke, m ale cheri!
(E. W. Védrine)
Koleksyon: «Kri pou liberasyon»
* * *
Tèks anekse
VEDRINE. Emmanuel W.
- Alfabè Jenès Rabòday.
- Articles related to politics : Atik ki an rapò ak politik.
- Entelektyèl komokyèl. (Pseudo scholar). Haitian-American Tribune, Vol. IV, #3/4.
- Kandida dan griyen. (Candidates who have nothing to offer). Bon Nouvèl, #426, fev.
- Kandida dwategoch. (Flip-flop candidates). Bon Nouvèl, #426, fev.
- Kandida lamayòt. (Clown candidates). Bon Nouvèl, #426, fev.
- Koudeta nan peyi sivilize. (Coup d’état in a civilized country). [in An Annotated Bibliography on Haitian Creole… (2003), pp. 378-379; published also on Haitilonline.com].
- Kote kochon kreyòl nou yo?. (What happened to our Creole Pigs?); in Tanbou.
- Kreyòl se lang ki towo a. (Creole is commander-in-chief). Haiti en Marche. Vol. XXI, #2.
- Lavèy 30 Septanm. (The Eve of September 30). [in An Annotated Bibliography on Haiti Creole, 2003, pp. 580-581].
- Lavoum pou yo! (Tell them to go away). The Nations Tribune.
- Litani yon machann. (Litany of a market vendor), in Anthology of Haitian Poets of Massachusetts, pp. 78-80, 1998.
- L’oiseau et le printemps : Zwazo ak prentan (The bird and Spring), in An Annotated Bibliography on Haitian Creole, 2003.
- Mantalite lakay. (Haitian mentality back home). In Voices of the sun (anthology), Volume I, pp. 122-123.
- Mòtorat. (Rat poison). Haïti en Marche. Vol. XI, No.2, fev. 1997.
- Nan Amerik, nou wè…, Creole translation). [Original English text, “In the Americas, we see…”, by Roberto Gibral-Tarik (an excerpt from One in a Million by (Roberto Gibral-Tarik), pp. 27-29). Both texts republished in An Annotated Bibliography on Haitian Creole…, 2003, pp. 364- 365].
- Peripesi yon ti Pèp Nwa. (Hardships of a small Black Nation). [In An Annotated Bibliography on Haitian Creole, 2003, pp. 577].
- Pòv k ap mande nan Pòtoprens. (Beggars in Port-au-Prince), in Tanbou, ivè - prentan.
- Premye ak Dènye. (Alpha and Omega). In Voices of the sun (anthology), Volume I, pp. 272.
- Pyebwa libète. (The liberty tree). [In Materyèl Edikatif pou Bileng Ayisyen, 1994, pp. 172].
- Rat konnen, chat konnen, barik mantèg la sou siveyans.
- Refleksyon sou Onz Septanm. (Reflection on September Eleven), in Voices of the sun (anthology), Volume I, pp. 272-273.
- Reken yo kontinye ap fete. (The sharks continue celebrating). In Voices of the sun (anthology), Volume I, pp. 273.
- Rèv mwen pou demen. (My dream for tomorrow). Haïti en Marche, Vol. XIV #3. 2000; in JKL (Jounal Kreyòl Ayisyen). Vol. 2, #3, janvye 2004.
- Si m te, m ta... (If I were, I would...). [In Revolution Révolution Revolisyon: Anthology, 2004, edited by Ella Turenne; in Materyèl Edikatif pou Bileng Ayisyen, 1994 (pp. 25-26).
- Tande kri peyizan yo! (Listen to the peasants’ cry). [In An Annotated Bibliography on Haitian Creole… 2003, pp. 312].
- Te kwè nou tout se Ayisyen. (Aren’t all of us Haitians?). In Voices of the sun (anthology), Volume I, pp. 273-274.
- The Butios have promised victory. [English translation of an epic poem by Emmanuel W. Védrine; original text appeared in Jean Fouchard’s collection Pre-Columbian history of Haiti, original text in French. Both texts republished in Materyèl Edikatif pou Bileng Ayisyen (1994, pp. 9-10); in Prisma (literary magazine, University of Massachusetts-Boston, Spring 1990)].
*