Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Seyans oryantasyon pou Etidyan Ayisyen k ap vin Etazini

Emmanuel W. Védrine

Photo E. W. Vedrine Creole Project

Avril 22, 2019

version : vèsyon
English | Española | Deutsche |  Française |  Italiana | Kreyòl ayisyen

Se toujou yon plezi pou nou nan ribrik «Edike Ayisyen Ayiti, e Ayisyen nan Dyaspora» pou n oryante konpatriyòt yo tanzantan sou plizyè sijè nou debat sou Ayiti, kote n itilize vokal(voice mail) atravè mesaj whatsApp, epi n travay tou sou transkrip yo  annapre pou dokimante yo sou entènèt la. Sa vin bay plis moun aksè a yo pou kapab itilize yo nan domèn rechèch. Majorite nan tèks sa yo disponib tou an anglè, yon fason pou tout chèrchè jwenn yo, e gran dyaspora ayisyen an (ki patikilyèman itilize lang anglè a kòm lang kontak, jèn jenerasyon an, e milye entelektyèl la).

Avan n anbake nan sijè enpòtan sa a, nou ta renmen mansyone kèk dokiman, atik, liv elektwonik nou pibliye deja sou edikasyon, lekòl Ayiti, e (ansyen) Pwogram Bileng Ayisyen Ozetazini. Nou ajoute kèk nan tit sa yo la a kòm referans enpòtan pou lektè yo gade:

  1. Educating Haitian Youth and the Haitian Community in diaspora.
     
  2. Enpòtans pou dekwoche yon diplòm fen etid segondè : L’importance d’acquérir un diplôme de fins d’études secondaires.
     
  3. Ide pou kreye yon 'High School Ayisyen' prive nan Boston (pdf, 240 KB) : Idea to found a Haitian Private High School in Boston.
     
  4. Kèk enfòmasyon kle pou ede Kominote Ayisyen : Some key information to help the Haitian Community.
     
  5. Materyèl pedagojik pou lekòl Ayiti : Teaching materials for schools in Haiti.
     
  6. Reflection on February 7, 2019 : 33 years after the fall of the Duvalier’s Regime | Refleksyon sou 7 Fevriye 2019 : 33 ane apre Rejim Duvalier a tonbe.
     
  7. Retard dans l'enseignement des langues étrangères en Haïti.
     
  8. Rezo Etidyan Ayisyen, Ayiti – Dyaspora : Network of Haitian Students, Haiti – Diaspora.
     
  9. Seyans Oryantasyon pou ede Jèn Ayisyen Ayiti wè klè : Seminar to orient Haitian Youth in Haiti to see better.
     
  10. Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti (A look at the problem of schools in Haiti).  (second edition : dezyèm edisyon, 2007. 221 p.).  Abstract : Abstrè.   Circular : Sikilè.

N ap pran jèn yo kòm sib, men nou pa pral ekskli moun ki ta pi aje. Moun ka al lekòl a nenpòt laj (selon jan opòtinite ta prezante pou yo, oubyen lè yo jwenn opòtinite). N ap gade nan ki brakèt laj y ap kite Ayiti [17, 18, 19, 20, elt.]. Si yo ta twouve yo nan brakèt sa a, nou si e sèten gen ladan yo ki ta gen tan rive nan nivo Bakaloreya (I, II – fen sik segondè a), e ki enpòtans sa genyen (kòm edikasyon de baz o nivo mondyal pou kòmanse prepare, e oryante yo vè mache travay la). Sa gen gran enpòtans, si yo konplete oubyen rive nan nivo Bakaloreya nan laj sa a, epi y ap vin Etazini (ak rezidans, sètadi papye legal pou imigran), kote paran te aplike (oubyen fè demann) pou yo.

Li enpòtan pou yo vin ak kanè ou relve de nòt (nivo segondè /inivèsitè) sot Ayiti. Lè yo rive Etazini, yo kapab fè tradui, e notarye yo. Si yo pral nan high school (lekòl segondè ameriken, lise), yo kapab toujou antre ladan a laj 16, 17, 18 an). Gen kèk kote yo pa bezwen deklare laj yo, e eskolarizasyon an gratis (nan high school piblik yo)… Avantay ki genyen lè elèv vin avèk relve de nòt yo sèke yo pral evalye oubyen tradui yo an anglè. Konsa, yo kapab ba yo pwen (kredi) pou matyè oubyen kou yo te pran nan nivo segondè Ayiti (yo pral pase mwens tan tou nan high school, paske yo ta bezwen yon sèten nonb pwen pou diplome (ke y ap jwenn nan relve de nòt yo). Diplòm high school oubyen High School Diploma (diplòm bakaloreya ou ekivalans li) obligatwa pou antre nan kolèj /inivèsite Etazini)…

Lè yon moun fèk rive Etazini (ak kat rezidans), premye dokiman l ap bezwen fè se sosyal sekirite. Se yon idantite ki gen yon konbinezon 9 chif (egzanp, 000-00-0000) y ap ba ou. Nimewo sa a pral idantifye ou (tout kote, nan tout bank done konpwoutè gouvènman an). Yon fwa w aplike nan biwo Social Security Office, l ap pran mwens pase yon semèn pou resevwa l pa lapòs. Se pa yon bon ide pou sikile avè l. Kite l lakay ou pito, ansanm ak kat rezidans ou (Alien card). Pesonn pa ta renmen pèdi yo pou evite tètfèmal (depanse lajan pou refè yo, elt.).

An tèm d idantite, moun sikile ak lisans yo (yon idantite nasyonal Ozetazini). Donk apati laj 17, 18 an, moun ka gen lisans yo. Premyèman, ale nan Motor Vehicle (ekivan a Sikilasyon an Ayiti), mande pou (livrè) Driver’s Manual (Manyèl pou chofè). Byenke l an anglè, men kounyeya dokiman sa a tradui nan kèk lang ki ka disponib sou entènèt la).

Donk, moun ka li livrè sa a dirèkteman nan lang yo konnen (si yo poko metrize anglè). Li l byen pou ede w prepare egzamen pèmi d kondui a. Apre anviwon 2, 3 mwa pratik (ak yon auto-école oubyen ak kèk zanmi), ou ka retounen nan Motor Vehicle pou al mete randevou pou al pran tès kondi a (road test) (ak yon ajan polis nan eta kote w ap viv la). Gade kèk enfòmasyon (kòm modèl) nan www.MassRMV.com.

Pa pèdi tan pou fè lisans ou (kèlkeswa kote w ta ye nan dyaspora a (pa sèlman Etazini). Sa rann li fasil pou fè deplasman, pou ede yon zanmi kondi (an ka bezwen)… Yon fwa ou genyen l, w ap ka solisyone yon dal ti pwoblèm nan de tan twa mouvman … Ekonomize kòb si w panse achte yon machin izaje (ou dezyèm men) pou ede w fè kèk deplasman pi rapid, e pou woulman travay (ki ka yon ti jan elwaye).

Ak avantay wot teknoloji jodiya, anpil (jèn) moun, etidyan Etazini (pandan yo nan inivèsite) pa pèdi tan kase tèt chache travay pasipala. Yo jis itilize machin prive yo pou fè taksi (Uber, Lyft, Door Dash) atravè aplikasyon lojisyèl App sou telefòn pòtab yo. Yo ka fè mil dola (ou plis) pa semèn (depan ki valè jou ak lè yo vle travay). Travay (tanporè) sa a rann li fleksib pou yo etidye, e pou yo finanse etid yo tou.

Dabitid, lè imigran yo fèk debake Etazini, kominote etnik yo apateni a enpòtan dekwa pou gade kontak ak li. Sa yo pral premye jwenn anpil fwa nan kominote sa a se legliz, sant kominotè, ti biznis, zanmi (yo te kenbe kontak ak yo, ak sa yo pral rankontre) pa egzanp … ki konekte ak kilti pa yo, e kwayans yo. Kòm Ayisyen, ou pral chèche oubyen lokalize yon legliz ayisyen pou ale, epi vizite sant kominotè ayisyen yo.

Se la w ap jwenn enfòmasyon, moun ki ka ede w, moun ki pa egoyis e ki montre fratènite, pase yo konnen ou apèn sot Ayiti. Chase tout timidite lakay ou. Eseye ouvè (pou pale ak tout moun, dekwa pou yo kòmanse ba w enfòmasyon). Nou si e sèten ap gen moun k ap ouvè pou kòmanse ede w fè tranzisyon an… Anglè, premye enfòmasyon w ap bezwen se ki kote pou m aprann anglè (nan legliz, lekòl, sant kominotè)…? Li enpòtan pou metrize l rapidman, epi gen tout resous posib ki disponib pou ou (egz., materyèl ou ka achte /prete nan bibliyotèk,  e diksyonè bileng (kreyòl–anglè, anglè– kreyòl); fransè-anglè, anglè-fransè.

Anglè se baton Moyiz ou (se yon kle paspatou w ap bezwen pou ouvri tout pòt, tout kote w ale). Si w jèn toujou, epi w poko nan ventèn ou, gen posiblite pou ta fè youn, de ane nan high school. E si w ta gen kèk difikilte antre nan high school, ou ka ale nan yon sant kominotè (community center) pou mande enfòmasyon sou kijan pou prepare w pou pran egzamen G.E.D. Yon fwa w pase l, w ap resevwa yon diplòm ekivalan a High School Diploma). Tout sa se opòtinite w genyen pou pwogrese ou avanse nan lekòl Etazini (gratis ti cheri).

Fè yon pase nan high school pandan yon ti bout tan pral non sèlman oryante w nan sistèm lekòl ameriken, (egz., kijan w anrejistre pou kou yo, fè devwa, pran nòt nan klas, travay sou pwojè an gwoup /endividyèlman, fè rechèch, fè prezantasyon nan klas, elt.) men tou se opòtinite pou kòmanse metrize lang anglè (si w pa t fè anglè nan yon enstiti lang an Ayiti). Ou pral esperyanse yon metòd d ansèyman tounèf. Plizoumwen, sa pral oryante w pandan ennan, dezan ou kapab fè nan high school.

Diplome high school -- Anpil elèv imigran, olye yo antre dirèkteman nan inivèsite (ki ale ak yon vitès pi rapid), yo antre pito nan yon Community College (ki gen yon pwogram 2 ane). Tip enstitisyon sa a koute mwen chè, konpare ak sa etidyan ta peye nan yon inivèsite si yo pa gen èd finansyè oubyen bous d etid). Nan tip kolèj (2 ane) sa yo, edikasyon yo resevwa a (nan sijè, e karyè varye) pral ede yo jwenn travay pwofesyonèl (nan branch tankou biznis, enfòmatik (computer science), medikal, teknik… kèlkeswa karyè yo ta vle oryante yo ladan).

Annapre, yo ka ale nan yon inivèsite (regilye) pou konplete yon lòt 2 ane (pou dekwoche yon diplòm Bachelor’s degree, ki (ta) ekivalan a yon diplòm Lisans nan sistèm inivèsite frankofòn yo). Si yo kontinye pou yon lòt 2 ane etid (apre obtansyon Bachelor la), yo ka boukle yon diplòm Master’s degree (metriz), e si yo pedale pou 4 ane ankò pou konplete kou (course work) nan yon pwogram doktora (epi ekri yon tèz de sòti), y ap gen diplòm Doktora (nan diferan disiplin ou chan d etid yo).
Sa nou ta rekòmande elèv Ayiti, se ta pran kou matematik o serye (kou ki ta rive nan nivo bakaloraya, menm si yo menm pa ta rive nan nivo sa a se pa pwoblèm). Si elèv la ta konplete twazyèm (nan yon bon lekòl), li ka jis pran leson patikilyè (tutoring) ak yon moun (ki konn matyè a byen) pou ka gen tan kouvri nivo matematik bakaloreya (oubyen atenn nivo matematik ki ta pi avanse nan nivo segondè).

Sa ki enpòtan lè w rive Etazini se gen kapasite pou pase egzamen matematik ak anglè y ap ba ou, ki fè pati kèk tès (men yo pa pral gade nan ki klas ou te kite Ayiti. Osilontan ou ka pase egzamen pa yo, se sa ki konte).

Nou rekòmande tou pou elèv Ayiti ta antre nan yon  enstiti lang (yon fwa yo tanmen nivo segondè a) pou kòmanse pratike anglè, e espayòl (dekwa pou metrize 2 lang sa yo). Nou mansyone enstiti lang paske majorite anseyan k ap fè kou lang (nan nivo segondè) pa gen fòmasyon pou sa. Se rezon ki fè anpil fwa yo ta met anfaz sou gramè olye sou pratik oral nan klas. Anpil nan yo ta jis oryante elèv pou etidye pou fè bèl nòt nan egzamen. Pou ilistre oubyen kòmante plis sou sa, nou envite w gade yon atik nou pibliye, ki titre: Retard dans l'enseignement des langues étrangères en Haïti.

Etan anseyan retrete (Ozetazini), nou bay meyè enfòmasyon (apati obsèvasyon nou, e esperyans nou nan travay ak etidyan Ayisyen nan sistèm lekòl ameriken) dekwa pou oryante elèv Ayiti (pou pa pèdi tan nan bat pakè ki pa pral ede yo ak anyen, men pito ba yo enfòmasyon esansyèl yo dwe konnen pou gen siksè lekòl (nan kèlkeswa kote yo ta ye, e domèn etid yo).
Rezon ki fè yo bat pakè sèke majorite anseyan (o nivo segondè an Ayiti) pa fòme.  Yo pa konnen teknik ou metòd pedagojik (pou delivre /prezante yon matyè nan yon saldeklas, dekwa pou elèv kapte l san traka). Majorite ladan yo pa gen yon lisans inivèsitè nonplis nan matyè y ap anseye a (jan sa obligatwa Etazini). Yo pa anseyan sètifye (oubyen ki gen sètifika pou anseye ke Ministè Edikasyon Nasyonal ta ba yo) ki suiv yon pwogram pedagojik obligatwa e yon pwogram resiklay anseyan (chak senk an). Donk, de tanzantan nan kritik /kòmantè n, nou oblije mansyone tit yon liv (defen edikatè, lengwis) pwofesè Yves Dejean, Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba, pou ilistre tout pwoblèm sa yo (ke gouvènman an pa enterese solisyone atravè yon bon jan refòm nan edikasyon Ayiti).

An rezime, pi bonè se granmmaten (kòm pwovèb ayisyen di) an tèm travay nou dwe fè kòm anseyan, pedagòg, e chèrchè pou oryante elèv ayisyen depi byen bonè. Sa pral ede yo prepare pi byen, pran lekòl o serye pase avni yo depan de edikasyon y ap resevwa jodiya. Anpil paran ayisyen pa nan yon nivo pou konseye yo (tèlke oryante yo, mete yo nan bon chemen pou ede yo prepare pou demen). Donk travay yon (bon) anseyan vin doub lè l panse a travay li dwe fè nan sans sa a pou oryante elèv yo (kote l ka jwe wòl paran alafwa nan ba yo bon jan konsèy). Se yon fè ke leta demisyone nan sans sa a, lè n analize tout pwoblèm edikasyon Ayiti ap konfwonte, e responsablite nou (etan sitwayen, endividi) pou fè yon travay sivik  nan kapasite nou pou pote pwòp kontribisyon nou pou chanjman.

boule

 Viré monté