Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Kèk pwen enpòtan pou oryante moun 29 Mas 2019 |
Maryaj se yon enstitisyon Bondye kreye (lè nou li kèk pasaj nan Liv Jenèz, sou kreyasyon lòm (Adam [gason], Èv [fi], premye paran limanite). Donk se pa yon desizyon moun ka pran an jwèt ou alaleje (lè n wè y ap marye pou plizyè rezon jodiya, ki pa gen pou wè ak «lanmou» youn pou lòt), e menm vle bay maryaj (yon bagay sakre) sans pa yo, ki ta diferan de sans Bondye li menm ba li…
N aprèsye anfaz kèk legliz ta mete sou li (pou pa chanje sans biblik li), e edike moun sou sa (avan yo ta deside marye, pou konnen responsablite yo nan angajman sa a yo pral pran jiska lamò…
Sèten legliz ta mete l obligatwa pou koup yo (fi, gason) ta suiv yon seminè 6 semèn avan yo ta deside marye. Se yon bèl bagay kote legliz evanjelik yo (k ap aplike sa Bib la di) oryante yo sou plizyè faz, pou devlope sajès nan sa… Ann gade kèk pwen enpòtan sou tèm sa a:
- FINANS… Eseye saj ak koze lajan (ti Seza), itilizasyon lajan pou sa pa koze divòs (si l posib). Mete ansanm pou n peye fakti yo, fè aranjman kijan sa ap fèt /ka fèt (lè nou toulede ap travay, oubyen lè youn nan nou p ap travay).
- ENVESTISMAN (davans, depi lè n selibatè) lè nan 20, 30, 40 an yo (depi avan maryaj)… Se pa bagay yo montre n fè depi piti nan sosyete ayisyen (aprann envesti). Moun nwa (anpil nan yo) plis konsome, gaspiye (olye yo envesti). Se tout yon konbit edikasyon ki dwe fèt pou ede jenerasyon k ap vini yo, pou chanje move fason yo panse. Plis nou kòmanse envesti bonè, se plis sa bon pou n gen tan wè fri envestisman nou…
- EPAY (ekonomi pou fè, mete lajan de kote) pou jou sonb yo, pou move tan ...
- (Konfesyon de) FWA… Èske koup yo pataje menm fwa, menm kwayans, ale nan menm legliz pou adore ansanm? Gen legliz ki p ap marye yo si yo pa pataje menm fwa... Pa atann nonplis si moun ou pral marye a pa pataje menm fwa ak ou ke l pral chanje (toudenkou) apre maryaj. Malerezman, nou wè (swadizan) kretyen ki tonbe nan angrenay (ke yo konn peye chè). Panse a sa davans, e pwoblèm sa ka koze si po pa pataje menm fwa (e.g, al legliz adore Bondye nan menm espri, kilt regilye nan kay la paske fwaye a se yon legliz tou). An menm tan tou, sa pa vle di lefèt ke yo ta pataje menm fwa ke yo p ap gen pwoblèm anndan maryaj la. Pa twonpe w! Jodiya, nou wè twòp pwoblèm (nan tout legliz, e nan tout relijyon)… Se youn nan rezon ki ralanti mach pou simaye Levanjil (Bon Nouvèl la) tout kote nan lemond jodiya (lè moun anndan legliz ki ta dwe sèvi modèl pozitif pou lemond, epi y ap fè menm zèv imoral ak sa yo ki nan lemond). Men omwen si koup yo ta pataje menm fwa, yo ta gen krent pou Bondye (ki se kòmansman sajès) pou evite yon seri pwoblèm jèmen o depa.
- RESPONSABLITE (mari, madanm nan fwaye a)… Èske toulede se chèf? Èske chèf vle di diktatè? Èske gen bon jan dyalòg antre yo? Donk itilizasyon sajès, respè youn pou lòt nan tout bagay. Pataj responsablite yo (50 /50).
- (Planifikasyon) konbyen TIMOUN n ap genyen… E kisa k pou fèt si n pa genyen. Pa bliye tou rezon ki fè w marye se pou gen yon konpay («Li pa bon pou lòm pou kont li» [Jenèz 2: 18]). Si Bondye ban nou pitit etan koup, remèsye l. Si l pa ban nou pitit, remèsye l tou. Pa viv ak oken estrès, pa fè sa ki pa nan volonte Bondye.
- (Afè) SANTE… pou konnen avan maryaj (pou pran an konsiderasyon), san sipriz apre maryaj (pa kache maladi w, fè lòt la konnen maladi w depi avan maryaj)… tès medikal ki dwe fèt…
- PEYE BIL (fakti), pataje yo lè sa posib /si sa posib. Evite bil /acha ki pa nesesè. Byen itilize lajan nou.
- EDIKASYON, PWOFESYON, METYE… pou genyen /dwe genyen avan maryaj (fi kou gason). Fi kou gason dwe ap travay /aprann kreye travay, pratike yon pwofesyon kèlkonk, gen woulman (biznis, komès) pou fè lajan. Mete nan tèt ou ke w ka pèdi yon travay regilye ou te ladan depi anpil ane. Ou pa ka konte sou li sèlman pou siviv (donk ou dwe envesti, toujou gen ti woulman pou antre lajan).
- VAKANS … Vakans se yon fason pou detann ou ak fanmi w. Ou fè tout ane a ap travay, donk li enpòtan pou panse a lwazi sa a. Konsa, li bon pou panse pase bon moman ansanm pou tiye estrès, e bidjè pou planifye pou sa davans. Ou pa bezwen al byen lwen, oubyen nan lòt peyi. Ou fè sa selon mwayen finansye Bondye ba ou… Pa egzanp, ou ka sot nan yon gran vil, kapital (kote w ap viv), epi w ale an pwovens pou yon semèn pou detann ou, ale nan plaj, kondi pou admire peyizaj la, e esplore l an menm tan. Demèm, ou ka planifye depi davans yon semèn vakans sou gwo bato kwazyè pou yon semèn sou lamè, desann nan plizyè estòp ak lòt gwoup touris pou al vizite plizyè sit touristik.
- (Fiti) EDIKASYON pou timoun yo (planifikasyon pou sa, depans pou sa selon tip lekòl yo prale, tip pwogram yo ka fè pou kòmanse prepare yo).
- ABITASYON (lwaye, acha kay, planifikasyon pou bati kay)…
- (Bon) DYALÒG pami koup yo tout tan, e avèk respè.
- RANDEVOU AMOURE (koup yo dwe planifye soti al nan randevou amoure menm apre maryaj, al manje deyò chak wikenn (si l posib ekonomikman), al nan sinema, al nan plaj, elt… dekwa pou mentni kontantman (kè kontan), pou konbat estrès nan kay la.
- (Evite) TRIPOTAY. Dekonekte ak moun ki renmen tripotay (moun landyèz)… Kenbe afè pèsonèl nou antre nou 2; diskite yo antre nou 2 sèlman.
- RESPÈ youn pou lòt (nan pale, evite tilizasyon vye mo /mo sal; itilize sajès e souplès nan pale, nan dyaloge). Respè pou fanmi youn lòt, e pou zanmi.
- SOLIDARITE ... Ki solidarite ki genyen ant manm fanmi youn lòt (pou respekte, e apresye, ede manm fanmi youn lòt si l posib. Depi gen solidarite, gen gen lapè, gen lanmou kote tout moun santi yo konfòtab. Chase tout ide egoyis posib nou ta apèsi k ap boujonnen…
- SIPÒ, E ANKOURAJMAN YOUN LÒT (nan bon bagay, aktivite youn ap fè)…
- SAJÈS (pou aplike) nan tout bagay. Mande Bondye sajès chak jou w leve…
- LAMÒ… Kijan w prepare w (espirityèlman, emosyonèlman, ekonomikman) pou fè fas ak sijè sa a, ke anpil moun toujou evite pale de li?)…
- FIDELITE, ENFIDELITE… Nou mansyone 2 tèm sa yo alafwa (kòm opozan lòt). Youn nan engredyan ki kenbe yon maryaj, se fidelite (rete fidèl youn a lòt). Sa mande pou gen moral lakay ou. Sa mande fòs, e espri Bondye (pou kenbe w, e lite kont tantasyon chak jou. Donk «rete fidèl» se yon lit ou kapab venk ak fòs Bondye sèlman (lè w envoke l, lè w mete l devan pou l pran kontwòl tout bagay pou ou). Pa twonpe w! pesonn moun pa pafè. Men sa pa vle di pou otan pou pa fè efò chak jou pou mache nan chemen pèfeksyon.
Yon fwa w marye, ou dwe dekonekte w ak yon seri abitid /vis ou te konn gen avan. Se yon lòt vi w ap viv kounyeya (mari, madanm: 2 moun ki vin fè youn). Ou pa ka nan menm klib ansyen zanmi (sitou lè kèk ladan yo pa gen moral, oubyen ap viv nan imoralite). Fò w dekonekte w ak zanmi sèks opoze (ou pa ka nan rele, pale, imel yo pou ranse menm jan sa te konn fèt avan). Donk, si ou vle maryaj ou pote fri, gen sakrifis ou pral oblije fè (kote w pral dekonekte w ak yon dal ranblè ki pa ka ba ou oken bon konsèy /moun k ap antrene w nan move chemen ki ka mennen nan pèdisyon nanm ou)…
Dout… Evite sa ki ka kreye dout nan relasyon an. Pou kisa madanm /mari pa ka reponn telefòn youn lòt ? Pa ka gen kod telefòn youn lòt ? Pa ka parèt sou menm pwofil kòm koup (pafwa)? Repons lan sèke gen kèk ti dout souzantandi. Donk fò pwoblèm dout sa a rezoud rapid, avan l grandi kòm yon ti maling ki ka pwodui kansè pi devan.
Pou gason ki panse fò yo gen yon dal lòt fanm deyò (pandan yo marye), n ap di kare-bare se yon maladi mantal, e espirityèl alafwa. Yo panse yo matyo (fanbre) lè yo fè sa. Non! Se maladi y ap mache pran pito deyò a, gaspiye tan yo pito, nan imoralite. Yo avèg. Donk si yo konsyan de pwoblèm (mantal sa a), Bondye ka ede yo chanje konplètman (si yo rekonèt feblès espirityèl yo, e vin nan pye Bondye pou gide yo).
Nòt : Note
Orientation seminar on marriage and Haitian culture; Some important points to orient people on marriage: an institution established by God; Bills (sharing them); Being faithful; Children (having or not); Dating after marriage; Death; Faith (sharing the same); Family solidarity); Finance; Gossiping (to be avoided); Health issues (before marriage); Investment (before marriage); Living (housing); Mutual support; Respect for one another; Responsibilities (of husband, wife); Saving money; Trust; Vacation; Wisdom.
Educating Haitian Youth and the Haitian Community in diaspora.
Egoyis: yon viris k ap detwi kominote ayisyen | Selfishness: a virus destroying the Haitian Community.
Seyans Oryantasyon pou ede Jèn Ayisyen Ayiti wè klè: Orientation seminars to help Haitian youth in Haiti to see better.