Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Konsyantize Motive Chanje Photo E. W. Vedrine Creole Project 19 jen 2019 |
Avan n antre nan refleksyon nou pou jodiya, n ap mande w pandan ou gen tan lib, ale online (sou entenèt la) pou jete yon koudèy sou devlopman peyi Rwanda (an Afrik), 20 ane apre jenosid ki ravaje peyi sa a. Men yo reyalize fò yo padone youn lòt, epi travay ansanm pou byennèt peyi yo.
Lemond antye, jodiya, gen anpil pou aprann nan lidèchip prezidan Paul Kagame, ki gen yon vizyon pou peyi sa a pa fè bak men pito avan. Filozofi yo se grès kochon kwit kochon, e travay an konbit.
Hèn ak egoyis jwe yon gran wòl nan soudevlopman Ayiti. Gen Ayisyen nan dyaspora ki fatige tande pale de Ayiti. Gen kritik etranje ki ta konsidere l kòm basket case (ka fatra, yon bagay pou jete nan fatra). Se toujou bagay negatif y ap tande, y ap wè nan televizyon, nan videyo, sou facebook sou Ayiti. Pa egzanp:
- Batay nan palman ant palmantè k ap tire kout chèz, koutpwen kraze mèb enstitisyon sa a. Yo menm ki ta dwe egzanp moun ki gen moral.
- Dechoukay kraze brize men pa ka konstwi aprè.
- Gang ap bay lapolis defi (pase yo gen pi gwo zam ke lapolis).
- Goud la tounen zòrèy bourik (se sa pou l tounen lè Ayiti pa pwodui anyen pou mache entènasyonal, li jis konsome sa k ap soti aletranje).
- Kidnaping tounen yon pwofesyon.
- Krim chak jou.
- Lavichè (lè w pa aprann pwodui anyen pou manje, fò lavi chè).
- Manifestasyon manch long ak kawotchou k ap boule tout tan.
- Moun pè al pran kòb labank pou bandi ame pa atake yo aprè yo soti.
- Wout bloke (anba pa monte, anwo pa desann) lè manifestasyon.
Lidèchip vole gagè; nou pa konn egzatteman kilès k ap gouvène. Ayiti vin tankou yon bato ki nan fon lamè san kaptenn. Li pa fasil pou naje pou soti (lè w pa wè kote w ye, lè w pa ka naje, lè w pa gen senti sovtaj, lè w pa konn nan ki direksyon reken ye). Anpil konpatriyòt trè desi de avni Ayiti de sa yo te espere apre 7 fevriye 1986. Anpil politisyen pale de dyalòg nasyonal avan. Apre sa, Jeneral Petro-Caribe monte sou sèn politik la. Tout Ayisyen ap pale de misye, epi yo antre nan dans petwo san kòd nan men.
Gen gwoup Potestan ki pale de joune de priyè pou Bondye delivre Ayiti chak kou gen yon kriz. Chak kandida, pou kèlkeswa pòs la, toujou fè yon dal pwomès pandan kanpay yo. Se tankou yon bèl fanm anpil nèg ap file. Men depi yo fin monte sou pouvwa (prezidan, senatè, depite, majistra), si w ta mande yo sa k pase pwomès sa yo, yo ta di w sa Kasayòl te di bèf la. Jenès di l pa wè avni l nan makrèl, pito l pran chans li Chili. Opozisyon menm chante yon sèl chanson, «Opoze a tout sa k bon pou devlopman Ayiti». Chak Doktè Fèy rale posyon yo nan dyakout Kouzen Zaka pou preskri Kòmè Ayiti Cheri Toma yon remèd pou maladi l ap soufri depi digdantan. Men youn nan gwoup sa yo pa dakò sou yon kanpay konsyantizasyon, motivasyon, chanjman. Twa potomitan sa yo se lyen pou may devlopman Ayiti. Sa mande disiplin pou yo mache.
- Travay konsyantizasyon an dwe fèt lakay tout lidè an jeneral, e tout sitwayen, pa sèlman lidè politik. Anpil fwa lè y ap pale de lidè, (anpil) Ayisyen gen tandans panse a lidè politik sèlman tandike tout senp sitwayen ka lidè tou; yo sèlman dwe montre lidèchip yo nan pwòp domèn yo, e aplike don Bondye ba yo. Konpatriyòt yo ta atann pou lidè politik vin solisyone tout pwoblèm Ayiti ap konfwonte.
- Yon fwa ou konsyantize, motive, ou sou wout chanje.
An rezime, se yon travay kolektif ki dwe fèt lè nou vize yon peyi, yon komin, yon kominote.
[Ribrik: Edike Ayisyen Ayiti, e Ayisyen Dyaspora | Session: Educating Haitians in Haiti and Haitians in Diaspora]
Tèks anekse
Egoyis: yon viris k ap detwi kominote ayisyen. E. W. Védrine.
Kisa pati politik Ayiti yo kontribye nan devlopman l?. E. W. Védrine.
Refleksyon sou 2019 33 ane apre Rejim Duvalier a tonbe. E. W. Védrine.
Seyans oryantasyon pou ede jèn Ayisyen Ayiti wè klè. E. W. Védrine.
So many political parties, so little progress. E. W. Védrine.