Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Dis konsèy pratik pou ede jèn Ayiti Photo: Courtesy Fessando Suffren 3 out, 2020 |
Edikasyon ak seyans Fòmasyon e Oryantasyon sou karyè, Metye ak Pwofesyon pami meyè kado nou te ka ofri jèn Ayiti pou ede tèt yo demen. Lè gouvènman, enstitisyon (kouwè legliz*, lekòl, sant kominotè), e lòt group moun (kouwè klib, fowòm, òganizasyon) pa fè travay sa a, nou menm, sitwayen konsène, oubyen bon samariten, dwe pran konsyans kòman nou ka ede yo e mete yo nan bon chemen depi bonè. Yo menm, tou, dwe konnen lè kèk moun ta dispoze tan kòm volontè pou oryante yo, se yon bagay yo dwe aprann apresye e pran avantay de sa.
Nou vin ak dis (10) konsèy pratik sa yo pou ede oryante tout jèn an Ayiti pou aprann ede tèt yo, pou aprann konnen nan ki direksyon yo vle ale, aprann envesti nan biznis pou fè lajan, e estrateji pou pèse mache travay entènasyonal la pandan yo Ayiti, e pandan yo lekòl. Esperyans nou baze sou sa nou wè, esperyans nou viv nan gran peyi ou peyi devlope. Pou rezon sa a, nou pa vle egoyis men nou vle pataje ak yo sa nou konnen, e obsève.
- ANGLÈ. Metrize lang anglè a san pèdi tan ta yon paspò entènasyonal. Sa pral ba ou aksè a biznis, etid aletranje, kominikasyon ou korespondans ak lemond antye trapde (atravè entènèt la), mache entènasyonal, pwogram edikatif (tankou seminè nan diferan domèn) nan peyi anglofòn yo, e rechèch syantifik. Ou pa ka fè sa san ou pa metrize anglè dabò. Tyeke APP ki disponib (sou entènèt la) pou aprann anglè, pou pwogram anglè an liy, e mande enfòmasyon sou yo pandan w konekte sou rezo sosyal yo.
- BRANCH TEKNIK. Ki konesans teknik ou genyen, ou ka fè, e menm konsidere sa kòm metye? Èske ou ka ranje aparèy elektwonik (tèlke antèn, bisiklèt, bisiklèt, konpwoutè, motè, motosiklèt, radyo, refrijerasyon, telefòn, televizyon, trisiklèt oubyen bisiklèt taksi), kannale dlo (pou wouze tè ak jaden), atizana (travay sou pwodui atizanal pou vann [an liy], pou met nan mize, e pou ekri liv timoun ak foto yo), bank done (òganize bank done pou enstitisyon, konpayi, òganizasyon, apante tè, cheve (fè cheve, kapab fè diferan kwafi; kwafè), Curriculum Vitae (prepare yon C.V pou travay e referans pwofesyonèl, konferans sou entènèt la atravè zoum, skype), desine (atis ki ka fè desen pou ilistre liv lekòl, liv timoun), edite (an kreyòl, fransè, anglè, espayòl), kreye e edite yon paj wèb, entèprete (lang tankou alman, anglè, espayòl, fransè, japonè, pòtigè), kan d ete (òganize kan d ete pou jèn, estrateji e pwogram pou planifye), kapte e kannale dlo pou wouze tè ak jaden, kondi (kamyon, traktè pou fè diferan fonksyon, montre moun kondi, fè oto-lekòl), konferans (teknik pou planifye yon konferans, planifikasyon, konferans an liy atravè zoum oubyen skype), konpwoutè (konn itilize konpwoutè pou fè diferan bagay, òganize bank done pou konpayi, enstisyon, òganizasyon), kouti (koutiryè, tayè), kan (òganize kan d ete pou jèn, estrateji e pwogram pou kreye), leson patikilye (bay leson prive ou leson patikilye nan lang, matematik, mizik), naje e pike nan dlo (konn teknik pou sove yon moun k ap nwaye), pentire (fè penti ou tablo espoze e vann yo), ranje (repare) kay, ranje antèn parabolik, tape (konn tape byen oubyen daktilografye kòm daktilograf, konn prepare Curriculum Vitae (C.V) pou travay e pou referans pwofesyonèl).
- ENVESTI NAN PWODUI AGWO-ALIMANTÈ. Èske w te konnen pi gwo mache Ayiti ki poko janm esplwate se pwodiksyon agwo-alimantè? Tout moun bezwen manje chak jou. Yo pa fè manje ak papye. Se tè yo travay pou pwodui manje. Yon fwa nou retounen ak agrikilti, envesti ladan (nan tout sans, enkli elvay bèt (bèf, bourik, chwal, kabrit, kochon, milèt), volay (kòdenn, pentad, poul), pisikilti (ou elvay pwason), nou pral wè kijan vizaj Ayiti ap kontan. E tout rivyè*, sous dlo, so dlo* ke nou genyen yo? N ap mande si gouvènman an janm panse kapte dlo sa yo k ap gaspiye pou ede ak pwojè irigasyon? Poudi gouvènman an gen pwojè irigasyon diferan kote nan peyi a (menm jan peyi Etyopi fè sa pa egzanp jodiya)? E koze wout la (otowout, gran wout oubyen aywe pou konekte tout gran vil nan tout depatman yo, wout lokal anndan tout komin yo ki dwe fèt e elaji yo menm si poko gen mwayen pou asfalte tout. Baraj, pon, kanal, ki dwe fèt pou bay tou rivyè ak ravin limit yo lè yo debòde pou yo pa fè dega (tèlke ale ak bèt, jaden). Pou kisa gouvènman yo pa janm santre sou devlopman wout ak agrikilti an menm tan pou devlopman Ayiti fèt rapid? Moun bezwen elektrisite; sa enpòtan, men yo pa ka manje kouran lè yo grangou. Yon fwa gen bon wout ki fèt, sa non sèlman pral nan avantay tout depatman oubyen gwo zòn nan peyi a pou devlope rapidman, men tou sa pral ede nan desantralizasyon peyi a pou moun pa vin konble nan Pòtoprens (kapital la) pou tout sa yo bezwen. Anpil moun ta retounen nan komin kote yo soti pou al brase aktivite ekonomik.
- ESPAYÒL. Apre anglè, espayòl se dezyèm lang dominan nan kontinan ameriken an. Metrize l san pèdi tan ta bay aksè a biznis, etid aletranje, kominikasyon ou korespondans ak peyi Amerik Latin yo, mache entènasyonal, pwogram edikatif akoutèm nan peyi ispanofòn yo (Ajantin, Bolivi, Chili, Ekwatè, Espay ou manman peyi a, Irigwe, Kiba, Kolonbi, Kostarika, Meksik, Pòtoriko, Repiblik Dominikèn). Yon moun pa ka fè sa san metrize espayòl dabò.
- ETID SEGONDÈ. Panse konplete l jiska fen bakalorera (pou gen yon diplòm etid segondè ki aseptab pou antre nan inivèsite aletranje, si w gen entansyon etidye aletranje). Sispann bat pakè; sa pa pral ede w ak anyen, nan oken peyi etanje, ni pou pase egzamen serye pou antre ladan yo. Matyè (ki pi enpòtan) pou konnen ta anglè, agrikilti, anviwonnman, biznis, ekonomi, ekri (konn ekri byen, kapab disète* sou nenpòt sijè san grate tèt an kreyòl, fransè, anglè ou espayòl; gade modèl atik nou yo), enfòmatik (konpwoutè ou òdinatè), espayòl, matematik, syans, teknik. Bat pakè se yon bagay tanporè elèv fè pou gen pi bon nòt nan egzamen. Vrè anseyan, pedagòj lisansye pa pral ankouraje oken elèv bat pakè lè yo konnen sa pa pral itil yo anyen (pwochènman, e lè yo pa ka esplike sa yo memorize a). Ou dwe nan yon nivo pou aprann panse e kritike tout sa ou ka li, e kapab entèprete l fason pa ou. Bat pakè pa pral ede w fè sa. Li pa ede w devlope panse ou lespri kritik (pou aprann analize e kritike, di sa ou panse selon sa ou konnen e rechèch ou fè). – Pa bliye enpòtans lang matènèl la kòm matyè premyè pou n panse ladan (menm si n ap ekri nan yon dezyèm lang oubyen yon lang dominan).
ANTRE NAN BIZNIS PANDAN 2, 3, 4 ANE omwen pou kreye yon baz ekonomik (lè w fin konplete nivo segondè). Pinga kouri ale nan oken inivèsite bòlèt Ayiti (ni pandan, ni aprè pandemi an). W ap gen tan fè sa, si w vle fè sa. Okontrè, se epòk pou leta ta fè fèmen tout lekòl (segondè piblik e inivèsite piblik) omwen pandan yon ane pou ta santre sou rechèch ki ta ede nan devlopman Ayiti (nan tout nivo, pou wè ak kisa y ap vini pou ede peyi a, e patisipe tèt kale nan travay sivik.
- KARYÈ NAN KONSTRIKSYON. Se yon domèn ki toujou bezwen moun pou travay, nan tout peyi. Nan anpil kote nan Karayib la, se Ayisyen ki ouvriye k ap fè pifò travay yo. Èske w gen kèk sètifika pou kèk branch nan konstriksyon? Ou te pase nan kèk lekòl ou enstiti teknik pou sa? Panse fè sa si w potko fè sa pou asire w yon karyè alontèm ki byen peye.
- KONPWOUTÈ (ÒDINATÈ). Enpòtans pou konnen domèn enfòmatik la pou ede w pèse mache entènasyonal la trapde, langaj ak pwogram konpwoutè ou dwe konnen, e fè (nan yon lekòl konpwoutè oswa nan yon enstiti teknik).
- KONTAK AK DYASPORA AYISYEN. Aprann devlope, e kenbe kontak ak moun ki gen konesans (ki pa ni awogan, ni egoyis) pou oryante w. Konekte w ak rezo sosyal yo (imel, fesbouk, twitè) pou enfòme w sou tout sa w bezwen konnen pou anrichi konesans ou.
- LISANS. (POU KONDI). Debouye w kou mèt Janjak gen yon lisans pou kondi (machin, kamyon, traktè) depi w gen laj dizuit (18) an. Sa pral ede w, e ba w aksè fè biznis pou transpòte moun ak machandiz de yon andwa a lòt. Si w pa gen lajan pou ale nan yon oto-ekòl, mande yon zanmi ki gen machin pou fè pratik ak ou. Mete ti gaz pou moun sa a pou chak leson.
- SEMINÈ / SEYANS FÒMASYON. Enpòtans pou santre sou trening sa yo pou aprann fè ou devlope biznis (ki rantab, k ap mache, ki gen lajan). N ap jwenn nan seminè sa yo gratis sou entènèt la jodiya + videyo ou ka gade.
Aprè w fin li dis pwen sa yo, èske w pral kontinye mennen yon vi pòv, oubyen èske w pral panse a tout aktivite ekonomik ou ka panse fè an gwoup, ak zanmi oubyen ak ansyen kondisip lekòl? Èske w pral dèyè prete kòb pou al Chili pito (pou travay nan jaden, lè w te ka fè sa kòm biznis nan peyi w)? Èske w pral kontinye lage 30 C.V tout kote nan Pòtoprens pou fè moun kontinye pase w nan sa n konnen an (pase yo wè w pa ka itilize brenn ou pou kreye pwòp biznis pa w)?
Pa bliye pataje refleksyon sa yo ak tout jèn, tout moun ki sou lis kontak ou, ak tout asosyasyon, fowòm, gwoup moun, klèb (klib), legliz, lekòl, nan konferans, òganizasyon, sant kominotè, e ak zanmi pou n ede lajenès Ayiti mache nan bon direksyon, e pou aprann devlope lidèchip efikas pou yo pa lidè kokorat (dwèt long, san moral, san vègòy, sanwont, san vizyon) demen, men lidè dyanm (ki edike, k ap leve defi, k ap travay tout bon pou devlopman Ayiti, ki gen moral, ki gen sajès, ki konn wont, ki p ap fè diskou sèlman men aksyon, ki pa awogan, ki pa gen dwèt long, ki sensè e ki pwòp).
*Nòt detay
- Rivyè. (Kèk) rivyè an Ayiti: Atibonit, Bouyaha, Kano, Kavayon, Dajabon, Depen (Lazil), Fè-a-Cheval, Grandans, Grann Rivyè Jakmèl, Grann Rivyè Nip, Gwayamouk, Lembe, Losyàn, Mawo (Lazil), Momans, Pedènal, Ravin Disid, Senmak, Sèpan (Lazil).
- Disète. Ak esperyans nou ak elèv ayisyen ki soti Ayiti (nan High School oubyen segondè, e nan inivèsite ameriken), nou ta remake anpil nan yo gen pwoblèm disète sou nenpòt sijè (ki ta prezante devan yo). Nou ka remake yon feblès nan lekòl Ayiti, nan mank preparasyon anseyan (kote anpil pa prepare nan matyè y ap anseye, ni resikle nan trening pou anseye pou aprann metòd ak teknik pou anseye pou ede elèv kapte l trapde. -- Anfaz sou lekti (tout bagay yo ta jwenn pou li, enkli atik k ap pibliye nan jounal pou gade fason otè ap ekri, e estil y ap itilize nan devlope yon sijè). Atik e esè nou yo, atik ki lye ak politik an Ayiti nou mete an liy (an kreyòl, anglè ak tradiksyon yo nan lòt lang pou espoze yo a seyans edisyon e tradiksyon ke yo pa gen chans fè nan lekòl Ayiti) e kèk nan liv e dokiman elektwonik nou mete disponib gratis an liy pou ede yo, e tout anseyan kòm gid sou teknik pou aprann ekri, disète sou diferan sijè. (Wè liv /dokiman sa yo, n ap mansyone: Boukan dife literati ak Joël Lorquet ; Èske kréyol se yon Èske kreyòl se yon bon zouti pou ta aprann nan lekòl Ayiti? : (Is Kreyòl a good tool to learn in school?) ; Ide pou kreye yon High School Ayisyen prive nan Boston (deba) ; Jipon nwa a ; Kèk sipètisyon nan kilti ayisyen : Some superstitions in Haitian culture ; Koze lanmou (Vol. I, powèm) ; Kreyol without toil: an introduction to Haitian Creole ; Malice et le boeuf de Bouki: Malis ak bèf Nonk Bouki (Déita) ; Manje kreyòl: resèt pou kèk pla ayisyen : Creole food: recipe for some Haitian dishes ; Quelques plante créoles et leurs noms en latin ; Richès kiltirèl Ayiti: yon min ki poko esplwate (The cultural richnes s of Haiti: an unexploited mine) ; A panorama of Haitian Indian Civilization (istwa Ayiti) ; Petit lexique du créole haïtien (lengwistik dyakwonik) ; Peyi m rele Ayiti : My country is Haiti ; Poetry in Haitian Creole (pwezi) ; Rat konnen, chat konnen, barik mantèg la sou siveyans [Retorik an kreyòl] (Rat knows, Cat knows, the barrel of lard is being watched) ; Rezo Etidyan Ayisyen, Ayiti – Dyaspora : Network of Haitian Students, Haiti – Dyaspora ; Sezon sechrès Ayiti (woman: novel) ; Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti (liv pou fòmasyon anseyan : Book for teachers’ training) ; Ti Malis ak Bouki apre 12 janvye: Pati II Dyesibon kontinye ap pale sou tranbladtè a...
- (Kèk) So dlo. Bassin Bleu (Jakmèl), Kaskad Touyac (Pòsali), Sodo, So Matiren (Kanperen), So dlo Sous Goudèt (komin Lazil).
- Legliz. Etan enstitisyon anndan yon kominote (ki ka konsidere yon ti kominote li menm), ta dwe fè kèk travay sosyal tou. Pami yo, nou ka mansyone diferan seyans fòmasyon pou edike, e oryante fidèl yo, tèlke pa egzanp: (1) Estrateji pou (al) evanjelize (e kreye disip). Sou evanjelize, obsèvasyon ke nou fè sèke majorite legliz evanjelik (kretyen) pa fè sa chak lè apre yon predikatè ta fin preche yon mesaj. W ap imajine w konbyen santèn, e menm milye enkonvèti ki ta tande yon prèch sou nenpòt sijè, epi nan fen mesaj la pa janm gen oken apèl a moun sa yo pou vin bay Jezi lavi yo (kòm pechè). Pandansetan, yon seri lidè evanjelik ta plis santre sou reparasyon oubyen konstriksyon yon legliz (materyèl) k ap koute milyonven. Èske se sou sa yo ta santre, oubyen al chache nanm ki pèdi tout kote (Matye 28, «La Grande Commission»). (2) Etid Biblik (pou fòme fidèl yo, antrene yo pou preche, e evanjelize). (3). Zèv misyonè akoutèm nan diferan zòn, e aletranje. (4) Fidèl kòm vrè legliz la (yon legliz mobil), e kisa sa vle di. (5) Kan d ete (kòm aktivite pou moun diferan laj, e sa moun ka fè ladan). (6) Konferans (sou sijè enpòtan mond lan ap fè fas ak yo jodiya, e nan kominote nou). (7) Konnen, e ankadre manm asanble a (ki ka ap fè fas ak kèk difikilte). (8) Kriz ekonomik ki ka afekte kominote a, e kijan pou siviv. (9) Pwoblèm familyal (moun anndan asanble a ka ap konfwonte). (10) Pwoblèm moun anndan asanble a ka genyen, e kijan pou ankadre yo. (11) Pwogram ete, oubyen pandan gran vakans (sa k ka ofri ou kreye selon bezwen moun yo). (12) Pwogram mizikal (pou ankouraje jèn yo fè kòm aktivite pou jwe enstriman legliz pi devan, e kijan pou parene kèk jèn ki ka bezwen sipò finansyè). (13) Pwogram sosyal ki ka fèt pou tout moun aktif (ap fè yon bagay). (14) Pwogram pou adil diferan laj. (15) Seyans fòmasyon sou karyè, metye, pwofesyon. (16) Pwogram pou lajenès (prepare yon lis). (17) Selil ki pral fè vizit nan prizon. (18) Selil ki pral vizite malad (ki pa bezwen malad ki fè pati de asanble a) lakay yo, nan lopital, nan nursing home (mezon vyeyès). (19) Seyans fòmasyon, ti konferans ou mini-konferans (senpozyòm) espesyalis ki nan asanble a ka fè oubyen ka envite pwofesyonèl vin fè. (20) Vakans (ide e planifikasyon, ki kote pou ale e aktivite pou fè). (21). Yon legliz mobil (ki pa sèlman vin chante, priye nan yon andwa presi yon jou presi). Gade modèl Jezikri (ak travay disip Li yo).
- Ten practical advices to help youths in Haiti help themselves, and to develop effective leadership • Dix conseils pratiques pour aider les jeunes en Haïti à s’aider eux-mêmes, et développer un leadership efficace • Diez consejos prácticos para ayudar a los jóvenes de Haití a ayudarse a sí mismos, y para desarrollar un liderazgo eficaz • Zehn praktische Ratschläge, um Jugendlichen in Haiti zu helfen und eine effektive Führung zu entwickeln.
Tèks Anekse
LOUIS, Martin. Védrine committed to bridging language gap. Martine Louis. Boston Haitian Reporter.
BELLEFLEUR, Hebert and Emmanuel W. Védrine. Invitation to participate in a micro research on schools and education in Haiti : problems and proposed solutions.
DEGRAFF, Michel. Videos of Haitian Creole Alphabet (and song).
VALDMAN, Albert. English – Haitian Creole Bilingual Dictionary. (Volume II of the “DICO Project”. 2017. 1148 pages. iUniverse publisher. Emmanuel W. Védrine, Frenand Léger, Jacques Pierre, and Nicolas André: member of the editing team and native editors.
---. Ann pale kreyòl: an introductory course in Haitian Creole. 2001 (revised ed.). [Bilingual manual
Creole – English that can be used for learners of both languages : Mànyèl bileng kreyòl –
anglè ki ka itilize pou moun k ap aprann toulede lang yo].
---. Haitian Creole - English Bilingual Dictionary. "The DICO Project”, (Volume I (2007). Indiana University – Creole Institute. Emmanuel W. Védrine, Frenand Léger, Jacques Pierre, and Nicolas André: member of the editing team and native editors].
VEDRINE, Emmanuel W. Teknik pou fòmile yon sijè rechèch pou tèz, e oryantasyon bibliyografik : Techniques to formulate a research topic for dissertation, and bibliographic orientation.
---. A look at Higher Education in Haiti: another step after secondary level | Koudèy sou Edikasyon Siperyè Ayiti: yon lòt etap aprè nivo segondè.
---. A look at the problem of schools in Haiti (English summary).
---. A look at the problem of schools in Haiti: comments and suggestions: Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti: kòmantè ak sijesyon.
---. Agriculture the first target for Haiti's Development : Agrikilti ta dwe premye sib nan devlopman Ayiti.
---. An Annotated Bibliography on Haitian Creole: a review of publications from colonial times to 2000. 700 p. [Research presented at the Linguistic Conference held in Cayenne, French Guiana (from May 9 – 11. 2003, organized by the “Laboratoire des Sciences Sociales IRD de Guyane”), on the languages spoken in French Guiana. Also presented at the "17th Annual Haitian Studies Association”, University of Massachusetts-Boston, Oct. 2005.
---. Ann oryante jèn Ayiti pou aprann ede tèt yo : Let’s orientate youths in Haiti so that they can orientate themselves.
---. Are Black people going to continue talking about racism without moving forward? : Est-ce que les Noirs vont continuer à parler de recisme sans aller de l’avant?
---. Bilingual Education in Haiti: theory and practice | Theory and Practice | Edikasyon Bileng Ayiti: teyori e pratik.
---. Bilingual Programs & Bilingual Teaching Materials. [Side by side bilingual texts : Textes bilingues côte à côte : Tèks bileng kòtakòt].
---. Charla Lingwista Haitiano Emmanuel Védrine na NAAM. [On "Haitian Creole Bibliography, 200 years of publications”. Courtesy: Myriam Lavache (Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann Institute of Spoken Kreyol. Curaçao; Richenel Ansano (director of NAAM)]; and Yaniek Pinedo Védrine (translator).
---. Civic duty should have been mandatory for all young people in Haiti.
---. Database of Haitian Interpreters, Proofreaders and Translators.
---. Dictionary of Haitian Creole Verbs with phrases and idioms.
---. Educating Haitian youth and the Haitian Community in Diaspora.
---. Gramè Kreyòl VEDRINE Grammar of Haitian Creole. 354 p.
---. Haiti: for a practical education on Fridays | Ayiti: pou yon edikasyon pratik lè vandredi.
---. Haiti’s Super Web Directory : Ànyè Elektwonik Ayiti.
---. Haitians presence and contribution to the society of Curaçao.
---. Kèk pwen enpòtan pou oryante moun sou ‘maryaj’, yon enstitisyon Bondye kreye. (Some important points to orient people on ‘marriage’, an institution founded by God).
---. Ki lang k ap gen batay la Ayiti: kreyòl, fransè ou anglè? / Which language will win the fight in Haiti: Kreyòl, French or English?
---. Konsyantize • Motive • Chanje : Consciousness raising • Motivate • Change.
---. Kreyol without toil: an introductory course to Haitian Creole.
---. L’importance d’acquérir un diplôme de fins d’études segondaires.
---. Mots nouveaux et idiomes entrant dans le créole haïtien : New words and idioms entering Haitian Creole.
---. Network of Haitian Students, Haiti – Diaspora : Rezo Etidyan Ayisyen, Ayiti – Dyaspora.
---. October 28, International Creole Day, and what?.
---. Orientation and Formation Training.
---. Orientation seminar for Haitian students coming to the United States : Seyans oryantasyon pou etidyan ayisyen k ap vin Etazini.
---. Orientation training to motivate Haitians to invest in business and for their retirement : Seyans oryantasyon pou motive Ayisyen envesti nan biznis e pou retrèt yo.
---. Quelques plantes créoles et leurs noms en latin: Kèk plant kreyòl ak non yo an laten (Some Creole plants and their names in Latin).
---. Reflection on February 7, 2019: 33 years after the fall of the Duvalier’s Regime.
---. Refleksyon sou aktivite pou oryante lajenès an Ayiti : Reflection on activities to orientate youths in Haiti.
---. Restructuring schools in Haiti : Restriktire lekòl Ayiti.
---. Say it in Haitian Creole, English and French: a trilingual glossary of phrases and idioms. [Forthcoming / A trilingual Glossary for learners of Haitian Creole, English, French and a guide for translators]. Emmanuel W. Védrine. Winter 2020.
---. Séance d’orientation pour motiver les Haïtiens à investir dans les affaires et pour leur retraite.
---. Selfishness: a virus destroying the Haitian Community.
---. Seventy Five Years of Research and Publications on Haitian Creole : 75 Swasannkenz Ane Rechèch ak Piblikasyon sou kreyòl ayisyen]. [Haitian Bibliography : Bibliographie Haïtienne].
---. Seyans Oryantasyon pou ede Jèn Ayisyen Ayiti wè klè.
---. Sezon sechrès Ayiti (historical novel: woman istorik). [English summary]. In Papiamentu. language, Temporada di sekura na Haiti.
---. Some Haitian Creole Verbs dealing with Haiti’s underdevelopment and development.
---. Some key information to help the Haitian Community: Kèk enfòmasyon kle pou ede kominote ayisyen.
---. Standardizing Haitian Creole: A Round Table Discussion. Haitian Studies Association, 18th Conference. University of Virginia, Charlottesville, VA. 2006. [Panel: Emmanuel W. Védrine, Marc Prou, Albert Valdman, Josiane Huducourt-Barnes].
---. Tardiness in foreign language teaching in Haiti’s schools : Retard dans l’enseignement des langues étrangères en Haiti.
---. Teaching materials for schools in Haiti: Materyèl pedagojik pou lekòl Ayiti.
---. The cultural richness of Haiti, an unexploited mine: Richès kiltirèl Ayiti, yon min ki poko esplwate
---. The English language in Haiti.
---. Trades, professions, careers: orientation training for Haitians students in Haiti.
---. Translation of Medical Terminologies: English – Haitian Creole.
---. Translation Seminar (English, French, Haitian Creole, Italian, and German).
---. Travay sivik ta dwe obligatwa pou tout jèn an Ayiti.
---. Twenty cents of consciousness to become a better persons: Ven kòb konsyans pou vin yon pi bon moun.
---. Ven (20) Fraz kreyòl potomitan (tradui an plizyè lang): 20 (twenty) Key creole phrases (translated to different languages).
---. Working harder to bridge the generation gap.
---. Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti.
Research Nòt Rechèch
Ten practical advices to help youths in Haiti to learn to help themselves, and to develop effective leadership• Dix conseils pratiques pour aider les jeunes en Haïti à s’aider eux-mêmes, et développer un leadership efficace • Diez consejos prácticos para ayudar a los jóvenes de Haití a ayudarse a sí mismos, y para desarrollar un liderazgo eficaz • Zehn praktische Ratschläge, um Jugendlichen in Haiti zu helfen und eine effektive Führung zu entwickeln.
Courtesy E. W. Védrine Creole Project
Boston, Massachusetts. USA
*