Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan
Mwa kreyòl la nan Monreyal

Mwa kreyòl la nan Monreyal
2024 - 23èm edisyon

 

*


Fwaray Liv Kebèk-Karayik-Oseyan Endyen

3èm edisyon : 13 oktòb 2024

Nan mitan pwogram «Mwa Kreyòl nan Monreyal» KEPKAA ap òganize a, «Fwaray Liv Kebèk-Karayib-Oseyan Endyen» an vin yon woumble san parèy ki la pou moun ki damou liv, lekti ak ekriti.

Twazyèm edisyon sa a ki pral dewoule dimanch 13 oktòb 2024 la nan «Musée des Mémoires Montréalaises», pral pwouve yon lòt fwa ankò pouvwa liv genyen pou rasanble moun, pou fè moun reve, pou fè moun renmen lavi jouk nan nannan mounite yo. Li gen tandans tou depase manda li pou louvri zèl li, rankont apre rankont, nan lòt aktivite ki vle mete liv an vedèt pandan tout yon ane. Se tout pawòl ak istwa sa yo fòs oraliti a ak reziztans ekriti a bwote pou fòme istwa imanite n.

Se pral yon okazyon pou plizyè otè, plizyè editè rankontre bab pou bab pou koze youn ak lòt, pou koze tou ak lòt moun ki damou liv.

Konsa, nan fwaray sa a, ane sa a ankò se liv ki pral vedèt, ki pral zàm tout refleksyon ak tout transmisyon panse nan mitan yon bann sijè ki pral debouche sou materyalizasyon konkrè ide yo. Ap gen tou konferans sou diferan tèm ak plizyè lòt sijè pou ranfòse divès ide ak opinyon ki kapab ateri sou kreyasyon, inovasyon ak transmisyon konesans.

KEPKAA kwè tout bon vre nan wòl kapital oswa pouvwa liv genyen, li kwè liv se yon sous san fen pou devlopman jèn yo. Jounen jodi a batay la make san devan dappiyanp nouvo teknoloji yo fè sou jèn yo.

Men KEPKAA toujou rete kwè nan sa liv pwomèt ak nan kapasite li pou enspire ak ankouraje kreyativite. Otè, editè fanm kou gason nan Kebèk la, Karayib la, Oseyan Endyen an, tanpri al enskri nou: https://kepkaa.com/foire-du-livre-inscription/

* * *

Foire du Livre Québec-Caraïbes-Océan Indien

3e édition : 13 octobre 2024

Au cœur de la programmation du Mois du Créole à Montréal, organisé par le KEPKAA, la Foire du Livre Québec-Caraïbes-Océan Indien est un évènement exceptionnel dédié aux amoureux du livre, de la lecture et de l’écriture.

Cette 3e édition, qui se tiendra le dimanche 13 octobre 2024 au Musée des Mémoires Montréalaises, sera une nouvelle occasion de mettre à profit la capacité du livre à rassembler, à faire rêver et aimer la vie dans toute la profondeur de l’être. Elle viseraà dépasser son cadre en l’étendant à des activités ponctuelles autour du livre tout au long de l’année. Autant de voix et d’histoires portées par la force de l’oralité et la permanence de l’écriture qui façonnent le récit de notre humanité commune.

Une occasion de côtoyer les auteurs et éditeurs et d’échanger avec eux et d’autres amants du livre. Ainsi, à cette foire, le livre sera, cette année encore, mis en valeur comme instrument de réflexion et de transmission de la pensée, dans une diversité de sujets, s’ouvrant sur une matérialisation objective des idées. On y comptera également des conférences thématiques et autres qui s’y aligneront, afin d’approfondir idées et opinions capables de générer création, innovation et transformation.

KEPKAA croit fermement au rôle essentiel des livres comme source infinie dans l’épanouissement de la jeunesse. Les défis sont d’autant plus grands aujourd’hui face à l’emprise de la technologie. Mais KEPKAA continue à croire en l’avenir du livre et en sa capacité d’inspirer et de stimuler la créativité.

Auteurs(-trices), Éditeurs(-trices) du Québec, de la Caraïbe et de l’Océan Indien, inscrivez-vous: https://kepkaa.com/foire-du-livre-inscription/

*

Musée des Mémoires Montréalaises (MEM)
1210 St Laurent Blvd,
Montreal, Quebec H2X 2S5

(514) 872-3207

* * *

Programme 2023

Coup d’œil rétrospectif sur la 21e édition du mois du créole à Montréal

Historique du Mois du Créole à Montréal

Mois du créole

KEPKAA 2000,
boul. Saint-Joseph-Est, porte B, Montréal (Québec) H2H 1E4
Tél. 514 750-8800 ou 514 062-8684
Courriel : info@kepkaa.com

*

 Viré monté