Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Zile nou

Pwezi

Michel-Ange Hyppolite

Zile nou

11.00 US + frais postaux chez Educa Vision
ISBN  1-58432-150-4

ZILE NOU

... Kaptenn Koukouwouj ap "voye mo monte" pou youn konstriksyon ki an menm tan solid e bèl tankou youn katedral.

Zile nou (youn ekstrè)

Ou vire
tounen
banm payèt
ou mache nan rèv mwen
gwo midi
Chak fwa mwen pare kabann
sou ranch solèy
pou kò fanm ou fleri
lèt zannana ou desann poze anba tè
Lespwa pran san-l
pou li rapousuiv nou

 

Viré monté