Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

 

Alo! Alo! Pòtoprens

Michel-Ange Hyppolite
(Kaptenn Koukourouj)

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

Cananga odorata, Ilan ilan, Annonaceæ. Photo F.Palli

Cananga odorata

Alo! Alo! Pòtoprens,

Mwen pa konprann, apa ou ap fè mwen albè sou ekran an. Se tankou, mwen rantre nan youn jwèt lewouj ak twa zèl kat ansanm ak youn asosye ki nan lespri mwen pandan mwen sou channmas – Channmas, si channmas la toujou. Si tout ewo endepandans yo kanpe drèt sou li toujou -- Wi tankou mwen sou channmas, zèl kat la ap pase la a anba je mwen. Mwen wè li, men mwen pa kab mize sou li.

Se tankou timoùn, ki ap jwe pike-kole sou plas Petyon devan katedral -- Katedral. Kontinye reve. Katedral se bout mi li ki rete --. Wi, nan jwe pike-kole devan katedral, chak pikèt ki rantre nan rondèl sentiwon mwen, se deyò li rekonèt li. Se tankou mwen ap fè kous ak lonbray mwen. Wi mwen kab fè kous ak lonbray mwen. Li pa katedral,li pa channmas. Li la a ak mwen. Kou li fè midi, li anba peye mwen. Pase midi, li mache ansanm ak mwen, kòtakòt, kou Kòkòt ak Figawo. Men, plis mwen ap kouri pou mwen rapwoche li, se plis li file, koule, kouri, kite mwen dèyè ak tout kalite lide marasa.

Pòtoprens, Pòtoprens vil kote semèl soulye mwen vale kalkou, manje pousyè. Vil danfans mwen! Kote ou ye!! Chak fwa mwen vle pwoche zetwal ou anndan kanari, kote mwen ba ou je a, se veglerans. Se refraksyon limyè ki remonte nan liy optik je mwen. Pòtoprens, ak zigzag latoudlin, ou sige. Wi Pòtoprens, ou sige. Ou ale.

Mwen vle rapousuiv ou, rale ou pi pre mwen, men se penn pèdi. Se sèl segonn nan zegui mont, ki ka sige tankou ou. Pòtoprens, ou sige an miyèt, nan mitan youn tan, mwen pa pe kab ratrape, ni nan telefòn, ni wè nan sibèpasaj.

Pòtoprens, se file ou file. Ou sige. Se rèl. Se dezolasyon. Se tristès. Se deblozay. Sèl chans mwen genyen pou rapousuiv ou, se lapawòl. Pa klete li. Kite li mache pi pre ou. Pa ba li latoudlin, lonje pou li souple, youn branch lespwa, youn bouton Ilan ilan, twa flè choublak, kèk grap flanbwayan, ak sèt fèy kapab. Anba lalin klè, mwen va awoze yo, jouk yo va rive pran rasin sou tè lanmou. Youn tè nou va leve nan kat fasad pou nou chèche wout ak fòs kouray nou, ki bezwen manbre ak lyann pasyans tout tan nou jwenn tan. Pòtoprens oh! ou ale!

 

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada, Otawa
michelangehyppolite@rogers.com

 Viré monté