Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Atlas/Leksik zo Mounn

Michel-Ange Hyppolite

Atlas/Leksik zo Mounn

12.00 US + frais postaux chez Educa Vision
ISBN 1-881839-50-8

ZO MOUN

[...]Youn liv ki prale kare douvan youn reyalite teknik, syantifik modèn. Youn liv ki prale kanpe anfas youn sityasyon lengwistik, ki koumande nou bay kreyòl-la lougal pou li sa defini antouray-li, viwonnay-li nan jan pa li, ak pwòp mo pa li.

Ekri youn "Atlas/Leksik Zo Mounn" vini pou nou youn pwovokasyon. Sa prale pwovoke lakay chak lektè konsekan youn je jouda, ki va fouye chache tout kritkrit liv la pote. Sa prale pwovoke refleksyon sou demach entelektyèl ekritè a, ak sou itilite syantifik travay li a.

Pwovoke diskisyon sou ki lè, ki kote, ki jan, nan ki lanng nou dwe kreye oubyen prete mo ki manke. Men sitou, kouman nou va ride lanng-lan riminen dijere sa ki fè li byen, oubyen vomi sa ki pa kab rantre nan santiman lengwistik li.

Viré monté