Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Ki sa lang kreyòl ayisyen ye?

Hugues Saint-Fort

Lan tout zòn Karayib la, lan zòn sid Etazini (Louisiane, Géorgie), lan yon gwoup zile ki tabli lan Océan Indien (Maurice, Réunion, Seychelles), moun pale yon gwoup lang ki rele kreyòl. Lang sa yo se konsekans dirèk 2 gwo evenman istorik: esklavaj ak kolonizasyon peyi ewopeyen ki te kòmanse an 1492 lè Christophe Colomb te debake ann Amerik. Jounen jodi a, yo estime a prèske 20 milyon moun ki pale yon lang yo konsidere tankou yon lang kreyòl.

Genyen anpil kesyon non kreyòl la soulve an lengwistik. Pa egzanp, yo sèvi ak li pou kalifye yon gwoup lang. Eske sa vle di gen yon ansanm karakteristik nou jwenn lan lang sa yo ki otomatikman pèmèt nou rele yo,  kreyòl? Ki karakteristik sa yo? Gen anpil lengwis ki etidye kesyon sa yo. Pa egzanp, lengwis Pieter Muysken (1988) lan yon atik ki rele “Are creoles a special type of language?” (Eske kreyòl yo se yon tip espesyal lang?) soulve twa konstatasyon fondamantal:

  1. Creole languages are assumed to be more alike than other languages.
    (Yo sipoze lang kreyòl yo pi sanble youn ak lòt pase lòt lang yo) [tradiksyon pa mwen]
  1. Creole languages are assumed to be more simple than other languages.
    (Yo sipoze lang kreyòl yo pi senp pase lòt lang yo) [tradiksyon pa mwen]
  1. Creole languages are assumed to have more mixed grammars than other languages.
    (Yo sipoze gramè lang kreyòl yo pi melanje pase gramè lòt lang yo). [tradiksyon pa mwen]  

Apre yon michan analiz, Muysken vini ak konklizyon sa a: “The very notion of a ‘creole’ language from the linguistic point of view tends to disappear if one looks closely; what we have is just a language. “ (Lè n ap konsidere li dapre yon pwennvi lengwistik, lide yon lang ‘kreyòl’ dwe disparèt; sa nou genyen devan nou, se yon lang.) [tradiksyon pa mwen]

Lang kreyòl yo se yon fenomèn sosyoistorik

Si pa gen mwayen pou konsidere lide yon lang ‘kreyòl’ dapre yon pwennvi lengwistik, genyen lòt mwayen nou kapab konsidere lang kreyòl. Deplizanpli, lengwis yo ap abandone lide rasanble  lang kreyòl yo tankou yon gwoup lang ki pataje menm karakteristik tipolojik. Pa egzanp, lengwis Sarah G. Thomason (1997:73) ekri «There are no features that are exclusive to, nor universal in, languages thought to be creoles». (Pa gen okenn karakteristik ki se pwopriyete eksklizif, osnon ki inivèsèl nan lang moun panse ki se lang kreyòl.) [tradiksyon pa mwen] Pou lengwis Salikoko S. Mufwene, pwofesè lan inivèsite Chicago, “Creolization is a social, not a structural, process” (Kreyolizasyon se yon pwosesis sosyal, se pa yon pwosesis estriktirèl) [tradiksyon pa mwen]. Pou lengwis ayisyen Michel DeGraff, (1999: 11) pwofesè lan MIT, “any property found in creole languages is (unsurprisingly) also found in some noncreole language.” (Nenpòt ki pwopriyete nou jwenn lan lang kreyòl yo, nou kapab jwenn yo tou (sa pa dwe etone) lan yon lang ki pa yon lang kreyòl). [tradiksyon pa mwen] DeGraff kontinye pou l di: “…Creoles would simply be the product of certain extraordinary external (sociohistorical) factors coupled with ordinary (internal) linguistic resources inherent to the human faculté de langage. (Lang kreyòl yo ta senpleman pwodui yon seri faktè ekstraòdinè ekstèn (sosyoistorik) ki melanje ak resous lengwistik òdinè (entèn) ki fè pati faculté de langage tout moun genyen.) [tradiksyon pa mwen] Donk, kesyon sosyoistorik lan gen yon pakèt enpòtans lè n ap egzamine ki sa yon lang kreyòl ye, ki jan li te fè pran nesans.

Kreyòl ayisyen se yon kreyòl plantasyon

Laplipa lang kreyòl ki lan zòn Amerik la se kreyòl ki pran nesans lan plantasyon. Sa vle di yon sitiyasyon kontak lang ant yon majorite esklav ki te pale plizyè lang diferan avèk yon minorite Ewopeyen ki t ap oprime esklav yo. Kreyòl ayisyen se yon kreyòl ki te pran nesans lan plantasyon koloni Saint-Domingue (ansyen non Ayiti) lan 17è ak 18è syèk. Li sòti lan kontak oral ant dyalèk rejyonal kolon franse ki te sòti lan lwès peyi Lafrans te pale avèk esklav afriken ki te pale diferan lang ki sòti lan fanmi lang Niger-Congo. (DeGraff 2007). Dapre lengwis canadienne Claire Lefebvre (1998: 57-58), Haitian Creole is hypothesized to have been created by adult speakers between 1680 and 1740 at the beginning of the sugar economy. These adults were native speakers of languages of the Niger-Congo group and more specifically the Kwa languages, with a majority of Gbe speakers. At the time Haitian Creole developed, African languages were still in use in Haiti and remained so for a period of approximately a hundred years.” (Nou vini ak ipotèz ke se granmoun ki te kreye kreyòl ayisyen ant 1680 e 1740 lan kòmansman ekonomi sik la lan Saint-Domingue. Granmoun sa yo te pale yon seri lang ki fè pati gwoup lengwistik Niger-Congo, pi presizeman lang Kwa yo, avèk yon majorite moun ki pale lang Gbe yo. Lan epòk kreyòl ayisyen t ap devlope lan Saint-Domingue, moun te kontinye ap pale lang afriken yo. Sitiyasyon an te rete konsa pandan yon peryòd ki te dire anviwon sant an.) [tradiksyon pa mwen]

Kreyòl ayisyen baze sou franse men li pa depann de li

Lan tout peyi kote genyen yon lang kreyòl, lang kreyòl sa a toujou koegziste avèk yon lang ewopeyen ki se ansyen lang kolon an, e ki kapab swa angle, swa franse, swa panyòl, osnon pòtigè. An jeneral, lang ewopeyen an toujou konsève dominasyon li te genyen sou lang kreyòl la pandan epòk lakoloni. Yo rele lang ewopeyen an lang «leksifikatè» paske se li menm ki bay lang kreyòl la majorite mo li genyen. Lengwis yo idantifye lang kreyòl yo dapre non lang ewopeyen moun pale lan ansyen koloni a. Pa egzanp, yo idantifye kreyòl ayisyen tankou yon kreyòl ki baze sou franse; kreyòl jamayiken (patwa) tankou yon kreyòl ki baze sou angle; Papiamentu (yon kreyòl moun pale lan Antilles hollandaises yo) tankou yon kreyòl ki baze sou panyòl. Sa pa vle di lan tout ka sa yo ke lang kreyòl yo se yon move vèsyon lang ewopeyen an. Tout lengwis ki etidye lang kreyòl yo rekonèt ke lang sa yo granmoun tèt yo. Kreyòl ayisyen pa egzanp, pa depann de franse. Menm si li genyen anpil mo franse lan leksik li, kreyòl ayisyen  fonksyone lan jan pa li.

Hugues Saint-Fort
30.05.2013

boule  boule  boule

Men liv mwen site:

DeGraff, Michel

(2007) Kreyòl Ayisyen, or Haitian Creole (‘Creole French’). In Comparative Creole Syntax ed. by John Holm and Peter L. Patrick. United Kingdom and Sri Lanka: Battlebridge Publications.

(1999) Language Creation and Language Change. Boston: MIT Press.

Lefebvre, Claire

(1998) Creole genesis and the acquisition of grammar. The case of Haitian creole. United Kingdom: Cambridge University Press.

Mufwene, Salikoko S.

(1998) Creolization is a social, not a structural process. Cf.
http://humanities.uchicago.edu/faculty/mufwene/mufw_creo.html

Muysken, Pieter

(1988) Are Creoles a special type of language? In Linguistics: The Cambridge Survey, vol.2 Linguistic Theory: Extensions and Implications. Ed. by Frederick Newmeyer, pgs. 285-301. Cambridge: Cambridge University Press.

Thomason, Sarah G.

(1997) A typology of contact languages. In The structure and status of pidgins and creoles. Ed. by Arthur K. Spears and Donald Winford, pgs. 71-88. Amsterdam: John Benjamins.  

boule

 Viré monté