Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Yves Dejean,
yon gwo Towo nan Kreyolistik, kite nou

Hugues Saint-Fort

Se avèk anpil tristès, anpil lapenn m ap anonse lanmò Yves Dejean, lengwis ayisyen e gran defansè dwa klas moun ke yo meprize nan sosyete ayisyen an, swa paske yo se moun «an deyò», swa paske yo pòv, swa paske yo pa konn li osnon paske yo pa konn pale franse.

Premye fwa m te rankontre Yves Dejean se te vè 1984 nan Brooklyn, New York. Anvan sa, mwen te konn li rechèch li yo sou konsèp lengwistik diglosi, sou plas lang franse nan sosyete ayisyen an. Men, se sitou tèz doktora li a «Comment écrire le créole d’Haiti», Indiana University, 1977 ki te frape lespri mwen. Nan epòk sa a, pa te genyen travay inivèsitè sou òtograf lang kreyòl ayisyen. Rechèch Yves Dejean an te vin louvri yon gwo chimen nan domenn sa a. Lè mwen te rankontre Yves nan Brooklyn, mwen te fèk fin defann yon tèz doktora an Lengwistik nan Inivèsite René Descartes, Sorbonne, Paris V. Yves te envite m nan apatman li an pou nou diskite sou tèz mwen an. Nou pase plis pase senk è d tan ap diskite sou lengwistik, sou Ayiti, sou politik entènasyonal… Nou rete lontan ap diskite sou 3 fraz nan entwodiksyon tèz li a: «Le créole? Je m’en balance ! Les créolophones, voilà mon souci.» Refleksyon sa yo montre a ki pwen Yves te enplike nan angajman sosyal pou pèp ayisyen. Lè li rantre ann Ayiti an 1986, li kouri mete sou pye yon lekòl nan Sid peyi a pou ti moun peyizan ki pa ta janm gen chans aprann li e ekri epi resevwa yon edikasyon. Li te rele lekòl la, «Sant Twa Ti Flè» nan memwa twa ti fi nan zòn lan ki te mouri dyare. Li te demele li kou Mèt Jean Jacques pou fè lekòl la mache, malgre tout kalite pwoblèm li rankontre. Li te menm al viv nan zòn lan, tou pre lekòl la pou kontwole ki jan lekòl t ap fonksyone.

Anvan Yves te rantre Ayiti an 1986, li te viv nan New York pandan plis pase kenz  lane kote li te anseye nan anpil pwogram bileng kreyòl-angle pou etidyan ayisyen nan Long Island University, New York University, Teachers College, Columbia University. Li te kontribye nan fòmasyon lengwistik anpil etidyan ayisyen ki aprann nan bon ti mamit prensip lengwistik ki pèmèt yo voye jete yon seri mit negatif sou lang kreyòl ayisyen, yon seri prejije kont lang natif natal Ayisyen.

Yves Dejean te konsyan li te okipe yon pozisyon privilejye ann Ayiti akoz orijin sosyal li e se poutèt sa li te toujou rete nan koute pawòl mas pèp la, osnon viv tou pre li. Pwoblèm edikasyon ak devlòpman sosyete ayisyen an te enterese li anpil. Nan sans sa a, li te ekri yon michan liv ki rele «Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba» (FOKAL/Henri Deschamps 2006, 2èm edisyon nan Éditions de l’Université d’État d’Haiti, 2013). Men sa ki ekri sou do michan liv sa a: «Moun ki enterese nan yon sistèm edikasyon ki ta nan avantaj tout timoun nan peyi nou ap jwenn bon jan esplikasyon klè sou pwoblèm lang kòm chemen konnen, sou pwoblèm aprann, sou pwoblèm lekòl.»

Mwen voye kondoleyans pou fanmi Yves Dejean, espesyalman frè li René Dejean. Mwen di li kenbe fèm nan moman difisil sa a.

Hugues Saint-Fort
New York, 30 mas 2018  

boule

 Viré monté