Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Memwa nou filange

André Fouad

Memwa nou chifwonnen
douvan papot listwa
rev nou filange
douvan pon wouj

map cheche kdav lanpere
nan chak kwen la ri
nan chak bout te a

map cheche jwenn wout
pou soley leve
map cheche la vi
tribobabo

map cheche la pawoli lanpere
poum gade la vi nan je

le lwa dessalin mwen montem
mwen pa konn la jounen
mwen pa konn lannwit
mwen pa konn fredi
mwen pa konn chale

mwen pa konn fwontye relijyon
mwen pa konn koule po
mwen pa konn kpitalis
mwen pa konn kominis

le lwa dessalin mwen montem
miste lafrik yo vlopem
mwen vle lanmou
mwen vle jistis
mwen vle repatisyon

le lwa dessalin mwen montem
mwen vle zetwal dyayi nan rev mwen
kou ounsi nan lakou
ki pran lwa.

boule

 Viré monté