Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

André Fouad sou tout plas piblik

Evains Wêche

Publié le 2022-06-13 | Le Nouvelliste

Emelie Prophète

Kisa si pase lè yon powèt chita sou yon plas piblik? Kisa li wè, kisa li jwenn? Kisa li pote pou plas piblik la? Pa gen yon kote ki pi louvri pou rankont ak libète pase lari ak plas piblik. André Fouad fè esperyans lan. Ane a li ap nan Livres en folie avèk yon rekèy powèm ki vin rapòte nou sa. Se dezyèm piblikasyon l kay edisyon Freda, aprè «Flè Zili» ki te sòti an 2020.

Fouad André se yon powèt nou konnen byen nan peyizaj literè Ayisyen an. Isit kou lòtbò dlo. Anpil lòt powèt apresye travay li ki rekonpanse plis pase kenz fwa an Ayiti, Kanada ak Etazini. Kòm dizè, li fè disk «Chimen souvi m» an 2018, avan li pibliye «Lè pwezi m jwenn van» ki te nomine nan Haitian Awards an 2016. Gwo mizisyen tankou Dadou Pasquet, Wooly Saint-Louis, Erol Josué, Pierre Rigaud Chéry ak anpil lòt ankò travay avèk li.

Fouad André se yon powèt pyepoudre k ap chache souf douvanjou. Se nan koute bri lannwit, li jwenn etensèl mo yo ; nan fè lawouli sou chimen souvni, flè Zili fleri devan l. De ti mo, twa ti mo sifi pou pwezi l jwenn van. Si w gade byen, depi nan tit liv yo, w ap wè Fouad se yon powèt lari. Se nan reyalite a, nan bese leve lavi a, sou plas piblik li tranpe plim li pou kase nou de twa koze.

«Chak fwa m ekri yon powèm
Kè m louvri tankou moso granri»

(Adjae, p. 11)

Fil elektrik, pankat, kanivo, lèpasan, chen, paten awoulèt, fenèt, kalfou, lantouray tout sa lari pote travèse powèm yo. Ak powèt la nou chita sou plas piblik, n ap pran jòf, nou pèdi nan gade chive fanm k ap vante lavi.

«Sa k ta di sa kò m ta tonbe
Ri ankò
Lè bri lari
Te fin dezabiye syèl mwen».

(Ankò, p. 23)

Malgre tout plezi ou ka pran nan lari a, li ka vòlè rèv ou, fè l tounen lafimen nan recho dife, li ka twaze lonbray ou. Nan lari ou ka defigire. Lari ka tire, ou ka mouri sou plas piblik. Lari rizèz, li ka ri w.

Gen yon chan leksikal dlo (lanmè, rivyè, lapli, lakansyèl…) nan liv sa a ki ta sanble pa gen anyen pou l wè ak lari ni plas piblik. Men si w gade byen, w ap wè prèske tout avantirye nan lemonn toujou entèrese ak lanmè. Ki pi gwo wout, pi gwo plas piblik pase lanmè? Lè yon moun pè benyen nan lanmè pa bò isit, li konn mache di toutotan li pa wè yon pwason sou plas piblik li p ap janm al nan lanmè. Prezans lanmè nan powèm yo ta sanble vle demanti sa.

«Mwen pèdi nan sekous batofou
Arthur Rimbaud t ap gade
Li pran ri riyèl lèpasan».

(Batofou, p. 15)

Sa nou klè sou li, powèt la renmen lanati. Papiyon, pyebwa, syèl, sole, douvanjou, van fè kenken nan rekèy sa a. Yo pa jis la pou fè bèbèl, abiye fraz, fè « fo dekò ekla limyè». Anpil fwa, yo se pèsonaj, yo se nannan powèm lan. Se nan sans sa a powèt la di: «Sole se bout miwa, se la mwen gad anndan m.»

Si m ta pran pou m pale sou «Plas piblik», m pa t ap fini. Gen anpil dekouvèt yon lektè ka fè nan liv sa a. Teknisyen yo ta ka chache dekouvri nan ki kouran Fouad ye, ki travay li fè sou lang kreyòl la, yon lang li metrize trè byen, ki enfliyans li sibi, elt. Men nou menm nou te prefere gade pito kisa Fouad, pyepoudre devan Letènèl, dekouvri sou plas piblik, kisa plas piblik di powèt la. Pafwa, powèt la ap pale ak/sou anmourèz li, men lektè pa fin konnen si se yon fanm osnon si se plas piblik la.

*

Viré monté