Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Festival anyèl liv ak atizana ayisyen Jean Baptiste Anivince Publié le 2021-09-26 | Le Nouvelliste Angelucci Manigat Jr. |
Angelucci Manigat Jr, majòjon evènman an konfime nouvèl la: Samdi 8 oktòb 2022 a, soti 1è rive 6è PM, nan “Norwalk Community College” se pwal dewoulman 23èm edisyon Festival anyèl Liv ak Atizana ayisyen nan Connecticut (Etazini). Aktivite sila a, k ap rann ekriven Emile Celestin Megie omaj ane a pou okazyon santenè nesans li (16 oktòb 1922-16 oktòb 2022), jwenn kolaborasyon “Haitian American Professionals Association of CT, Inc (HAPAC); Sosyete Koukouy, UNESCO Center for Global Friendship, Inc; Anacaona Haitian Studient Association of NCC (HASTA).
Festival ànyèl Liv ak Atizana ayisyen, ekriven Angelucci Manigat konsidere kòm aktivite liv ayisyen ki pi ansyen Ozetazini, mete alonè plizyè pèsonalite nan dyaspora a pou yon anbyans kiltirèl ak literè nan dimansyon richès ak bèlte kilti peyi Ayiti: atis angaje Carole Démesmin, powèt /atispent Jeanie Bogard, Doktè Lunine Pierre-Jérôme (Yonn nan responsab aktivite Chiktay literè), ekriven Pascale Milien - Faustin (Prezidan Biwo santral Sosyete Koukouy), powèt André Fouad.
Kreye yon pon ant Ayiti ak dyaspora li atravè literati, fè pwomosyon liv ak atizana ayisyen nan dyaspora a se kèk pami objektif evènman sila a, daprè manm kreyolis la. Pou manm Sosyete Koukouy la se yon aktivite ki reflete reyalite lenguistik kominote ayisyen an nan Etazini, k ap evolye nan yon kontèks kowabitasyon plizyè kominote lenguistik.
Nan meni Festival Ànyèl Liv ak Atizana ayisyen an, plizyè aktivite: Ekspozisyon ak vant liv ayisyen, kou penti, deba, konferans, konkou ekriti kreyòl, ekspozisyon penti ak zèv atizana, elatriye.
Yon aktivite ki deja rasanble ekriven ak entèlèktyèl ayisyen tout kote.
Festival ànyèl Liv ak Atizana ayisyen mobilize deja divès entèlèktyèl ak ekriven ayisyen k ap viv nan dyaspora a oubyen an Ayiti. Pami pèsonalite ki pase nan aktivite sila a, nou jwenn: Frankétienne, Emmeline Michel, Steeve Brunache, Max Manigat, Jan Mapou, Lucien Charlot. Ane a, Doktè Lunine Gerôme ap prezante tradiksyon kreyòl yon liv ekriven Edwidge Danticat.
Yon okazyon omaj pou ekriven Emile Celestin Megie pou santenè nesans li.
Menm jan ak ekriven Jacques Stephen Alexis, ane 2022 a mennen santenè nesans Emile Celestin Megie (16 oktòb 1922 – 6 jiyè 2018), yonn nan premye ekriven ki pibliye yon woman an kreyòl an 3 tom (Lanmou pa gen baryè, Editions Fardin, 1975). Fondatè revi Gindòl (Jiyè 1971), Emile Celestin Megie se yon pwomotè fondamantal kreyòl ayisyen an, manm fondatè ASKONNA ( Asosyasyon Konbit Natif Natal). Li ekri plizyè liv tankou Feuille d’ortie (pwezi, 1953), Bien vivre (Teyat, 1967), Kèzini, 1985; Agasya, 2003; Serenity of love (Teyat, 1968).
Nou bat bravo pou yon inisyativ Festival Ànyèl Liv ak Atizana ayisyen ki moutre literati, atizay ak atizana ayisyen an rete byen vivan, menm andeyò espas jewografik peyi a. Yon aktivite konsa, menm jan ak plizyè lòt tankou Eritaj Kilti Kreyol, Espas Kreyòl, Chiktay literè, Pri pwezi Felix Morisseau Leroy, raple avèk elokans Ayiti se dyaspora li tou.
*