Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Ki moun ki Robert Berrouët-Oriol? @MichelDeGraff | 21 desanm 2022, revizyon 30 desanm 2022 Pwofesè lengwistik @MIT Lansman Inisyativ MIT-Ayiti nan MIT — 22 oktòb 2010 |
Sa fè plis pase 2 lane depi Robert Berrouët-Oriol ap plede atake m kòm lengwis e kòm edikatè k ap goumen an Grenadye nan Inisyativ MIT-Ayiti — yon inisyativ k ap ede nan tabli fondasyon lengwistik e pedagojik pou lekòl tèt an wo, pou peyi tèt an wo. Objektif MIT-Ayiti se valorizasyon kreyòl kòm lang ansèyman ann Ayiti e kòm zouti ki nesesè pou aprann lekti ak ekriti epi tout lòt matyè yo: syans, matematik, dezyèm lang tankou franse, angle, panyòl, e latriye. MIT-Ayiti se yon bèl konbit edikatè, yon rezo k ap grandi tou lè jou ann Ayiti e nan dyaspora a epi n ap pote kole pou n kreye bon jan kalite resous an kreyòl ki disponib gratis ti cheri nan fòma nimerik. Travay an konbit sa a mete MIT-Ayiti nan nannan mouvman kreyòl la ki se yon mouvman liberasyon pou n rive chape an ba bòt neyo kolonyal frankofolis ak yankifolis.
Enben, genlè objektif sa yo vin deklannche yon menas kont idantite plim e ank ak otorite frankofil yo. Epi sa vin lakòz se chak semenn — pafwa se tou lè jou !— Berrouët-Oriol ap ekri imel ak atik difamasyon, an franse e ann angle (men, PA an kreyòl!), voye bay milyon ven moun ak tout kalite òganizasyon tou patou nan monn lan depi yo gen koneksyon ak Ayiti, lengwistik oswa edikasyon, sitou sila yo ki ka ofri apui bay MIT-Ayiti: MIT, National Science Foundation (Etazini), National Academy of Sciences (Etazini), Linguistic Society of America, USAID, UNESCO, UNICEF, Society of Caribbean Linguistics, Comité International des Études Créoles, Asosyasyon Etid Ayisyen, CUNY Haitian Studies Institute, Inivèsite Leta d Ayiti, Akademi Kreyòl Ayisyen, FOKAL e latriye. Epi li pibliye difamasyon li yo prèske chak semenn nan jounal Le National ann Ayiti.
Sanble objektif kanpay difamasyon sa a se pou Berrouët-Oriol eseye trangle MIT-Ayiti pandan l fè kòm si atak li yo se sou baz lengwistik ak sou baz moralite. Atak Berrouët-Oriol se yon echantiyon yon malèz frankofòl ki lontan pi laj pase Berrouët-Oriol. «Linguiste terminologue» se yon egzanp estwòdinè pami entelektyè frankofil ayisyen sa yo ki, depi twò lontan, derefize rekonèt enpòtans total kapital kreyòl kòm sèl lang nasyonal peyi d Ayiti. Jounen jodi a, y ap fè wont sèvi kòlè devan kontradiksyon prejije anti kreyòl a yo. Kanpay anti kreyòl sa a se konsekans politik neyo kolonyal Lafrans depi nan kòmansman 19yèm syèk la. Ki donk sa merite yon analiz pwofonde pou n konprann epi konbat fonksyonnman laboratwa pwopagann ak difamasyon nan divès sektè soyete Ayiti a —pami entelektyèl, politisyen, medya, rezo sosyal, lekòl ak inivèsite, e latriye. Fenomèn sa a sanble ak sa Edward Herman ak Noam Chomsky rele «Fabrikasyon konsantman».
Atik manch long sa a pral dokimante jan Berrouët-Oriol kontinye ap envante yon «naufrage de la lexicographie créole au MIT-Haïti Initiative». Se kòm si MIT-Ayiti te gen yon grenn objektif ki se pwodiksyon glosè. Sanble, depi tout tan sa a l ap pase nan atake nou, li pa janm li dokiman ki esplike misyon nou. Epi li vin envante yon kout lang politik: «appui public au cartel politico-mafieux du PHTK néo-Duvaliériste».
Atik sa a se 3yèm atik n ap ekri pou demanti manti Berrouët-Oriol yo. N ap kontinye demontre atak sa yo pa ko janm chita sou okenn rezon ki valab — n ap montre klè se kout lang ak difamasyon! Mwen te ekri 2 premye atik yo — an jiyè 2020 epi an fevriye 2022 — nan lespwa Berrouët-Oriol te gen yon minimòm entegrite, respè ak konpetans pwofesyonèl lakay li. Men, kounye a, mwen vin reyalize se twòp optimis ak jantiyès ki te fè m gen espwa sa a kòm ki dirè Berrouët-Oriol ta ka gen kapasite kòm «linguiste terminologue» vre. Jodi a, pa ka gen dout sou sa: Berrouët-Oriol ansanm ak sòlda li yo (gen «Chevalier» ladan tou) ap patisipe nan yon laboratwa reyaksyonè difamasyon kont MIT-Ayiti pou avantaj Lagrandyab.
Ki donk, jodi a, fòk nou mande tèt nou: Ki VRE ajannda ki kache dèyè voye wòch sa yo? Nan analiz mwen, kanpay difamasyon Berrouët-Oriol sa a se miwa yon rayisman k ap sèvi gwojemoni neyo kolonyal kont objektif fondamantal Inisyativ MIT-Ayiti a nan nannan mouvman kreyòl la. Mouvman sa a te kòmanse depi anvan 1804 an ba lidèchip Jean-Jacques Dessalines lè li te deklare kreyòl se «lang a nou» ki fè li te ensiste nou pa bezwen franse ki se «lang lèzòt» epi li te mande, nan deklarasyon endepandans Ayiti nan dat 1e janvye 1804, pou n pa janm mete konfyans nou nan «l'eloquence des agents de la France».
Pou n analize rasin rayisman sa a, nou pral dokimante pratik 2 pwa 2 mezi lakay Berrouët-Oriol: yon pwa ak yon mèzi pou l devalorize travay mwen kòm grenadye kreyolis nan MIT-Ayiti nan mouvman kreyòl epi yon lòt pwa ak yon lòt mezi pou l valorize sòlda frankofolis tankou Dany Laferrière nan Académie Française; Michaëlle Jean, ansyen Sekretè Jeneral nan Organisation Internationale de la Francophonie (OIF); epi Lyonel Trouillot, Chevalier des Arts et des Lettres pou Lafrans. Jan mwen pral demontre sa nan repons mwen, mi wo mi ba lakay Berrouët-Oriol konsènan kreyòl kòm lang nasyonal peyi d Ayiti makonnen ak divès pratik rejte nou jwenn pami klas mwayèn lan an ba enfliyans elit sosyo ekonomik, politik ak entelektyèl, dwat e gòch, k ap sèvi Lagrandyab (egal: puisans enperyalis frankofolis ak yankifolis) ansanm ak oligaki lokal la. Pratik rejte sa yo derefize aksepte kreyòl kòm fondasyon konesans, libète ak jistis ann Ayiti. Sosyològ Jean Casimir ak Antwopològ Philippe Richard Marius ka ede n konprann dimansyon lengwistik prejije kont moun nwa ak moun an ba nan pratik rejte sa yo pami elit dwat e goch yo, kèlkelanswa koulè po a yo, ann Ayiti.
Pou sila yo ki p ap gen tan pou yo li atik manch long, n ap jwenn 2 ti rezime sou Facebook — la epi la —k ap ede n reyalize Berrouët-Oriol se yon enpostè depi nan tit «linguiste terminologue» li bay tèt li rive nan jouman «PHTK» l ap simaye nan imel difamasyon li yo. An reyalite, pandan Berrouët-Oriol pran pòz li se yon anti PHTK, li twò kontan flate patizan PHTK (tankou Dany Laferrière ak Michaëlle Jean) ansanm ak enstitisyon neyo kolonyal frankofolis (tankou Organisation Internationale de la Francophonie) k ap goumen kont souverènte Ayiti e kont pwomosyon lang nasyonal la — kreyòl. (Detay yo an ba la a.)
ROBERT BERROUËT-ORIOL: “LINGUISTE TERMINOLOGUE”? GWO TIT KI TOUYE TI CHEN!
Kounye a, pou sila yo ki gen tan pou yo gade atik manch long sa a, an n kite kantik pran priyè. An n pran san nou pou n devwale taktik voye wòch kache men nan atik Berrouët-Oriol yo.
Konsènan tit «linguiste terminologue» la, mwen vin sètoblije gen dout sou konpetans Berrouët-Oriol apre apèl mwen te lanse depi jiyè 2020 epi, ann apre, mwen vin reyalize «linguiste terminologue» la pa konn «a» nan malanga dosye lengwistik ak tèminoloji! Sanble li pa menm metrize konsèp ki nan nannan domèn leksikografi kote li deklare tèt li kòm ekspè. Pa egzanp, mwen deja eksplike, depi an fevriye 2022, jan li derefize konprann metòd ak objektif Glosè MIT-Ayiti ki pa menm, ditou pyès, ak metòd ak objektif diksyonè tankou Larousse, Robert, Merriam-Webster e latriye. Epi li kontinye ap repete menm erè yo kòm si analiz mwen yo depase kapasite li pou l konprann domèn anpirik ak objektif leksikografi ki pa menm ak domèn ak objektif Glosè MIT-Ayiti.
Mezanmi o, an n gade jan Berrouët-Oriol nonmen tèt li kòm pòt pawòl «communauté des linguistes haïtiens» nan lèt li ekri Linguistics Society of America (LSA) pou l mande LSA retire tit «manm selèk» (LSA Fellow) mwen pral resevwa nan konferans anyèl LSA an janvye 2023 nan vil Dennvè (Kolorado). Lè m mande Pwòf Renauld Govain, Dwayen Fakilte Lengistik Aplike (FLA) nan Inivèsite Leta d Ayiti e ansyen etidyan Berrouët-Oriol nan FLA, si l konnen nan non ki kominote Berrouët-Oriol ap fè demann sa a, Dwayen an reponn: «Mwen pa konnen egzistans yon “communauté des linguistes haïtiens”…».
Epi tou, kòm mwen tou, mwen se yon lengwis ayisyen, èske mwen se yon manm nan «kominote lengwis ayisyen» sa a k ap mande pou LSA retire tit LSA Fellow a nan men m? Sanble «linguiste terminologue» la pa fin metrize semantik pawòl «communauté des linguistes haïtiens» sa a.
An tou ka, kòm lengwis ayisyen, mwen vle mande: Ki sa Berrouët-Oriol, li menm, janm pwodui nan lengwistik KREYÒL ak tèminoloji KREYÒL? Se 2 kesyon sa yo — 2 kesyon byen klè — m ap mande l sou dosye sa a. M espere l ava rive reponn dirèk dirèk — san kabre:
- ÈSKE BERROUËT-ORIOL AP KA PATAJE, TANPRI SOUPLE, KICHÒY LI PIBLIYE NAN JOUNAL OSWA FOWÒM SYANTIFIK SOU CHAPANT LENGWISTIK LANG KREYÒL LA? Èske l ka pataje tèz doktora li oswa tèz metriz li oswa menm yon memwa lisans nan syans lengwistik oswa nan tèminoloji? M espere l ava reponn kesyon sa yo byen jantiman kòm se li menm ki te deklare, nan yon imel nan dat 26 desanm 2022, «la traduction est une profession, elle s'acquiert par la formation universitaire et la pratique professionnelle qui s’ensuit». Pou n pa antre nan 2 pwa 2 mezi, sa li mande kòm kalifikasyon pou bon tradiktè, li dwe mande kòm kalifikasyon pou «linguiste terminologue», pa vre? Kesyon sa yo vin parèt pi enpòtan toujou apre m remake yon ti moun ki gen 5 lane kounye a (pitit fi m, Èzili) sanble li konn chapant lang kreyòl la pi byen pase Berrouët-Oriol.
Mezanmi, ki jan fè yon «linguiste terminologue» ki gen lontan mwens konpetans nan lang kreyòl la pase yon ti moun 5 lane ta ka evalye tèm teknik an kreyòl k ap sèvi pami pwofesè ayisyen k ap anseye syans ak matematik an kreyòl? La menm, nou ka wè jan Berrouët-Oriol se yon blofè san parèy!
- ÈSKE BERROUËT-ORIOL AP KA PATAJE, TANPRI SOUPLE, ZOUTI AK RESOUS (GLOSÈ, LEKSIK, DIKSYONÈ E LATRIYE) LI JANM PIBLIYE POU L EDE NAN DEVLÒPMAN VOKABILÈ SYANTIFIK NAN LANG KREYÒL LA? Berrouët-Oriol ap pibliye atik an FRANSE chak semenn nan jounal Le National, Rezo Nòdwès, sou rezo sosyal e latriye kote l ap fè evalyasyon ak kritik sou divès aspè tèminoloji ak amenajman lengwistik. Li ak kòlèg li ekri epi kowòdone liv kolektif sou didaktik kreyòl, amenajman lengwistik ak sou dwa lengwistik ann Ayiti. Nan plizyè atik, Berrouët-Oriol mande «parité statutaire» (!) ant 2 lang ofisyèl Ayiti yo — kreyòl, ki se lang nasyonal la, ak franse, ki se lang yon ti 5% pale fen e byen. Men, kote KONTRIBISYON KONKRÈ Berrouët-Oriol nan VOKABILÈ lang KREYÒL la — KONTRIBISYON ki ta ka sèvi nan devlòpman materyèl pou edikasyon an kreyòl? Mwen rive jwenn referans sou travay Berrouët-Oriol nan tèminoloji pou lang FRANSE; men, mwen pa ko rive jwenn okenn resous leksikografik li janm pwodui pou n laji vokabilè lang KREYÒL la nan domenn syantifik…
Lè Pwòf Marc-Kensen Curvinglines mande Berrouët-Oriol si l ka pataje travay syantifik li kòm lengwis tèminològ, repons Berrouët-Oriol, nan dat 5 desanm 2022, pa ofri anyen menm — apa 2-3 pawòl an kreyòl ak erè òtograf ki montre li pa menm metrize grafi fonemik lang kreyòl la! Mezanmi, ki jan fè yon «linguiste terminologue» ki pa menm metrize chapant fonemik grafi kreyòl la ta ka evalye kalite Glosè MIT-Ayiti a? La ankò, Berrouët-Oriol se yon blofè san parèy! Epi li pa ofri anyen menm ki ta ka ede n entwodui pi plis tèm teknik nan vokabilè lang lan oswa ki ta ka ede n amelyore tèm teknik ki deja ap sèvi ann Ayiti, tankou sila yo ki nan Glosè MIT-Haiti sa a l ap kritike depi plis pase 2 lane. «La critique est aisée, mais l'art est difficile»? Tout atik Berrouët-Oriol pataje nan repons li pou Pwòf Curvinglines se atik ki ekri an franse— ki ka parèt yon jan dwòl an ba plim yon «linguiste terminologue» ki di l ap defann «parité statutaire» ak «bilinguisme pour l'équité des droits linguistiques» kreyòl-franse. Epi li pa ko janm pibliye ni okenn analiz syantifik sou chapant lang kreyòl la, ni okenn envantè tèminoloji ki ka ede n nan devlòpman vokabilè kreyòl la.
KOTE JÈVRIN LENGWIS TÈMINOLÒG LA NAN LENGWISTIK AK TÈMINOLOJI?
E poutan Berrouët-Oriol tèlman rapid (twò rapid!) pou l lonje dwèt sou tèm teknik kreyòl ki koule klè kon dlo kòk nan bouch moun ki pale kreyòl. An n gade kritik li nan emisyon «Haiti autrement» 6 fevriye 2022 sou tèm teknik «rezistans lè» nan Glosè MIT-Ayiti — men, an reyalite, tèm teknik sa a te antre nan vokabilè kreyòl la lontan anvan li te antre nan Glosè MIT-Ayiti! Se nan emisyon «Haiti autrement» sa a, nan mikwo Henry Saint-Fleur, Berrouët-Oriol te fè gwo erè lè l te deklare, an grann ponp, ke «rezistans lè» se yon pawòl ki «n’est pas créole», «qui est agrammaticale», «asémantique», «une catastrophe lexicographique», «qui ne désigne aucune notion dans un domaine scientifique et technique», e latriye. Ata pitit fi m, Èzili, ansanm ak lòt moun ki konn pale kreyòl e ki pa ni lengwis ni tèminològ ofri bon jan done ki pwouve «rezistans lè» se bon jan kreyòl. Pawòl «rezistans lè» sa a antre nan yon kategori gramatikal nou menm lengwis rele «gwoup nominal». Lè Henry Saint-Fleur mande Berrouët-Oriol ki sa li ta sijere kòm miyò tradiksyon kreyòl pou «air resistance» ann angle, «linguiste terminologue» la pa menm gen jèvrin ase pou l rezoud fo pwoblèm li envante a.
Malgre sa, se chak semenn Berrouët-Oriol ap depanse tan ak enèji nan pibliye atik an FRANSE (!) epi pafwa ann ANGLE pou l atake MIT-Ayiti e pou l chache bloke jefò n ap fè pou n pwodui bon jan resous an KREYÒL pou tout piti peyi d Ayiti.
Jounen jodi a, pifò ti moun ann Ayiti pa ko janm rive jwenn ase materyèl bèl kalite pou yo aprann nan sèl lang ki rele yo chè mèt chè mètrès — sèl lang nasyonal peyi a, ki se kreyòl. Pifò manyèl ak lòt materyèl lekòl, sitou nan klas siperyè yo, egziste sèlman an fransè — ki se youn nan 2 lang ofisyèl Ayiti, ansanm ak kreyòl. Malgre pa gen 5% nan popilasyon an ki pale franse fen e byen lakay yo, se franse ki, an jeneral, sèvi kòm lang prensipal — e souvan kòm sèl lang ki kouche sou papye — nan liv lekòl, nan dokiman ofisyèl, nan administrasyon, e latriye, ata nan kominikasyon ofisyèl UNESCO Ayiti, UNICEF Ayiti ak lòt òganizasyon nan sektè edikasyon, jistis ak dwa moun tankou: Université d'État d'Haïti, Agence Universitaire de la Francophonie, Ministère de la Justice, Ministère de la Culture et de la Communication, Office pour la protection du citoyen, Bureau des Droits Humains en Haïti, etc. Baryè lang sa a (egal: ansèyman nan yon lang ti moun yo pa metrize) ap bloke 40% ti moun nan monn lan.
Ki donk mwen panse sa t ap vreman ede peyi a (sitou anseyan ak aprenan ki bezwen lang kreyòl la kòl lang ansèyman ki ka ede ti moun yo reyisi lekòl) si Berrouët-Oriol ta finalman jwenn yon moman pou l travay kòm yon vre «lengwis tèminològ» ki ka pote kontribisyon ki djanm nan pwodiksyon tèm syantifik an kreyòl. Nou menm nan @MITHaiti, nou t ap twò kontan konsidere tèm sa yo nan kad zouti n ap devlope pou n ede tabli fondasyon lengwistik e pedagojik pou lekòl tèt an wo nan peyi tèt an wo.
BERROUËT-ORIOL SÈVI AK 2 PWA, 2 MEZI POU L DESIDE KILÈS KI PHTK EPI LI VIN BLIYE «L’AMI LAFERRIÈRE» ET LA PRÉFACIÈRE MICHAËLLE JEAN NAN KAN PHTK
Gen yon lòt seri difamasyon nan atik sa yo Berrouët-Oriol ap plede pibliye chak semenn e nan mesaj imel l ap voye bay milyon ven moun prèske chak jou: li deklare mwen bay «appui constant au cartel politico-mafieux du parti PHTK au pouvoir en Haïti depuis onze ans». Mezanmi, wo, sa se yon gwo manti sal, wi, pou difamasyon! Erezman nou ka demanti manti sa a fasil si n chache mo kle sa yo sou paj Facebook mwen: «Michel Martelly», «Jovenel Moïse», «LaSalin», «masak», «PetroCaribeChallenge» e latriye. Non sèlman pawòl PHTK sa a se manti; men, tou, sa parèt kòm 2 pwa 2 mezi lè n analize admirasyon Berrouët-Oriol pou pèsonalite ki bay PHTK bèl apui piblik tankou Dany Laferrière nan Académie Française ak Michaëlle Jean ki se ansyen Sekretè Jeneral Organisation Internationale de la Francophonie. Enben, sanble pwomosyon enterè jeyo politik Lafrans ann Ayiti konte pi plis pou Berrouët-Oriol pase santiman anti PHTK li esprime nan kout lang li kont kreyolis tankou m — ki fè nou ka di klè se pa PHTK Berrouët-Oriol rayi vre. N ap tounen sou sa pi ba nan atik la.
An tou ka, nou menm nan MIT-Ayiti, misyon nou se pou edikasyon ak byennèt ti moun yo ki pa ta janm dwe sèvi kòm pyon nan echikye pati politik. Misyon sa a depase fwontyè politik dwat e goch. Depi n lanse inisyativ la an 2010, nou fè tout jefò ki posib pou n tabli kolaborasyon ki djanm ak tout kalite aktè k ap feraye nan sektè edikasyon ann Ayiti — kit se nan sektè prive, kit se nan sektè piblik, aktè tankou: Agence Espagnole de Coopération (AECID), American Institutes for Research (AIR), Anseye pou Ayiti (APA), École Supérieure d’Infotronique d’Haïti (ESIH), Embajada de España en Haïti, Foi & Joie, Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL), Global Center for the Development of the Whole Child (University of Notre Dame, Indiana), Haitian Response Coalition (HRC), Inter-American Development Bank (IADB), Kalfou Richès Ayiti, Kean University, Lekòl Kominotè Matènwa (LKM), Ministère de l’Éducation Nationale et de la Formation Professionnelle (MENFP), MIT, MIT Jameel World Education Lab, MIT OpenCourseWare, MIT Open Learning, MITx, Open Society Foundations, Primature du Gouvernement d’Haïti, Pwofesè pou Ayiti (P4H), UNESCO, UNICEF, Université Caraïbe, Université d’État d’Haïti (Rectorat, Faculté des Sciences, École Normale Supérieure, Faculté de Linguistique Appliquée, Campus Henry Christophe Limonade), Université Quisqueya, USAID, U.S. Embassy in Haiti, Wade Foundation, World Bank e latriye.
Enben, se kon sa nou vin kolabore ak leta Ayisyen tou (egal: gouvènman Martelly / Lamothe ansanm ak Minis Vanneur Pierre epi Minis Nesmy Manigat nan Ministè Edikasyon Nasyonal an 2013–2015).
Nan analiz nou nan MIT-Ayiti, kolaborasyon sa yo — ak enstitisyon k ap feraye nan sektè edikasyon, sitou ak Ministè Edikasyon Nasyonal — sa nesesè pou n ede nan ranfòse kapasite enstitisyon nasyonal yo epi kreye fondasyon ki DIRAB pou lekòl tèt an wo. Nou menm nan MIT-Ayiti, nou pa kwè nou dwe kenbe ti moun yo ann otaj ajannda politik patripòch — ajannda k ap toujou varye depi gen yon gouvènman an plas ke n pa renmen. Fòk nou sonje se Minis Joseph C. Bernard, an ba gouvènman diktatè Jean-Claude Duvalier, ki te rive ban nou refòm edikatif ki pi pwogresis nan tout iswa peyi d Ayiti.
Epi Lyonel Trouillot («Chevalier des lettres et des arts» pou peyi Lafrans) ak plizyè lòt konpatriyòt ki rele tèt yo «de goch» mete ak Berrouët-Oriol k ap akize m de «appui public au cartel politico-mafieux du PHTK néo-Duvaliériste en Haïti». Akizasyon malatchong sa a tonbe sou do m paske nou menm nan MIT-Ayiti kwè nan pwovèb ki di «rayi chen di dan l blan» ki fè n nou toujou disponib pou n kole zepòl ak Ministè Edikasyon Nasyonal e ak lòt antite nan sektè edikasyon pou n fè konbit pou enterè ti moun yo.
PITO N «RAYI CHEN, DI DAN L BLANCH» POU AYITI OLYE POU N BAY «APPUI PUBLIQUE» AK «SCABREUSE FALSIFICATION» POU PHTK AK FRANKOFOLIS
Enben, an n gade kèk lòt done epi an n poze kèk kesyon pou n kontinye demaske ajannda ki motive atak malouk Berrouët-Oriol yo konsènan PHTK. Objektif kesyon m sa yo se pou m envite lektè a analize yon seri kontradiksyon nan yon seri egzanp «2 pwa, 2 mezi» ki demontre mank entegrite lakay Berrouët-Oriol. Analiz egzanp sa yo ka ede n devwale estrateji «voye wòch, kache men» ki nan nannan kanpay difamasyon dwat e gòch sa yo k ap eseye sal repitasyon m ak repitasyon MIT ak MIT-Ayiti. Kesyon sa yo ka tou ede n konprann ki jan Berrouët-Oriol ap patisipe nan yon rezo frankofolis reyaksyonè ki lontan pi laj pase Berrouët-Oriol. Sa pa dwe etone nou si n byen gade analiz Sosyològ Jean Casimir ak Antwopològ Philippe Richard Marius sou dimansyon lengwistik gwojemoni ann Ayiti.
Depi ane 1990 yo pase nan ane 2000 yo rive jounen jodi a, Noam Chomsky toujou esprime apui li pou prezidan ayisyen Jean-Bertrand Aristide (Pati Lavalas). Sa pa t anpeche Chomsky brase lide ak Laurent Lamothe an 2013–2015; epi, an 2016, Chomsky te felisite Lamothe pou liv «The Hands of the Prime Minister» ki vin pibliye an 2021 an 4 lang (kreyòl, franse, angle, panyòl). An 2013–2015, MIT-Ayiti te kolabore ak Biwo Premye Minis la ansanm ak Ministè Edikasyon Nasyonal pou n amelyore ansèyman syans ak matematik an kreyòl pou Ayiti. Epi se an 2015–2016 mwen te ede — an benevòl, wi, pou lanmou peyi m! — Fedo Boyer ak ekip li nan CreoleTrans nan tradiksyon ak editing vèsyon kreyòl liv la. Tèks ak foto ki nan liv sa a dokimante travay Lamothe te fè pou Ayiti an 2012–2014 kòm Premye Minis nan gouvèman Michel Martelly ki te chèf «cartel politico-mafieux PHTK néo-Duvaliériste» (dapre deskripsyon Berrouët-Oriol). E poutan, fòk nou sonje objektif Chomsky, nan tou sa l ap ekri e tou sa l ap fè konsènan Ayiti, se kore jefò pèp souvren an nan pwoteje souverènte l epi chape an ba bòt elitis toupizis pilonnis frankofolis ak yankifolis. Sa se objektif pa m tou kòm Ayisyen.
Mwen pa ka konpare tèt mwen ak Chomsky ki se youn nan entelektyèl ki pi enfliyan nan monn lan; men, mwen toujou ka poze kesyon sa a: Èske Berrouët-Oriol pral ekri Linguistic Society of America (LSA) pou l mande LSA retire tit «manm selèk» («LSA Fellow») yo te bay Noam Chomsky tou? Oswa èske se sèlman tit LSA Fellow pa m lan Berrouët-Oriol vle pwoteste?
Ann atandan, si gen moun (tankou Jetry Dumont nan AyiboPost oswa Websder Corneille nan RaccourSci) ki gen pwoblèm ak liv Laurent Lamothe la, sa yo ta dwe fè se kritike liv la selon bon jan prensip deyontoloji. Kòm Widlore Merancourt, ki se editè an chèf nan AyiboPost, ap travay pou Washington Post tou e kòm Websder Corneille ap travay pou #VulgarisationScientifique ann Ayiti (an franse, wi!!!), petèt yo ka ede aplike fact checking ak evalyasyon syantifik sou kontni liv la — yo ka menm pran foto pa yo pou yo evalye foto ki nan liv la. Sa ta rann peyi a pi gwo sèvis pase pwopagann difamasyon sou Facebook.
Mwen ka mande tou:
Èske Berrouët-Oriol pral mande revokasyon Dany Laferrière nan Académie Française paske Laferrière pran defans ansyen prezidan Michel Martelly — ki se chèf «cartel politico-mafieux PHTK néo-Duvaliériste» (dapre deskripsyon Berrouët-Oriol) e ki vin tonbe an ba sanksyon Kanada? Apre Premye Minis kanadyen Justin Trudeau anonse sanksyon sa yo kont Martelly, ansyen Premye Minis Laurent Lamothe ak Jean Henry Céant, se Laferrière ki, devan gran piblik la, evoke yon prensip fondamantal jistis (pwosedi lalwa) pou l defann PHTK. Mwen menm tou, mwen dakò ak prensip jistis sa a kèklelanswa moun k ap soufri konsekans enjistis sa yo. Men, kòm n ap analize pratik 2 pwa 2 mezi ki nan difamasyon Berrouët-Oriol, fòk nou mande: Èske Dany Laferrière, apre apui piblik li pote pou PHTK depi plizyè ane, se toujou «l’ami Dany Laferrière [de Berrouët-Oriol]»?
Èske Berrouët-Oriol pral mande Académie Française pou yo revoke «l’ami Dany Laferrière» kòm li responsab «une obscure opération de manipulation et falsification» sou done demografik ak sosyo lengwistik lè l te deklare nan jounal Le Monde (13 desanm 2013) li te kreye yon pon ant Kèbèk ak Ayiti ki se «deux pays où 10 millions [!] de gens parlent le français». Jounal Le Monde te evalye done «10 milyon» sa a kòm «imparable argument» — ki vle di: yon agiman yo pa ka bloke! — sou wout Laferrière pou l entegre Académie Française. Èske sa se pa ta yon «scabreuse manipulation» dapre tèminoloji Berrouët-Oriol la lè n sonje ka gen mwens pase yon demi milyon moun ki pale franse ann Ayiti?
Sanble pafen imòtèl la nan Académie Française retire move sant katèl mafya politik PHTK neyo Divyaleris ki nan nen Berrouët-Oriol lè l ap fè difamasyon kont Michel DeGraff nan Akademi Kreyòl… Epi, sanble, nan analiz Berrouët-Oriol, lè Laferrière envante plizyè milyon moun ki pale fransè ann Ayiti, fo nouvèl sa a pa dwe konte kòm «scabreuse manipulation» — tou senpleman paske se yon manti k ap sèvi gwojemoni frankofolis.
E Michaëlle Jean, kòm ansyen Reprezantan Espesyal UNESCO ann Ayiti epi ansyen Sekretè Jeneral Organisation Internationale de la Francophonie(OIF), ki envesti tan ak enèji nan karyè ofisyèl li (nan UNESCO 2010–2014 epi nan OIF 2015–2019) pou l kore gouvènman PHTK ann Ayiti?? Sonje se Michaëlle Jean ki t ap ede PHTK nan menm sektè yo, tankou edikasyon, ki, dapre Berrouët-Oriol, te chaje ak magouy an ba lidèchip «cartel politico-mafieux PHTK néo-Duvaliériste» nan 11 lane ki sot pase yo. Èske Berrouët-Oriol pa pral rele chalbari dèyè l? Michaëlle Jean, li menm tou, te «open for business» ak PHTK. Lè li te reprezante UNESCO ann Ayiti, li te byen fèt deklare apui piblik e ofisyèl pou pwogram edikasyon PHTK ki rele «Programme de scolarisation universelle gratuite et obligatoire» (PSUGO) — yon pwogram ki te gen bèl anbisyon dapre metòd finansman inovatif ki bay rezilta pozitif pou lòt peyi. Se menm Michaëlle Jean sa a ki te resevwa apui piblik e ofisyèl PHTK ki te ede l jwenn pozisyon Sekretè Jeneral Frankofoni (OIF) an 2014.
Epi se menm Michaëlle Jean sa a ki ekri prefas pou liv Berrouët-Oriol ak Hugues Saint-Fort an 2017 sou amenajman lengwistik ann Ayiti. Sa se yon prefas ki bay Berrouët-Oriol anpil fyète, malgre koneksyon piblik e ofisyèl ant Michaëlle Jean ak «cartel politico-mafieux PHTK néo-Duvaliériste» (dapre deskripsyon Berrouët-Oriol)! Nan prefas liv la, Michaëlle Jean, kòm Sekretè Jeneral Organisation Internationale de la Francophonie (OIF), mande OIF apui pou politik lengwistik peyi a — an 2017, ki donk an ba rejim PHTK. Epi Berrouët-Oriol, li menm tou, tonbe flate «compétences et expertise» OIF (kèt!) epi li mande pou OIF akonpaye menm leta ayisyen (PHTK) sa a!
Èske se frankofoli frankofili ki fè yon «linguiste terminologue», ki deklare tèt li kòm «anti PHTK», ta vin alye PHTK nan pwomosyon ajannda OIF? Nan lojik gwojemonik kolonyal Berrouët-Oriol ak Michaëlle Jean, se OIF ki pou ede PHTK devlope yon «politique linguistique cohérente» kòm solisyon pou «La question linguistique haïtienne». Sanble Berrouët-Oriol bliye se OIF, menm jan ak «l’ami Laferrière», ki toujou ap envante zonbi ki pale franse — ki fè m pa kwè OIF, k ap defann enterè Lafrans, ta gen ni «compétences et expertise» ni entegrite pou kreye yon politik lengwistik ki konsekan pou yon nasyon ayisyen ki souvren kote se kreyòl ki rele tout moun chè mèt chè mètrès. Wi, dapre analiz Pwòf Frenand Leger, OIF rive envante 4 453 567 zonbi frankofòn ann Ayiti — egal: 42 % popilasyon an. Sa se yon lòt «scabreuse manipulation»!
Done sa yo klè: Berrouët-Oriol pa vreman rayi PHTK e li pa rayi manipilasyon non plis. Men, sanble li ta prefere yon PHTK frankofòl k ap fè manipilasyon pou lang franse tounen «idantite Ayiti», yon PHTK k ap envite pwofesè retrete nan peyi Lafrans antre ann Ayiti pou rebati «mounite ak mantalite nou kòm Ayisyen» — jan Prezidan Hollande ak Martelly te pwopoze an 2014. Oswa li ka prefere yon PHTK ki mande pou se franse ki sèl «lang ofisyèl» ann Ayiti — jan Prezidan Jovenel Moïse te di Prezidan Emmanual Macron an 2017. Lè Berrouët-Oriol ap joure m kòm si mwen ta PHTK, se pa PHTK li rayi. Sanble sa l rayi se mouvman kreyòl la k ap vanse — bon gre, mal gre — nan Ministè Edikasyon Nasyonal PHTK a tou…
E Lyonel Trouillot menm ki vin mete ak Berrouët-Oriol pou l atake m, ki moun li ye? Nan kontèks frankofolis k ap motive atak sa yo, se menmman parèyman: L. Trouillot se «Chevalier des Arts et des Lettres» pou Lafrans epi Berrouët-Oriol ap fè lwanj pou li kòm «l’une des grandes voix de la littérature haïtienne contemporaine». Lè n ap analize operasyon gwojemoni («scabreuse manipulation»!) ann Ayiti, fòk nou sonje se Lyonel Trouillot sa a ki te jwe yon wòl kle nan gwoup «G184» ki te jwenn apui oligachi lokal la ansanm ak Lafrans, Etazini ak Kanada nan kou d eta kont Jean-Bertrand Aristide an 2004 apre Aristide te mande Lafrans remèt Ayiti ranson US$ 21 milya Lafrans te vòlè a. Se menm L. Trouillot sa a ki te lanse «Collectif NON!» kont selebrasyon bisantnè endepandans nou an 2004. Se menm L. Trouillot sa a ki te chèf kabinè nan gouvènman defakto ilejitim Prezidan Boniface Alexandre (2004–2006). Se menm L. Trouillot sa a ki te solidè ak Premye Gérard Latortue ki te envite Prezidan Lafrans Jacques Chirac rejte demann Aristide pou Lafrans ranbouse ranson US$ 21 milya — epi Latortue te sipliye Chirac pou l rekòmanse «amitye» Lafrans ak Ayiti. Se menn L. Trouillot sa a ki te solidè ak yon gouvènman ilejitim ki, nan ane bisantnè endepandans nou, te envite okipasyon Nasyon Zini («MINUSTAH ») ki te pote kolera, kadejak ak lòt malè ann Ayiti. Se menm L. Trouillot sa a ki te solidè ak yon gouvènman ilejitim ki te fè abi (masak, kadejak e latriye) sou plis pase 8 000 pami konpatriyòt nou yo ant 2004 ak 2006. Sanble pafen Lafrans sou «Chevalier des Arts et des Lettres» pi fò pase move sant 8 000 kadav ak sant kolera nan nen Berrouët-Oriol…
Epi konsènan dosye frankofoli a, se menm L. Trouillot sa a tou ki, menm jan ak Berrouët-Oriol, panse fòk tout Ayisyen rive gen franse nan patrimwàn yo pou n ka rezoud pwoblèm prejije anti kreyòl nan sosyete a! Kèt!!! Se kòm ki dirè fòk franse tounen lang rasin ann Ayiti pou n rive kaba prejije kont kreyòl ki se lang rasin nou! Egal: remèd kont frankofoli k ap toupizi dwa moun ann Ayiti se … pi plis FRANKOFOLI!?! An n sipoze yon entelektyèl ameriken nwa oz Etazini ta deklare solisyon kont rasis se ajoute idantite blan nan patrimwàn chak moun nwa. Èske sa se pa maladi «foli je ble» kòm konsekans prejije rasis dapre analiz Toni Morrison nan liv «The Bluest Eye» la!?! Enben, sanble se tou sa ki fè L. Trouillot — entelektyèl de «goch» k ap pwomote gwojemoni frankofolis — se «l’une des grandes voix [de Berrouët-Oriol]»!
AN N DEVWALE MEN KACHE K AP VOYE WÒCH NAN ATAK BERROUËT-ORIOL YO
Wi, fòk nou mande pou ki sa se sou yon kreyolis tankou m, Berrouët-Oriol ak chevalye li yo ap pibliye jouman piman bouk difamasyon? Lè n konsidere lwanj Berrouët-Oriol pou Dany Laferrière, Michaëlle Jean ak Lyonel Trouillot, nou wè klè atak li yo pa chita sou okenn prensip syantifik, pwogresis oswa nasyonalis.
Enben, an n mande:
Èske vre rezon pou manti ak difamasyon Berrouët-Oriol ak akolit li yo se pa paske, depi 12 lane, MIT-Ayiti ap travay pou kraze baryè lang k ap bloke pifò moun ann Ayiti depi syèk?
Èske vre rezon pou difamasyon sa a se pa paske MIT-Ayiti ap travay pou bon jan kalite edikasyon ka rive jwenn tout pitit peyi d Ayiti?
Èske vre rezon pou difamasyon sa a se pa paske Berrouët-Oriol ak akolit li yo mare sosis yo ak lang franse kòm «butin de guerre», yon biten k ap peze souse richès yon popilasyon kote pifò pale kreyòl sèlman?
Èske vre rezon pou difamasyon sa a se pa paske Berrouët-Oriol mete ak Anbasad Lafrans ann Ayiti pou yo eseye enpoze yon objektif tèt an ba «parité statutaire» ak « bilinguisme [kreyòl-français] de l’équité des droits linguistiques nan yon peyi kote tout moun pale kreyòl epi se sèlman yon ti zuit pousantaj ki pale franse? Epi mwen ak kòlèg mwen William Frager ak Haynes Miller nan MIT-Ayiti vin demontre objektif «parite legal» ak «bilengwis» sa yo se estrateji gwojemonik frankofolis pou enterè Lafrans ak enterè yon ti elit kote ti moun yo deja pale franse ak kreyòl.
Èske vre rezon pou difamasyon sa a se pa paske MIT-Ayiti ap patisipe nan yon mouvman kreyòl k ap pran pi plis fòs tou lè jou e k ap menase prestij «dwat e gòch» yon ti elit frankofolis reyaksyonè ki toujou ap pliye devan enterè jeyo politik neyo kolonyal ansanm ak meday, pri, bous ak lòt rekonpans puisans kolonyal yo. Ki fè elit sa a ap chache toupizi ajannda nasyonal ak pwogresis pou enterè Pèp Souvren an?
Nan analiz sa a, Berrouët-Oriol se sèlman yon egzanp pami plizyè lòt k ap defann yon ajannda frankofolis ki rasanble entelektyèl ak lòt otorite ni nan lagòch ni nan ladwat, kèlkelanswa koulè po a yo. Gen plizyè sosyològ ak antwopològ ki analize mòd dominasyon sa a k ap depafini nasyon an — youn nan liv ki fèk parèt sou pwoblematik sa a se liv Philippe Richard Marius, pwòf antwopoloji. Youn nan faktè ki rasanble otorite dwat e gòch sa yo — ata sèten òganizasyon ki di y ap defann dwa moun! — se yon seri pratik frankofòl k ap vyole dwa lengwistik (egal: dwa moun) Pèp Souvren an kote se kreyòl ki rele tout moun chè mèt chè mètrès. Pafwa frankofoli sa a konn mennen nan gwo foli.
Frankofoli sa a se youn nan tematik nan analiz kritik literè Andrew Leak:
«... entelektyèl frankofòn sa yo swaf akolad Manman Lafrans. (Epi yo swaf finansman k ap wouze ekriven ayisyen sa yo k ap pwomote ‘bèl’ relasyon ant Ayiti ak Lafrans.) Ki donk entelektyèl ayisyen tankou [Lyonel] Trouillot ap resikle imaj Ayiti ki soti nan sant pouvwa enperyalis ak neyo-kolonyal yo epi swa yo reyaji devan imaj sa yo ak rekonesans (si imaj sa yo flate ògèy yo), swa yo reyaji ak yon kòlè yo pa fouti kontwole (si imaj sa yo blese ògèy yo)...»
Nou ka gade egzanp «kòlè san kontwòl» sa a nan Berrouët-Oriol yo — se prèske chak jou atak sa yo ki montre yon obsesyon pou @MichelDeGraff ak @MITHaiti. Berrouët-Oriol siyen atik li yo ak tit «linguiste terminologue» epi l pran pòz l ap pale nan non «communauté des linguistes haïtiens» alòs ke pi fò nan travay li se an franse, sou franse, nan sèvis moun ki pale franse. Sa se yon lòt done ki devwale se sou yon bit frankofolis anti kreyòl Berrouët-Oriol kanpe.
«VERITE SE KON LWIL NAN DLO» EPI «BATON KI NAN MEN W SE AK LI OU PARE KOU»
Done sosyo lengwistik ak bon jan pratik pou edikasyon ann Ayiti ansanm ak respè dwa moun ann Ayiti mande pou n valorize kreyòl la kòm lang nasyonal e kòm fondasyon konesans ak libète ak jistis. Wi, fòk nou sonje PA gen ni 10 milyon ni 4 milyon moun ki pale franse ann Ayiti, ditou pyès, malgre «les scabreuses manipulations» de l’Organisation Internationale de la Francophonie (OIF) et de «l’ami Laferrière»! Sanble pa ta menm gen plis pase yon demi milyon ayisyen ki pale franse! Se pou sa, nou menm nan MIT-Ayiti, nou kontinye ap ofri apui pou Ministè Edikasyon Nasyonal (MENFP). Se kon sa tou nou toujou pare pou n kolabore ak lòt enstitisyon nan peyi a paske nou rete kwè avansman sosyal ak ekonomik ansanm ak souverènte peyi d Ayiti depann de enstitisyon nasyonal ki solid ansanm ak yon sosyete sivil ki djanm. Ki donk fòk enstitisyon leta yo ansanm ak tout lòt enstitisyon nan peyi a louvri aksè a bon jan kalite edikasyon nan sèl lang sa a (kreyòl) ki rele tout Ayisyen chè mèt chè mètrès. Se rezon sa a ki fè nou nan konbit lajman laj ak tout enstitisyon sa yo — Ministè Edikasyon Nasyonal ladan tou.
An tou ka, an n sonje sa, wi: «Verite se kon lwil nan dlo». Ki donk n espere repons sou kesyon sa yo ki nan atik la ava monte kòm sa dwa — kon lwil nan dlo! Nou deja poze kèk nan kesyon sa yo e yo pa ko janm jwenn repons.
An final, kesyon FONDAMANTAL yo se:
Pou enterè ki nasyon w ap travay: Èske w ap chache kraze brize mouvman kreyòl la pou benefis gwojemoni Lagrandyab ki nan toupizis ak pilonnis pou enterè frankofolis ak yankifolis? Ki lè w ap pote KONTRIBISYON pa w — kontribisyon KONKRÈ —pou byennèt Pèp souvren an? Ki lè w ap kole zepòl an konbit nan mouvman kreyòl sa a k ap kore jistis ak dwa moun dapre ajannda pwogresis nasyonalis? (Nouvo vokabilè kreyòl sa a: «gwojemoni», «toupizis», «pilonnis», «yankifolis», «frankofolis» … se kreyasyon Pwòf Serge Madhere ki PA rele tèt li «linguiste terminologue».)
Epi tou, lè n sonje se 40% ti moun ki pa ko rive jwenn ansèyman nan lang manman yo, enben, Konba Vètyè sa a pou demen miyò pou tout pitit d Ayiti ka sèvi kòm modèl pou lòt pèp ki toujou ap soufri an ba bòt diskriminason lengwistik ki gen rasin nan gwojemoni kolonyal.
Ki donk an n kenbe lespwa «linguiste terminologue» la ava sispann kopye kole pawòl an franse nan atake MIT-Ayiti chak semenn. E pou ki sa l ap ekri tout atik sa yo an franse oswa angle alòs ke l ap preche «parité statutaire» ak «bilinguisme pour l'équité des droits linguistiques» ant franse ak kreyòl? Petèt yon jou vyendra l ava envesti yon ti minimòm tan nan pwodiksyon bon jan vokabilè ak lòt bèl kalite resous an kreyòl — pou objektif «parité» ak «équité» l ap chache a…
Ann atandan, ekip MIT-Ayiti a kontinye ap fè konbit lajman laj, san pran souf, nan kreyasyon materyèl didaktik ak lòt resous an kreyòl — pou lekòl tèt an wo, pou peyi tèt an wo. Enben, se kon sa, wi, «… la caravane [de MIT-Ayiti] passe …» epi Grenadye ak Grenadyèz nan ekip la ap kontinye travay pou n simayen konesans ak lespwa alawonn Badè nan lang nasyonal la…
Vreman vre, nou pa dwe kite jouman piman bouk san fonnman ralanti nou nan travay pou n tabli fondasyon pou bon jan edikasyon pou tout pitit peyi a. Berrouët-Oriol jwenn tan pou l voye wòch tout la sent jounen san pran souf. Nou menm, djakout travay nou chaje kon Legba. Se pou sa m ekri repons manch long sa a—pou m byen klarifye sou ki bit mwen ak Berrouët-Oriol kanpe — 2 bit ki diferan nèt, sitou lè n konsidere preferans Berrouët-Oriol pou manti ak difamasyon. Si «linguiste terminologue» la vle fè deba an pwofesyonèl, se nan jounal syantifik pou l montre li gen ekspètiz ki nesesè a epi n ava gade kontribisyon li yo lè yo pibliye — sitou si l ka kontribye kichòy ki KONKRÈ nan deskripsyon chapant lang kreyòl la oswa nan vokabilè kreyòl la.
Pa gen ni wout pa bwa ni rakousi nan mouvman kreyòl la ki se yon mouvman pou liberasyon total kont fòs kolonyal ak neo-kolonyal, fòs lokal e lòt bò dlo. Ki fè mouvman sa a pa gen plas pou enpostè ak demagòg mantadò non plis. An n travay nan objektif pou n tabli lekòl tèt an wo pou peyi tèt an wo. MIT-Ayiti se yon konbit lajman laj ki ka akeyi kontribisyon tout konpatriyòt ak edikatè selon espesyalite yo ak nivo konpetans yo. N ap kontan jwenn ekspètiz nan lengwistik ak tèminoloji kreyòl tou.
*