Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Bann san wont...

Guy Cayemite

Bann san wont nou menm k'ap bat bravo
pou moun ki okipe'n, k'ap vòlè lò nou yo...
Bann san wont nou menm k'ap tann kras
lan men mouche blan k'ap benyen lan kras.
Nou menm k'ap ranpe, fè la do ba
pou kèk dola alòs ke peyi a an degraba...
Bann san wont ki rele etranje vin foule
tè zansèt nou te peye ak san ki koule...
San wont ki kite frè'n anba tant ak labou
ki lan palè laboul, Kenskòk ap fè bèl diskou.
Bann san wont k'ap li lan gwo liv filozofi
ki pa konprann anyen, k'ap fè dezafi...
Bann san wont ki pito al vote expwlatè,
tout tan ak diare chita sou yon diòl watè.
Antenò Fimen te wè byen lwen lè li te di
Bann san wont k'ap vann peyi a gwo midi...

boule boule boule
Honte à vous...

"Honte à tous ceux qui oubliant leur devoir
envers la patrie, en appelle à l'étranger..."
Honte à tous ceux qui, pour un brin de pouvoir
plient leur échine dans l'espoir de la mendicité...
Honte à tous ceux qui croient toujours
que notre sort réside dans l'occupation...
Honte à tous ceux qui sur nos rives un jour
ont amené l'infâme, notre destruction...
Honte à l'égoïsme, oui vous qui jouissez
vos frères sous tentes et boue laissez patauger
Honte à vous, la Dessalinienne avez même oublié,
civisme et patriotisme foulés à vos pieds...
Firmin vous a prêché, vous n'avez point écouté,
Honte à vous qui plutôt prêtez l'oreille à l'étranger..

boule boule boule

Shame on you...

"Shame on all those who, forgetting their duty
against the country, call abroad rather ... "
Shame on all those who, for a bit of power
bend their backs in the hope of beggary ...
Shame on all those who still believe and say
that our fate lies in the occupation ...
Shame on all those on our shores one day
have brought the infamous, our destruction ...
Shame on selfishness, yes you who are enjoying
your brothers in tents and in mud let wallowing
Shame on you, your history have forgotten,
civics and patriotism at your feet trampled even...
Firmin preached to you, you did not hear
Shame on you who rather abroad lend an ear...

boule boule boule

Vergüenza en usted ...

"¡Vergüenza a todos aquellos que, olvidando su deber
y obligacion al país, al extranjero lo vienden ... "
¡Vergüenza a todos aquellos que, por un poco de poder
con la esperanza de mendicidad doblan la espalda ...
¡Vergüenza a todos aquellos que aún creen
que nuestro destino en la ocupación está...
Vergüenza a todos aquellos en nuestras costas un día
han llevado a la infame, nuestra destrucción ...
Vergüenza en el egoísmo, si, usted que disfruta
y deje sus hermanos revolcarse en el barro
Vergüenza sobre usted, su historia ha olvidado,
el patriotismo a sus pies aplastado ...
Firmin ha anunciado, hasta que llego la ocupacion
Qué vergüenza que en lugar al extranjero prestan oído ...

boule

 Viré monté