Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Pwezi...

Guy Cayemite

Allamanda cathartica

Allamanda cathartica. Photo F.Palli.


Menen'm lôt bô lanmè
kote ki pa gen tè
nan jaden lespri
kote tout bagay fini...

Kote ki pa gen sansasyion,
nan yon lôt dimansyion
kote kè'm ak pasyion
ta chante yon ti chanson...

Ak yon ti flè pou pwezi,
yon ti pawôl lavi...
Menen'm kay la woze
pou'm al fè yon ti koze...

Menen'm kote bagay
vle di kichôy lakay,
menen'm lan yon peyi
kote yo chante pwezi...

boule

 Viré monté