Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Guy Cayemite

Mwen vini
ak tanbou,
poum chante
rasin, sanba,
manbo, yo di
se bagay diab...
Pòv diab !!!
Mwen fè vèvè
pou'm lapriyè,
mwen jete dlo
pou zanj yo,
mwen danse
yanvalou,
ibo, rada
kongo, petro,
yo di map vole
lougawou...
Mwen bayo
vodou, lanmou
yo dim NON
ak kout baton
nan rejete,
yo menm volè
drapo'm ak asòtò
poum ale wè
de je kale peye
nan mize lòt bò...
Yo boule peristil
yo dim ensiswatil...

boule

 Viré monté